2010–2019
Gason Prètriz la
Avril 2014


Gason Prètriz la

Ou kapab yon gwo egzanp, yon egzanp mwayen, oswa yon move egzanp. Ou gen dwa panse sa pa enpòtan men, sa enpòtan pou Senyè a.

Nou tout gen ewo, patikilyèman lè nou jèn. Mwen te ne e grandi nan Princeton, New Jersey, nan Etazini. Ekip espò ki te pi selèb yo nan kote nou t ap viv la te gen katye jeneral yo nan vil Nouyòk. Nan epòk sa yo, sete kay twa ekip bezbòl pwofesyonèl: Dodgers Brooklyn yo, Giants New York yo, ak Yankees New York yo. Filadèlfi te menm pi pre lakay nou toujou e sete la ekip bezbòl Athletics ak Phillies yo te abite. Te gen anpil ewo bezbòl potansyèl pou mwen nan ekip sa yo.

Joe DiMaggio, ki te jwe pou Yankees Nouyòk yo, te vin ewo bezbòl mwen. Lè frè m yo ak zanmi m yo te konn ap jwe bezbòl sou teren lekòl tou pre lakay nou an, m te konn eseye frape boul la jan m te panse JoDiMaggio te konn fè a. Sete anvan epòk televizyon (se istwa ansyen), e lè sa a m te sèlman gen foto sou jounal yo pou m te itilize pou imite fason l te jwe a.

Lè m te adolesan, papa m te mennen m nan Estad Yankee a. Sete sèl fwa m te wè Joe DiMaggio ap jwe. M gen enpresyon m ankò nan estad la, mwen ankò wè li k ap fè mouvman boul la pou l vole file dwat ale nan kan yo nan sant estad la.

Men, talan bezbòl mwen pa t janm menm pre pa ewo anfans mwen an. Men kèk grenn fwa m te konn jwe yon bon jwèt bezbòl yo, m te eseye imite nivo mouvman puisan sa a osi byen m te kapab.

Lè nou chwazi ewo, ke nou konsyan ou pa, nou kòmanse kopye sa nou admire plis nan yo a.

Erezman, paran m te gen sajès pou yo te mete gwo ewo sou chemen mwen lè m te piti. Papa m te mennen m nan Estad Yankee a yon fwa sèlman pou m te ka al gade ewo bezbòl mwen an k t ap jwe, men chak Dimanch, li te pèmèt mwen obsève yon detantè prètriz ki te vin ewo mwen. Ewo sa a te fòje lavi mwen. Papa m sete prezidan ti branch lan ki te konn reyini lakay nou. Konsa, lè nou te desann eskalye a le Dimanch maten, nou te antre tou dwat nan legliz la. Branch nou an pa t janm gen plis pase 30 moun prezan.

Te gen yon jenòm ki te konn kondui manman l vin lakay nou pou reyinyon yo, men li pa t janm antre nan kay la. Li pa t manm. Sete papa m ki te reyisi envite l antre lakay nou nan al gade ki kote li te konn gare machin nan. Li te vin batize e li te vin premye e sèl dirijan Prètriz Aawon m te genyen. Li te vin tounen ewo mwen nan prètriz la. M toujou sonje ti estati anbwa li te ban m kòm rekonpans lan apre nou te fini yon pwojè koupe bwa pou chemine kay yon vèv. M toujou eseye fè menmjan avèk li chak okazyon m genyen pou m konplimante yon sèvitè Bondye.

Mwen te chwazi yon lòt ewo nan ti branch sa a tou. Li sete yon militè nan lame Etazini an ki te vin nan reyinyon nou yo abiye avèk inifòm vèt li. Sete tan lagè, konsa, sa sèlman te fè l vin ewo pou mwen. Lame a te voye l nan Inivèsite Princeton nan pou l te ka kontinye etid li. Men pi plis pase inifòm militè l la m te konn admire a, m te konn gade li ap jwe nan Estad Palmer a kòm kapitèn ekip foutbòl Inivèsite Princeton nan. M te konn wè l ap jwe nan ekip baskètbòl inivèsite a e m te konn wè l jwe kòm gadyen vedèt nan ekip bezbòl yo a tou.

Men, plis toujou, li te konn vin lakay mwen pandan semèn nan, pou l te montre m kijan pou m lanse yon balon baskèt avèk ni men dwat ak men goch mwen. Li te di m t ap bezwen teknik sa a paske yon jou m t ap gen pou jwe baskèt nan bon ekip. M pa t reyalize sa lè sa a, men, pandan dèzane, li sete egzanp yon vrè gason nan prètriz la pou mwen.

Nou chak ap gen pou n yon modèl gason nan prètriz la, ke nou vle ou pa. Nou te vin yon balèn ki limen lè nou te aksepte prètriz la. Senyè a mete nou sou balenye a pou nou klere chemen an pou tout moun ki bò kote nou. Sa espesyalman vre pou moun nan kowòm prètriz nou yo. Nou kapab yon gwo egzanp, yon egzanp mwayen, oswa yon move egzanp. Nou gen dwa panse sa pa enpòtan men, sa enpòtan pou Senyè a. Li te di l fason sa a:

“Nou se limyè mond lan. Yo pa ka kache yon vil ki chita sou yon mòn.

“Ni yo pa limen yon lanp pou mete l anba yon mamit, men, yo mete l sou yon etajè, pou l klere tout moun ki nan kay la.

“Konsa tou, ke pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n ap fè yo, ya fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.”1

Mwen te beni pa egzanp gwo detantè prètriz nan kolèj kote m te gen chans pou m te sèvi yo. Nou ka fè sa yo te fè pou mwen an nan rete yon egzanp pou lòt moun suiv.

Mwen te remake twa karakteristik komen nan detantè prètriz ki se ewo m yo. Youn se yon modèl lapriyè, dezyèm nan se yon abitid sèvis, e twazyèm nan se yon desizyon fèm pou yo onèt.

Nou tout konn priye, men detantè prètriz ou vle ye a dwe priye souvan epi avèk entansyon reyèl. Nan aswè, w ap mete ou ajenou pou remèsye Bondye pou benediksyon jounen an yo. W ap remèsye li pou paran, pwofesè, ak pou gwo egzanp pou w suiv yo. Nan priyè ou yo w ap dekri espesifikman kimoun ki te beni lavi w e nan ki fason pandan jounen sa a. Sa ap pral sèlman kèk grenn minit ak anpil refleksyon. Sa ap siprann ou e l ap transfòme ou.

Pandan w ap priye pou padon an, w ap vin wè w ap padone lòt moun. Pandan w ap remèsye Bondye pou bonte li a, w ap vin panse ak lòt moun, pa non yo, ki bezwen jantiyès ou. Eksperyans sa a ap etone ou chak jou, e avèk letan l ap transfòme ou.

Mwen pwomèt ou, yon fason ou pral transfòme pa priyè fèvan sa yo sèke ou pral santi vrèman ke ou se yon pitit Bondye. Lè w konnen ou se yon pitit Bondye, w ap konnen ke li atann anpil bagay nan men w tou. Paske ou se pitit li, li atann pou w suiv ansèyman l yo ak ansèyman chè Pitit Gason l lan, Jezikri. L ap atann pou w vin plen jenewozite ak bonte pou lòt moun. L ap desi si ou ògeye ak egoyis. L ap beni si w gen dezi pou mete enterè lòt moun anvan pa ou.

Gen nan nou ki deja egzanp nan sèvis dezenterese nan prètriz la. Nan tanp toupatou nan mond lan, detantè prètriz rive anvan solèy leve. E genyen ki travay lontan apre solèy fin kouche. Pa gen okenn rekonpans ni aklamasyon piblik nan mond sa a pou sakrifis tan ak efò sa a. M konn ale avèk jèn yo lè y ap sèvi pou moun nan mond dèzespri yo, ki pa kapab resevwa benediksyon tanp yo pou tèt pa yo a.

Lè m ap gade kontantman olye fatig nan figi moun sa yo k ap sèvi andedan tanp yo bonè ak byen ta yo, mwen konnen gen gwo rekonpans nan lavi sa a pou kalite sèvis prètriz dezenterese sa a, men se sèlman yon ti bagay konpare ak lajwa yo pral pataje avèk moun sa yo yo te sèvi nan mond dèzespri yo.

Mwen konn wè menm kontantman sa a nan figi moun k ap pale lòt moun sou benediksyon ki genyen nan fè pati wayòm Bondye a. Mwen te tande pale de yon prezidan branch ki prèske chak jou mennen moun bay misyonè yo pou yo anseye. Sa gen apèn kèk mwa, li pot ko menm yon manm legliz la. Kounyeya gen misyonè k ap anseye ak yon branch k ap grandi an kantite ak fòs gras a limenm. Men plis pase sa, li se yon limyè pou lòt moun ki pral louvri bouch yo pou ka akselere rasanbleman Senyè a ap fè pou pitit Bondye yo.

Pandan w ap priye ak sèvi pwochen w lan, w ap vin remake konesans ou ke w se yon pitit Bondye a ap grandi epi santiman w gen pou li yo ap grandi tou. W ap vin konnen ke li tris si ou pa onèt nan nenpòt fason. W ap vin pi detèmine pou ou kenbe pawòl ou avèk Bondye e ak lòt moun. W ap vin plis veye pou w pa pran anyen ki pa pou ou.W ap vin pi onèt avèk patwon ou.W ap vin pi detèmine pou w rive alè e pou w akonpli tout tach Senyè a ba ou ke ou te aksepte fè.

Olye ke yo mande si enstriktè nan fwaye yo ap vini, timoun yo nan fanmi ou aple pou anseye yo va tann vizit ou avèk enpasyans. Pitit mwen yo te jwenn benediksyon sa a. Lè yo t ap grandi, yo te gen ewo nan prètriz la ki te ede yo trase wout pou yo sèvi Senyè a. Egzanp beni sa yo pase al jwenn twazyèm jenerasyon an kounyeya.

Mesaj mwen an se yon mesaj remèsiman.

Mwen remèsye nou pou priyè nou yo. Mwen remèsye nou dèske nou mete nou ajenou palefèt ke nou pa gen tout repons yo. Nou priye Bondye nan syèl la pou eksprime gratitid nou ak pou envoke benediksyon li sou lavi nou ak lavi fanmi nou. Mwen remèsye nou pou sèvis nou rann lòt moun ak pou lè nou santi nou pa bezwen resevwa omaj pou sèvis nou an.

Nou te aksepte mizangad Senyè a ki di si nou chèche jwenn lwanj nan mond sa a pou sèvis nou, nou gen dwa pèdi pi gwo benediksyon. Na sonje pawòl sa yo:

“Fè atansyon lè n ap fè devwa nou pou Bondye pou nou pa fè l yon jan pou fè moun wè; Lè nou fè l konsa, Papa nou ki nan syèl la pap ba nou okenn rekonpans.

“Se poutèt sa, lè w ap bay yon moun ki nan nesesite kichòy, ou pa bezwen fè tout moun wè sa, tankou ipokrit yo fè l nan sinagòg ak nan lari a, yo fè sa pou moun ka fè lwanj yo. An verite, m ap di ou, Yo tout jwenn rekonpans yo.

“Men, lè w ap ede moun ki nan nesesite, fè l yon jan pou menm men goch ou pa konn sa men dwat ou ap fè:

“Pou kado w fè a rete yon sekrè: epi Papa ou ki wè sa w fè an sekrè a va ba ou rekonpans ou.”2

Moun ki sete egzanp gwo detantè prètriz pou mwen yo pa fasilman rekonèt ke yo posede kalite ewoyik. Anfèt, sanble yo gen difikilte pou wè bagay sa yo mwen sitèlman admire lakay yo a. Mwen te mansyone papa m sete yon prezidan branch fidèl nan yon ti branch Legliz la nan New Jersey. Nan apre li te vin manm komite jeneral Lekòldidimanch Legliz la. Poutan, m ap pale modèsteman jodia sou sèvis li nan prètriz la, paske li te modès.

Se menm bagay la tou pou militè a ki te ewo anfans mwen an. Li pa t janm pale m de sèvis li nan prètriz la ni sou akonplisman li. Li te jis rann sèvis. M te aprann fidelite li palentèmedyè lòt moun. Mwen pa ka di l te menm wè kalite m te admire anpil nan li yo.

Konsa, konsèy mwen pou nou menm ki vle fè byen pou lòt moun avèk prètriz nou an, konsène lavi nou ki prive pou tout moun sof pou Bondye.

Priye li. Remèsye li pou tout sa ki bon nan lavi nou. Mande l pou nou konnen kimoun li mete sou chemen nou pou nou sèvi. Priye pou l ede nou rann sèvis sa a. Priye pou nou ka padone moun epi konsa nou ka jwenn padon tou. Apresa sèvi yo, renmen yo, e padone yo.

Plis pase tout bagay, sonje ke nan tout sèvis ou rann, okenn pa pi gran pase sèvis pou ede moun chwazi pou yo kalifye pou lavi etènèl la. Bondye ba nou direksyon majè sa a sou fason pou nou itilize prètriz nou an. Li se egzanp pafè nou nan sa. Sa se egzanp nou wè anpati lakay pi bon sèvitè l yo nan mòtalite a:

“Epi Senyè Bondye a te pale avèk Moyiz, li te di l: Syèl yo anpil, epi lòm pa kapab konte yo, men, yo konte pou mwen, paske yo pou mwen.

“Epi lè yon tè pase, ak syèl ki pou li yo, se menm jan an yon lòt ap vini; epi pa gen finisman nan travay mwen yo, ni nan pawòl mwen yo.

“Paske gade, sa a se travay mwen ak laglwa mwen---pou m reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm.”3

Nou dwe ede nan travay sa a. Nou chak kapab fè yon diferans. Nou te prepare pou epòk sa a ak lye sa a nan dènye jou travay sakre sa a. Nou chak beni avèk egzanp moun ki te fè travay sa a vin vin priyorite prensipal yo nan epòk yo te sou tè a.

Mwen priye pou nou chak ede lòt aktivman pwofite opòtinite sa a.

Bondye Papa a vivan e l ap reponn priyè nou pou ba nou èd nou bezwen pou sèvi l byen an. Jekri se Senyè resisite a. Legliz sa a se legliz li. Prètriz la nou detni an se pouvwa pou aji nan non li nan travay li pou sèvi pitit Bondye yo. Si nou mete tout kè nou nan travay sa a, l ap mayifye nou. Mwen pwomèt sa, nan non Jezikri, Sovè nou an, amèn.