2010–2019
Toubiyon espirityèl
Avril 2014


Toubiyon espirityèl

Pa kite toubiyon yo rale nou desann. Epòk sa a se pa nou: se pou nou bonjan disip solid Senyè a.

Mwen salye nou maten sa a—espesyalman jèn yo ki isit la nan Sant Konferans lan ak toupatou nan mond lan. Nou se yon jenerasyon chwazi, ki gen yon destine, e se avèk nou espesyalman m ap pale.

Sa gen kèk ane, pandan m t ap vizite fanmi nou nan Florid, yon siklòn te frape toupre kote nou te rete a. Yon madanm ki t ap viv nan yon kay mobil te kouri antre nan twalèt li pou sekirite. Kay mobil la te kòmanse souke. Kèk minit te pase. Epi, li te tande vwa vwazen an di: “Mwen la a nan salon an.” Lè l te soti nan twalèt la, ak gwo etonman, li te dekouvri siklòn nan te leve kay li a e l te pote l nan lè a, e li te ateri byen dwat sou tèt kay mobil vwazen an.

Chè jèn zanmi m yo, mond lan pa pral glise trankilman jiska Dezyèm Vini Sovè a. Ekriti yo deklare “tout bagay pral toumante.”1 Brigham Young te di: “Yo te revele m, nan kòmansman Legliz sa a, ke Legliz la ap elaji, pwospere, grandi e etann, epi nan menm degre levanjil la pral simaye pami nasyon yo sou tè a, se nan menm degre a tou pouvwa Satan pral ogmante.”2

Imaj
illustration of tornado

Sa ki pi enkyetan pase tranblemandtè yo ak lagè3 yo pwofetize yo se toubiyon espirityèl yo ki ka derasinen nou nan fondasyon espirityèl nou yo pou al lage lespri nou nan lye nou pa t janm imajine k te posib, pafwa san nou pa menm remake nou te deplase.

Toubiyon ki pi terib yo se tantasyon advèsè a yo. Peche te toujou fè pati mond lan, men li pa t janm te osi aksesib, osi difisil pou satisfè, ak osi akseptab konsa. Erezman, gen yon fòs puisan ki ka simonte toubiyon peche yo. Li rele repantans..

Se pa tout toubiyon nan lavi a ki koze pa pwòp aksyon nou. Gen kèk ki se rezilta move chwa lòt moun, e genyen ki vini jis paske se nan mòtalite a nou ye.

Pandan l te jèn tigason, Prezidan Boyd K. Packer te soufri anba maladi andikapan ki se polyo a. Lè Èldè Dallin H. Oaks te gen setan, papa l te mouri sibit. Lè Sè Carol F. McConkie, nan prezidans jeneral Jènfi a te adolesan, paran l te divòse. Pwoblèm ap toujou vin jwenn nou, men si nou mete konfyans nan Bondye, y ap fòtifye lafwa nou.

Imaj
illustration of tree and roots

Nan lanati, pyebwa ki grandi nan yon anviwonman plen van yo grandi pi solid. Amezi van ap vante fò sou yon jèn pyebwa, fòs andedan pyebwa yo fè de bagay. Premyèman, yo estimile rasin yo pou yo grandi pi vit e pou yo laji pi plis. Dezyèmman, fòs yo andedan pyebwa a kòmanse kreye estrikti selil ki rann tèt la ak branch yo vin pi epè ak pi fleksib anba presyon van an. Rasin sa yo ak branch solid sa yo pwoteje pyebwa a kont van yo k ap retounen kanmèm nan.4

Nou enfiniman pi presye pou Bondye pase yon pyebwa. Nou se pitit gason li oswa pitit fi li. Li fè espri nou solid e kapab pou l reziste anba toubiyon lavi yo. Tankou van an sou jèn pyebwa a, toubiyon jenès nou yo kapab ogmante fòs espirityèl nou, pou prepare nou pou ane k ap vini yo.

Kijan nou prepare pou siklòn nou pral travèse yo? “Sonje, ... se sou wòch Redanmtè nou an, ki se Kris la, Pitit Gason Bondye a, nou dwe bati fondasyon nou; konsa, lè dyab la voye gwo van li yo, … wi, pik li yo nan toubiyon an, … wi, lè tout lagrèl li yo ak gwo siklòn li yo vin bat nou, li p ap gen pouvwa ... pou l trennen nou desann ... poutèt sou wòch nou bati a, ki se yon bon fondasyon, lèzòm pa kapab tonbe si yo bati sou fondasyon sa a.”5 Sa se sekirite nou kont siklòn yo.

President Thomas S. Monson Prezidan Thomas S. Monson te di: “Otrefwa, prensip legliz yo ak prensip sosyete a yo te esansyèlman konpatib, men kounyeya gen yon gwo gouf antrenou, e li pa sispann laji.”6 Pou kèk moun, gouf sa a kreye gwo tanpèt espirityèl. Kite m site yon egzanp.

Mwa pase a, Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo te pibliye yon lèt voye bay dirijan yo nan Legliz la nan tout mond lan. Anpati, lèt la di: “Chanjman nan lwa sivil yo pa chanje, ni yo pa kapab chanje lwa moral Bondye etabli a. Bondye atann pou nou soutni ak respekte kòmandman l yo kèlkeswa divèjans opinyon oubyen tandans sosyete a. Lwa chastete l la klè: rapò seksyèl pèmi sèlman ant yon gason ak yon fi ki marye legalman devan lalwa kòm mari ak madanm. Nou mande nou pou nou al reli ... doktrin ki nan “Fanmi: Yon pwoklamasyon pou mond lan.’”7

Pandan ke mond lan ap ekate l de lwa chastete Senyè a, nou menm nou pa p fè sa. Prezidan Monson te di: “Sovè limanite a dekri tèt li kòm yon moun ki nan mond lan men ki pa fè pati mond lan. Nou menm tou, nou gen dwa nan mond lan men nou pa fè pati mond lan si nou rejte fo ide ak fo ansèyman yo epi nou rete lwayal nan sa Bondye kòmande nou.”8

Pandan ke anpil gouvènman ak moun byen entansyone ap redefini maryaj la, Senyè a pa fè sa. Depi nan kòmansman, Bondye te enstitiye maryaj ant yon gason avèk yon fi---Adan ak Èv. Li te detèmine pou objektif maryaj yo depase satisfaksyon ak akonplisman pèsonèl adilt yo, pou konprann objektif ki pi enpòtan an ki se kreye yon anviwonman ideyal pou timoun fèt, pou yo elve, ak nouri. Fanmi se trezò ki sot nan syèl la.9

Poukisa nou kontinye ap pale sou bagay sa a? Jan Pòl te di: “Nou pa p gade bagay ki vizib, men bagay moun pa wè.”10 Antanke Apot Senyè Jezikri, responsablite nou se pou anseye plan Kreyatè nou an pou pitit li yo epi pou n avèti moun sou konsekans ki genyen nan meprize kòmandman l yo.

Dènyèman, m te pale avèk yon Loreyòl k ap viv nan Etazini. M ap site yon pati e-mail li a:

“Ane k sot pase a, kèk nan zanmi m yo sou Facebook te kòmanse afiche pozisyon yo sou maryaj. Anpil ladan yo te dakò avèk maryaj ant moun menm sèks, epi anpil jèn nan legliz la te endike ke yo te ‘renmen’ sa k te ekri yo. Mwen pa t fè kòmantè.

“Mwen te deside pou m deklare kwayans mwen nan maryaj tradisyonèl la avèk taktik.

Imaj
young woman using a mobile telephone

“Anba foto nan pwofil mwen an, m te ekri ‘Mwen kwè nan maryaj ant yon gason ak yon fi.’ Prèske menm lè a m te kòmanse resevwa mesaj. ‘Ou egoyis.’ “W ap pote jijman.’ Gen yon moun ki te trete m kòm yon pwopriyetè esklav. E m te resevwa mesaj sa a nan men yon bon zanmi m, ki se yon manm trè solid nan Legliz la: ‘Ou bezwen adapte w avèk tan an. Bagay yo ap chanje e ou dwe chanje tou.’

“Li te di: “Mwen pa t reponn, men m pa t retire deklarasyon m nan.”

Li te fini konsa: “Pafwa, jan Prezidan Monson di a, ‘Ou oblije kanpe poukont ou.’ M espere, antanke jèn, nou ka kanpe ansanm pou nou rete fidèl anvè Bondye ak nan ansèyman pwofèt vivan l yo.”11

Sa ki dwe preyokipe nou pi plis se moun k ap lite ak atirans pou moun menm sèks avèk yo a. Se yon toubiyon ki gen yon vitès terib. Mwen vle eksprime lanmou mwen ak admirasyon mwen pou sila yo ki kourajzman ap konfwonte eprèv lafwa sa a e ki rete fidèl nan kòmandman Bondye yo!12 Men tout moun, kèlkeswa desizyon yo ak kwayans yo, merite jantiyès nou ak konsiderasyon nou.13

Sovè a te anseye nou pou nou renmen non sèlman zanmi nou men moun ki pa dakò avèk nou tou—e menm moun ki rejte nou. Li te di “Paske si nou renmen moun ki renmen nou, ki rekonpans nou genyen?”14

Pwofèt Joseph Smith te avèti nou pou nou “fè atansyon pou n pa jistifye tèt nou” epi pou nou ouvri kè nou bay tout gason ak fi ki wè mond lan diferan de jan ou wè l la, menm nan pwen ke “nou vle pran yo sou zepòl nou.”15 Pa gen okenn plas pou ridikil, britalite, oswa patipri nan levanjil Jezikri a.

Si w gen kesyon apwopo yon konsèy dirijan yo bay nan Legliz la, tanpri, pale sou sa ki preyokipe w yo onètman avèk paran ou ak dirijan ou. Ou bezwen fòs ki soti nan fè pwofèt Senyè a yo konfyans lan. Prezidan Harold B. Lee te di: “Sèl sekirite nou genyen antanke manm legliz sa a se pou n ... aprann koute pawòl ak kòmandman Senyè a ap bay atravè pwofèt li yo. ... Ap gen kèk bagay ki mande pasyans ak lafwa. Petèt ou gen dwa pa renmen sa y ap di yo ... Petèt sa ka an kontradiksyon avèk opinyon politik ou ... pwendvi sosyal ou ... entèfere avèk ... lavi sosyal ou. Men si w koute bagay sa yo, kòmsi se nan bouch Senyè a li menm yo soti, ... “pòt lanfè yo pap ka fè w anyen ... epi Senyè a Bondye ou va dispèse pouvwa tenèb yo devan ou …’ (D&C 21:6).”16

Yon lòt pwoteksyon puisan kont toubiyon lavi yo se Liv Mòmon an.

Lè Predizan Henry B. Eyring te adolesan, fanmi li te bwote al viv nan yon lòt vil. Li te toudabò twouve chanjman an dezagreyab e li pa t fè anpil zanmi. Li te santi kòmsi l pa t gen plas li pami etidyan yo nan lekòl la. Van vyolan te leve. Kisa l te fè? Li te mete tout enèji li nan Liv Mòmon an, li te li l anpil anpil fwa.17 Dèzane apre, Prezidan Eyring te temwaye: “Mwen [renmen] retounen nan Liv Mòmon an pou m bwè pwofondeman e souvan nan li.”18 “.”18 “[Li] se temwayaj ekri ki pi puisan nou genyen pou fè n konnen Jezikri se Kris la.”19

Senyè a ba nou yon lòt mwayen pou nou kanpe fèm, yon don espirityèl pi puisan pase van vyolan advèsè a! Li di: “Rete ... nan kote ki sen, epi pa kite moun deplase nou.”20

Lè m te adolesan, te gen sèlman 13 tanp nan Legliz la. Kounyeya gen 142. Katrevensenk pousan manm legliz la ap viv a prèske mwens pase 320 km bò yon tanp. Senyè a by jenerasyon nou an pi gwo aksè a tanp sakre l yo pase tout lòt jenerasyon nan istwa mond lan.

Èske w janm kanpe andedan yon tanp, abiye an blan, ap tann pou w fè batèm? Kijan w te santi w? Gen yon santiman sentete reyèl nan tanp lan. Lapè Sovè a kalme tout van vyolan mond lan yo.

Fason nou santi nou nan tanp lan se yon modèl sou fason nou dwe santi nou nan lavi nou.21

Chèche jwenn granpapa nou ak grann nou ak kouzen lwen nou yo ki ale anvan yo. Pote non yo nan tanp.22 Amezi n ap aprann sou zansèt nou yo, n ap wè modèl sou lavi, sou maryaj, ak timoun; modèl ladwati; e pafwa modèl n ap bezwen evite tou.23

Nan apre, nan tanp lan, n ap aprann plis sou Kreyasyon mond lan, sou modèl lavi Adan ak Èv, e pi enpòtan toujou, sou Sovè nou an, Jezikri.

Chè jèn frè m ak sè m yo, nou renmen nou, nou admire nou, e nou priye pou nou. Pa kite toubiyon yo rale nou desann. Epòk sa a se epòk pa nou---pou nou kanpe solid antanke disip Senyè Jezikri.24

Bati fondasyon nou pi fèm sou wòch Redanmtè nou an.

Mete pi plis valè nan lavi li ak ansèyman enkonparab li yo.

Suiv egzanp li ak kòmandman l yo ak plis dilijans.

Anbrase lanmou li, mizèrikòd li ak gras li, ak don puisan Ekspyasyon l lan pi totalman.

Si nou fè sa, mwen pwomèt nou n ap pran toubiyon yo pou sa yo ye a—eprèv, tantasyon, distraksyon, oswa difikilte pou ede nou pwogrese. Mwen asire nou, si nou viv nan ladwati ane apre ane, eksperyans nou yo ap konfime nou plis an plis ke Jezi se Kris la. Wòch espirityèl ki anba pye nou an ap solid e asire. Na va rejwi dèske Bondye te mete nou la a pou n fè pati preparason final yo pou retou gloriye Kris la.

Sovè a te di: “Mwen pap kite nou òfelen, m ap vin jwenn nou.”25 Sa se pwomès li fè nou. Mwen konnen pwomès sa a reyèl. Mwen konnen Li vivan, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Doktrin ak Alyans 88:91.

  2. Discourses of Brigham Young, sel. John A. Widtsoe (1954), 72.

  3. Gade Dallin H. Oaks, “Preparation for the Second Coming,” Ensign oswaLiahona, Me 2004, 7–10.

  4. Gade A. Stokes, A. H. Fitter, and M. P. Coutts, “Responses of Young Trees to Wind and Shading: Effects on Root Architecture,” Journal of Experimental Botany, vol. 46, no. 290 (Sept. 1995), 1139–46.

  5. Elaman 5:12.

  6. Thomas S. Monson, “Priesthood Power,” Ensign oswaLiahona, Me 2011, 66.

  7. Lèt Premye Prezidans lan, Mas. 6, 2014; gade tou David A. Bednar, “We Believe in Being Chaste,” Ensign oswaLiahona, Me 2013, 41–44; Dallin H. Oaks, “No Other Gods,” Ensign oswaLiahona, Nov. 2013, 72–75; For the Strength of Youth (booklet, 2011), 35–37.

  8. Thomas S. Monson,Ensign oswaLiahona, Me 2011, 67.

  9. Èldè Russell M. Nelson te di: “Maryaj se fondman lòd sosyal. … Ce pa sèlman yon inyon ant mari ak madanm men yon asosyasyon avèk Bondye” (“Nurturing Marriage,” Ensign oswaLiahona, Me 2006, 36). Gade tou Matye 19:5–6.

  10. 2 Korentyen 4:18.

  11. Korespondans ak konvèsasyon pèsonèl, Mas. 17, 2014; gade tou Thomas S. Monson, “Dare to Stand Alone,” Ensign oswaLiahona, Nov. 2011, 60–67.

  12. Gade Jeffrey R. Holland, “Helping Those Who Struggle with Same-Gender Attraction,” Ensign, Okt. 2007, 42–45;Liahona, Okt. 2007, 40–43.

  13. Menm lè Koriyò, antekris la, t ap chèche detwi lafwa moun yo, lwa Bondye yo te pwoteje li kont chatiman: “Kounyeya, pa t gen lwa kont kwayans moun; paske se te kont kòmandman Bondye a yo pou ta gen yon lwa ki ta mete lèzòm sou yon baz inegal. … Si yon moun te vle sèvi Bondye, se te privilèj pa l pou l sèvi Bondye; … men si l pa t kwè nan Bondye; pa t gen okenn lwa pou pini l” (Alma 30:7, 9). Epi onzyèm atik lafwa a di: “Nou reklame privilèj pou nou adore Bondye Toupisan an dapre lide pwòp konsyans pa nou, epi nou akòde tout moun menm privilèj sa a, se pou yo adore nan fason, nan kote, oubyen sa yo kapab.”

  14. Matye 5:46–47.

  15. Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 427, 429.

  16. Enseignements des présidents de l’église: Harold B. Lee (2000), 84–85; gade tou Robert D. Hales, “General Conference: Strengthening Faith and Testimony,” Ensign oswaLiahona, Nov. 2013, 6–8.

  17. Gade Robert I. Eaton and Henry J. Eyring, I Will Lead You Along: The Life of Henry B. Eyring (2013), 40.

  18. Henry B. Eyring, Choose Higher Ground (2013), 38.

  19. Henry B. Eyring, To Draw Closer to God (1997), 118.

  20. Doktrin ak Alyans 87:8; gade tou Doktrin ak Alyans 45:32.

  21. Gade Doktrin ak Alyans 52:14.

  22. Gade Neil L. Andersen, “Find Our Cousins!” (address given at RootsTech 2014 Family History Conference, Feb. 8, 2014); lds.org/prophets-and-apostles/unto-all-the-world/find-our-cousins.

  23. Gade David A. Bednar, “The Hearts of the Children Shall Turn,” Ensign oswaLiahona, Nov. 2011, 24–27.

  24. Gade Elaman 7:9.

  25. Jan 14:18.