2010–2019
Kenbe alyans pwoteje nou, prepare nou, ak ba nou pouvwa
Avril 2014


Kenbe alyans pwoteje nou, prepare nou, ak ba nou pouvwa

Nou se fi tout laj ki fè alyans e ki ap mache sou chemen mòtalite a pou nou retounen nan prezans Bondye.

Sè m yo, nou renmen nou. Pandan m t ap vizite Meksik dènyèman, m te gen yon apèsi sou santiman fratènite nou tout santi aswè a. Imajine sèn sa a: nou te fèk fini Primè nan Dimanch maten epi timoun yo, enstriktris yo, avèk mwen te rive nan koulwa plen moun nan. Se menm lè a tou, yo te louvri pòt klas Jènfi yo epi m te wè jènfi yo ak dirijant yo. Nou youn te anbrase lòt. Avèk timoun yo ki te akwoche nan jip mwen ak medàm yo ki te antoure mwen, m te vle eksprime sa m te santi nan moman an.

Etandone m pa pale Espanyòl, se sèlman kèk mo Anglè ki te vin nan lespri mwen. M te gade yo tout epi m te di: “Nou se pitit fi Papa nou ki nan Syèl la, ki renmen nou, e nou renmen li.” Tout moun te idedyatman kòmanse di l ansanm avèk mwen, an Espanyòl. Nou te kanpe la, nan yon koulwa plen moun, ap resite tèm Jènfi yo ansanm: “N ap kanpe kòm temwen Bondye tout tan, nan tout bagay, ak nan tout kote.”

Aswè a nou reyini ansanm toupatou nan mond lan, kòm disip li, ak yon dezi pou defann ak soutni wayòm Bondye a. Nou se pitit fi Papa nou ki nan Syèl la. Nou se fi tout kalite laj ki fè alyans e ki ap mache sou wout mòtalite a pou retounen nan prezans Bondye. Kenbe alyans yo ap pwoteje nou, prepare nou, ak ba nou pouvwa.

Nan pami nou la a aswè a gen tifi ki nan laj Primè. Gen nan nou ki fèk sot pran premye etap sou chemen lavi etènèl la avèk òdonans batèm nan.

Gade bò kote ou. Demen bèl lè nou wè pil fi sa yo ki te fè alyans tou epi ki pare pou montre nou wout la ki devan nou an.

Si w gen uit, nèf, dis, oswa onzan, keseswa ou nan Sant Konferans lan, lakay ou, oubyen nan yon chapèl nan mond lan, èske w ka kanpe silvouplè? Byenveni nan reyinyon jeneral fi yo. Tanpri rete kanpe paske nou vle envite w pou patisipe aswè a. Mwen pral fredone yon chan Primè. Osito nou rekonèt lè a, èske nou vle kòmanse chante avèk mwen. Men, nou dwe chante pou tout moun ka tande nou.

Apprends-moi à marcher dans la clarté;

Enseigne-moi aussi comment prier;

Dis-moi comment servir avèk bonté;

Dis-moi comment trouver la clarté.

Rete kanpe, pandan tout tout moun ki gen laj douzan ak plis yo pral chante dezyèm kouplè a kounyeya.

Viens, mon enfant, tous deux nous apprendrons

Par sa parole, comment nous pouvons

Retourner vivre avec Lui à jamais—

Toujours, toujours, garder la clarté.1

Sa te mayifik. Nou mèt chita. Mèsi.

Antanke fi tout laj, n ap mache nan limyè Li. Vwayaj nou sou chemen an pèsonèl e l byen klere ak lanmou Sovè a.

Nou antre nan pòt chemen lavi etènèl la avèk òdonans ak alyans batèm nan, epi nou resevwa don Sentespri a. Èldè Robert D. Hales mande nou: “Èske [nou] konprann ak [fè] pitit nou yo konprann ke lè [nou] batize [nou] chanje nèt?”

Li eksplike tou: “lè nou konprann alyans batèm nou ak don Sentespri a, sa ap chanje lavi nou e ap motive angajman total nou nan wayòm Bondye a. Lè tantasyon rive sou nou, si nou koute, Sentespri a ap raple nou ke nou te fè pwomès pou nou sonje Sovè nou an ak obeyi kòmandman l yo.”2

Chak semèn lè nou pran anblèm Sentsèn yo, nou renouvle alyans batèm nou. Èldè David A. Bednar te di: “Lè nou kanpe nan dlo batèm nan, rega nou poze sou tanp. Lè nou pran Sentsèn nan, rega nou poze sou tanp. Nou pran angajman pou n toujou sonje Sovè a ak respekte kòmandman l yo pou nou ka prepare pou nou patisipe nan òdonans sakre tanp yo.”3

Òdonans tanp yo mennen nan pi gwo benediksyon ki disponib atravè Ekspyasyon Jezikri a. Yo se òdonans ki nesesè pou egzaltasyon nou nan wayòm selès la. Lè n fè efò pou respekte alyans nou yo, santiman enkapasite ak enpèfeksyon nou yo kòmanse ale, pandan òdonans ak alyans tanp yo vin vivan. Tout moun byenveni pou mache nan chemen ki mennen nan lavi etènèl sa a.

Mwen emèveye pou wè fòs tifi yo, jènfi yo, ak medàm yo m ap rankontre toupatou nan mond lan, ki gen pye yo byen plante sou chemen sa a. Kite m pataje kèk egzanp sou tifi ak fi alyans m konn rankontre yo.

Luana te gen 11 zan lè m te vizite fanmi li nan Buenos Aires, an Argentine. Akoz yon evenman twomatizan nan anfans li, Luana pa t ka pale. Li pa t pale pandan dèzane. Li te ret chita an silans pandan nou tout t ap pale. M te gen espwa pou l te menm mimire yon bagay. Li te gade m anpil kòmsi li pa t nesesè pou l te pale pou m te ka konn sa l te santi. Apre yon priyè, nou te leve pou n ale epi Luana te ban m yon desen l te fè. Li te fè desen Jezikri nan Jaden Jetsemani an. Lè sa a, m te rekonèt temwayaj li byen klè. Luana te fè yon alyans nan batèm pou l kanpe kòm temwen Bondye “tout tan, nan tout bagay, e tout kote.”4 Li te konprann Ekspyasyon Jezikri a, ke l demontre nan desen l lan. Èske l te vin konnen, atravè pouvwa fòtifyan ak kalifyan Ekspyasyon an, li ka geri e pale ankò? Depi jou sa a, twazan pase a, Luana fè pwogrè nan efò li pou l pale. Kounyeya l ap pasitipe nan pwogram Jènfi a avèk zanmi l yo. Fidèl nan alyans li te fè nan batèm nan, li kontinye ap pataje temwayaj li sou Sovè a.

Jèn yo nan tout mond lan atire pa tanp. Nan Lima, Perou, m te rankontre yon papa ak twa pitit fi li devan antre tanp lan. M te wè jan yo te kontan. De nan pitit fi yo te gravman andikape e yo te sou chèz woulant. Pandan l t ap pran swen lòt sè l la, twazyèm pitit fi a te di l te gen de lòt sè lakay li. Yo menm tou yo te sou chèz woulant. Yo pa t ka fè vwayaj 14 èdtan pou vini nan tanp lan. Tanp lan te sitèlman enpòtan pou papa sa a ak pitit fi l yo ke kat nan yo te vini nan tanp jou sa a—de ladan yo pou jis gade sa k te ka batize pou mò yo ak akonpli òdonans sakre sa a. Tankou Nefi, yo “te pran plezi nan alyans yo te fè avèk Senyè a.”5

Yon manman selibatè m konnen trè apresye òdonans Sentsèn chak semèn nan ak pwomès sakre li “pou [li] kapab toujou gen Lespri l avèk [li] a.”6 Konpayi konstan sa a se yon pwomès ki adousi santiman solitid li. Sa ba l fòs pou l konsantre sou devlope talan li ak dezi pou l sèvi Senyè a. Li dekouvri gwo lajwa nan renmen tout timoun nan lavi li, e lè l bezwen lapè enteryè, se nan tanp lan w ap jwenn ni.

Finalman, yon granmoun katrevendizan wè pitit li ak pitit pitit li grandi ak pitit pitit pitit k ap fèt. Tankou anpil nan nou, li te pase yon lavi ranpli doulè, afliksyon, ak lajwa enkonpreyansib. Li admèt ke si l ta gen pou reekri istwa lavi li, li pa t ap chwazi mete kèk nan chapit ki deja ekri yo. Men, avèk yon souri, li te di: “Mwen dwe viv yon tijan pi lontan pou m wè kijan tout sa ap fini!” Li kontinye kenbe alyans li te fè yo sou chemen an.

Nefi te anseye:

“Lè nou fin antre nan chemen etwat ak kwense sa a, m vle mande èske tout bagay fini? Gade, m di nou, Non. …

“Se poutèt sa, nou dwe avanse avèk fèmte nan Kris la, avèk yon esperans pafètman klè, e avèk yon lanmou pou Bondye ak pou tout moun. Se poutèt sa, si nou kenbe fèm, nou fè yon festen ak pawòl Kris la, e si nou pèsevere jiska lafen, gade Papa a di: N ap gen lavi etènèl.”7

Nou chak sou chemen sa a. Aswè a, nou te chante kijan pou nou mache sou chemen an nan klate. Endividyèlman, nou solid. Ansanm avèk Bondye, anyen pa ka rete nou.

Senyè a te di Emma Smith: “Leve kè ou epi rejwi, epi respekte alyans ou te fè yo.”8

Nou rejwi paske lè nou kenbe alyans nou yo, nou ka santi amou Pè Selès la ak Sovè nou an, Jezikri. Mwen temwaye yo vivan. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Apprends-moi à marcher dans la clarté,” Cantiques, no. 195; oswa Children’s Songbook, 177.

  2. Robert D. Hales, “The Covenant of Baptism: To Be in the Kingdom and of the Kingdom,”Ensign, Nov. 2000, 8, 7;Liahona, Jan. 2001, 8, 7.

  3. David A. Bednar, “Honorably Hold a Name and Standing,”Ensign oswaLiahona, Me 2009, 98.

  4. Mozya 18:9.

  5. 2 Nefi 11:5.

  6. Doktrin ak Alyans 20:77.

  7. 2 Nefi 31:19–20.

  8. Doktrin ak Alyans 25:13.