2010–2019
Byenveni nan Konferans lan
Avril 2014


Byenveni nan Konferans lan

Nou … ini nan lafwa nou ak nan dezi nou pou koute ak aprann mesaj yo pral ba nou yo.

Frè ak sè byeneme m yo, ala kontan m kontan pou m swete nou byenveni nan konferans mondyal sa a nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Nou reyini ansanm antanke yon gwo fanmi, plis pase 15 milyon manm, ini nan lafwa nou ak nan dezi nou pou nou koute ak aprann nan mesaj yo pral prezante nou yo.

Sis dènye mwa k sot pase yo te pase vit pandan travay Legliz la ap avanse san antrav. Sa gen jis yon mwa, m te gen privilèj pou m te konsakre tanp Gilbert la nan Arizona, yon bèl batiman. Jou swa anvan konsekrasyon an, te gen yon bèl selebrasyon kiltirèl nan Discovery Park tou pre a. Douz mil jèn te prezante yon pwogram 90 minit. Dans yo, chan yo, ak prezantasyon mizikal yo te ekstraòdinè.

Zòn sa a te travèse yon sezon patikilyèman sèch, e m kwè anpil priyè te monte nan syèl la nan semèn anvan yo pou lapli yo te si bezwen an te tonbe. Malerezman, lapli a te vini jis anvan prezantasyon an epi li te tonbe pandan tout pwogram nan! Malgre jèn yo te tranpe anba lapli e frèt anba fredi a, nou tout te santi Lespri Senyè a. Tèm pwogram nan: “Byen ankre nan lafwa” a---panse sou sa: “Viv byen ankre nan lavwa”--- te mayifikman ilistre pa jènjan ak jènfi souriyan ak plen antouzyas yo. Malgre fredi a ak lapli a, sete yon eksperyans enspiran ak yon demonstrasyon lafwa jèn sa yo ap toujou sonje e va rakonte pitit yo ak pitit pitit yo nan ane k ap vini yo.

Nan demen, konsekrasyon Tanp Gilbert la nan Arizona a te fèt. Li vin 142zyèm tanp an fonksyon nan Legliz la. Kontrèman ak sware lavèy la, jounen an te yon bèl jounen plen solèy. Sesyon yo te reyèlman enspiran. Ansanm avèk mwen, te gen Prezidan Henry B. Eyring, Èldè ak Sè Tad R. Callister, Èldè ak Sè William R. Walker, ak Èldè ak Sè Kent F. Richards.

Nan mwa Me a nou pral konsakre Tanp Fort Lauderdale la nan Floride. Gen lòt tanp ki pwograme pou fini ak konsakre pita nan ane sa a. An 2015, nou prevwa pou nou fini ak konsakre nouvo tanp nan plizyè kote nan mond lan. Pwosesis sa a ap kontinye. Lè tout tanp yo te anonse yo fini, nou pral gen 170 tanp k ap an fonksyon nan mond lan.

Malgre ke nou aktyèlman ap konsantre efò nou sou fini tanp ki te anonse anvan yo, e nou p apral anonse okenn nouvo tanp nan limedyat, n ap kontinye pwosesis pou evalye bezwen yo ak jwenn kote pou nou bati tanp. Lè sa a nou va anonse yo nan pwochen konferans jeneral yo. Nou se yon pèp k ap bati tanp ak yon pèp ki al nan tanp.

Kounyeya, frè m ak sè m yo, nou enpasyan pou n koute mesaj yo pral prezante nou yo jodia ak demen yo. Moun ki pral pale avèk nou yo te chèche èd ak direksyon syèl la lè yo t ap prepare mesaj yo a.

Se pou nou tout, isit la ak lòt kote yo---ranpli ak Lespri Senyè a epi se pou nou edifye ak enspire pandan n ap koute ak aprann nan. Nan non Jezikri, Sovè nou an, amèn.