2010–2019
Ak kisa w ap panse?
Avril 2014


Ak kisa w ap panse?

Mwen priye nou pou nou eseye pratik ki se poze kesyon sa a: “Ak kisa w ap panse?”, avèk yon rega konsiderasyon sou eksperyans lòt moun.

Sa gen karanteyen an, mwen te monte dèyè volan yon kamyon remòk 18 wou avèk bèl madanm mwen, Jan ak ti pitit gason nou an, Scotty. Nou t ap transpòte yon gwo chajman materyo konstriksyon atravè plizyè eta.

Nan epòk sa a, pat gen lwa ki te mande pou tache senti sekirite ni chèz pou timoun nan machin yo. Madanm mwen te kenbe ti pitit gason nou an nan bra li. Refleksyon l la: “Nou vrèman wo parapò ak atè a” te dwe banm yon ide sou enkyetid li te genyen.

Pandan nou t ap desann sou pass istorik Donner la, yon zòn apik sou otowout la, kabin machin nan te toudenkou ranpli ak gwo lafimen. Li te difisil pou nou te wè wout la, e apèn si nou te ka respire.

Avèk yon gwo chajman konsa, fren yo poukont yo pa ase pou diminye vitès la rapidman. Mwen te itilize fren brek la e retwograde vitès yo pou m te dezespereman eseye kanpe machin nan.

Egzakteman pandan m t ap gare m sou kote wout la, men anvan nou te fin kanpe nèt, madanm mwen te ouvè pòt kamyon an epi l te vole soti avèk tibebe a nan bra li. Mwen te gade san m pat ka fè anyen, pandan yo t ap degrengole nan pousyè a.

Osito m te kanpe kamyon an, mwen te kouri soti nan kabin plen lafimen an. Avèk kè m ap bat byen fò, m te kouri al nan mitan wòch ak move zèb yo epi m te pran yo nan bra mwen. Ponyèt Jan ak koud li te blese e yo t ap senyen, men erezman limenm ak pitit gason nou an yo toulède te anvi. Mwen te jis kenbe yo sere pandan pousyè a t ap bese sou bò wout la.

Lè kè m te retounen ap bat nòmal epi m te ka reprann souf mwen, m te eksploze: “Ak kisa w t ap panse menm? Èske w konn kijan sa w fè a te danjere? Ou te ka mouri!”

Li te vire gade m, avèk dlo ap koule sou figi sal ak lafimen l lan, epi l te di yon bagay ki te pèse kè m e ki toujou ap sonnen nan zòrèy mwen. “M t ap jis eseye sove pitit gason nou an.”

M te reyalize nan moman sa a ke li te panse motè a te pran dife, e li te pè pou kamyon pa t eksploze e pou nou te mouri. Men, mwen menm, m te konnen sete yon pwoblèm elektrik--- danjere men ki pa t ap fatal. M te gade presye madanm mwen an, ki tap pase men nan tèt pitit gason nou an tou dousman, e m te mande tèt mwen ki kalite fi ki t ap fè yon bagay si kouraje konsa.

Sitiyasyon sa a te petèt osi danjere emosyonèlman ke pwoblèm motè nou an. Erezman, apre nou te fin pa t pale pandan yon sèten tan, paske nou chak te panse lòt la te antò, nou te finalman vin pale sou emosyon ki lakoz nou te eksploze anba kòlè yo. Eksprime santiman lanmou ak laperèz youn pou sekirite lòt la te anpeche ensidan danjere sa a vin fatal pou maryaj presye nou an.

Pòl te bay avètisman sa a: “Pa kite okenn move pawòl soti nan bouch nou, men, [sèlman] pawòl ki bon …. ki edifye moun, ki ap yon byen pou moun k ap tande nou yo” (Efezyen 4:29). Pawòl li yo mande yon sèten pite.

Kisa ekspresyon “okenn move pawòl” la vledi pou nou? Nou tout konn regilyèman gen moman kote nou gen santiman chaje ak kòlè---kòlè pa nou ak pa lòt moun’. Nou konn wè kòlè enkontwolè ki eklate nan lye piblik. Nou viv yo tankou yon “chòk elektrik” emosyonèl nan aktivite espòtif yo, nan zafè politik, e menm nan pwòp fwaye nou.

Pafwa timoun yo pale avèk paran ki renmen yo a avèk lang ki file tankou jilèt. Konjwen, ki te konn pataje kèk eksperyans lavi pi bèl ak pi presye yo, pèdi vizyon ak pasyans youn anvè lòt epi yo leve vwa yo. Nou chak, byenke nou se pitit alyans yon Papa eman ki nan Syèl la, konn regrèt ke se nou menm anpremye ki antre byen fon nan pote jijman rapide e lanse move pawòl anvan nou konprann yon sitiyasyon selon pwendvi pa lòt moun nan. Nou tout rankontre opòtinite kote pawòl destriktè ka lakoz yon sitiyasyon danjere vin fatal.

Gen yon lèt Premyè Prezidans lan te pibliye dènyèman ki di klèman: “Levanjil Jezikri a ansenye nou pou nou renmen ak trete tout moun avèk jantiyès ak respè---menm lè nou pa dakò avèk yo” (Lèt Premyè Prezidans la sou maryaj menm sèks, 9 Jan. 2014). Se yon bonjan rapèl ke nou kapab e nou ta dwe patisipe nan kontinye dyalòg sivilize, espesyalman lè nou wè mond lan sou yon ang diferan.

Otè Pwovèb la konseye: “Yon bon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè. Men, si ou reponn li rèd, w ap fè l pi eksite” (Pwovèb 15:1). Yon “repons dous” vle di yon repons rezone---avèk pawòl reflechi ki soti nan yon kè enb. Sa pa vle di pou nou pa janm pale franchman ni pou nou konpwomèt verite doktrinal nou. Pawol ki gen dwa fèm nan kontni yo kapab dous nan lespri.

Liv Mòmon an gen yon egzanp frapan sou langaj konsa ki te fèt nan kontèks yon dezakò konjigal. Yo te voye pitit gason Sariya ak Leyi yo retounen Jerizalèm pou yo t al chèche plak eren yo e yo potko retounen. Sariya te panse pitit gason l yo te andanje. Li te chaje ak kòlè e l te bezwen yon moun pou l te blame.

Koute istwa a nan fason pitit gason li, Nefi, rakonte l: “Paske li te panse nou te peri nan dezè a; epi tou li te plenyen kont papa m, li te di l konsa li se yon vizyonè; li di l: Ou te fè nou sòti nan peyi eritaj nou an, e pitit gason m yo mouri e n ap peri nan dezè a” (1 Nefi 5:2).

Kounyeya, annou konsidere sa Sariya te dwe ap panse. Li te plen enkyetid pou pitit gason ki te pafwa belijeran l yo te retounen nan kote sa a kote lavi mari li te andanje a. Epi li te chanje bèl kay li ak zanmi li pou yon tant nan yon dezè byen lwen pandan l te ankò jèn pou l te ka fè pitit. Pouse nan limit ekstrèm laperèz li, se komsi ewoyikman, nou ka di lojikman, li te vole soti nan yon kamyon k ap kouri avèk vitès pou l te eseye pwoteje fanmi li. Li te eksprime enkyetid lejitim ni bay mari li nan pawòl ranpli avèk kòlè ak dout ak repwòch---yon langaj tout kretyen vivan sanble yo konpetan anpil ladan l.

Pwofèt Leyi te koute laperèz ki te pouse madanm ni vin akòlè a. Lè sa a, li te bay yon repons metrize nan langaj konpasyon. Toudabò, li te admèt verite bagay yo jan madanm ni te wè yo a, selon pwendvi pa li: “Epi …papa m te pale avèk li, li di: M konnen m se yon vizyonè; … men [si] m te rete nan Jerizalèm, [nou tout tap] peri avèk frè m yo” (1 Nefi 5:4).

Apresa li te reponn krent li te genyen pou sekirite pitit gason l yo, selon jan Sentespri a te siman temwaye li, li te di:

“Men okontrè, m te jwenn yon tè pwomiz, m rejwi poutèt bagay sa a; wi e m konnen Senyè a pral delivre pitit gason m yo anba men Laban. ...

“Epi se avèk kalite langaj sa a papa m, Leyi, te rekonfòte manman m, Sariya, konsènan nou, pandan nou t ap vwayaje nan dezè a” (1 Nefi 5:5–6).

Jodia, li patikilyèman nesesè pou gason yo ak fi yo kiltive respè youn pou lòt nan mitan gwo diferans nan kwayans ak konpòtman yo e nan mitan gwo twou priyorite kontradiktwa antre yo yo. Li enposib pou nou konnen tout sa k ap nouri nan panse nou ak kè nou, ni menm pou n totalman konprann kontèks pou eprèv ak chwa nou chak ap fè fas yo

Men, sa k t ap pase ak “move pawòl” Pòl pale yo si pwendvi pèsonèl nou te anpremye konsidere eksperyans lòt moun nan toudabò? Pandan ke m totalman rekonèt limit pwòp enpèfeksyon m ak kote wòf mwen yo, m ap mande nou pou, avèk bonjan konsiderasyon pou eksperyans yon lòt moun, nou poze kesyon sa a: “Ak kisa w panse?”

Sonje lè Senyè a te siprann Samyèl ak Sayil nan chwazi yon jèn ti gason k tap gade mouton, David nan Betleyèm, kòm wa Izrayèl la? Senyè a te di pwofèt li a: “Paske Senyè a pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l la; lèzòm gade sou aparans, men Senyè a gade sa ki nan kè moun” (1 Samyèl 16:7).

Lè kabin kamyon nou an te ranpli ak lafimen an, madanm mwen te aji nan fason ki pi brav li te kapab imajine pou l te pwoteje pitit gason nou an. Mwen menm tou, m te aji kòm yon pwotektè lè m te kesyone chwa l la. Sa k frapan an, se pa t yon zafè kiyès ki te gen rezon ou pa. Sa k te enpòtan sete youn koute lòt epi youn konprann pwednvi pa lòt la.

Dispozisyon nou pou youn konprann pwendvi pa lòt la ap transfòme “move pawòl” yo fè yo tounen “pawòl ki pote byen.” Apòt Pòl te konprann sa, e nan yon sètèn fason nou chak ka fè menm eksperyans la tou. Sa gen dwa pa chanje pwoblèm nan rezoud li, men, posiblite ki pi enpòtan an se, èske pawòl konpatisan an ka chanje nou.

Mwen temwanye konsènan yon Sovè eman ki pèmèt nou “byen kominike” atravè langaj konpatisan, lè don kiltive Sentespri a pèse kè nou avèk konsiderasyon pou santiman ak kontèks lòt moun. Sa pèmèt nou transfòme sitiyasyon danjere fè yo vin tounen lye ki sen. Mwen temwaye de yon Sovè ki renmen nou, ki “gade nan kè nou” e ki sousye pou sa n ap panse. Nan non Jezikri, amèn.