2010–2019
Jenarasyon ki gen chwa a
Avril 2014


Jenarasyon ki gen chwa a

Li te chwazi ou pou patisipe nan travay li a nan epòk sa a paske li fè w konfyans pou w fè bon chwa.

Jènjan yo, petèt nou siman konn tande moun di nou se yon “jenerasyon chwazi,” ki vle di Bondye te chwazi nou e prepare nou pou vin sou tè a nan epòk sa a pou yon gran objektif. Mwen konnen se verite. Men, aswè a, mwen vle adrese nou kòm yon “jenerasyon ki gen chwa,” paske pa janm gen moun nan istwa limanite ki beni avèk si anpil chwa pase nou. Plis chwa vle di plis posiblite; plis posiblite vle di plis potansyèl pou nou fè byen, e malerezman, pou nou fè mal tou. Mwen kwè Bondye voye nou isit la nan epòk sa a paske Li fè nou konfyans pou nou distenge ant chwa difisil ki disponib yo avèk siksè.

An 1974, Prezidan Spencer W. Kimball te di, “Mwen kwè, Senyè a anvi mete nan men nou envansyon ke nou menm kòm pwofàn,nou apèn ka imajine” (“When the World Will Be Converted,” Ensign, Okt. 1974, 10).

E li reyèlman fè sa! N ap grandi kounyeya avèk yonn nan gwo zouti ki pi pwofitab yo nan istwa limanite: Entènèt. Li vini avèk yon pakèt kantite chwa. Sepandan, abondans chwa sa a mache avèk yon pòsyon responsablite egal avèk li. Li fasilite aksè alafwa nan bagay ki pi bon ak bagay ki pi move mond la kapab ofri. Avèk li, nou ka reyalize anpil gwo bagay nan yon ti espas tan, oubyen nou ka pran nan yon atrap trivyalite ki gaspiye tan nou e degrade potansyèl nou. Nan sèlman peze yon bouton, nou ka gen aksè nan nenpòt sa nou vle. Sa se kle a—kisa kè nou vle? Kisa ki atire nou? Ki kote dezi nou ap mennen nou?

Sonje, Bondye “bay lèzòm dapre volonte yo” (Alma 29:4) epi “Li pral jije tout moun daprè zèv yo, daprè santiman ki nan kè yo” (D&A 137:9; gade tou Alma 41:3).

Èldè Bruce R. McConkie te di: “Nan yon sans reyèl men ki ofigire tou, liv lavi a se rejis aksyon lèzòm, kòmsi rejis sa a ekri nan pwòp kò yo. … Ki vle di, chak panse, chak pawòl, ak aksyon gen yon [efè] sou kò imen an; tout bagay sa yo kite anprent yo, anprent moun ki Etènèl la kapab li osi fasil ke nou ka li pawòl ki nan yon liv” (Mormon Doctrine, 2nd ed. [1966], 97).

Entènèt la anrejistre dezi nou tou, ki eksprime sou fòm rechèch ak lè nou klike. Gen anpil lejyon k ap tann pou reponn dezi sa yo, kèlkeswa sa yo ye. Lè n ap chèche sou Entènèt la, nou kite tras—sa nou kominike, ki kote nou te ye, konbyen tan nou te pase kote sa a, ak kalite bagay ki enterese nou. Nan fason sa a, Entènèt la kreye yon pwofil elektwonik pou nou—nan yon sans, “liv elektwonik lavi nou.” Menmjan ak nan lavi, Entènèt la ap plis an plis ba nou sa n ap chèche a. Si dezi nou pure, Entènèt la ka mayifye yo, pou fè l pi fasil pou nou angaje nan bagay ki diy. Men, opoze a ka fèt tou.

Èldè Neal A. Maxwell te di l konsa:

“Sa nou vle avèk pèsistans la, apre kèk tan, se sa nou pral finalman devni e se sa nou pral resevwa nan letènite. …

“…Se sèlman lè nou edike ak antrene dezi nou yo y ap vin tounen alye nou olye de enmi nou!” (“According to the Desire of [Our] Hearts,” Ensign, Nov. 1996, 21, 22).

Jèn frè m yo, si nou pa aktivman edike dezi nou yo, mond lan ap fè l pou nou. Chak jou, mond lan ap chèche enfliyanse dezi nou, l ap tante nou pou nou achte yon bagay, pou nou klike sou yon bagay, jwe yon bagay, li oubyen gade yon bagay. Finalman, chwa a nan men nou. Nou gen libète pou chwazi. Se pouvwa pou nou non sèlman aji sou dezi nou yo men pou nou rafine, pirifye, ak elve dezi nou yo. Libabit nou se pouvwa pou n vin sa nou chwazi ye. Chak chwa mennen pi pre oubyen pi lwen sa nou vle devni an; chak klik gen yon siyifikasyon. Toujou mande tèt nou: “Ki kote chwa sa a ap mennen m?” Devlope kapasite pou nou wè pi lwen pase moman prezan an.

Satan vle kontwole libabit ou pou l ka kontwole sa w ap devni. Li konnen yonn nan pi bon fason pou l fè sa se pran w nan pèlen adiksyon. Chwa w yo detèmine si teknoloji a ap ba ou pouvwa oubyen si l ap mete ou nan esklavaj.

Èske m ka pwopoze senk prensip pou ede nou menm, jenerasyon ki gen chwa a, edike dezi nou ak gide nou nan fason n ap itilize teknoloji a.

Premyeman: Lè nou konnen kiyès nou ye, sa fè l pi fasil pou nou pran desizyon

Mwen gen yon zanmi ki te aprann verite sa a nan yon fason trè pèsonèl. Li te elve pitit gason li a nan levanjil la, men sanble li te devye espirityèlman. Li te souvan pa aksepte opòtinite pou l te egzèse prètriz la oubyen pou l t al nan tanp. Paran li te desi lè l te anonse yo li te deside pa al nan misyon. Zanmi m nan te priye anpil pou pitit gason l lan, avèk espwa ke l t ap gen yon chanjman nan kè li. Espwa sa a te ale lè pitit gason an te anonse li ke l te fiyanse pou l t al marye. Papa a te sipliye pitit gason an pou l t al pran benediksyon patriyakal li anvan sa. Pitit la te finalman dakò, men li te ensiste pou l t al jwenn patriyach la poukont li.

Lè l te retounen apre benediksyon an, li te parèt pal ak boulvèse. Li te pran men fiyanse l la epi l te soti deyò avèk li pou l te ka pale avèk li anprive. Papa a te fè ti koudèy nan fenèt la epi l te wè de jèn moun yo ki tap kriye, youn t ap siye je lòt.

Nan apre, li te di papa l sa k te pase. Avèk anpil emosyon, li te eksplike ke, pandan benediksyon an, li te gen yon apèsi sou kiyès li te ye nan egzistans premòtèl la. Li te wè kijan l te vanyan ak efikas nan pèsyade lòt moun pou yo swiv Kris la. Konesan kiyès li te vrèman ye, kijan pou l ta fè pa sèvi yon misyon?

Jènjan, sonje kiyès nou reyèlman ye. Sonje nou detni prètriz sakre a. Sa ap enspire nou pou nou fè chwa ki kòrèk lè n ap itilize Entènèt ak pandan tout lavi nou.

Dezyèmman: Konekte nou nan sous pouvwa a

La nan pla men nou, nou kenbe sajès tout jenerasyon yo—pi enpòtan toujou, nou kenbe pawòl pwofèt yo, soti nan epòk Ansyen Testaman an rive nan Prezidan Thomas S. Monson. Men, si nou pa rechaje telefòn selilè nou an regilyèman, li vin initil e nou santi nou pèdi ak dekonekte. Nou pa t ap janm anvizaje pou n kite yon jou pase san chaje batri nou telefòn nou an.

Osi enpòtan sa ye pou n kite lakay nou chak jou avèk yon batri konplètman chaje nan telefòn selilè nou an, li pi enpòtan toujou pou nou konplètman chaje espirityèlman. Chak fwa nou branche sou telefòn nou an, itilize sa kòm yon rapèl pou mande tèt nou si nou branche nan sous ki pi enpòtan nan pouvwa espirityèl la—lapriyè ak etid ekriti, ki ap chaje nou avèk enspirasyon soti nan men Sentespri a (gade D&A 11:12–14). Sa ap ede nou konnen lespri ak volonte Senyè a pou fè chwa kotidyen ki detèmine direksyon n ap pran. Anpil nan nou imedyatman entèwonp sa n ap fè a pou nou li yon tèks mesaj—èske nou pa ta dwe akòde plis enpòtans nan mesaj Senyè a ap ba nou yo? Sa ta dwe enpansab pou nou ta neglije konekte avèk sous pouvwa sa a (gade 2 Nefi 32:3).

Twazyèmman: Posede yon ‘smartphone’ pa rann nou entelijan pou sa, men itilize avèk sajès kapab fè sa

Jènjan, pa fè bagay ki sòt avèk ‘smartphone’ ou a. Nou tout konn kisa m vle di (gade Mozya 4:29). Gen anpil fason teknoloji a kapab detounen nou de sa ki pi enpòtan an. Swiv pwovèb sa a: “Se pou ou kote w ye a, lè w nan kote sa a.” Lè w ap kondui, kondui. Lè w nan klas, fokis sou leson an. Lè w avèk zanmi, ba yo atansyon ou. Sèvo w pa ka konsantre sou de bagay alafwa. Jere plizyè bagay alafwa ka detounen konsantrasyon w rapidman sòt nan yon bagay al nan yon lòt. Gen yon ansyen pwovèb ki di: “Si wap kouri dèyè de lapen alafwa, ou pap ka pran yonn ladan yo.”

Katriyèmman: Senyè a bay teknoloji a pou akonpli objekyif li

Objektif divin teknoloji a se pou akselere travay sali a. Antanke manm jenerasyon ki gen chwa a, nou konprann teknoloji a. Itilize l pou akselere pwogresyon nou sou chemen pèfeksyon an. Paske yo ba nou si anpil, nou menm tou nou dwe bay (gade “Seigneur j’ai tant reçu,” Cantiques, no. 139). Senyè a atann pou nou itilize gwo zouti sa yo pou elve travay li a nan yon nivo siperyè, pou pataje levanjil la nan fason ki depase pi gwo imajinasyon jenerasyon pa m nan. Kote jenerasyon pase yo te konn enfliyanse pwochen yo ak vil yo, nou menm nou gen pouvwa pou n depase fwontyè pou nou enfliyanse tout mond lan gras ak Entènèt ak medya sosyal yo.

Mwen temwaye ke Legliz sa a se Legliz Senyè a. Li te chwazi nou pou nou patisipe nan travay sa a nan epòk sa a paske li fè nou konfyans pou nou fè bon chwa. Nou se yon jenerasyon ki gen chwa. Nan non Jezikri, amèn.