2010–2019
“Piga nou pè; mwen avèk nou”
Avril 2014


“Piga nou pè; mwen avèk nou”

Lè nou akeri yon pi gwo lafwa ak konfyans nan Senyè a, nou kapab gen aksè ak pouvwa Li pou beni nou ak delivre nou.

Pa gen anpil santiman ki konparab ak sa nou santi lè nou vin paran. Pa gen anyen ki pi dous pase resevwa yon tibebe presye, ki soti dirèk nan syèl. Youn nan frè m yo te viv eksperyans sa a nan yon fason patikilyèman douloure. Premye pitit gason li te fèt prematire e li te peze sèlman 2 liv 14 ons (1.3 kilogram). Hunter te pase premye de mwa lavi l yo nan lopital nan yon inite swen espesyal pou tibebe. De mwa sa yo sete moman emouvan pou tout fanmi an pandan nou t ap espere ak mande Senyè a èd Li.

Ti Hunter te si nan bezwen! Li t ap goumen pou l jwenn fòs nesesè pou l viv. Men solid papa eman l lan te souvan lonje pou kenbe ti men tou piti li pou te ankouraje tipitit frajil li a.

E se konsa sa ye pou tout pitit Bondye yo. Papa nou ki nan Syèl la lonje lamen bay nou chak avèk yon amou enfini. Li gen pouvwa sou tout bagay, ak dezi pou ede nou aprann, pwogrese epi retounen al jwenn ni. Objektif Papa nou an defini konsa: “reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm.”1

Lè nou akeri yon pi gwo lafwa ak konfyans nan Senyè a, nou kapab gen aksè ak pouvwa Li pou beni nou ak delivre nou.

Liv Mòmon an mansyone nan paj li yo bèl tèm sa a sou pouvwa Senyè a pou delivre pitit Li yo. Nefi te pale sou sa nan premye premye chapit liv la. Nan vèsè 20, nou li, “Men, mwen menm Nefi, ma p montre nou, mizèrikòd byenveyan Senyè a sou tout moun li chwazi, poutèt lafwa yo, pou l fè yo fò menm nan pouvwa delivrans.”2

Sa gen kèk ane, mwen te gen okazyon pou m te vin konnen verite ki eksprime nan vèsè sa a nan yon fason trè pèsonèl. Mwen te aprann nan ki pwen Papa nou ki nan Syèl la pwòch nou e gen dezi pou ede nou.

Yon jou swa, pandan l te prèske lannuit, mwen t ap kondui avèk pitit mwen yo lè m te remake yon tigason ki t ap mache poukont li bò chemen an. Apre m te fin pase, mwen te santi klèman ke m te dwe retounen pou al ede li. Men, paske m te panse li te kapab pè pou l wè yon etranje vin rete machin bò kote li lannuit la, mwen te kontinye wout mwen. Enpresyon an te retounen avèk fòs e m te tande mo sa yo nan lespri mwen: “Al ede ti gason sa a!”

Mwen te vire machin nan tounen al kote li e m te di: “Ou bezwen èd? Mwen gen yon santiman ke m ta dwe ede ou.”

Li te vire gade nou avèk dlo k ap koule sou figi li, epi l te di, “W ap ede m? Mwen t ap priye pou you moun te vin ede m.”

Priyè l la te jwenn repons avèk enspirasyon an m te resevwa a. Eksperyans resevwa yon direksyon klè konsa nan men Lespri a te kite yon anprent inoubliyab ki toujou rete nan kè mwen.

Epi kounyeya, 25 kan apre e gras ak yon tand mizèrikòd Senyè a, mwen te rejwenn tigason sa a ankò sa gen jis kèk mwa. Mwen te dekouvri ke eksperyans lan se pa t istwa pa m sèlman—se te istwa pa l tou. Derik Nance se yon papa kounyeya ki gen fanmi pa li. Limenm tou, li pa t janm bliye eksperyans sa a. Li te ede nou toulède poze yon fondasyon lafwa, ki se: Bondye tande priyè nou e li reponn yo. Nou toulède itilize li pou anseye pitit nou yo ke Bondye ap veye sou nou. Nou pa poukont nou.

Jou swa sa a, Deric te rete nan yon aktivite apre lekòl epi li te rate dènye bus la. Kòm yon jèn adolesan, li te panse ke l te kapab mache al lakay li, konsa li te kòmanse mache.

Inèdtan edmi te pase pandan l t ap mache sou wout san moun nan poukont li. Kay li te lwen toujou e pa t gen okenn lòt kay nan zòn nan, li te kòmanse pè. Nan dezespwa, li te mache al dèyè yon pil gravye, li te mete ajenou epi li te mande Papa nou ki nan Syèl la pou ede li. Jis kèk minit apre Deric te retounen sou wout la, mwen te kanpe pou m te pote èd li te mande nan priyè l la.

Epi kounyeya, apre pil ane apre, Deric analize bagay yo konsa: “Senyè a t ap veye sou mwen, yon tigason frèl e ki te aji san reflechi. E, malgre tout sa k t ap pase nan mond lan, li te konnen sitiyasyon mwen e li te renmen m ase pou l te voye èd pou mwen. Senyè a reponn priyè m anpil anpil fwa depi lè sa a kote m te sou wout abandone sa a. Repons li yo pa toujou imedyat ak osi klè, men atansyon li pote sou mwen osi evidan jodia ke jou swa sa a. Kèlkeswa lè nyaj fenwa lavi yo anvayi mwen, mwen konnen Li toujou gen yon plan pou mennen m tounen lakay mwen an sekirite.”

Jan Derik di a, se pa tout priyè ki jwenn repons osi rapidman. Men, reyèlman, Papa nou konnen nou epi li tande siplikasyon kè nou yo. Li akonpli mirak Li yon priyè alafwa, yon moun alafwa.

Nou kapab gen asirans ke l ap ede nou, pa nesesèman nan fason nou vle a, men nan fason k ap pi byen ede nou grandi a. Sa ka difisil pou nou soumèt volonte nou anba pa li, men li esansyèl pou nou vini tankou li epi jwenn lapè li ofri nou an.

Nou kapab rive santi sa C. S. Lewis te dekri a: “Mwen priye paske m pa ka anpeche tèt mwen fè sa. ... Mwen priye paske m santi bezwen an tout tan, ke m reveye oswa m ap dòmi. Sa pa chanje Bondye. Sa chanje m mwen menm.”3

Gen anpil resi nan ekriti yo sou moun ki te mete konfyans yo nan Senyè a epi ki te jwenn èd ak delivrans nan men li. Panse a jèn David, ki te chape anba lanmò nan menm Golyat puisan an paske l te apiye l sou Senyè a. Konsidere Nefi, siplikasyon l te fè Bondye nan lafwa yo te pote delivrans pou li anba men frè l yo ki t ap chèche touye l yo. Sonje jèn Joseph Smith, ki te chèche èd Senyè a nan lapriyè a. Li te delivre anba pouvwa tenèb yo e li te resevwa yon repons mirakile. Yo chak te fè fas ak difikilte reyèl. Yo chak te aji ak lafwa epi yo te mete konfyans yo nan Senyè a. Yo chak te resevwa èd li. E nan epòk pa nou an ankò, pouvwa Bondye ak lanmou li manifeste nan lavi pitit li yo.

Sa pa gen lontan m te wè l nan lavi plen lafwa Sen nan Zimbabwe ak Botswana yo. Nan yon reyinyon jèn ak temwanyaj nan yon ti branch, mwen te santi m emosyone e enspire pa pil temwayaj ki te rann yo—pa timoun yo, jèn yo, ak adilt yo tou. Yo chak te eksprime yon gwo lafwa nan Senyè a, Jezikri. Nan mitan pwoblèm ak sikonstans difisil ki antoure yo a, yo viv chak jou kote yo mete konfyans yo nan Bondye. Yo rekonèt men li nan lavi yo, epi yo souvan eksprime li avèk fraz sa a: “Mwen tèlman rekonesan anvè Bondye.”

Sa gen kèk ane, yon fanmi fidèl te bay manm pawas nou yo egzanp menm konfyans sa a nan Senyè a. Arn ak Venita Gatrell t ap viv yon bèl lavi lè yo te dekouvri Arn te gen yon gwo kansè. Pwonostik la te devastan—yo te di l li te gen kèlke semèn sèlman pou l te viv. Fanmi an te vle reyini yon dènye fwa. Konsa tout timoun yo te vini, kèk te soti byen lwen. Yo te gen sèlman 48 èdtan presye pou yo pase ansanm. Avèk swen, fanmi Gatrell te chwazi bagay ki te gen plis enpòtans yo—yon foto anfami, yon dine anfami, ak yon sesyon nan Tanp Salt Lake la. Venita di: “Lè nou te mache soti nan pòt tanp lan, sete dènye fwa nou t ap janm ansanm nan vi sa a.”

Men yo te kite avèk asirans ke gen plis pou yo toujou pase jis lavi sa a. Gras ak alyans sakre tanp yo, yo gen espwa nan pwomès Bondye yo. Yo kapab ansanm pou tout tan.

De mwa ki te suiv yo te chaje ak benediksyon ki twòp pou yo rakonte. Lafwa Arn ak Venita ak konfyans yo nan Senyè a te grandi, jan sa montre nan pawòl Venita yo: “Mwen te transpòte. Mwen te aprann ke nou ka santi lapè nan mitan toumant. Mwen te konnen Senyè a t ap veye sou nou. Si nou gen konfyans nan Senyè a, nou ka reyèlman simonte nenpòt difikilte nan lavi a.”

Youn nan pitit fi l yo te ajoute: “Nou t ap gade paran nou e nou te wè egzanp yo. Nou te wè lafwa yo ak fason yo te jere l. Mwen pa t ap janm mande yon eprèv konsa, men, mwen pa t ap chanje l pou anyen nan mond lan. Nou te anvlope avèk amou Bondye.”

Natirèlman, lanmò Arn se pa t sa Gatrell yo te espere. Men kriz yo a se pa t yon kriz lafwa. Levanjil Jezikri a se pa yon lis bagay pou nou fè; men, li viv nan kè nou. Levanjil la “se pa yon fado; li ba nou zèl.”4 Li pote nou. Li te pote Gatrell yo. Yo te santi lapè nan mitan tanpèt la. Youn te kenbe lòt byen fèm epi yo te akwoche nan alyans tanp yo te fè ak respekte yo. Kapasite pou yo te kwè nan Senyè a te grandi epi yo te fòtifye pa lafwa yo nan Jezikri ak nan pouvwa ekspyatwa li a.

Kèlkeswa kote nou twouve nou sou chemen disip la, kèlkeswa krent nou ak difikilte nou, nou pa poukont nou. Senyè a pa bliye nou. Menmjan avèk Deric, Sen Afrik yo, ak fanmi Gatrell, nou ka chwazi pou nou chèche pran men Bondye nan moman bezwen nou. Nou kapab afwonte difikilte yo avèk lapriyè ak konfyans nan Senyè a. Epi nan pwosesis, n ap vin pi plis sanble avèk li.

Senyè a adrese l a nou chak lè l di: “Nou pa bezwen pè … Mwen la avèk nou. Nou pa bezwen kite anyen bannou kè sote: Se mwen ki Bondye nou. M ap bannou fòs; … M ap ede nou; wi, m ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pap janm pèdi batay.”5

Mwen temwaye nou enbleman e avèk asirans ke Bondye, Papa nou an, konnen nou pèsonèlman e li lonje lamen pou ede nou. Mwen temwanye ke, gras ak Pitit Gason Byenneme l la, Jezikri, nou kapab simonte difikilte mond sa yo epi retounen lakay nou an sekirite. Mwen priye pou nou ka gen lafwa pou nou fè l konfyans, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Moyiz 1:39.

  2. 1 Nefi 1:20.

  3. Pawòl pwononse pa pèsonaj C. S. Lewis la jan yo dekri li nan William Nicholson, Shadowlands (1989), 103.

  4. Harry Emerson Fosdick, Twelve Tests of Character (1923), 88.

  5. Ezayi 41:10.