2010–2019
Rapò Depatman Odit Legliz la, 2013
Avril 2014


Rapò Depatman Odit Legliz la, 2013

Pou Premye Prezidans Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo

Chè Frè yo: Jan yo rekòmande pa revelasyon nan seksyon 120 Doktrin ak Alyans yo, se Konsèy pou Dispozisyon Dim yo—ki konpoze pa Premye Prezidans lan, Kolèj Douz Apot yo, ak Episkopa Prezidan an—ki otorize fè depans nan fon Legliz la. Inite yo nan Legliz la debouse fon selon bidjè ki apwouve epi an akò avèk politik ak pwosedi Legliz la.

Depatman Odit Legliz la, ki konpoze pa pwofesyonèl ki sètifye e ki endepandan de tout lòt depatman yo nan Legliz la, gen responsablite pou fè odit nan bi pou founi asirans rezonab konsènan sa ki resevwa, sa ki depanse, ak pou pwoteje byen Legliz yo.

Baze sou odit ki fèt yo, Depatman Odit Legliz la deklare ke, nan tout sa ki konsène zafè materyèl, kontribisyon yo resevwa, depans ki fèt, ak kapital Legliz la pou ane 2013 la, tout bagay sa yo te anrejistre ak administre an akò avèk pratik bidjè, règleman ak pwosedi, ak pratik kontablite Legliz la apwouve yo. Legliz la suiv prati li anseye manm li yo sou viv selon mwayen yo, evite dèt, ak fè ekonomi pou tan bezwen.

Prezante avèk respè,

Depatman Odit Legliz la

Kevin R. Jergensen

Direktè Jeneral