2010–2019
Si w manke sajès
Avril 2014


Si w manke sajès

Bondye revele laverite bay moun ki chèche li jan yo mande nan ekriti yo.

Lotrejou, pitit gason dizan m nan t ap etidye sou sèvo lòm sou Entènèt. Li vle vin chirijyen yon jou. Se fasil pou wè li pi entelijan anpil pase m.

Nou renmen Entènèt. Lakay nou, nou kominike avèk fanmi ak zanmi atravè medya sosyal, email, ak lòt mwayen. Pitit mwen yo fè anpil nan devwa yo sou Entènèt.

Kèlkeswa sa kesyon an ye, si nou bezwen plis ransèyman, nou chèche l sou entènèt. Nan jis kèk segond, nou jwenn yon pakèt enfòmasyon. Sa ekstraòdinè.

Entènèt la bay anpil opòtinite pou aprann. Sepandan, Satan vle nou mizerab, epi li defòme vrè objektif bagay yo. Li itilize gwo zouti sa a pou simen dout ak lakrent, epi detwi lafwa ak lesperans.

Avèk si anpil bagay aksesib sou Entènèt la konsa, yon moun dwe byen reflechi sou kisa l ap konsantre efò li. Satan ka kenbe nou okipe, distrè nou, e enfekte nou nan founi anpil enfòmasyon ke anpil ladan yo gen dwa se fatra.

Yon moun pa dwe al fouye nan poubèl.

Koute konsèy sa a yo bay nan ekriti yo: “Paske tout moun gen Lespri Kris la pou yo kapab konnen sa ki byen ak sa ki mal; se poutèt sa, m montre nou kouman pou nou jije; paske tout bagay ki envite lèzòm pou yo fè byen, e ki pèsyade yo pou yo kwè nan Kris la, se pouvwa ak don Kris la ki voye l; se poutèt sa w kapab konnen ... se nan Bondye li soti.”1

Nan yon sans byen reyèl, nou fè fas ak menm pwoblèm Joseph Smith te fè fas nan jenès li a. Nou twò souvan twouve nou manke sajès.

Nan wayòm Bondye a, yo apresye ak ankouraje rechèch laverite, e yo pa reprime li ni pè li nan okenn fason. Senyè a Li menm grandman konseye manm yo nan legliz la pou yo chèche konesans.2 Li di: Chèche avèk dilijans … ; wi, chèche pawòl sajès nan pi bon liv yo; chèche konesans, menm nan etid epi avèk lafwa.”3 Men, kijan nou ka rekonèt verite a nan yon mond ki si ap vin plis anplis dirèk nan atak li kont bagay Bondye yo?

Ekriti yo anseye nou kijan:

Toudabò, nou ka konnen verite a lè nou obsèvw fwi li.

Nan gwo Diskou sou Mòn nan, Senyè a te di:

“Yon bon pyebwa pote bon fwi; men yon move pyebwa bay move fwi. …

“Konsa tou, na rekonèt yo nan fwi yo.”4

Pwofèt Mòmon te anseye menm prensip sa a lè l te di: “Se zèv yo k ap fè nou konnen yo; paske si zèv yo bon, yo bon tou.”5

Nou envite tout moun pou etidye fwi ak zèv legliz sa a.

Moun ki enterese nan laverite yo ap kapab rekonèt diferans Legliz la ak manm li yo ap fè nan kominote kote yo abite yo. Y ap wè amelyorasyon nan lavi moun k ap suiv ansèyman l yo tou. Moun ki egzamine fwi sa yo ap dekouvri ke fwi Legliz la yo gou ak dezirab.

Dezyèmman, nou ka jwenn laverite nan fè eksperyans ak pawòl la pou tèt pa nou.

Pwofèt Alma te anseye:

“Kounyeya, n ap konpare pawòl la avèk yon semans. ... Si nou fè plas pou yon semans plante nan kè nou, reyèlman si se yon semans reyèl oubyen yon bon semans, si nou pa chase l avèk enkredilite nou, ... reyèlman, l ap kòmanse grandi nan kè nou; epi ... n ap kòmanse di tèt nou konsa—se kapab yon bon semans ... paske li kòmanse devlope nanm mwen; wi, li kòmanse eklèsi konpreyansyon m, wi, li kòmanse gen bon gou pou mwen. …

“…Kounyeya, … èske sa p ap grandi lafwa ou? Wi, l ap ranfòse lafwa ou. …

“…Paske chak semans pwodui plant tankou tèt pa l.”6

Ala yon bèl envitasyon ki fèt pa yon pwofèt Senyè a! Sa ta ka konpare avèk yon eksperyans syantifik. Yo envite nou pou nou teste pawòl la, yo ba nou paramèt; epi yo di nou rezilta tès la, si nou suiv enstriksyon yo.

Konsa ekriti yo anseye nou ke nou ka konnen verite a si nou obsève fwi li oubyen si nou fè eksperyans li pèsonèlman, pou fè plas pou pawòl la antre nan kè nou epi kiltive li tankou yon semans.

Men gen yon twazyèm fason pou konnen laverite tou, e se pa revelasyon pèsonèl.

Doktrin ak Alyans seksyon 8 anseye ke revelasyon se konesans—“konesans konsènan nenpòt bagay [nou] mande avèk lafwa, avèk yon kè onèt, si [nou] kwè n ap resevwa.”7

Epi Senyè a di nou kijan n ap resevwa revelasyon an. Li di: “M ap pale ou nan lespri ou ak nan kè ou, pa mwayen Sentespri a, ki pral vini sou ou epi ki pral rete nan kè ou.”8

Konsa, yo anseye nou ke nou ka jwenn revelasyon si nou mande avèk lafwa, avèk yon kè sensè, avèk yon kè onèt, epi kwè n ap resevwa.

Senyè a rann sa byen klè lè l te avèti a: “Sonje, san lafwa, ou pa kapab fè anyen; se poutèt sa mande avèk lafwa.”9 Lafwa mande travay, travay tankou etidye li nan lespri nou, apresa mande Senyè a si se byen.

Senyè a di:

“Si se jis, m ap fè pwatrin ou chofe andedan w; se konsa ou ap konnen li byen.

“Men si se pa jis ou pap gen okenn santiman konsa, men w ap gen yon konfizyon nan panse ou k ap fè ou bliye bagay ki mal la.”10

Lafwa san zèv pa vo anyen.11 Konsa, mande avèk lafwa, san doute.”12

Mwen gen yon zanmi, ki pa manm legliz nou an, ki te di m li pa yon moun espirityèl. Li pa li ekriti yo ni priye paske li di li pa ka konprann pawòl Bondye yo, ni l pa sèten ke Bondye egziste. Atitid sa a eksplike mank espirityalite li e l ap mennen l nan opoze revelasyon, jan Alma eksplike a: “Epi se poutèt sa, yon moun ki fè kè di, moun sa a ap resevwa pi piti pòsyon pawòl la;

Men, Alma te ajoute: “yon moun ki pa fè kè di, l ap resevwa pi gran pòsyon pawòl la, jistan li vin kapab konnen mistè Bondye yo konplètman.”13

Alma ak pitit gason Mozya yo se egzanp sou prensip ke lafwa mande zèv la. Nan Liv Mòmon an nou li:

“Yo te fouye ekriti yo avèk dilijans pou yo kapab konnen pawòl Bondye.

“Men se pa tout la sa, yo te lage kò yo nan anpil priyè ak jèn; se poutèt sa yo te gen lespri pwofesi ak lespri revelasyon.”14

Nan pwosesis sa a, li egalman enpòtan pou nou mande avèk yon kè onèt. Si n ap chèche laverite sensèman, n ap fè tout sa ki nan pouvwa nou pou n jwenn ni, sa ki enkli li ekriti yo, ale legliz, ak fè sa nou kapab pou respekte kòmandman Bondye yo. Sa vle di tou ke nou dispoze pou fè volonte Bondye lè nou jwenn ni.

Aksyon Joseph Smith lè l t ap chèche sajès la se yon egzanp pafè sou sa sa vle di pou gen yon kè onèt. Li te di l te vle konnen kiyès nan legliz yo ki te vrè “pou [li] te al jwenn ni.”15 Menm anvan l te priye, li te pare pou aji sou repons li t ap resevwa a.

Nou dwe mande avèk lafwa e avèk yon kè onèt. Men se pa tout la sa. Nou dwe kwè n ap resevwa revelasyon tou. Nou dwe fè Senyè a konfyans epi gen espwa nan pwomès li yo. Sonje sa ki ekri a: “Si nenpòt moun nan pami nou manke lasajès, se pou l mande Bondye, ki bay tout moun liberalman, epi san repwòch; epi l ap ba li l.”16 Ala yon bèl pwomès!

Mwen envite nou tout pou n chèche laverite dapre nenpòt nan metòd sa yo, men espesyalman nan men Bondye atravè revelasyon pèsonèl. Bondye ap revele laverite pou moun k ap chèche li jan yo mande nan ekriti yo. Sa mande plis efò pase jis chèche sou Entènèt, men sa vo lapèn.

Mwen temwaye ke sa a se vrè Legliz Jezikri a. Mwen wè fwi li nan kominote yo ak nan lavi anpil milye moun, enkli manm fanmi mwen; konsa mwen konnen se verite. M te teste pawòl la nan lavi m pandan plizyè ane epi m santi efè li sou nanm mwen; konsa, m konnen se verite. Men pi enpòtan toujou m aprann verasite li pou tèt mwen pa revelasyon atravè pouvwa Sentespri a; konsa mwen konnen se verite. Mwen envite nou tout pou nou fè menm bagay la tou. Nan non Jezikri, amèn.