2010–2019
Obeyisans atravè fidelite nou
Avril 2014


Obeyisans atravè fidelite nou

Obeyisans se anblèm lafwa nou nan sajès ak pouvwa otorite siprèm nan, ki se Bondye.

Sware Familyal Sè Perry avèk mwen te konn fè chak Lendi swa yo toudenkou vin gen plis moun. Frè m nan, pitit fi li, frè Barbara a, avèk yon nyès ak mari li demenaje vin abite nan bilding nou an. Se premye fwa mwen jwenn benediksyon pou gen fanmi ap viv tou pre m konsa depi epòk anfans mwen. Nan epòk sa a, fanmi m te abite nan menm katye avèk plizyè manm nan fanmi manman m. Granpapa m, Sonne, te abite bòkote nou, sou bò Nò, epi kay Matant Emma te sou lòtbò a, nan Sid. Matant Josephine te abite sou menm kote Sid la pi lwen, epi tonton Alma te abite nan Lès.

Pandan anfans mwen, nou te konn rankontre avèk manm fanmi elaji nou yo chak jou e nou te konn pase anpil moman espesyal ap travay, jwe, ak pale youn ak lòt. Nou pa t ka fè okenn derapaj san sa pa t rive nan zòrèy manman nou menm kote a. Jodia, mond nou an diferan—nan pifò fanmi, manm yo gaye pasipala. Menm lè yo viv relativman pre yonn ak lòt, yo pa souvan abite yonn bò kote lòt. Sepandan, m dwe kwè ke anfans mwen ak sitiyasyon aktyèl mwen ye a sanble yon tijan avèk syèl la, avèk manm fanmi byeneme nou k ap viv youn tou pre lòt. Sa sèvi kòm yon rapèl konstan pou mwen sou nati etènèl selil familyal la.

Lè m t ap grandi, m te gen yon relasyon espesyal avèk granpapa m. Antanke pigran pitit gason nan fanmi an, m te konn netwaye nèj pandan ivè a epi pandan ete a m te konn okipe gazon lakay pa nou, ak kay granpapa m nan ak lakay de matant mwen yo. Granpapa m te konn chita sou galri devan lakay li a pandan m t ap koupe gazon an. Lè m te fini, m te konn al chita sou pewon an pou nou te pale. Moman sa yo se souvni ki presye pou mwen.

Yon jou, m te mande granpapa m kouman m ta ka konnen si m te toujou fè sa ki byen, etandone lavi a gen si anpil chwa konsa. Jan granpapa m te konn toujou fè, li te reponn avèk yon eksperyans sou lavi nan fèm nan.

Li te pale m sou antrenman yon ekip cheval pou yo ka travay ansanm. Li te di eksplike m ke yon ekip cheval dwe toujou konnen ki moun ki anchaj yo. Youn nan mwayen pou asire kontwòl ak direksyon yon cheval se yon kòd ak yon brid. Si youn nan cheval yo ta panse li pa bezwen obeyi volonte kondiktè a, ekip la pap ka janm travay ansanm pou rale chay la nan kapasite maksimòm yo.

Kounyeya, an nou egzamine leson granpapa m te aprann mwen lè l te itilize egzanp sa a. Kiyès ki se kondiktè ekip cheval la? Granpapa m te gen konviksyon ke se Senyè a. Se Li ki gen yon objektif ak yon plan. Li se antrenè ak moun k pa drese ekip cheval la epi konsa, chak cheval an patikilye. Kondiktè a se moun ki konnen pi byen an, e sèl fason pou yon cheval konnen li toujou fè sa ki bon se lè l obeyi, e l suiv direksyon kondiktè a.

Kisa granpapa m te konpare avèk kòd cheval la ak brid la? Mwen te panse lè sa a, jan m panse jodia, ke gran papa m t ap aprann mwen swiv enspirasyon Sentespri a. Pou limenm, kòd la ak brid la te espirityèl. Yon cheval obeyisan, ki fè pati yon ekip cheval byen antrene, bezwen jis yon ti pouch nan men kondiktè a pou l fè egzakteman sa l vle l fè a. Ti pouch sa a se ekivalan ti vwa dous Senyè a pale avèk nou an. Pa respè pou libabit nou, li pa janm yon gwo bourad pou fòse nou.

Gason ak fi ki inyore enspirasyon dous Sentespri a, y ap souvan aprann, jan pitit gason prodij la te aprann nan, atravè konsekans natirèl dezobeyisans ak lavi banbòch. Se sèlman apre konsekans natirèl yo te fin ba l imilite, ke pitit gason pwodij la te vin “pran konsyans” epi l te tande enspirasyon Sentespri a ki te di l pou l te retounen lakay papa li (gade Lik 15:11–32).

Konsa, leson granpapa m te anseye m nan sete pou m toujou pare pou resevwa ti pouch Lespri a. Li te aprann mwen ke m t ap toujou resevwa enspirasyon sa a si jamè m ta devye soti sou chemen an. Epi, m pa t ap janm fè anyen ki seryezman grav si m ta pèmèt Lespri a gide m nan desizyon lavi m yo.

Jan Jak 3:3 deklare a: “Nou mete brid nan bouch cheval, pou yo ka obeyi nou; konsa nou ka kontwole tout kò yo.”

Nou dwe veye pote atansyon ak tipouch espirityèl nou yo tou. Menm avèk tikal pouch tou piti Mèt la ba nou an, nou dwe dispoze pou n konplètman chanje fason n ap aji. Pou nou reyisi nan lavi a, nou dwe anseye lespri nou ak kò nou pou yo travay ansanm nan obeyi kòmandman Bondye yo. Si nou koute enspirasyon Sentespri a, li ka ini lespri nou ak kò nou nan yon objektif ki pral mennen nou retounen nan fwaye etènèl nou an pou n al viv ak Papa nou ki nan syèl la.

Nan twazyèm atik lafwa nou an, nou aprann enpòtans obeyisans: “Nou kwè, akoz Ekspyasyon Kris la, tout limanite kapab sove, si yo obeyi lalwa ak òdonans Levanjil la.”

Kalite obeyisans granpapa m te dekri nan egzanp li a sou ekip cheval la mande yon konfyans espesyal tou—ki se, yon lafwa absoli nan moun k ap kondi ekip la. Konsa, leson gran papa m te anseye m nan gen rapò avèk premye prensip levanjil la—lafwa nan Jezikri.

Apot Pòl te anseye: “Lafwa se yon asirans fèm nan bagay nou espere, yon sètitid nan bagay nou pa wè” (Ebre 11:1). Apresa, Pòl te itilize egzanp Abèl, Enòk, Nowe, ak Abraram pou anseye sou lafwa. Li te rete sou istwa Abraram nan, paske Abraram se papa tout fidèl:

“Se lafwa li ki te fè Abraram obeyi lè yo te rele li pou l te pati pou peyi yo ta pral ba li kòm eritaj la; e li te ale, san l pa t konnen ki bò li taprale.

“Pa lafwa li te vin etabli l nan tè pwomiz la, tankou nan yon peyi etranje. …

“Se gras ak lafwa li ki fè Sara tou te resevwa fòs pou l te fè pitit, e li te fè yon pitit atout li te depase laj pou sa, paske li te kwè nan fidelite moun nan ki te fè l pwomès la” (Ebre 11:8–9, 11).

Nou konnen ke, palentèmedyè pitit gason Abraram ak Sara a, Izaak, Abraram te resevwa yon pwomès—pwomès yon posterite “si anpil tankou zetwal nan syèl la, tankou grenn sab bò lanmè ke yo pa ka konte” (gade vèsè 12; gade tou Jenèz 17:15–16). Epi lè sa a, lafwa Abraram te teste nan yon fason anpil nan nou t ap konsidere ki imajinab.

Mwen panse plizyè fwa sou istwa Abraram ak Izaak la, e m toujou panse m pa totalman konprann fidelite ak obeyisans Abraram. Petèt, m ka imajine li menm k ap fidèlman prepare li pou l pati bonè nan maten, men kijan l te fè pou l te mache bò kote pitit gason li Izaak la, nan yon vwayaj twa jou pou ale mòn Moriya a? Kijan l te fè pote bwa pou limen dife a sou mòn nan? Kijan l te fè bati lotèl la? Kijan l te fè mare Izaak epi mete l kouche sou lotèl la? Kijan l te fè pou te eksplike l se li k t apral sakrifis la? E kijan l te fè jwenn fòs pou leve kouto a pou touye pitit gason l lan? Lafwa Abraram te ba l fòs pou l te suiv direksyon Bondye yo egzakteman rive jis nan moman mirak la kote yon zanj te sòti nan syèl la te rele li, li te anonse Abraram ke l te pase tès enposib la. Epi lè sa a, zanj Senyè a te repete l pwomès alyans Abraramik la.

Mwen rekonèt ke pwoblèm ki asosye avèk lafwa Jezikri a ak obeyisans lan ap pi difisil pou kèk moun pase kèk lòt. Mwen gen ase ane eksperyans pou m konnen ke pèsonalite cheval yo kapab trè diferan, epi konsa, gen kèk cheval ki pi fasil oswa pi difisil pou antrene, epi divèsite nan mitan kretyen vivan yo pi gran toujou. Nou chak se yon pitit gason oswa yon pitit fi Bondye, e nou gen yon istwa premòtèl ak mòtèl pwòp a noumenm. Konsa, pa gen anpil solisyon ki ka mache pou tout moun endistenkteman. Epi konsa, mwen totalman rekonèt ke lavi a ranpli ak eprèv ak erè, e sa k pi enpòtan an, nou konstamman bezwen dezyèm prensip levanjil la, ki se repantans lan.

Se vre tou ke, tan granpapa m t ap viv la sete yon tan ki te pi senp, espesyalman nan zafè chwa ant byen ak mal. Menmsi kèk moun trè entèlijan ki gen anpil bon sans panse ke epòk pi konplèks nou an mande solisyon ki pi konplike toujou, m pa panse yo gen rezon. Okontrè, m panse konpleksite jodia mande pi gwo senplisite toujou, tankou repons gran papa m te ban m lè m te poze l kesyon sensè sou kijan pou m konn diferans ant byen ak mal la. M konnen sa m pwopoze a jodia se yon fòmil senp, men m ka temwaye kijan li bon pou mwen. Mwen rekòmande nou li e mwen menm envite nou pou nou al teste pawòl mwen yo, e si nou fè sa, mwen pwomèt nou y ap mennen nou fè bon chwa lè nou bonbade anba chwa yo e l ap gide nou pou n jwenn repons senp pou kesyon ki kofonn save yo ak moun ki panse yo gen sajès yo.

Two souvan, nou panse obeyisans vle di pou nou swiv lòd ak egzijans moun ki gen otorite siperyè yo bay yo pasivman e san reflechi. Anfèt, sou yon meyè ang, obeyisans se senbòl lafwa nou nan sajès ak pouvwa otorite siprèm nan, ki se Bondye. Lè Abraram te demontre fidelite ak obeyisans inebranlab devan Bondye a, menm lè yo te kòmande l pou l te sakrifye pitit gason l lan, Bondye te delivre l. Menmjan tou, lè nou demontre fidelite nou atravè obeyisans, Bondye ap toujou delivre nou alafen.

Moun ki konte sèlman sou tèt pa yo e ki suiv sèlman pwòp dezi ak enklinasyon pèsonèl pa yo, yo limite anpil an konparezon avèk moun k ap suiv Bondye yo e ki ap resevwa entelijans, pouvwa, ak don nan men l yo. Yo di ke yon moun ki anfle ògèy se yon pake ki piti anpil. Obeyisans fèm ak angaje pa ka fèb ni pasif. Se fason nou itilize pou n deklare lafwa nou nan Bondye epi kalifye tèt nou pou nou resevwa pouvwa syèl yo. Obeyisans se yon chwa. Se yon chwa ant konesans limite pa nou ak pouvwa, ak sajès ak omnipotans san limit Bondye. Daprè leson gran papa m nan, se yon chwa pou nou santi tipouch espirityèl la nan bouch nou epi suiv direksyon kondiktè a.

Se pou nou vin eritye nan alyans ak posterite Abraram nan atravè fidelite nou e nan resevwa òdonans levanjil retabli yo. Mwen pwomèt nou benediksyon lavi etènèl yo disponib pou tout moun ki fidèl e ki obeyisan. Nan non Jezikri, amèn.