2010–2019
“Mwen te ba nou yon egzanp”
Avril 2014


“Mwen te ba nou yon egzanp”

Pi gwo egzanp ki te janm viv sou tè a se Sovè nou an, Jezikri. … Li envite nou pou nou suiv egzanp pafè li.

Lè m ap reflechi sou devwa mwen pou m pataje levanjil la, m panse ak moun ki chè pou mwen yo ke enfliyans plen tandrès yo te ede m jwenn chemen Bondye a ki te ede m nan progresyon espirityèl mwen. Nan kèk moman ki te vital nan lavi mwen, Papa m ki nan Syèl la te beni m kote l mete sou wout mwen dè moun ki te sousye ase pou mwen pou ede m chwazi bon direksyon. Yo te mete pawòl sa yo Sovè a te di a an pratik: “Mwen ban nou yon egzanp pou nou ka fè menm bagay mwen te fè pou nou an.”1

Lè m te piti, papa m pa t manm Legliz la e manman m te vin inaktiv. Nou t ap viv Washington DC, epi paran manman m yo t ap viv sou yon distans 4.000 kilomèt, nan eta Washington nan. Kèlke mwa apre uityèm anivèsè mwen, Granmè Whittle te vwayaje travèse peyi a pou l te vin vizite nou. Granmè m te enkyete paske ni mwenmenm ni gran frè m nan pa t batize. M pa konn sa l te di paran m yo osijè bagay sa a, men m konnen ke yon jou maten, li te mennen frè m nan avèk mwen sou plas la epi li te di nou sa l panse sou enpòtans pou yon moun batize ak ale nan reyinyon Legliz yo regilyèman. Mwen pa egzakteman sonje sa l te di yo men, pawòl li yo te fè yon eko nan kè mwen epi byen rapid frè m nan avèk mwen te batize.

Granmè te kontinye soutni nou. Mwen sonje chak fwa frè m nan avèk mwen te gen yon diskou pou nou te fè nan Legliz la, nou te konn rele li nan telefòn pou l ba nou kèk ide. Nan lespas kèk grenn jou, yon diskou ekri te rive pa lapòs. Apre yon ti tan, sigjesyon yo te chanje vin yon rezime, sa ki te mande plis efò bò kote pa nou.

Granmè m te itilize kantite kouraj ak respè egzat la pou te ede papa nou rekonèt kijan l te enpòtan pou l te kondi nou mennen legliz la pou reyinyon nou yo. Nan tout kalite fason apwopriye, li te ede nou santi yon bezwen pou n gen levanjil la nan lavi nou.

Pi enpòtan toujou, nou te konnen grann mwen te renmen nou e l te renmen levanjil la. Li sete yon bèl egzanp! Ala m rekonesan pou temwanyaj li te pataje avèk mwen lè m te tou jèn nan. Enfliyans li te chanje direksyon lavi mwen pou byen etènèl.

Nan apre, lè m te prèske fini inivèsite, mwen te tonbe damou pou yon bèl jènfi ki te rele Jeanene Watkins. M te panse li te kòmanse gen kèk santiman pwofon pou mwen tou. Yon jou swa, nou t ap pale sou lavni, epi li te abilman antre nan konvèsaseyon an yon deklarasyon ki te chanje lavi m ajamè. Li te di: “Lè m ap marye, se ap nan tanp, avèk yon ansyen misyonè fidèl.”

Mwen pat janm te konn panse anpil sou misyon anvan sa. Jou swa sa a, motivasyon m pou konsidere sèvi yon misyon te chanje radikalman. M te retounen lakay mwen e m pa t ka panse ak anyen ankò. M te rete reveye tout nwit la. Mwen te totalman distrè nan etid mwen nan demen. Apre anpil priyè, mwen te pran desizyon pou m te rankontre evèk mwen e m te ranpli fòm misyon an.

Jeanene pa t janm mande m pou m te sèvi yon misyon pou li. Li te renmen m ase pou l te pataje konviksyon li epi apresa li te ban m opòtinite pou m te oryante direksyon pwòp lavi mwen. Nou toulède te sèvi yon misyon e nan apre nou te sele nan tanp. Kouraj Jeanene ak angajman l nan lafwa li te fè tout diferans la nan lavi nou toulède. Mwen sèten nou pa t ap jwenn bonè nou genyen an san lafwa solid li nan prensip pou sèvi Senyè a anpremye a. Li se yon bèl egzanp fidelite!

Granmè Whittle ak Jeanene te renmen m ase pou yo te pataje konviksyon yo ke òdonans levanjil yo ak sèvi Pè Selès la t ap beni lavi mwen. Youn nan yo pa t fòse m ni fè m santi m wont osijè moun mwen te ye a. Yo te senpleman renmen mwen e yo te renmen Papa nou ki nan Syèl la. Toulède te konnen Li t ap kapab fè plis nan lavi m pase m t ap kapab fè poukont mwen. Yo chak te ede m avèk amou pou m te jwenn chemen pi gwo bonè a.

Kijan nou chak ka vin gen yon kalite enfliyans konsa? Nou dwe asire ke nou sensèman renmen moun nou vle ede yo nan bon sans pou yo ka kòmanse devlope konfyans nan lanmou Bondye. Pou anpil moun nan mond lan, premye difikilte nan aksepte levanjil la se akeri lafwa nan yon Papa ki nan Syèl la, ki renmen yo pafètman. Li pi fasil pou yo devlope lafwa sa a lè yo gen zanmi oubyen manm fanmi ki trete yo avèk menm kalite lanmou an.

Ba yo gen konfyans nan amou nou kapab ede yo devlope lafwa nan amou Bondye. Epi apresa, atravè bonjan kominikasyon plen lanmou, lavi yo va beni paske nou pataje leson nou te aprann, eksperyans nou te fè, ak prensip nou te suiv pou n te jwenn solisyon pou pwoblèm nou yo. Montre ke nou enterese nan byennèt yo, epi apresa pataje temwayaj nou sou levanjil Jezikri a.

Nou kapab ede yo pandan n ap baze sou prensip ak doktrin levanjil yo. Ankouraje moun nou renmen yo pou yo cheche konprann sa Senyè ta renmen yo fè. Yon fason pou fè sa se poze yo kesyon ki fè yo reflechi epi apresa ba yo ase tan—li te met lè, jou, mwa oubyen plis—pou yo reflechi epi chèche jwenn repons yo pou tèt pa yo. Nou petèt ka bezwen ede yo aprann fason pou yo priye ak fason pou yo rekonèt repons priyè yo tou. Ede yo konnen ekriti yo se yon sous enpòtan pou resevwa ak rekonèt repons sa yo. Konsa, na va ede yo prepare pou opòtinite k ap prezante yo ak pwoblèm yo ki gen pou vini yo.

Objektif Bondye se pou “reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm.”2 Sa se baz tout sa n ap fè. Pafwa nou sitèlman akapare pa bagay nou konsidere ki kaptivan, oubyen nou sitèlman ankre nan responsablite monden nou yo, ke nou bliye objektif Bondye. Si nou toujou baze lavi nou sou prensip debaz yo, n ap vin ka konprann sa nou dwe fè, e n ap vin pi pwodiktif pou Senyè a ak plis bonè pou tèt nou.

Lè nou baze lavi nou sou prensip debaz plan Sali a yo, n ap pi byen konsantre sou pataje sa nou konnen paske nou konprann enpòtans etènèl òdonans levanjil yo. N ap pataje sa nou konnen nan yon fason k ap bay zanmi nou yo anvi pou yo vle jwenn fòs espirityèl. N ap ede moun ki chè pou nou yo gen dezi pou yo pran angajman pou obeyi tout kòmandman L yo ak pran non Jezikri sou tèt yo.

Sonje ke konvèsyon moun endividyèlman se sèlman yon pati nan travay la. Toujou chèche fòtifye fanmi yo. Ansenye avèk yon vizyon sou enpòtans pou fanmi yo sele nan tanp. Pou kèk fanmi, sa ka pran dèzane. Sa sete ka paran mwen. Dèzane apre m te fin batize, papa m te batize, epi nan apre fanmi m te sele nan tanp. Papa m te sèvi kòm selè nan tanp lan, epi manman m te sèvi nan tanp lan avèk li. Lè nou gen vizyon òdonans sèlman tanp yo, n ap ede bati wayom Bondye a sou tè a.

Sonje ke amou se fondasyon puisan pou enfliyanse moun nou vle ede yo. Enfliyans Granmè Whittle ak madanm mwen, Jeanene, pa t ap vo anyen si m pa t konnen toudabò yo te renmen mwen e yo te vle m jwenn sa k te pi bon nan lavi a.

Yon bagay ki mache avèk amou sa a, se fè yo konfyans. Nan kèk ka, sa kapab parèt difisil pou nou fè konfyans, men chèche yon fason pou kwè nan yo. Pitit Pè Selès la yo kapab fè bagay ki ekstraòdinè lè yo santi nou kwè nan yo. Chak pitit Bondye nan egzistans mòtèl sa a te chwazi plan Sovè a. Nou dwe kwè si yo jwenn opòtinite a, y ap refè sa ankò.

Pataje prensip k ap ede moun ki chè pou nou yo avanse avèk rezolisyon sou chemen lavi etènèl la. Raple nou ke nou pwogrese liy apre liy. Nou te suiv menm pwosesis la pou n te konprann levanjil la. Kontinye pataje levanjil la avèk senplisite.

Temwanyaj pèsonèl nou sou Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a se yon zouti pwisan. Lòt resous ki akonpaye li se lapriyè, Liv Mòmon an ak lòt ekriti yo, ak angajman nou nan òdonans pretriz yo. Tout bagay sa yo ap fasilite direksyon Lespri a, ki enpòtan anpil pou nou apiye nou.

Pou nou yon bon egzanp efikas epi pou nou fè menmjan Kris la te fè,3 konsantre sou prensip debaz sa a nan levanjil la: Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a rann posib pou nou vin plis tankou Papa nou ki nan Syèl la, pou nou ka viv ansanm etènèlman ak fanmi nou.

Pa gen okenn doktrin ki pi fondamantal pou travay nou an pase Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a. Nan tout okazon jou jwenn, temwanye sou Sovè a ak sou pouvwa Sakrifis Ekspyatwa L la. Itilize ekriti ki anseye sou li yo ak poukisa li se egzanp pafè pou chak moun nan lavi a.4 N ap bezwen etidye avèk dilijans. Pa kite tèt nou si okipe ak bagay banal ke nou rate aprantisaj doktrin ak ansèyman Senyè a. Avèk yon baz doktrinal solid, nou kapab vin yon sous puisan pou pataje verite esansyèl yo avèk lòt moun ki dezespereman bezwen yo.

Nou kapab pi byen sèvi Papa nou ki nan Syèl la nan byen enfliyanse lòt moun ak sèvi yo.5 Pi gwo egzanp ki te janm mache sou tè a se Sovè nou an, Jezikri. Ministè terès Li te ranpli avèk ansèyman, sèvis, ak lanmou pou lòt moun. Li te chita avèk moun yo te jije endiy pou konpayi li. Li te renmen yo. Li te rekonèt bezwen yo e l te ansenye yo levanjil Li a. Li envite nou pou nou swiv egzanp pafè li.

Mwen konnen levanjil Li a se chemen lapè ak bonè nan lavi sa a. Se pou nou sonje pou nou fè jan l te fè a. Se pou nou pataje lanmou nou, konfyans nou, ak konesans nou sou verite a avèk lòt moun ki poko anbrase bèl limyè levanjil la. Nan non Jezikri, amèn.