2010–2019
Joseph Smith, Pwofèt la
Avril 2014


Joseph Smith, Pwofèt la

Revelasyon ki te devèse sou Joseph Smith yo konfime ke li sete yon pwofèt Bondye.

Premye Vizyon an

Yon jèn tigason li Bib la, epi je l tonbe sou yon pasaj etranj nan ekriti yo. Sa se yon moman ki pral chanje mond lan.

Li bezwen konnen ki legliz ki ka mennen l nan laverite ak sali. Li eseye prèske tout lòt bagay, epi kounyeya, li vire vè Bib la epi l li pawòl sa yo: “Si nenpòt nan pami nou manke lasajès, se pou l mande Bondye, ki bay tout moun liberalman, epi san repwòch, epi l ap ba li l.”1

Li reflechi sou pawòl sa yo san rete. Premye reyon limyè a penetre tenèb la. Èske se repons la sa, fason pou soti nan konfizyon ak fènwa a? Èske l ka osi senp? Mande Bondye e l ap reponn? Alafen, li deside pou l oubyen mande Bondye oubyen rete nan tenèb ak konfizyon nèt ale.

Men, malgre ke l enpasyan, li pa kouri al nan yon kwen trankil pou l vit fè yon priyè rapid. Li gen 14 an sèlman, men nan anvi l pou konnen an, li pa presipite anyen. Sa pa dwe nenpòt ki priyè. Li deside ki kote l prale ak kilè l ap tante eksperyans la. Li prepare pou l pale avèk Bondye.

Epi jou a rive. Se “nan maten yon bèl jou klè, bonè, nan prentan[1820] an.”2 Li mache poukont li antre nan silans boskè tou pre a, anba pyebwa yo ki kanpe byen wo anlè li. Li rive kote li te chwazi pou l ale a. Li mete ajenou epi li eksprime dezi kè li.

Pou l dekri sa k rive apre a, li di:

“M te wè yon kolòn limyè ki te egzakteman anlè tèt mwen, ki te pi klere pase solèy la, epi ki te desann tikras pa tikras jistan l te tonbe sou mwen.

“…Lè limyè a te repoze sou mwen, m te wè de pèsonaj, ekla yo ak laglwa yo te depase tout deskripsyon, ki te kanpe sispandi anlè devan mwen. Youn ladan yo te pale avèk mwen, li te site non mwen, epi l te di, pandan l te lonje dwèt sou lòt la—[Joseph,] Se Pitit Gason Byeneme m nan, Koute li!3

Nan sèlman 24 ane apre sa, Joseph Smith ak frè li Hyrum ta pral mouri akoz sa k te kòmanse la a.

Lopozisyon

Joseph di lè l te gen 17 an, yon zanj te di l ke “non li ta pral site pou byen ak mal pami tout nasyon, ... pami tout pèp.”4 Pwofesi sa a kontinye ap akonpli jodia pandan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ap simaye nan tout mond lan.

Lopozisyon, kritik, ak chèche kont se konpayon laverite. Kèlkeswa lè verite revele konsènan objektif ak destine lòm, ap gen yon fòs pou opoze li. Kòmanse avèk Adan ak Èv nan Jaden Eden nan, pase pa ministè Kris la, e desann jiska epòk pa nou an, ap toujou gen tantativ pou twonpe, detounen, kontrekare, ak opoze plan lavi a.

Chèche pi gwo nyaj pousyè a ki anlè pifò labou yo te lanse sou Moun yo te pi opoze, defye, rejte, bat, abandone, ak krisifye a, Moun ki te desann pi ba pase tout bagay la, epi n ap jwenn verite a, Pitit Gason Bondye a, Sovè tout limanite a. Poukisa yo pa t kite l an repo?

Poukisa? Paske li se laverite, epi laverite ap toujou jwenn opozisyon.

Epi apresa, chèche moun ki te fè parèt yon lòt temwayaj konsènan Jezikri ak lòt ekriti yo, chèche moun ki te sèvi kòm enstriman pou plenitid levanjil la ak Legliz Jezikri a te retabli sou tè a, chèche li epi atann pou nou jwenn ni kouvri anba labou. Poukisa yo pa kite l anrepo?

Poukisa? Paske li te anseye laverite, e laverite ap toujou jwenn opozisyon.

Flo Revelasyon an

Revelasyon ki te devèse sou Joseph Smith yo konfime ke li sete yon pwofèt Bondye. Annou gade kèk ladan yo—jis gade kèk nan limyè ak laverite yo revele palentèmedyè li menm ki kanpe an kontras avèk kwayans komen epòk li a ak pa nou an:

  • Bondye se yon moun pèsonèl, egzalte, yon Papa Etènèl. Li se Papa nou.

  • Bondye Papa a, Jezikri, ak Sentespri a se moun separe.5

  • Nou se plis pase moun imen. Nou se pitit Bondye Papa Etènèl la e nou ka vin menmjan avèk li6 si nou gen lafwa nan Pitit Gason l lan, nou repanti, resevwa òdonans yo, resevwa Sentespri a, epi pèsevere jiskalafen.7

  • Legliz Jezikri a jodi a se fondamantalman menm Legliz li te òganize pandan ministè li sou tè a, avèk pwofèt ak apot, Prètriz Mèlkisedèk ak Prètriz Levitik la, ansyen, granprèt, dyak enstriktè, enstriktè, evèk, ak swasanndis, tout jan yo dekri nan Bib la.

  • Otorite prètriz la te soti sou tè a apre lanmò Sovè a ak Apot li yo e l te retabli ankò nan epòk pa nou an.

  • Revelazyon pa sispann, epi syèl la pa fèmen. Bondye pale avèk pwofèt jodia, e l ap pale avèk ou menm avèk mwen tou.8

  • Gen lòt bagay apre lavi sa a pase sèlman syèl ak lanfè. Gen degre laglwa yo, e sa nou fè nan lavi sa a konte anpil anpil.9

  • Plis pase yon senp kwayans konsa konsa nan Kris la, nou dwe “Gade sou [Li] nan chak panse,”10 “fè tout sa [n ap fè] nan non Pitit Gason an,”11 epi “toujou sonje li e respekte kòmandman l yo ... pou [nou] ka toujou gen Lespri li avèk [nou].”12

  • Bilyon moun ki viv epi mouri san levanjil la ak òdonans nesesè pou sali yo pa pèdi. Gras avèk Ekspyasyon Kris la, tout limanite “kapab sove, si yo obeyi lalwa ak òdonans levanjil la,”13 yo administre pou vivan yo ak pou mò yo.14

  • Tout bagay pa t kòmanse nan nesans nou. Nou te viv anvan sa nan prezans Bondye antanke pitit gason oswa pitit fi li epi nou te prepare nou pou lavi mòtèl sa a.15

  • Maryaj ak fanmi se pa tradisyon lèzòm ki valab sèlman jiskaske lanmò separe nou. Yo destine pou yo etènèl atravè alyans nou fè avèk Bondye. Fanmi an se modèl syèl la.16

E sa se sèlman yon pati nan flo revelasyon ki te devèse sou Joseph Smith la. Ki kote tout sa te soti, revelasyon sa yo ki pote limyè nan fènwa a, klète nan dout la, e ki enspire ak amelyore dè milyon moun nan? Kisa ki pi pwobab, ke li te imajine tout bagay sa yo oubyen li te resevwa èd nan syèl la? Èske ekriti li pibliye yo sonnen tankou pawòl lèzòm oubyen pawòl Bondye?

Konklizyon

Pa gen okenn dezakò sou sa Joseph te akonpli, sèlman sou fason li te fè sa l te fè a ak pouki l te fè l. E pa gen anpil opsyon. Se oubyen li se yon chalatan oubyen l se yon pwofèt. Oubyen l te fè sa l te fè a poukont li, oubyen li te jwenn èd syèl la. Konsidere bagay yo, egzamine tout prèv yo, tout mozayik lavi a, pa sèlman yon moso. Pi enpòtan toujou, fè tankou jèn Joseph te fè a epi “mande Bondye ki bay tout moun liberalman, epi san repwòch; epi l ap ba ou li].”17 Se non sèlman fason ou ka aprann laverite sou Liv Mòmon an ak Joseph Smith, men se yon modèl pou w konnen verite nan tout bagay tou.18

Joseph Smith sete yon pwofèt Bondye, tou kòm Thomas S. Monson ye jodia. Palentèmedyè Joseph Smith, Bondye “bay lòm sou tè a kle wayòm li a, epi se ... levanjil la [k pral] dewoule ... tankou wòchki dekole soti sou mòn nan san okenn men pa pouse li … , jistan l ranpli tout tè a.”19

Bondye se Papa Etènèl nou, epi Jezi se Kris la. Nou adore yo. Anyen pa konparab avèk kreyasyon yo, plan sali a, ak sakrifis ekspyatwa Mouton Bondye a. Nan dispansasyon sa a, nou akonpli plan Papa a epi nou jwi fwi Ekspyasyon yo sèlman si nou obeyi lwa ak òdonans levanjil ki te retali palentèmedyè Joseph Smith yo. Mwen rann temwayaj mwen konsènan Yo—Bondye Papa a ak Jezikri, Sovè mond lan. E m fè sa nan non Jezikri, amèn.