2010–2019
Temwen an
Avril 2014


Temwen an

Mwen vle pataje avèk nou kèk verite ki merite pou nou konnen yo.

Tan lagè oubyen tan ensètitid gen yon fason pou yo fè nou vin pi pran konsyans sou bagay ki reyèlman konte yo.

Dezyèm Gè Mondyal la sete yon epòk gwo boulvèsman espirityèl pou mwen. M te oblije kite lakay mwen, nan Brigham City, nan Uta, avèk sèlman timoso yon temwayaj e m te santi bezwen yon bagay anplis. Nan lespas kèk semèn sèlman, prèske tout klas tèminal nou an te nan wout pou al nan zòn lagè a. Pandan nou te nan pòs nou sou zile Ie Shima a, jis nan Nò Okinawa, nan Japon, m t ap lite avèk dout ak ensètitid. M te anvi gen yon temwayaj pèsonèl sou levanjil la. M te vle konnen!

Pandan youn nan nuit san somèy mwen yo, m te kite tant lan e m te antre nan yon abri yo te fabrike avèk bidon gaz 50 galon ranpli sab yo te anpile youn sou lòt pou fòme yon kloti. Li pa t gen tèt, epi konsa, m te glise antre andedan l, m te gade syèl plen zetwal la, epi m te mete ajenou pou m te priye.

Prèske nan mitan yon fraz, sa te rive. Menmsi m ta vle, m pa ka dekri nou sa k te rive a. Mwen pa p ka jwenn mo m dekri li, men, li osi klè jodia jan l te ye lannuit sa a, plis pase 65 kan an. M te konnen sete yon manifestasyon trè prive e trè pèsonèl. Anfen! M te konnen pou tèt pa m. Mwen te konnen avèk sètitid, paske yo te ban mwen li. Apre yon ti moman, m te glise soti nan abri a e m te mache, pou m pa di flote, retounen nan kabann mwen. M te pase rès nuit la avèk yon santiman lajwa ak emèveyman.

Olye m te panse m sete yon moun espesyal, m te pito panse ke, si m te fè yon eksperyans konsa, nenpòt moun ta ka fè l tou. Nan ane k te suiv yo, m te vin konprann ke yon eksperyans konsa se alafwa yon limyè pou w suiv ak yon chay pou w pote.

Mwen vle pataje avèk nou kèk verite ki merite pou nou konnen yo, bagay m te aprann ak fè eksperyans nan prèske 90 ane lavi m yo e plis pase 50 ane ladan yo kòm Otorite Jeneral. Anpil nan sa m vin konnen yo tonbe nan kategori bagay nou pa ka anseye men ke nou ka aprann.

Tankou pifò bagay ki gen gwo valè, konesans ki se yon bagay ki gen valè etènèl vini sèlman atravè priyè pèsonèl ak meditasyon. Bagay sa yo, konbine avèk jèn ak etid ekriti yo, envite enpresyon ak revelasyon ak enspirasyon Sentespri a. Sa ba nou enstriksyon soti anwo pandan n ap aprann liy apre liy.

Revelasyon yo pwomèt ke “kèlkeswa prensip entèlijans nou jwenn nan lavi sa a, l ap leve avèk nou nan rezirèksyon an” epi “[nou jwenn] konesans ak entèlijans nan ... dilijans ak obeyisans” (D&A 130:18–19).

Youn nan verite etènèl m vin konnen sèke Bondye vivan. Li se Papa nou. Nou se pitit li. “Nou kwè nan Bondye, Papa Etènèl la, ak Pitit Gason li a, Jezikri, ak Sentespri a” (Atik Lafwa 1:1).

Nan tout lòt tit li ta ka itilize yo, li chwazi pou yo rele l “Papa.” Sovè a te kòmande: “Men fason pou nou priye: Papa nou ki nan syèl la” (3 Nefi 13:9; gade tou Matye 6:9). Itilizasyon non “Papa” a se yon leson pou nou tou pandan n ap aprann kisa k pi konte nan lavi sa a.

Se yon benediksyon sakre pou yon moun paran, e sa depann sou fidelite nou, sa ka yon benediksyon etènèl. Objektif final tout aktivite nan legliz la se pou yon gason ak madanm ni ak pitit yo fè yo kapab gen bonè nan fwaye yo.

Moun ki pa marye yo oubyen moun ki pa ka fè pitit yo pa ekskli nan benediksyon etènèl y ap chèche yo men ki, pou moman an, pa alapòte yo a. Nou pa toujou konnen kijan ak kilè benediksyon yo ap prezante, men yo pap refize okenn moun fidèl ki fè ak kenbe alyans sakre pwomès akwasman etènèl la.

Espwa sekrè ak siplikasyon ou adrese nan mitan kriye yo ap touche kè Papa a ak Pitit la. W ap resevwa yon asirans pèsonèl nan men yo ke lavi w ap konble epi okenn benediksyon ki esansyèl pap pèdi pou ou.

Antanke sèvitè Senyè a, k ap aji nan ofis mwen te òdone a, mwen toujou fè moun ki nan sikonstans sa yo pwomès ke, pap gen anyen ki esansyèl pou sali yo ak egaltasyon yo ke yo pap jwenn lè moman an rive. Bra ki vid yo kounyeya apral ranpli, epi kè ki blese kounyeya pa rèv ak espwa brize yo va geri.

Yon lòt verite m vin konnen sèke Sentespri a reyèl. Li se twazyèm manm Divinite a. Misyon li se pou temwaye konsènan laverite ak lajistis. Li manifeste tèt li nan plizyè fason, enkli santiman lapè ak rekonfò. Li ka pote konsolasyon, gidans, ak koreksyon lè sa nesesè tou. Nou kenbe konpayi Sentespri a pandan tout lavi nou lè nou viv nan ladwati.

Yo konfere don Sentespri a atravè yon òdonans levanjil. Yon moun ki gen otorite poze men l sou tèt yon nouvo manm Legliz la epi l pwononse pawòl tankou: “Resevwa Sentespri a.”

Òdonans sa a poukont li pa chanje nou nan yon fason vizib, men si nou koute epi nou suiv enspirasyon yo, n ap resevwa benediksyon Sentespri a. Chak pitit gason oswa pitit fi Papa nou ki nan Syèl la ka aprann konnen reyalite pwomès Mowoni an: “Epi, pa pouvwa Sentespri a nou kapab konnen verite nan tout bagay” (Mowoni 10:5; italik ajoute).

Yon verite etènèl mwen te akeri nan lavi m se temwayaj mwen konsènan Senyè a, Jezikri.

Sa ki anvan tout bagay e ki souzantandi nan tout sa n ap fè, ankre nan tout revelasyon yo, se non Senyè a, ki se otorite atravè ki nou aji nan Legliz la. Chak priyè ki fèt, menm pa timoun piti yo, fini nan non Jezikri. Chak benediksyon, chak òdonans, chak òdinasyon, chak aksyon ofisyèl fèt nan non Jezikri. Se Legliz li, e li pote non li—Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo (gade D&A 115:4).

Gen yon ensidan mèveye nan Liv Mòmon an kote Nefit yo “t ap priye Papa a nan non [Senyè a].” Senyè a te parèt epi l te mande yo:

“Kisa nou ta vle m ba nou?

“Epi yo te di li: Senyè, nou ta vle w di nou ki non pou nou bay legliz sa a; paske gen diskisyon nan pami pèp la konsènan zafè sa a.

“Epi Senyè a te di yo: anverite, m ap di, poukisa pèp la dwe diskite ak plenyen poutèt bagay sa a?

“Èske yo pa t li ekriti yo, ki di, nou dwe pote non Kris la, ki se non mwen? Paske se non sa yo pral rele nou nan dènye jou a.

“Epi nenpòt moun ki pote non m, ki pèsevere jiskalafen, moun sa a ap sove nan dènye jou a. …

“Se poutèt sa, tout sa w ap fè, fè l nan non mwen; se poutèt sa nou dwe bay legliz la pote non mwen, e nou dwe priye Papa a nan non mwen pou l kapab beni legliz la poutèt mwen” (3 Nefi 27:2–7).

Se nan non li, Jezikri, “paske pa gen okenn lòt non anba syèl la pami lèzòm ki kapab sove nou” (Travay 4:12).

Nan legliz la nou konnen kiyès li ye: Jezikri, Pitit Gason Bondye a. Li se Sèl Pitit Literal Papa a. Li se moun yo te touye a e li te leve ankò. Li se Avoka nou devan Papa a. “Sonje, sonje se sou wòch Redanmtè nou an, ki se Kris la, Pitit Gason Bondye a, nou dwe bati fondasyon nou” (Elaman 5:12). Li se ankraj ki kenbe nou ak pwoteje nou menm ak fanmi nou atravè tanpèt lavi yo.

Chak Dimanch, toupatou nan mond lan kote kongregasyon rasanble nan tout nasyonalite ak lang, Sentsèn nan beni avèk menm pawòl yo. Nou pran non Kris la sou tèt nou e nou toujou sonje li. Sa enprime nan nou.

Pwofèt Nefi te deklare: “Nou pale konsènan Kris la, nou pran plezi nan Kris la, nou preche konsènan Kris la, nou pwofetize konsènan Kris la, e nou ekri dapre pwofesi nou yo, pou pitit nou yo kapab konnen nan ki sous pou yo chèche padon pou peche yo” (2 Nefi 25:26).

Nou chak bezwen akeri pwòp temwayaj pèsonèl nou konsènan Senyè a, Jezikri. Apresa nou pataje temwayaj sa a avèk fanmi nou ak lòt moun.

Nan tout sa, annou sonje ke gen yon advèsè ki pèsonèlman ap chèche pètibe travay Senyè a. Nou dwe chwazi kiyès n ap suiv. Pwoteksyon nou depann senpleman sou desizyon pèsonèl pou n suiv Sovè a, pandan n ap asire nou ke nou fidèlman rete bò kote li.

Nan Nouvo Testaman an, Jan ekri ke te gen kèk moun ki pa t kapab angaje yo anvè Sovè a ak ansèyman l yo, epi “depi lè sa a anpil nan disip yo te wete kò yo, yo pa t mache avèk li ankò.

“Lè Jezi te wè sa, li te di douz disip yo, nou menm, nou pa vle ale tou?

“Simon Pyè te reponn: Senyè, kimoun pou n al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl lavi etènèl yo.

“Kounyeya nou kwè, nou konnen ou se Kris la, Pitit Gason Bondye vivan an” (Jan 6:66–69).

Pyè te akeri sa nenpòt moun k ap suiv Sovè a kapab anprann. Pou nou fidèlman devwe anvè Jezikri, nou aksepte li kòm Redanmtè nou epi nou fè tout sa nou kapab pou viv ansèyman l yo.

Apre tout ane sa yo m te viv, ak anseye ak sèvi a, apre dè milyon kilomèt m te vwayaje toupatou nan mond lan, avèk tout sa m te viv yo, gen yon sèl gran verite m ta renmen pataje. Se temwayaj mwen konsènan Sovè a, Jezikri.

Joseph Smith ak Sidney Rigdon te ekri bagay sa a apre yon eksperyans sakre:

“Epi kounyeya, apre tout kantite temwayaj ki te rann konsènan li, sa a se temwayaj la, dènye nan tout la, nou fè konsènan li pou fè konnen Li vivan!

“Paske nou te wè l” (D&A 76:22–23).

Pawòl yo a se pawòl pa m tou.

Mwen kwè epi Mwen gen sètitid ke Jezi se Kris la, Pitit Gason Bondye vivan an. Li vivan. Li se Sèl Pitit Literal Papa a, epi “avèk li, epi pa mwayen li, epi nan li mond yo te egziste epi yo te kreye, epi abitan ki nan mond yo se pitit gason ak pitit fi Bondye” (D&A 76:24).

Mwen rann temwayaj mwen ke Sovè a vivan. Mwen konnen Senyè a. Mwen se temwen Li. Mwen konnen gwo sakrifis li ak lanmou etènèl li pou tout Pè Selès la yo. Mwen rann temwayaj espesyal mwen nan tout imilite men avèk yon sètitid absoli, nan non Jezikri, amèn,