2010–2019
Rasin ak Branch
Avril 2014


Rasin ak Branch

Akselere travay istwa familyal ak travay tanp nan epòk nou an esansyèl pou sali ak egzaltasyon fanmi yo.

Jis anvan l te mouri anba kansè an 1981, ekriven kontwovèse ki te rele William Saroyan nan te di laprès: “Tout moun gen pou mouri, men m te toujou kwè yo t ap fè eksepsyon pou mwen. Epi, apre?”1

Pawòl “Epi, apre?” a anfas lanmò nan lavi sa a ak lè n ap panse ak lavi apre lanmò a, se kesyon pi enpòtan nou ke levanjil retabli Jezikri a reponn si byen nan plan bonè Papa a.

Nan lavi sa a, nou ri, nou kriye, nou travay, nou jwe, nou viv, epi apre nou mouri. Jòb poze bonjan kesyon an: “Si yon moun mouri, èske l ka viv ankò?”2 Repons lan se yon gwo “wi” kategorik gras ak sakrifis ekspyatwa Sovè a. Gen yon pati nan sa k te mennen kesyon jòb la ki enteresan anpil: “Lòm soti nan vant yon fi, lavi l kout. ... Li parèt tankou yon flè, epi lamenm li fini. ... Yon pyebwa toujou gen espwa, yo te mèt koupe l, l ap pouse ankò, li pouse rasin ankò ... epi l pouse branch tankou yon jèn plant.”3

Plan Papa nou an konsène fanmi. Anpil nan ekriti pi enpòtan nou yo itilize konsèp pyebwa avèk rasin ak branch li kòm apwòch.

Nan dènye chapit Ansyen Testaman an, pandan l t ap dekri Dezyèm Vini Sovè a, Malachi klèman itilize analoji sa a. Pandan l t ap pale sou ògeye yo ak mechan yo, li di y ap boule tankou pày epi “y ap boule nèt san kite tras.”4 Malachi fini chapit sa a avèk pwomès rasiran Senyè a:

“Jou m nan pral yon gwo jou, yon jou ki pral fè moun tranble. Men anvan li rive, mwen gen pou m voye pwofèt Eli:

“Li gen pou l fè papa byen ankò ak pitit, pitit vin byen ankò ak papa. Si se pa sa, m ap vini, m ap detwi peyi nou an nèt ale.”5

Nan kòmansman Retablisman an, Mowoni remete aksan sou mesaj sa a nan premye enstriksyon li te bay Joseph Smith an 1823 a.6

Kretyen ak Juif nan mond lan aksepte pawòl Eli yo nan Ansyen Testaman an.7 Li sete dènye pwofèt ki te gen pouvwa sèlman Prètriz Mèlkisedèk la anvan epòk Jezikri a.8

Eli retabli kle yo

Retou Eli a te rive nan Tanp Kirtland nan jou 3 Avril 1836 la. Li te deklare li t ap akonpli pwomès Malachi a. Li te remèt kle prètriz yo pou sele fanmi yo nan dispansasyon sa a.9 Misyon Eli a te fasilite pa sa yo pafwa rele Espri Eli a ki, jan Èldè Russell M. Nelson te anseye, se “yon manifestasyon Sentespri a ki rann temwayaj sou nati divin fanmi.”10

Sovè a te kategorik sou nesesite batèm. Li te anseye: “Si yon moun pa fèt nan dlo ak nan Lespri a, li pa ka antre nan wayòm Bondye a.”11 Sovè a te batize pèsonèlman pou l te montre egzanp lan. E moun ki mouri ki potko batize yo?

Doktrin travay tanp ak istwa familyal la

Jou 11 Oktòb 1840 la, nan Novou, Vilate Kimball te ekri yon lèt voye bay mari li, Èldè Heber C. Kimball, ki t ap sèvi yon misyon nan Grande Bretagne avèk lòt manm nan Douz yo. Konferans jeneral Oktòb la te fèt kèk jou anvan.

M ap site kèk pati nan lèt Vilate la: “Nou te konferans ki te pi gwo ak pi enteresan nou te janm genyen depi legliz la te òganize a. ... Prezidan [Joseph] Smith te pale sou yon bèl nouvo sijè. ... Ki se batèm pou mò yo. Pòl pale sou sa nan Premye Korentyen 15, vèsè 29 la. Joseph resevwa plis eksplikasyon sou sa nan revelasyon. Li di [manm yo] nan legliz sa a gen privilèj pou yo batize pou tout fanmi yo ki te mouri anvan levanjil la te retabli. ... Nan fè sa, nou aji kòm reprezantan pou yo, epi nou bayo privilèj pou yo leve nan premye rezirèksyon an. Li di yo pral preche yo levanjil la nan prizon an.”

Vilate Vilate te ajoute: “Mwen vle batize pou manman m. … Èske se pa yon doktrin mèveye?” 12

Doktrin esansyèl ki se ini fanmi an te revele liy apre liy, leson apre leson. Òdonans pa pwokirasyon an se prensip santral nan konekte fanmi etènèl ansanm, ki konekte rasin yo ak branch yo.

Doktrin sou fanmi an ki konsène istwa familyal ak travay tanp lan klè. Nan premye revelasyon li te bay yo, Senyè a fè referans ak “batèm pou mò nou yo.”13 Nou gen yon obligasyon doktrinal anvè zansèt nou yo. Sa se paske òganizasyon selès syèl la baze sou fanmi.14 Premye Prezidans lan ankouraje manm yo, espesyalman jèn yo ak jèn adilt sèl yo, pou yo mete aksan sou travay istwa familyal ak òdonans pou pwòp non fanmi yo oswa non zansèt nan pawas yo ak manm pye yo.15 Nou bezwen konekte avèk ni rasin nou ni branch nou. Ide pou nou konekte nan domèn etènèl la se yon ide gloriye.

Tanp

Wilford Woodruff te di Pwofèt Joseph Smith te viv ase lontan pou l te poze fondasyon pou travay tanp. “Dènye fwa li te rankontre avèk Kolèj Douz yo, li te ba yo dotasyon yo.16

Apre asasina Pwofèt la, Sen yo te fini Tanp Novou a, epi yo te itilize pouvwa sèlman an pou beni dè milye manm fidèl anvan egzòd la pou yo t ale nan mòn Lwès yo. Trantan apre, lè yo te fini Tanp St. George la, Prezidan Brigham Young te eksplike enpòtans etènèl òdonans sali yo ki te finalman disponib pou ni vivan yo ni mò yo.17

Prezidan Wilford Woodruff te deklare sa senpleman: “Prèske pa gen okenn lòt prensip Senyè a revele ki ban m plis lajwa pase sa ki konsène redanmsyon mò nou yo; ki di nou pral gen papa nou, manman nou, madanm nou, ak pitit nou yo avèk nou, an fanmi, nan maten premye rezirèksyon an ak nan wayòm Selès la. Sa yo se bèl gwo prensip. Yo vo tout sakrifis.”18

Ala yon gwo epòk pou nou vivan! Sa a se dènye dispansasyon an, e nou ka santi akselerasyon travay sali a nan tout domèn ki konsène òdonans sali yo.19 Kounyeya nou gen tanp prèske toupatou nan mond lan pou ofri òdonans sali sa yo. Ale nan tanp pou nou renouvle, pou nou jwenn lapè, sekirite, ak direksyon nan lavi nou se yon gwo benediksyon tou.20

Mwens pase yon ane apre Prezidan Thomas S. Monson te aple kòm apot, li te konsakre Bibliyotèk Jeneyalojik Tanp Los Angeles la. Li te pale sou zansèt ki mouri yo “k ap tann jou kote ou menm avèk mwen pral fè rechèch ki nesesè pou prepare chemen an, ... [epi] tou pou n ale nan kay Bondye a pou fè travay sa a ... ke yo … pa kapab akonpli a.”21

Lè Èldè Monson te pwononse pawòl konsekrasyon sa yo jou 20 Jen 1964 la, te gen sèlman 12 tanp an fonksyon. Pandan epòk Prezidan Monson te sèvi nan konsèy dirijan yo nan Legliz la, 130 nan 142 tanp nou yo ki an fonksyon yo te gen premye konsekrasyon yo. Se yon bagay toutafè mirakile pou n wè akselerasyon travay sali a nan epòk nou an. Yo te anonse ventuit tanp anplis e yo nan divès etap konstriksyon yo. Katrevensenk pousan manm legliz yo ap viv kounyeya sou distans prèske 320 km de yon tanp.

Teknoloji Istwa Familyal la

Teknoloji istwa familyal la avanse anpil anpil tou. Prezidan Howard W. Hunter te deklare an Novanm 1994: “Nou kòmanse itilize teknoloji enfòmatik la pou akselere travay sakre ki se fè òdonans pou mò yo. Senyè a li menm akselere ... wòl teknoloji a. ... Sepandan, se sèlman nan papòt sa nou kapab fè avèk zouti sa yo nou kanpe.”22

Diznevan apre deklarasyon pwofesik sa a, akselerasyon teknoloji a prèske enkwayab. Yon manman 36 zan ki gen jèn timoun te fèk di mwen: “Jis imajine---nou pase soti nan li mikwofim nan sant istwa familyal pou vin chita sou tab kuizin mwen avèk òdinatè mwen, ap fè istwa familyal lè timoun yo finalman al dòmi.” Frè m ak sè m yo, se fwaye nou ki vin sant istwa familyal nou kounyeya.

Travay tanp ak istwa familyal pa sèlman konsène nou menm. Panse ak moun yo ki nan lòtbò vwal la k ap tann òdonans sali yo ki pral libere yo anba esklavaj prizon lespri a. Prizon defini kòm “yon eta fèmen yon konte oswa kaptivite.”23 Moun nan kaptivite yo ka byen ap poze tèt yo menm kesyon William Saroyan nan: “Epi, apre?”

Yon sè fidèl te rakonte yon eksperyans espirityèl ekstraòdinè li te fè nan Tanp Salt Lake la. Pandan l te nan sal konfimasyon an, apre yo te fin fè yon òdonans konfimasyon pa pwokirasyon, li te tande: “Prizonye yo pral libere!” Li te santi yon gwo santiman ijans pou moun sa yo ki t ap tann travay batèm ak konfimasyon yo a. Lè l te retounen lakay li, li t al chèche nan ekriti yo pou l te jwenn fraz li te tande a. Li te jwenn deklarasyon Joseph Smith la ki nan seksyon 128 Doktrin ak Alyans yo: “Fè kè nou rejwi, epi kontan anpil. Se pou tè a rele, chante. Se pou mò chante kantik louwanj etènèl bay Wa Emanyèl la, ki te òdone, anvan mond lan te egziste, bagay ki pou te fè l posib pou nou kapab rachte yo soti nan prizon yo; paske prizonye yo pral libere.”24

Kesyon an pou n poze a se, kisa nou bezwen fè? Konsèy Pwofèt Joseph la se pou nou pote nan tanp lan “yon liv ki gen rejis mò yo, ki diy pou tout akseptasyon.”25

Dirijan yo nan Legliz la lanse yon apèl klè pou jenerasyon k ap grandi a montre wout la nan itilizasyon teknoloji a pou yo ka santi Espri Eli a, pou chèche zansèt yo, epi fè òdonans tanp yo pou yo.26 Yon gwo pati nan chak pou akselete travay sali pou vivan yo ak mò yo, pral fèt pa nou menm, jèn yo.27

Si jèn nan chak pawas yo non sèlman ale nan tanp pou fè batèm pou mò yo, men travay avèk fanmi yo tou ak lòt manm pawas yo pou pote non fanmi yo pou travay òdonans yo akonpli, yo menm ak Legliz la ap grandman beni. Pa souzestime enfliyans moun mouri yo nan ede nou nan travay la ak lajwa k pral genyen jou nou pral finalman rankontre moun sa yo n ap sèvi yo. Benediksyon ki se ini fanmi nou an gen yon pòte etènèl e li prèske depase konpreyansyon.28

Aktyèlman, senkant pousan nan manm adilt yo nan Legliz la nan tout mond lan pa gen paran yo nan seksyon FamilyTree a nan sit Entènèt FamilySearch Legliz la. Swasanndis pousan nan adilt yo pa gen tout kat granparan yo ladan.29 Sonje, nou pakap sove san rasin nou ak branch nou. Manm Legliz yo bezwen chèche jwenn enfòmasyon vital sa yo epi antre yo.

Finalman nou gen doktrin nan, tanp yo, ak teknoloji a pou fanmi yo ka akonpli travay sali gloriye sa a. M ap sigjere yon fason pou sa fèt. Fanmi yo kapab fè yon “Reyinyon FamilyTree.” Sa dwe yon aktivite peryodik. Chak moun ap pote istwa, resi, ak foto fanmi an, ansanm ak bagay paran yo ak granparan yo te cheri yo. Jèn nou yo eksite anpil pou yo aprann sou lavi manm fanmi yo---ki kote yo soti ak kijan yo te viv. Anpil gen kè yo tounen vè papa yo. Yo renmen istwa yo ak foto yo, epi yo gen konpetans teknik nesesè a pou yo li ak pote istwa ak foto sa yo nan FamilyTree a, pou tache dokiman orijinal yo avèk zansèt yo pou prezève yo pou tout tan. Natirèlman, objektif prensipal la se konnen ki òdonans ki bezwen fèt epi repati tach yo pou travay tanp esansyèl la. Nou ka itilize bwochi Fanmi mwen an pou enskri enfòmasyon, istwa, ak foto fanmi an pou nou ka al telechaje yo nan FamilyTree apresa.

Angajman familyal ak atant familyal dwe priyorite prensipal nou pou pwoteje destine divin nou. Pou moun k ap chèche itilize jou Saba a pi pwodiktivman pou fanmi an, akselere travay sa a se yon teren fètil. Yon manman fyèman rakonte kijan pitit gason 17 tan l lan ale sou konpitè a apre legliz jou Dimanch pou fè travay istwa familyal al epi l di pitit gason 10 zan l lan renmen tande istwa sou zansèt yo ak gade foto yo. Sa te beni tout fanmi an pou fè yo santi Espri Eli a. Nou dwe nouri rasin ak branch presye nou yo.

Jezikri te bay lavi li kòm ekspyasyon pa pwokirasyon. Li te reponn kesyon siprèm Jòb te poze a. Li te venk lanmò pou tout limanite, bagay nou pa kapab fè pou tèt nou. Men, nou ka akonpli òdonans pa pwokirasyon yo epi vin vrèman sovè sou Mòn Siyon an30 pou pwòp fanmi nou pou ke, avèk yo, nou kapab egzalte e sove.

Mwen rann temwayaj sou sakrifis ekspyatwa Sovè a ak sètitid plan Papa a pou nou menm ak fanmi nou. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. William Saroyan, nan Henry Allen, “Raging against Aging,” Wall Street Journal, Dec. 31, 2011–Jan. 1, 2012, C9.

  2. Jòb 14:14.

  3. Jòb 14:1, 2, 7, 9.

  4. Malachi 4:1. Resamman, plizyè atik te rapòte yon gwo ogmantasyon nan kantite moun ki chwazi pou yo pa fè pitit pou yo ka amelyore nivo lavi yo (gade Abby Ellin, “The Childless Plan for Their Fading Days,” New York Times, Fev. 15, 2014, B4). Nan plizyè peyi, popilasyon an bese anpil kòm rezilta chwa moun sa yo. Se sa yo pafwa rele “ivè demografik” la (gade The New Economic Reality: Demographic Winter [documentary], byutv.org/shows).

  5. Malachi 4:5–6.

  6. Gade History of the Church, 1:12; Doktrin ak Alyans 2.

  7. Juif yo ap tann retou Eli a depi 2.400 zan. Jodi a ankò, nan dine anyèl yo a, Seder la, yo rezève yon plas pou li epi yo al nan pòt la nan espwa ke l ap vini pou anonse vini Mesi a.

  8. Gade Bible Dictionary, “Elijah.”

  9. Gade Doktrin ak Alyans 110:14–16; gade tou Doktrin ak Alyans 2.

  10. Russell M. Nelson, “A New Harvest Time,” Ensign, Me 1998, 34.

  11. Jan 3:5.

  12. Vilate M. Kimball to Heber C. Kimball, Okt. 11, 1840, Vilate M. Kimball letters, Church History Library; òtograf ak majiskil modènize.

  13. Doktrin ak Alyans 127:5; italik ajoute.

  14. Gade Enseignements des Prezidan de l’église: Joseph Fielding Smith (2013), 68.

  15. Gade lèt Premye Prezidans lan, Okt. 8, 2012.

  16. Gade The Discourses of Wilford Woodruff, sel. G. Homer Durham (1946), 147.

  17. Brigham Young te deklare, “Tout sa m vle, se wè pèp sa a konsakre mwayen li ak volonte li pou edifye wayòm Bondye a, bati tanp epi travay ladan yo pou vivan yo ak mò yo … pou yo ka kouwone antanke pitit gason ak pitit fi Toupuisan an” (Deseret News, Sept. 6, 1876, 498). Baptèm pou mò yo te kòmanse 9 Janvye 1877, epi dotasyon pou mò yo te fèt de jou apre. Lafwa bagay sa a te eksprime pa Lucy B. Young, ki te di ke “kè l te ranpli avèk pèspektiv pou [paran desede] l yo te akeyi l ak bra louvri a, jan sa pral ye pou tout moun ki pa t ka fè travay la pou tèt pa yo a” (nan Richard E. Bennett, “‘Which Is the Wisest Course?’ The Transformation in Mormon Temple Consciousness, 1870–1898,” BYU Studies Quarterly, vol. 52, no. 2 [2013], 22).

  18. Enseignements des présidents de l’église: Wilford Woodruff (2004), 192–93.

  19. Prezidan Wilford Woodruff (ki rekonèt kòm youn nan pi gwo misyonè nan tout epòk pou vivan yo), an palan pou mò yo, te di: “Mwen konsidere pati sa a nan ministè nou an kòm yon misyon ki gen otan enpòtans ke preche vivan yo; mò yo ap tande vwa sèvitè Bondye yo nan mond dèzespri a, epi y ap ka leve nan maten [premye] rezirèksyon an, amwenske gen òdonans ki poko fèt pou [yo].” Li te di tou: “Se menm kantite bagay la nou bezwen pou sove yon moun mouri … ak yon moun vivan” (Enseignements des présidents de l’église: Wilford Woodruff, 188).

  20. Prezidan Howard W. Hunter te envite manm legliz yo pou yo ale souvan nan tanp “pou benediksyon pèsonèl adorasyon tanp lan, pou sentete ak sekirite nou jwenn andedan mi sen ak konsakre sa yo. … Li sen pou Senyè a. Li dwe sen pou nou tou” (“The Great Symbol of Our Membership,”Ensign, Okt. 1994, 5;Tambuli, Nov. 1994, 6).

  21. “Messages of Inspiration from President Thomas S. Monson,” Church News, Des. 29, 2013, 2.

  22. Howard W. Hunter, “We Have a Work to Do,” Ensign, Mas. 1995, 65.

  23. Merriam-Webster’s Collegiate Dictionary, 11th ed. (2003), “prison.”

  24. Doktrin ak Alyans 128:22; gade tou Doktrin ak Alyans 138:42. “Anvan mond lan te egziste, Senyè a òdone bagay ki te pou fè l posib pou nou kapab rachte espri nan [prizon] yo” (endèks triptik la, “Prizon”).

  25. Doktrin ak Alyans 128:24.

  26. Gade lèt Premye Prezidans lan, Okt. 8, 2012; gade tou David A. Bednar, “The Hearts of the Children Shall Turn,”Ensign oswaLiahona, Nov. 2011, 24–27; R. Scott Lloyd, “‘Find Our Cousins’: Apostle [Neil L. Andersen] Counsels LDS Youth at RootsTech Conference,” Church News, Fev. 16, 2014, 8–9.

  27. Nan yon etid resan yo te montre ke yon objektif majè pou jenerasyon sa a se viv yon lavi anrichisan kote yo “bay lòt moun, epi oryante yo vè yon pi gwo bi” (Emily Esfahani Smith ak Jennifer L. Aaker, “Millennial Searchers,” New York Times Sunday Review, Des. 1, 2013, 6).

  28. Gade Howard W. Hunter, “A Temple-Motivated People,”Ensign, Fev. 1995, 2–5;Liahona, Me 1995, 2–7.

  29. Estatistik ki founi pa depatman Istwa Familyal la.

  30. Gade Abdyas 1:21.