2010–2019
Solidarite feminin: O, ala nou chak bezwen lòt
Avril 2014


Solidarite feminin: O, ala nou chak bezwen lòt

Nou dwe sispann konsantre sou diferans nou yo epi chèche sa nou genyen an komen.

Nan videyo sa a, nou te wè uit peyi e nou te tande nèf lang diferan. Imajine konbyen lòt lang ki te ajoute nan dènye kouplè sa a. Sa enteresan pou n wè antanke yon asosyasyon sè mondyal nou te kapab leve vwa nou pou temwaye konsènan verite etènèl ke nou se pitit fi yon Papa eman ki nan Syèl la.

Ala yon gwo privilèj sa ye pou m isit la nan okazyon istorik sa a pou m adrese tout fi ak tifi nan legliz la soti laj uitan rive pi gran. Gen gwo fòs nan inite nou aswè a. Lè m ap gade nou tout ki reyini ansanm nan Sant Konferans lan e panse ak milye lòt k ap gade reyinyon sa a nan plizyè kote nan mond lan, pouvwa konbine temwayaj nou ak lafwa nou nan Jezikri fè nou se youn nan asanble fi pi puisan ak pi ranpli lafwa nan istwa legliz la, pou m pa di nan tout mond lan.

Aswè a nou rejwi nan pil wòl diferan nou genyen antanke fi nan legliz la. Malgre, nan anpil fason, nou diferan e enkonparab, nou rekonèt tou ke nou tout se pitit fi menm Pè Selès la, sa k fè nou tout se sè. Nou ini nan menm bi pou bati wayòm Bondye a ak nan alyans nou fè yo, kèlkeswa sikonstans nou. Asanble konbine sa a se, san okenn dout, asanble sè ki pi ekstraòdinè sou tout sifas tè a!1

Pou nou sè, sa vle di gen yon lyen ki pa ka kase antrenou. Sè vle di youn pran swen lòt, youn veye sou lòt, youn rekonfòte lòt, e youn toujou la pou lòt nan bon ak move tan. Senyè a di: “M di nou, nou dwe fè youn; epi si nou pa fè youn nou pa moun mwen.”2

Advèsè a ta vle pou nou youn kritike oswa pote jijman sou lòt. Li vle nou konsantre sou diferans nou yo e pou youn konpare tèt ak lòt. Ou gen dwa petèt renmen fè espò anpil inèdtan chak jou paske sa fè w santi byen, alòske mwen menm, m konsidere se yon gwo eksplwa sa ye pou m ta monte nan yon etaj olye m pran aksansè a. Nou ka toujou zanmi, pa vre?

Nou menm, fi yo, nou patikilyèman sevè avèk tèt nou. Lè nou konpare nou youn avèk lòt moun, nou toujou santi nou pa alawotè oubyen nou fache kont lòt moun. Sè Patricia T. Holland te di yon fwa: “Bagay la sèke, nou ka tou senpleman pa konsidere tèt nou kòm kretyen epi nou kontinye youn ap jije lòt—oswa tèt nou—si sevèman.”3 Li te kontinye pou l di pa gen anyen ki merite pou nou pèdi konpasyon nou ak amou fratènèl nou. Nou jis bezwen rilaks epi rejwi nan diferans divin nou yo. Nou dwe reyalize ke nou tout vle sèvi nan wayòm nan kote n ap itilize talan ak don enkonparab nou yo nan pwòp fason pa nou. Lè sa a, nou ka apresye relasyon nou avèk sè nou yo ak moun n ap frekante yo, epi nou ka kòmanse sèvi.

Laverite sèke, nou youn reyèlman ak vrèman bezwen lòt. Fi tou natirèlman chèche amitye, sipò, ak konpayi. Gen anpil pou nou youn aprann nan men lòt, e nou souvan kite baryè nou kreye anpeche nou jwi relasyon ki ta ka pami pi gwo benediksyon yo nan lavi nou. Paregzanp, nou menm, fi ki yon ti jan pigran yo, nou bezwen sa, tifi nan laj Primè nou yo, gen pou ofri yo. Nou ka aprann sou sèvis ak lanmou kretyen nan men yo.

Dènyèman, m te tande yon bèl istwa osijè yon tifi ki rele Sara, manman l te gen opòtinite pou l te ede yon lòt fi nan pawas li a ki te rele Brenda, ki te gen pwoblèm sèvo. Sara te renmen ale avèk manman l pou ede Brenda. Li te konn mete krèm sou men Brenda epi mase dwèt li ak bra li paske li te souvan gen doulè. Apresa li te konn jantiman leve men Brenda anlè pou fè l egzèse mis li yo. Li te konn bwose cheve Brenda epi pale avèk li pandan manman l t ap okipe lòt bagay pou Brenda. Sara te aprann enpòtans ak lajwa nan sèvi yon lòt moun e li te vin konprann ke menm yon timoun kapab fè yon gwo diferans nan lavi yon moun.

Mwen renmen egzanp nou genyen nan premye chapit Lik la ki dekri bèl relasyon ant Mari, manman Jezi, ak kouzen l, Elizabèt la. Mari sete yon jènfi lè yo te aprann ni bèl misyon remakab pou l te vin manman Pitit Gason Bondye a. Toudabò, sa dwe te parèt yon gwo responsablite lou pou l te pote poukont li. Sete Senyè a Li menm ki te bay Mari yon moun pou l te pataje fado a. Atravè mesaj Anj Gabriyèl la, yo te bay Mari non yon fi senpatik ak konfyan ke l te ka al jwenn pou sipò—kouzin ni Elizabèt.

Jènfi sa a ak kouzin ni an ki te “fin vye granmoun,”4 nan te pataje yon lyen komen nan gwosès mirakile yo a, e m ka jis imajine kijan twa mwa yo te pase ansanm nan te enpòtan pou yo toulède paske youn te kapab pale, konprann ak sipòte lòt nan apèl enkonparab yo a. Ala yon bèl modèl yo ye sou fason jenerasyon diferan ka soutni youn lòt.

Sa nan nou ki yon tijan pi gran yo kapab gen yon gwo enfliyans sou jenerasyon ki pi jèn yo. Lè manman m te tou piti, youn nan paran l yo pa t aktif nan legliz la. Menm nan laj senkan, li te konn mache poukont li al legliz la ak nan reyinyon—Primè, Lekòldidimanch, ak reyinyon Sentsèn—nan lè diferan.

Dènyèman, m te mande manman m poukisa li te fè sa, semèn apre semèn konsa a, pandan l pa t gen okenn sipò ni ankourajman lakay li. Repons li sete: “M te gen enstriktè Primè ki te renmen m.” Enstriktè sa yo te sousye pou li e yo te anseye l levanjil la. Yo te anseye l ke l te gen yon Papa nan Syèl la ki te renmen li e sete sousi yo pou li ki te fè l kontinye vini semèn apre semèn konsa. Manman m te di m: “Sa sete youn nan pi gwo enfliyans kòmansman lavi m” Mwen espere m ap ka remèsye bon sè sa yo yon jou! Pa gen baryè laj lè pou nou rann sèvis kretyen.

Sa gen de semèn m te rankontre yon prezidant Jènfi pieu nan Californie ki te di m yo te fèk aple manman l ki gen 81 nan kòm konseyè nan klas Eglantin. Sa te etone m, konsa m te telefone manman l. Lè evèk Sè Val Baker te rele l pou vin rankontre avèk li, li te panse yo ta pral aple l nan libreri oswa kòm istoryen pawas la. Lè yo te mande l pou l te sèvi kòm konseyè nan Eglantin pou Jènfi yo, reyaksyon l sete “Vrèman?”

Evèk la te reponn byen serye: “Sè Baker, pa twonpe ou; apèl sa a se nan men Senyè a l soti.”

Li te di m li pa ka di lòt bagay pase “Natirèlman.”

Mwen renmen enspirasyon evèk sa a te santi pou kat Eglantin yo nan pawas li a te gen anpil pou aprann nan sajès, eksperyans, ak egzanp lavi sè grandèt sa a. E kimoun nou panse Sè Baker pral rele lè l bezwen èd pou enskri nan Facebook?

M panse ak gwo èd sè Sosyete Sekou yo ka bay nan akeyi jèn sè ki fèk sot nan Jènfi yo. Jèn sè nou yo toujou santi yo pa gen plas yo oubyen yo pa gen anyen an komen ak sè Sosyete Sekou yo. Anvan yo gen 18 tan, yo bezwen dirijan Jènfi ak manman k ap jwayezman temwaye sou gwo benediksyon Sosyete Sekou. Yo bezwen santi yo anvi fè pati yon bèl òganizasyon konsa. Lè jènfi yo kòmanse vin nan Sosyete Sekou, sa yo pi bezwen se yon zanmi pou chita kote yo, yon bra pase sou zepòl yo, ak yon opòtinite pou anseye ak sèvi. Annou lonje lamen pou youn ede lòt nan tranzisyon ak moman enpòtan yo nan lavi nou.

Mèsi pou nou tout fi yo nan legliz la k ap lonje lamen pou beni ak sèvi lòt, kèlkeswa diferans laj ak kilti yo. Jènfi ap sèvi timoun Primè ak granmoun. Sè selibatè tout laj pase pil tan ap pran swen bezwen moun bò kote yo. Nou rekonèt dè milye jènfi ki bay 18 mwa nan lavi yo pou pataje levanjil la ak mond lan. Tout bagay sa yo se prèv ke, jan bèl kantik nou an di a, “Aux femmes incombent les tâches des anges (Fi yo resevwa tach zanj).”5

Si gen baryè, se paske nou menm nou kreye yo. Nou dwe sispann konsantre sou diferans nou yo pou chèche sa nou genyen an komen; lè sa a, n ap ka kòmanse reyalize pi gwo potansyèl nou ak akonpli pi gwo byen nan mond sa a. Sè Marjorie P. Hinckley te di yon fwa: “O, ala nou youn bezwen lòt. Sa nan nou ki granmoun yo bezwen nou menm ki jèn yo. E m espere, nou menm jèn yo nou bezwen kèk nan nou ki granmoun yo. Se yon bagay sosyolojik pou fi bezwen fi. Nou bezwen amitye pwofon, satisfezan e lwayal youn ak lòt.”6 Sè Hinckley te gen rezon; o, ala nou youn bezwen lòt!

Sè m yo, pa gen okenn lòt gwoup fi nan mond lan ki gen aksè nan benediksyon pi gran pase nou menm fi Sen Dènye Jou yo. Nou se manm Legliz Senyè a, e kèlkeswa sikonstans pèsonèl nou, nou tout ka jwi tout benediksyon pouvwa prètriz yo nan kenbe alyans nou fè nan batèm ak nan tanp yo. Nou gen pwofèt vivan pou dirije nou ak anseye nou, e nou gen konpayi Sentespri a, ki sèvi kòm konsolatè ak gid nan lavi nou. Nou gen benediksyon travay men nan men ak frè fidèl pandan n ap fòtifye fwaye ak fanmi yo. Nou gen aksè nan fòs ak pouvwa òdonans tanp yo ak anpil lòt toujou.

Anplis tout benediksyon mayifik sa yo, nou gen youn lòt—sè nan levanjil Jezikri a. Nou beni avèk yon nati plen tandrès ak charite ki pèmèt nou bay moun bò kote nou lanmou ak sèvis kretyen. Lè nou gade odela diferans laj, kilti, ak sikonstans nou pou youn pran swen ak sèvi lòt, nou ranpli ak amou Kris la ak enspirasyon k ap fè nou konnen kilè pou nou sèvi ak kimoun pou n sèvi.

Mwen lanse nou envitasyon ki te lanse anvan sa pa yon prezidant jeneral Sosyete Sekou ki te di: “Mwen envite nou pou nou non sèlman youn renmen lòt men pou nou youn renmen lòt pi byen toujou.7 Se pou nou reyalize konbyen nou youn bezwen lòt, e se pou nou tout renmen lòt pi byen, sa se priyè mwen, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Barbara B. Smith, “The Bonds of Sisterhood,” Ensign, Mas. 1983, 20–23.

  2. Doktrin ak Alyans 38:27.

  3. Patricia T. Holland, “‘One Thing Needful’: Becoming Women of Greater Faith in Christ,” Ensign, Okt. 1987, 29.

  4. Lik 1:7.

  5. “Nous soeurs de Sion,” Cantiques, no. 309.

  6. Glimpses into the Life and Heart of Marjorie Pay Hinckley, ed. Virginia H. Pearce (1999), 254–55.

  7. Bonnie D. Parkin, “Choosing Charity: That Good Part,”Ensign or Liahona, Nov. 2003, 106.