2010–2019
Annou pa pran move chemen an
Avril 2014


Annou pa pran move chemen an

Mwen priye pou nou pa pèdi chemen an pou nou ka toujou rete konekte avèk syèl la.

Yon tigason t ap fè pratik sou pyano, epi yon moun ki t ap vann yon bagay, te wè li atravè fenèt la, epi l te mande l: “Èske manman w la?”

Tigason an te reponn: “Enben ... sa w panse?”

Tout senk pitit mwen yo jwe pyano, gras avèk motivasyon madanm mwen! Lè pwofesè a te konn rive lakay nou, pitit gason nou an, Adrian, te konn kouri al kache pou l ka pa pran leson an. Men yon jou, yon bèl bagay te rive! Li te kòmanse renmen mizik sitèlman ke l te kontinye ap pratike poukont li.

Si nou te ka rive nan pwen sa a nan pwosesis konvèsyon nou, sa t ap bèl anpil. Sa t ap bèl pou n gen dezi fon nan kè nou pou n kenbe kòmandman yo san okenn moun pa konstamman ap raple nou ak yon fèm konviksyon ke, si nou suiv bon wout la, n ap jwenn benediksyon yo pwomèt nan ekriti yo.

Sa gen kèk ane, mwen t al vizite Pak Nasyonal Arch la avèk madanm mwen; pitit fi nou an, Evelin, ak yon zanmi fanmi an. Youn nan pi arch ki pi selèb nan kote sa a rele Arch Delika. Nou te deside pou n te mache sou 2 km, ap monte mòn nan pou n te ka rive nan ach la.

Nou te derape monte mòn nan avèk gwo antouzyas, men apre n te fin mache yon ti bout distans, lòt moun yo te bezwen repo. Paske m te anvi rive nan tèt mòn nan, m te deside kontinye poukont mwen. San pote atansyon a chemen m te dwe pran an, m te suiv yon mesye ki te devan m, ki te sanble l t ap deplase avèk anpil asirans. Chemen an te vin plis anplis difisil, e m te oblije ap vole soti sou yon wòch al nan yon lòt. Akoz difikilte a, m te pèsyade ke fi yo nan gwoup mwen an pa t janm ka rive anlè a. Toudenkou m te wè Arch Delika a, men m te pran gwo sipriz, m te wè l nan yon zòn m pa t ka rive.

Avèk gwo kontraryete, m te deside retounen. M ta tann avèk pasyans jiskaske nou te rankontre ankò. Premye kesyon m te poze yo sete: “Èske nou te rive nan Arch Delika a?” Yo te kontan di m yo te rive. Yo te eksplike ke yo te suiv pano yo ki te montre wout la, epi avèk swen ak efò, yo te rive nan destinasyon yo a.

Malerezman, mwen menm m te pran move chemen an. Ala yon gwo leson m te aprann jou sa a!

Konbyen fwa nou fè erè panse ke n sou bon chemen an, alòske nou kite nou antrene pa tandans mond lan? Nou bezwen toujou ap mande tèt nou si nou se moun k ap mete pawòl Jezikri yo an pratik.

Gen yon bèl ansèyman nou jwenn nan liv Jan an:

“Se pou n fè youn ak mwen, menmjan m youn ak nou an. Yon branch pa ka donnen poukont li si l pa fè youn ak pye rezen an. Konsa tou, nou pap kapab donnen si nou pa fè youn avèk mwen.

“Mwen se pye rezen an, nou se branch yo: moun ki fè youn avèk mwen, mwen fè youn avèk li, l ap donnen anpil, paske nou pa kapab fè anyen san mwen” (Jan 15:4–5).

Lè nou itilize analoji sa a, nou ka wè rapò etwat nou genyen avèk Jezikri ak enpòtans li bay nou chak. Li se rasin nan ak tèt la k ap pote dlo vivan an ba nou an, k ap pèmèt nou nouri pou nou ka pwodui bon fwi a. Jezikri te anseye nou nan yon fason ke antanke branch---oswa kretyen vivan ki depann de li---nou pap janm souzestime valè ansèyman l yo.

Gen kèk erè ki ka grav, e si nou pa korije yo atan, yo ka mennen nou soti sou chemen an nèt. Si nou repanti epi nou aksepte koreksyon, eksperyans sa yo ap pèmèt nou imilye tèt nou, chanje aksyon nou yo, e retounen tou pre Pè Selès la yon fwa ankò.

Mwen vle ba nou yon egzanp sou konsèp sa a kote m ap fè referans ak youn nan moman pi dramatik Pwofèt Joseph Smith te travèse. Atravè eksperyans sa a, Sovè ba nou ansèyman valab konsènan prensip nou ta dwe kenbe nan tèt nou pandan tout lavi nou. Sa te rive lè Martin Harris te pèdi 116 paj premye pati Liv Mòmon an.

Apre l te fin repanti paske l pa t suiv konsèy Bondye, Pwofèt la te resevwa revelasyon nou jwenn nan seksyon seksyon 3 3 nan Doktrin ak Alyans lan (gade Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith Smith [2007], 69–71). Nan sa ki ekri nan vèsè 1 a 10la, m ta renmen souliyen twa prensip nou ta dwe toujou sonje:

  1. Entansyon ak objektif Bondye pa kapab kontrarye.

  2. Nou pa dwe pè lèzòm plis pase Bondye.

  3. Nou bezwen repanti konstamman.

Nan vèsè 13 la, Senyè a anseye nou kat aksyon nou pa ta dwe janm fè:

  1. Pa pran konsèy Bondye pou anyen.

  2. Vyole pwomès ki pi sakre yo, ki te fèt devan Bondye.

  3. Konte sou pwòp jijman pa nou.

  4. Fè lwanj pou pwòp sajès pa nou.

Mwen priye pou nou pa bliye chemen an pou nou ka toujou konekte avèk syèl la, pou kouran mond lan yo pa pote nou ale.

Si youn nan nou rive nan pwen kote li abandone chemen Senyè a---nan nenpòt pwen nan wout sa a-avèk gwo remò, n ap santi amètim dèske nou te pa t pran konsèy Bondye pou anyen, dèske nou te vyole pwomès ki pi sakre nou te fè devan Bondye yo, dèske nou te konte sou pwòp jijman pa nou, oubyen paske nou te fè lwanj pou pwòp sajès pa nou.

Si sa ka a, mwen egzòte nou pou nou repanti epi retounen sou bon chemen an.

Yon fwa, yon pitit pitit te rele granpapa l pou l te swete l bòn fèt. Li te mande l ki laj li. Granpapa te di li te atenn laj 70 an. Pitit pitit la te panse pou yon moman epi apresa li te mande: “Granpapa, èske w te kòmanse apati nimewo 1?”

Pandan anfans yo ak adolesans yo, moun panse yo pap janm vin granmoun; ide lanmò a pa janm la---se pou moun ki trè trè granmoun---epi atenn pwen sa a toujou byen lwen toujou. Amezi tan ap pase, mwa ak sezon pase, jiskaske rid kòmanse parèt, enèji redui, bezwen al kay doktè vini pi souvan, eksetera.

Jou a ap rive kote nou pral rankontre ankò avèk Redanmtè nou ak Sovè nou an, Jezikri. Mwen priye pou ke nan okazyon sakre ak siblim sa a nou ka rekonèt li gras ak konesans nou genyen de li a e paske nou suiv ansèyman l yo. L ap montre nou mak yo nan men l ak pye li, epi n ap ini ansanm nan yon dènye akolad, pandan n ap kriye pou lajwa sa a dèske nou te suiv li a.

Mwen temwaye pou kat kwen tè a ke Jezikri vivan. Li egzòte nou: “Koute, O nou menm nasyon yo ki sou tè a, epi tande pawòl Bondye ki te fè nou an” (D&A 43:23).” Se pou nou gen kapasite pou nou note, koute, konprann, e kòrèkteman entèprete mesaj “Bondye ki fè nou an” pou nou pa devye sou chemen l lan, mwen priye nan non Jezikri, amèn.