2010–2019
Pitit fi nan alyans lan
Avril 2014


Pitit fi nan alyans lan

Chemen nou dwe pran sou wout nou pou retounen al jwenn Pè Selès la ... make pa alyans sakre nou fè avèk Bondye.

Aswè a, nou te enstwi avèk gwo fòs espirityèl. Mwen priye pou pawòl sè ekstraòdinè sa yo pwononse yo antre fon nan kè nou ak nan kè pa m tou.

Reyinyon sa a se yon reyinyon istorik. Tout fi nan legliz la soti laj uitan ak pi gran te jwenn envitasyon pou ini avèk nou aswè a. Anpil nan nou te priye pou Sentespri a ka prezan la a avèk nou. Nou te jwenn benediksyon sa a pandan n t ap tande sè sa yo pale ak koute bèl mizik la. Mwen priye pou Lespri a kontinye avèk nou pandan m ap ofri kèk pawòl ankourajman ak temwayaj sou sa nou te deja tande yo—e patikilyèman pou m temwaye ke sa yo di nou la yo se sa Senyè a vle pou nou tande.

Aswè a m pral pale sou chemen—yo dekri nou si byen an jodia—ke nou dwe pran nan vwayaj nou pou retounen al jwenn Pè Selès la. Chemen sa a make pa alyans sakre nou fè avèk Bondye. M pral pale sou lajwa ki genyen nan fè ak kenbe alyans sakre sa yo.

Yon kantite nan nou fèk sot batize ak resevwa don Sentespri a pa enpozisyon men. Pou nou menm, souvni sa a frèch. Gen lòt ki batize sa fè lontan, konsa souvni sou sa yo te santi nan eksperyans alyans sa a ka mwens klè, men gen kèk nan santiman sa yo ki retounen chak fwa nou koute priyè Sentsèn yo.

Okenn nan nou pa p gen menm souvni an sou jou sa a nou te fè alyans sakre batèm nan ak resevwa don Sentespri a. Men nou chak te santi apwobasyon Bondye. E nou te santi yon dezi pou padone ak pou jwenn padon ak plis detèminasyon pou fè sa ki byen.

Pwofondè santiman sa yo antre fon nan kè nou an detèmine grandman pa fason nou te prepare pa bon moun. M espere sa nan pami nou ki te fèk sot antre nan wayòm nan gen benediksyon pou chita bò kot manman yo la a. Si wi, ba li yon souri remèsiman kounyeya menm. M ka ankò sonje santiman lajwa ak gratitid m te genyen pandan m te chita dèyè do manman m nan machin nan apre batèm mwen nan Philadelphie, Pennsylvanie.

Manman m sete yon moun ki te byen prepare m pou m te fè alyans sa a ak pou tout lòt ki t ap suiv yo. Li te fidèl nan tach sa a li te resevwa nan men Senyè a:

“Epi ankò, toutotan paran yo gen pitit nan Siyon, oubyen nan nenpòt lòt pye ki òganize nan Siyon, ki pa anseye yo pou yo konprann doktrin repantans la, lafwa nan Kris la, Pitit Gason Bondye vivan an, ak batèm, ak don Sentespri a pa enpozisyon men lè yo gen uitan, peche a ap sou tèt paran yo.

“Paske, se ap yon lwa pou abitan Siyon yo, oubyen nan nenpòt lòt pye nan Siyon yo ki òganize.

“Epi pitit yo ap batize pou padon peche yo lè yo gen uitan, epi y ap resevwa [Sentespri a].”1

Manman m te fè pati pa l la. Li te prepare pitit li ak pawòl tankou sa Alma te di yo, jan l ekri nan Liv Mòmon an.

“Epi, se te konsa, li te di yo: Gade, men dlo Mòmon an (paske se konsa li te rele), kounyeya etandone nou vle antre nan twoupo Bondye a, pou nou pote non pèp li a, e nou vle youn pote chay lòt, pou yo kapab vin lejè;

“Wi, nou vle kriye ak moun k ap kriye yo; wi, konsole moun ki bezwen konsolasyon, e pou nou sèvi kòm temwen Bondye tout tan, nan tout bagay, e tout kote nou ta kapab ye, menmjistan lè nou mouri, pou Bondye kapab rachte nou, e pou nou kapab nan pami moun premye rezirèksyon yo, pou nou kapab gen lavi etènèl—

“Kounyeya, m ap di nou konsa, si se dezi kè nou, kisa ki anpeche nou batize nan non Senyè a, kòm yon temwayaj devan l pou nou montre l nou te fè alyans avèk li, n ap sèvi l e n ap respekte kòmandman l yo, pou l kapab vide Lespri l sou nou avèk plis abondans?

“Epi kounyeya lè pèp la te tande pawòl sa yo, yo te bat men yo ak lajwa e yo te di konsa: Se dezi kè nou.”2

Nou gen dwa pa t bat men lè nou te fèk tande envitasyon sa a pou fè alyans pa batèm nan, men asireman nou te santi amou Sovè a ak yon pi gwo angajman pou n pran swen lòt moun pou li. Mwen di “asireman” paske santiman sa yo anrasinen byen fon nan kè tout pitit fi Pè Selès la. Sa fè pati eritaj divin nou resevwa nan men li.

Li te anseye nou anvan nou te vini nan lavi sa a. Li te ede nou konprann ak aksepte ke nou t ap gen eprèv, tès, ak opòtinite pafètman chwazi jis pou nou menm. Nou te aprann Papa nou gen yon plan bonè pou ede nou simonte eprèv sa yo e pou ede nou ede lòt moun simonte eprèv pa yo. Plan sa a make pa alyans nou fè avèk Bondye.

Nou gen libète pou chwazi si n ap fè ak kenbe alyans sa yo. Se sèlman kèk grenn nan pitit fi l yo ki gen opòtinite nan lavi sa a pou yo menm aprann sou alyans sa yo. Nou se youn nan kèk sa ki privilejye yo. Nou menm, chè sè m yo, nou chak, se yon pitit fi nan alyans lan.

Pè Selès la te anseye nou anvan nou te fèt sou eksperyans nou t ap gen pou n vin fè lè nou te kite li pou vin sou tè a. Li te anseye nou wout pou n retounen al jwenn ni an pa t ap fasil. Li te konnen li t ap twò difisil pou nou fè wayaj la san èd.

Nou gen benediksyon pou nou non sèlman jwenn mwayen pou nou fè alyans sa yo nan lavi sa a men, men pou nou antoure pa lòt moun k ap ede nou tou—ki, menmjan avèk nou, se pitit fi alyans Pè Selès la.

Nou tout santi ki benediksyon sa ye pou, aswè a, nou nan konpayi pitit fi Bondye ki yo menm tou fè alyans pou ede nou ak dirije nou jan yo te pwomèt pou yo fè a. Mwen konn wè sa nou wè pandan sè alyans ap kenbe angajman sa a pou rekonfòte ak ede a—epi yo fè l avèk yon souri.

M sonje souri Sè Ruby Haight. Li sete madanm Èldè David B. Haight,, ki sete manm Kolèj Douz Apot yo. Pandan l te jèn, li te sèvi kòm prezidan pieu Palo Alto a nan Californie. Li te sousye anpil, e l te priye anpil pou jènfi nan klas Eglantin yo nan pawas li a.

Konsa, Prezidan Haight te enspire pou te mande evèk la pou aple Ruby Haight pou anseye jènfi sa yo. Li te konnen li t ap yon temwen Bondye ki ta pral edifye, rekonfòte, ak renmen jènfi yo nan klas sa a.

Sè Haight te gen omwen trantan pi gran pase tifi sa yo li t ap anseye a. Poutan, karantan apre l te fin anseye yo, chak fwa li te rankontre madanm mwen, ki sete youn nan tifi sa yo nan klas li a, li te toujou pran men li, souri, epi di Kathy: “O! Eglantin mwen an.” M te wè odela souri li. M te tande amou pwofon li pou yon sè li te ankò sousye pou li kòmsi sete pwòp pitit fi pa l. Souri li ak akèy chalere sete palefèt li te wè yon sè, yon pitit fi Bondye, ki te toujou sou chemen alyans pou retounen lakay la.

Pè Selès la souri sou nou tou lè l wè n ap ede yon pitit fi li avanse sou chemen alyans ki mennen nan lavi etènèl la. E li kontan chak fwa nou eseye chwazi sa ki byen. Li wè non sèlman kiyès nou yo men ki sa nou ka devni tou.

Nou gen dwa gen yon paran terès ki te panse nou ke nou ta ka pi bon pase nou panse nou ka ye. M te gen yon manman konsa.

Sa m pa t konnen lè m te piti, sete ke Pè Selès mwen an, Pè Selès pa nou an, wè gwo potansyèl nan pitit li ke ou menm oswa menm manman terès nou yo wè nan nou. Epi, chak fwa nou mache sou chemen sa a pou atenn nan potansyèl nou, sa fè l kontan. E nou ka santi apwobasyon li.

Li wè bèl potansyèl sa a nan tout pitit fi li yo kèlkeswa kote yo ye. Kounyeya, sa mete yon gwo responsablite sou nou chak. Li atann pou nou trete chak moun nou rankontre kòm yon pitit Bondye. Sa se rezon k fè l kòmande nou pou nou renmen pwochen nou menmjan nou renmen tèt nou epi padone yo a. Santiman jantiyès ak padon pou lòt moun vini kòm eritaj divin nou resevwa nan men li antanke pitit fi li. Chak moun nou rankontre se pitit espirityèl byeneme li.

Lè nou santi gwo inite sa a nan mitan sè yo, sa nou te panse ki divize nou yo disparèt. Paregzanp, jèn sè ak sè grandèt pataje santiman yo avèk espwa pou moun konprann ak aksepte yo. Antanke pitit fi Bondye, nou pi sanble pase nou diferan.

Nan pwendevi sa a, jènfi yo dwe konsidere antre yo nan Sosyete Sekou kòm yon opòtinite pou elaji sèk sè yo ya pral vin konnen, admire, ak renmen yo.

Menm kapasite pou wè sa nou ka devni an grandi nan fanmi nou ak nan Primè tou. Sa fèt nan sware familyal ak nan pwogram Primè yo. Timoun yo jwenn enspirasyon pou di anpil gwo bagay, jan sa te fèt lè Sovè a te delye lang yo a lè l t ap anseye yo apre l te fin resisite a.3

Byenke Satan kapab atake sè yo lè yo pi piti, Senyè a elve sè yo nan nivo espirityalite ki plis an plis elve. Pa egzanp, jènfi yo ap anseye manman yo kijan pou itilize FamilySearch pou jwenn ak sove zansèt yo. Gen nan jèn sè nou yo m konnen ki chwazi ale bonè nan maten pou fè batèm pa pwokirasyon nan tanp san okenn lòt pouse pase Espri Eli a.

Nan misyon toupatou sou tè a, yo aple sè yo pou sèvi kòm dirijant. Senyè a kreye bezwen pou sèvis yo nan touche kè sè yo pou vin sèvi an pi gwo kantite. Anpil prezidan misyon wè sè misyonè yo vin menm plis anplis solid nan preche levanjil la ak nan edikasyon y ap bay kòm dirijant yo.

Keseswa w ap sèvi kòm misyonè aplentan ou pa, ou ka akeri menm kapasite sa a pou anrichi maryaj ou ak kapasite pou elve pitit nòb nan suiv egzanp gwo fi sa yo.

Konsidere Èv, manman tout vivan yo. Èldè Russell M. Nelson te di osijè Èv: “Nou menm ak tout limanite beni ajamè akoz gwo kouraj ak sajès Èv. Nan manje fwi a anpremye a, li te fè sa k te dwe fèt la. Adan te gen ase sajès pou fè menmjan an tou.”4

Chak pitit fi Èv yo gen potansyèl pou pote menm benediksyon sa a Èv te pote bay fanmi l lan pou fanmi pa yo. Li te si enpòtan nan etablisman fanmi yo ke nou gen rapò sa a sou kreyasyon li: “Epi Bondye yo te di: An nou fè yon konpayon egalego pou lòm, paske se pa byen pou lòm pou kont li; se poutèt sa n ap fòme yon konpayon egalego pou li.”5

Nou pa konnen tout èd Èv te ye pou Adan ak pou fanmi li. Men nou konnen youn nan pi gwo don l te bay, ke nou chak ka bay tou: li te ede fanmi l wè wout pou retounen lakay la, lè wout ki te devan yo a te parèt difisil. “Epi Èv, madanm li te tande tout bagay sa yo epi l te kontan, li te di: si se pa t transgresyon nou an, nou pa t ap janm gen desandan, epi nou pa t ap janm konnen byen ak mal, ak lajwa redanmsyon nou an, ak lavi etènèl Bondye bay tout moun ki obeyisan yo.”6

Nou gen egzanp li pou nou suiv.

Pa revelasyon, Èv te rekonèt wout pou retounen al jwenn Bondye a. Li te konnen Ekspyasyon Jezikri a rann lavi etènèl posib an fanmi. Li te sèten, jan nou ka sèten, si l te kenbe alyans li te fè avèk Pè Selès la, Redanmtè a ak Sentespri a t ap ede li menm ak fanmi li travèse kèlkeswa chagren ak desepsyon k t ap gen pou vini. Li te konnen li te ka gen konfyans nan yo.

“Mete konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa w konnen.

“Toujou sonje Senyè a nan tout sa w ap fè, e li menm la montre w chemen pou w pran.”7

Mwen konnen Èv te travèse chagren ak desepsyon, men m konnen li te jwenn lajwa nan konesans ke li menm ak fanmi li te ka retounen al viv avèk Bondye a tou. M konnen anpil nan nou ap travèse chagren ak desepsyon. M ap kite benediksyon m pou nou pou, tankou Èv, nou santi menm lajwa li te santi a, pandan n ap vwayaje tounen an.

Mwen gen yon temwayaj sèten ke Bondye Papa a ap veye sou nou ak lanmou. Li renmen nou chak. Nou se pitit fi li nan alyans lan. Paske li renmen nou, l ap ba nou èd nou bezwen pou nou avanse tèt nou ak lòt moun sou chemen pou retounen nan prezans li a.

M konnen Sovè a te peye pri pou tout peche nou yo epi Sentespri a temwaye konsènan laverite. Nou te santi rekonfò sa a nan reyinyon sa a. Mwen gen yon temwayaj ke tout kle pou liye alyans sakre yo te retabli. Jodi a se pwofèt vivan nou an, Prezidan Thomas S. Monson, ki detni yo ak egzèse yo. Mwen kite pawòl rekonfò ak espwa sa yo pou nou, pitit fi alyans byeneme l yo, nan non Jezikri, amèn.