2010–2019
Nou bezwen: Men ak kè pou akselere travay la
Avril 2014


Nou bezwen: Men ak kè pou akselere travay la

Nou ka ofri men nou pou ede ak kè nou pou akselere bèl travay Papa nou ki nan Syèl la.

Chè sè m yo, ala mwen renmen nou! Pandan n t ap gade bèl videyo sa a, èske nou te wè pwòp men pa nou k ap lonje pou ede yon moun sou chemen alyans sa a? M t ap panse ak yon jèn tifi nan Primè ki rele Brynn ki gen yon sèl men, e ki itilize l pou lonje lamen pou beni fanmi li ak zanmi li—Sen Dènye Jou ak sa ki nan lòt relijyon tou. Èske l pa bèl? E nou bèl tou! Sè m yo, nou ka ofri men nou pou ede ak kè nou pou akselere bèl travay Pè Selès la.

Menmjan sè fidèl nou yo nan ekriti yo, tankou Èv, Sarah, Mary ak anpil lòt, te konn idantite yo ak objektif yo, Brynn konnen li se yon pitit fi Bondye.1 Nou menm tou nou ka konn pwòp eritaj divin pa nou kòm pitit fi byeneme Bondye ak travay esansyèl li vle pou nou fè a.

Sovè a te anseye: “Si yon moun deside fè sa Bondye vle, la konnen doktrin nan.”2 Kisa nou bezwen konnen ak fè “pou n al viv avèk li yon jou”?3 Nou ka aprann nan istwa jenòm rich la ki te mande Jezi kisa pou l te fè pou l gen lavi etènèl la.

Jezi te reponn ni: “Si ou vle antre nan lavi etènèl la, obeyi kòmandman yo.”

Jenòm nan te mande l kiyès ladan yo li ta dwe obeyi. Lè sa a, Jezi te raple l plizyè nan Dis Kòmandman yo nou tout familye avèk yo a.

Jenòm nan te reponn: “Mwen suiv tout bagay sa yo. Kisa pou m fè ankò?”

Jezi te di: “Si ou vle vin pafè, ale, vann tout sa ou genyen, separe lajan an bay pòv, epi lè sa a wa gen yon richès nan syèl la. Apre sa, vini, suiv mwen.”4

Jezi te aple l pou l te pran pa nan travay li a—travay yon disip la. Travay nou se menm nan. Nou dwe “mete bagay ki nan mond sa a sou kote, ... epi respekte alyans [nou] fè yo,”5 epi vin jwenn Kris la epi suiv li. Se sa moun ki disip fè!

Kounyeya, sè m yo, annou pa kòmanse ap kraze tèt nou paske Sovè a te di jenòm rich la pou l te vin pafè. Mo pafè a nan istwa sa a te tradui apati yon mo Grèk ki vle di “konplè.” Lè nou fè tout sa nou kapab pou nou mache sou chemen alyans lan, nou vin pi konplè ak pi pafè nan lavi sa a.

Tankou jenòm rich la nan epòk Jezi a, nou pafwa tante pou n lage sa oubyen vire do nou paske petèt nou panse nou pa ka fè l poukont nou. E nou gen rezon! Nou pa ka fè bagay difisil yo mande nou fè yo san èd. Èd vini atravè Ekspyasyon Jezikri a, gidans Sentespri a, e nan men edan lòt moun.

Yon sè selibatè fidèl te temwaye sou Ekspyasyon an dènyèman, li te jwenn fòs pou itilize men edan li ak yon kè dispoze pou l te elve kat pitit sè li te kite dèyè lè l te mouri ak maladi kansè. Sa te raple yon bagay Èldè Neal A. Maxwell te di: “Tout bagay fasil legliz la te gen pou fè yo fin fèt. Apati kounyeya, bagay la pral pi difisil, e yo pral teste obeyisans nou nan kèk fason enteresan.”6 Yo te voye nou sou tè a nan dispansasyon tan sa a akoz sa nou ye ak sa nou te prepare pou n fè! Kèlkeswa sa Satan ta fè pou eseye pèsyade nou panse sou kiyès nou ye, vrè idantite nou sèke nou se disip Jezikri!

Mòmon sete yon vrè disip, ki te viv nan yon epòk kote “kè tout moun te vin di, ... epi pa t janm te gen gwo mechanste konsa nan pami tout pitit Leyi yo.”7 Èske nou t ap renmen viv nan epòk sa a? Men, Mòmon te deklare byen fèm: “Gade, m se yon disip Jezikri, Pitit Gason Bondye a.”8

Èske nou pa renmen Mòmon? Li te konnen kiyès li te ye ak kisa misyon l te ye e li pa t kite mal ki te antoure l la detounen li. Anfèt, li te konsidere apèl li kòm yon don.9

Panse ki benediksyon sa ye pou n aple pou bay angajman nou kòm disip chak jou pou Senyè a, pou n deklare an pawòl ak aksyon: “Gade, m se yon disip Jezikri!”

Mwen renmen istwa Prezidan Boyd K. Packer te rakonte sou yon sè yo t ap pase nan betiz paske l te suiv konsèy pwofèt la pou fè rezèv manje a. Moun ki t ap kritike l la te estime ke, si tan yo ta vin difisil, yo t ap pran rezèv manje l la pou bay lòt moun. Repons senp ak rezoli sè sa a antanke yon vrè disip sete: “Omwen ma gen yon bagay pou m pote.”10

Mwen renmen fi yo nan legliz la, ni jèn yo ni granmoun yo. Mwen wè fòs nou. Mwen wè lafwa nou. Nou gen yon bagay pou nou bay, e nou dispoze pou nou bay li. Nou fè sa san bri ni piblisite, pandan n ap atire atansyon sou Bondye a e non pa sou nou menm, e avèk okenn panse sou sa nou pral resevwa.11 Se sa disip fè!

Dènyèman m te rankontre yon jènfi nan Filipin, fanmi li te vin inaktif lè l te gen setan, yo te kite l poukont li pou mache sou yon wout danjere pou ale legliz semèn apre semèn. Li te di kijan nan laj katòzan li te deside l t ap ret fidèl nan alyans li yo pou l te ka diy pou elve fiti fanmi li nan yon fwaye “beni pa fòs pouvwa prètriz la.”12 Pi bon fason pou fòtifye yon fwaye, kounyeya oswa demen, se kenbe alyans, pwomès nou youn te fè lòt yo ak sa nou te fè Bondye yo.

Se sa disip fè!

Yon sè Japonè fidèl ak mari li te vizite misyon nou an nan Kore. Li pa t pale Koreyen e li te limite nan pale Anglè, men li te gen yon kè dispoze pou itilize don san parèy li ak men edan li pou fè travay Senyè a. Se sa disip fè! Li te anseye misyonè nou yo kijan pou yo te fè yon senp pyès origami—yon bouch ki te ka louvri ak fèmen. Apresa li te itilize kèk mo anglè l te konnen pou anseye misyonè yo pou “louvri bouch yo” pou pataje levanjil la—yon leson yo pap janm bliye.

Imajine pandan yon moman, ou menm avèk mwen, ki kanpe ansanm ak lòt milyon sè ak frè nan legliz Kris la, ap avanse bravman, ap fè sa disip dwe fè—sèvi ak renmen menmjan ak Sovè a. Kisa sa vle di pou yon moun se disip Jezikri?

Mayo ak vès Men Edan Mòmon yo ize pa dè santèn ak milye disip Jezikri, dezenterese, ki pwofite okazyon pou rann sèvis tanporèl. Men gen lòt fason pou sèvi kòm disip devwe tou. Annou imajine kèk nan anons “bezwen èd” espirityèl posib nan domèn travay sali a:

  • Nou bezwen èd: paran pou elve pitit nan limyè ak laverite

  • Nou bezwen èd: pitit fi ak pitit gason, sè ak frè, matant ak tonton, kouzen, ak gran paran, ak vrè zanmi pou sèvi kòm gid pou ofri men edan toutolon chemen alyans lan

  • Nou bezwen èd: moun k ap koute enspirasyon Sentespri a epi aji sou enspirasyon yo resevwa yo

  • Nou bezwen èd: moun k ap viv levanjil la chak jou nan ti fason senp

  • Nou bezwen èd: moun pou travay nan istwa familyal yo ak nan tanp pou liye fanmi yo etènèlman

  • Nou bezwen èd: misyonè pou simaye “bòn nouvèl la”—levanjil Jezikri a

  • Nou bezwen èd: sovtè pou al chèche moun ki pèdi yo

  • Nou bezwen èd: moun k ap kenbe alyans pou kanpe fèm pou laverite ak lajistis

  • Nou bezwen èd: vrè disip Senyè Jezikri

Sa gen kèk ane, Èldè M. Russell Ballard te lanse yon apèl bay sè yo nan Legliz la lè l te di:

“Ant jodia ak jou Senyè a pral retounen an, lia bezwen fi, nan tout fanmi, tout pawas, tout sosyete, ak tout peyi, ki pral mache nan lajistis e ki pral di, nan pawòl yo ak aksyon yo, ‘Men mwen, voye m.’

“Kesyon m ap poze nou: ‘Èske n ap youn nan fi sa yo?’”13

Mwen espere nou chak ka reponn avèk yon gwo “Wi!” M ap fini avèk pawòl yon chan Primè:

Nou se [pitit fi] alyans ki gen yon kado pou bay.

N ap anseye levanjil la nan fason n ap viv.

Ak chak pawòl ak chak aksyon, nou va temwaye:

Nou kwè, e n ap sèvi Jezikri.14

Antanke vrè disip, se pou nou ofri kè dispoze nou ak men edan nou pou akselere travay li a. Sa pa fè anyen si, tankou Brynn, nou gen yon sèl men. Sa pa fè anyen si nou poko pafè ak konplè. Nou se disip devwe k ap lonje lamen pou youn ede lòt sou wout la. Fratènite nou atenn jenerasyon sè fidèl ki deja ale anvan. Ansanm, kòm sè e ini avèk pwofèt, vwayan, ak revelatè vivan yo ki gen kle prètriz yo, nou ka mache antanke youn, kòm disip, kòm sèvitè ki gen kè ak men dispoze pou akselere travay sali a. Si nou fè sa, n ap vin menmjan avèk Sovè a. Mwen temwaye konsènan sa, nan non Jezikri, amèn.