2010–2019
Chay jwaye disip la
Avril 2014


Chay jwaye disip la

Soutni dirijan nou yo se yon privilèj; li mache avèk yon responsablite pèsonèl pou pataje chay yo ak vin disip Senyè a.

Jou 20 Me ane pase a, yon gwo tanpèt te sevèman frape zòn deyò Vil Oklahoma yo, nan pati santral Amerik la, li te detwi yon zòn lajè plis pase yon kilomèt edmi e longè vennsèt kilomèt. Tanpèt sa a, yon gwo kantite siklòn devastan, te chanje peyizaj la ak lavi moun ki te sou chemen l yo.

Apèn yon semèn apre gwo tanpèt la te frape a, yo te mande m pou m t al vizite zòn kote kay yo ak lòt byen moun yo te epapiye nan katye ki te kraze ak ravaje yo.

Anvan m t ale, m t pale avèk Pwofèt byeneme nou an, Prezidan Thomas S. Monson, ki grandman remnen fè kalite tach sa yo pou Senyè a. Avèk respè non sèlman pou ofis li a men pou bonte l tou, mwen te mande l: “Kisa ou vle pou m fè? Kisa ou vle pou m di?”

Li te pran menm avèk tandrès, jan l ta fè pou chak nan viktim yo ak chak moun k ap ede nan dezas sa a si l te la, epi l te di:

“Premyèman, di yo m renmen yo.

“Dezyèmman, di yo m ap priye pou yo.

“Twazyèmman, tanpri remèsye moun k ap ede yo.”

Antanke manm Prezidans Swasanndis la, m te ka santi pwa pawòl Senyè a te di Moyiz yo sou zepòl mwen:

“Sanble swasanndis nan ansyen Izrayèl yo, moun ou konnen ki gen otorite sou pèp la, epi fè yo travay avèk ou; …

“Epi m ap desann e ma pale avèk ou; ma pran tigout nan lespri a mwen te ba ou a [Moyiz], epi ma ba yo; konsa ya ede w pote responsablite pèp la, pou w pa pote chay la poukont ou ankò.”1

Sa yo se pawòl ki te pwononse nan ansyen tan an, men fason Senyè a pa chanje.

Aktyèlman nan Legliz la, Senyè a aple twasandisèt Swasanndis, k ap sèvi nan uit kolèj pou ede Douz Apot yo pote chay ki plase sou Premye Prezidans lan. Mwen jwayezman santi responsablite sa a nan pwofondè nanm mwen, menm jan ak Frè yo m ap travay avèk yo a. Sepandan, se pa nou menm sèlman ki pou ede nan travay gloriye sa a. Antanke manm yon legliz mondyal, nou tout gen bèl opòtinite pou fè byen nan lavi lòt moun.

Mwen te aprann nan men pwofèt nou an kisa moun ki frape pa siklòn yo te bezwen: lanmou, lapriyè, ak rekonesans pou men k ap ede yo.

Aprèmidi a nou chak pral leve men nou okare pou nou soutni Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo antanke pwofèt, vwayan, ak revelatè nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Sa se pa yon senp fòmalite, ni li pa rezève pou moun ki aple kòm ofisye jeneral yo. Soutni dirijan nou yo se yon privilèj; li mache avèk yon responsablite pèsonèl pou pataje chay yo e pou n disip Senyè a, Jezikri.

Prezidan Monson te di:

“Nou antoure ak moun ki bezwen atansyon nou, ankourajman nou, soutyen nou, rekonfò nou, jantiyès nou---keseswa manm fanmi nou, zanmi, konesans, oubyen etranje. Nou e men Senyè a isit sou tè a, avèk misyon pou nou sèvi ak ede pitit li yo. Li konte sou nou chak. …

“‘…Chak fwa nou te fè sa pou youn nan pi piti nan frè m yo … , se pou mwen nou te fè li’ [Matye 25:40].”2

Èske n ap reponn avèk amou lè yon opòtinite prezante devan nou pou n rann yon moun yon vizit, pou nou rele yon moun nan telefòn, ekri yon nòt, oubyen pase yon jou ap pran swen bezwen yon lòt moun? Oubyen èske n ap fè tankou jenòm nan ki te deklare l te suiv tout kòmandman Bondye yo:

“Mwen suiv tout bagay sa yo: kisa pou m fè ankò?

“Jezi te di li: Si ou vle bon nèt san manke anyen, ale vann tout sa ou genyen, separe lajan an bay pòv yo; epi lè sa a, wa gen yon richès nan syèl la: epi vini, suiv mwen.”3

Jenòm nan te aple pou vin fè yon pi gwo sèvis bò kot Senyè a pou fè travay wayòm Bondye a sou tè a, men, li te vire l ale, “paske li te gen anpil byen.”4

E byen materyèl nou yo? Nou wè sa yon siklòn ka fè nan lespas kèk grenn minit. Li trè enpòtan pou nou chak eseye sere trezò nan syèl la---kote n ap itilize tan nou, talan nou, ak libabit nou nan sèvis Bondye.

Jezikri kontinye lanse apèl: “Vini, suiv mwen.”5 Li te mache nan peyi li avèk disip li yo nan yon fason dezenterese. Li kontinye ap mache avèk nou, kanpe kote nou, e dirije nou. Pou n suiv egzanp pafè li nou dwe rekonèt ak onore Sovè a, ki te pote tout chay nou yo atravè Ekspyasyon sakre ak sovè l la, zak sèvis siprèm nan. Sa li mande nou chak se pou n kapab e dispoze pou pran “chay” jwaye disip la.

Pandan m te Oklahoma, m te gen opòtinite pou m te rankontre kèk nan fanmi siklòn yo te touche yo. Lè m te vizite fanmi Sorrels, mwen te patikilyèman touche pa eksperyans pitit fi yo a. Tori, ki te nan senkyèm nan lekòl elemantè Plaza Towers la. Li menm ak manman li la a jodia avèk nou.

Tori ak yon gwoup zanmi te kouri antre nan yon twalèt pou sekirite pandan siklòn nan t ap fè raj sou lekòl la. Koute pandan m ap li nan pawòl Tori resi sa k te pase jou sa a:

“Mwen te tande yon bagay frape tèt kay la. M te panse sete lagrèl ki t ap tonbe. Bri a te vin plis anplis fò. M te priye Papa m ki nan Syèl la pou l te pwoteje nou ak kenbe nou ansekirite. Toudenkou, nou te tande yon gwo bri tankou yon bri aspiratè, epi twati a te disparèt la anlè tèt nou an. Te gen anpil van ak debri ki t ap vole toupatou e ki te frape m nan tout kò mwen. Li te fènwa anpil deyò a; sete kòmsi syèl la te nwa, men se pa t vre---sete andedan siklòn nan. Mwen te fèmen je m, ap espere e priye pou sa ta fini byen vit.

“Toukenkou, m pa t tande anyen ankò.

“Lè m te louvri je m, m te wè yon pano “stop” jis devan je m nan! Li te prèske touche nen mwen.”6

Tori, manman li, twa nan frè ak sè l yo, ak anpil zanmi ki te nan lekòl la tou, te mirakilezman siviv anba tanpèt la; sèt nan kanmarad li yo pa t siviv.

Nan wekenn sa a, detantè prètriz yo ta bay manm ki te soufri anba siklòn yo anpil benediksyon. Mwen te santi m touche lè m te bay Tori yon benediksyon. Lè m te poze men sou tèt li, te gen yon ekriti m renmen anpil ki te vin nan tèt mwen: “M ap sou kote kwat nou ak sou kote goch nou, epi Lespri m ap nan kè nou, epi zanj mwen yo ap alantou nou pou pote nou anlè.”7

Mwen te konseye Tori pou l te sonje jou sa a kote yon sèvitè Senyè a te mete men sou tèt li a pou pwononse ke li te pwoteje pa zanj pandan tanpèt la.

Lonje lamen pou youn sekouri lòt, nan nenpòt kondisyon, se yon zak lanmou etènèl. Se sèvis sa a m te temwen nan Oklaoma nan semèn sa a.

Souvan nou konn jwenn okazyon pou nou ede lòt moun nan tan bezwen. Antanke manm Legliz la, nou chak gen responsablite sakre pou nou “youn pote chay lòt, pou yo ka vin lejè,”8 “pou kriye ak moun k ap kriye yo,”9 e pou “leve men ki pandye yo, epi ranfòse jenou ki fèb yo.”10

Frè m ak sè m yo, ala Senyè a rekonesan pou chak grenn nan nou pou pil èdtan ak aksyon sèvis san konte nou yo, keseswa yo gwo ou piti, nou si jenerezman e si kontan pou bay chak jou yo.

Wa Benjamen te anseye nan Liv Mòmon an: “Lè n ap sèvi pwochen nou yo, se sèlman nan sèvi Bondye nou ye.”11

Lè nou konsantre sou sèvi frè n ak sè nou yo, sa kapab gide nou pou n pran desizyon enspire nan lavi chak jou nou e prepare nou pou nou apresye ak renmen sa Senyè a renmen. Lè nou fè sa, lavi nou temwaye ke nou se disip li. Lè nou angaje nan travay li a, nou santi Lespri li avèk nou. Temwayaj nou, lafwa nou, konfyans nou, ak lanmou nou grandi.

Mwen konnen Redanmtè m nan vivan, ki se Jezikri menm; Li pale aak pwofèt li, chè Prezidan Thomas S. Monson, nan epòk pa nou an.

Se pou nou tout jwenn lajwa ki vini nan sèvi sakre pou youn pote chay lòt la, menm sa ki senp ak piti yo, se priyè mwen nan non Jezikri, amèn.