2010–2019
Fè Suivi
Avril 2014


Fè Suivi

Nou tout ka plis enplike tout tan nan travay misyonè si nou ranplase lakrent nou pa vrè lafwa.

Septanm sa a fè swasannkatran depi m te retounen sot nan misyon an Angletè. Twa jou apre m te retounen, m te ale nan yon bal nan Inivèsite Utah avèk yon zanmi mwen. Li te pale m de yon bèl etidyant dezyèm ane ki te rele Barbara Bowen li te panse mwen te dwe rankontre. Li te al chèche li pou l te prezante nou, epi nou te kòmanse danse.

Malerezman, sete sa nou te gen abitid rele yon “dans echanj,” ki vle di ou ka danse avèk jènfi a sèlman jiskaske yon lòt mou tape sou zepòl ou pou w ba l plas la. Barbara te plen enèji e l te popilè, konsa mwen te danse pa menm yon minit anvan yon lòt jenòm te vin tape sou zepòl mwen.

M te tou senpleman pa t ka aksepte bagay sa a. Paske m te aprann enpòtans fè swivi nan misyon mwen, m te pran numero telefòn ni epi m te rele li nan demen pou m te mande l soti, men li te okipe avèk lekòl li ak angajman sosyal li. Erezman, misyon m te aprann mwen pou m pèsevere menm nan moman dekourajman, e m te finalman rive kapab pran yon randevou avèk li. Epi randevou sa a te mennen lòt. Yon fason kèlkonk pandan randevou sa yo, mwen te finalman kapab konvenk li ke m sete sèl ansyen misyonè vrè e vivan ki egziste—omwen nan sa ki konsène li. Kounyeya, 64 an apre, gen sèt pitit, anpil pitit pitit, ak pitit pitit pitit ki kanpe kòm prèv verite enpotan ke kèlkeswa bon mesaj ou a ta bon, ou gen dwa pa janm gen chans pou delivre li san suivi konstan ak pèsistan.

Se san dout poutèt sa m santi klèman ke m dwe fè suivi avèk nou jodia sou de mesaj mwen te bay nan konferans jeneral pase yo.

Nan konferans Oktòb 2011 la, m te mande pou nou sonje pawòl enpòtan sa yo Senyè a te di: “Paske se konsa legliz mwen an pral rele nan dènye jou yo, ki vle di legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.”1

Avèk pawòl sa yo, Senyè a te di klèman ke sa a se pa sèlman yon tit ofisyèl men se non pou Legliz Li a rele. Etandone deklarasyon klè sa a, nou pa ta dwe rele Legliz la pa okenn lòt non, tankou, “Legliz Mòmon” oubyen “Legliz SDJ.”

Mo Mòmon an kapab byen apwopriye nan kèk kontèks pou fè referans a manm Legliz yo, tankou pyonye Mòmon yo, oubyen enstitisyon tankou Kè Tabènak Mòmon an. Manm Legliz yo koni kòm Mòmon an jeneral, e nan relasyon avèk moun ki pa manm legliz la yo, nou gen dwa fè referans ak tèt nou kòm Mòmon, depi nou akonpaye l non konplè Legliz la.

Si manm yo aprann anplwaye non kòrèk Legliz la konekte avèk mo Mòmon, an, sa ap montre ke nou se se kretyen, manm Legliz Sovè a.

Frè m ak sè m yo, annou fè suivi e pran abitid pou nou toujou di klèman nou se manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo.

Dezyèm mesaj m santi m ta dwe fè suivi sou li a te bay nan dènye konferans jeneral la kote m te ankouraje manm yo pou yo priye pou yo ka dirije vè omwen yon moun yo ka bay yon envitasyon pou aprann osijè levanjil retabli a anvan Nwèl. Anpil manm legliz la te pataje avèk mwen kèk esperyans espesyal yo te fè paske yo te mande Senyè a pou yo te jwenn opòtinite misyonè.

Paregzanp, yon ansyen misyonè te priye espesyalman pou l dirije vè “bon moun nan” li te kapab touche a. Non yon ansyen kamarad klas li te vin nan lespri li. Li te chèche l sou Facebook, epi li te aprann ke zanmi an t ap priye pou l te konnen ki objektif ak ki sans lavi l te genyen. Li te fè suivi a egzakteman nan moman zanmi an t ap chèche verite a epi an Desanm li te batize.

Yo te rapòte m anpil envitasyon konsa, men se sèlman kèk grenn ki te fè suivi jan frè sa a te fè a.

Mwen se yon moun ki kwè anpil nan prensip fè suivi a. Jan yo di nan manyèl misyonè Preche levanjil mwen an, “bay yon envitasyon san fè suivi se tankou kòmanse yon vwayaj san fini li oubyen achte yon biyè pou yon konsè san w pa ale nan teyat la. San aksyon an pa byen mennen, angajman an pa vle di anyen.”2

Preche levanjil mwen an ansenye chak moun fason pou yo non sèlman envite men pou fè suivi envitasyon nou yo tou. Objektif travay misyonè a defini kòm envite “lòt moun pou vin jwenn Kris la nan ede yo resevwa levanjil retabli a atravè lafwa nan Jezikri ak nan Sakrifis Ekspyatwa l la, repantans, batèm, resevwa don Sentespri a, epi andire jiskalafen.”3

Envite se sètènman yon pati nan pwosesis la. Men note ke gen plis toujou nan travay misyonè a pou manm yo pase senpleman bay moun envitasyon pou yo tande misyonè yo. Sa enkli fè suivi avèk misyonè yo tou pou asire si moun yo ap devlope lafwa, si yo gen motivasyon pou repanti, ak prepare pou fè alyans e andire jiskalafen.

Prensip fè suivi a byen ilistre nan liv Travay la:

“Kounyeya Pyè ak Jan t ap moute ansanm nan tanp la. …

“Te gen yon nonm ki te enfim depi l’ te fèt. Chak jou yo te pote l’ bò Bèl Pòt la pou l’ te kapab mande moun k’ap antre nan tanp lan lacharite;

“Li wè Pyè ak Jan ki tapral antre, li mande yo kichòy.

“Pyè ak Jan fikse je yo sou li, epi Pyè di li: Gade nou.

“Nonm lan pran gade yo; li te kwè yo tapral ba l’ kichòy.

“Lè sa a, Pyè di li: Mwen pa gen ni lajan ni lò. Men, sa m’ genyen an, m’ap ba ou li. Nan non Jezikri, moun Nazarèt la, leve ou mache.”

Se yon envitasyon puisan pou yon sèvitè Senyè a te fè, pa vre? Men Pyè pa t rete avèk envitasyon sa sèlman. Resi nan ekriti yo di nou apresa “li pran men li, epi li fè l kanpe: epi menm lè a tou, pla pye enfim lan ak zo jwenti pye l’ yo vin fèm.

“Li fè yon sèl sote, li kanpe sou de pye l’, li pran mache epi li antre nan tanp lan avèk yo, li t’ap mache, li t’ap ponpe, li t’ap fè lwanj Bondye.”4

Otremandi, Pyè pa t senpleman envoke otorite pretriz la epi envite nonm nan pou leve kanpe epi mache. Li te fè suivi envitasyon an nan lonje lamen bay mesye a, pran li ak men dwat li, leve l kanpe, epi apresa mache avèk li al nan tanp lan.

Nan espri egzanp Pyè a, kite m sigjere pou nou tout kapab pi aktif nan travay misyonè a nan ranplase krent nou yo pa lafwa reyèl, pou nou envite yon moun omwen yon fwa pa trimès—kat fwa nan ane a—pou misyonè aplentan yo anseye. Yo prepare pou ansenye pa lespri avèk enspirasyon sensè e pwofon yo resevwa nan men Senyè a. Ansanm, nou kapab fè suivi sou envitasyon nou yo, pran lòt moun pa lamen, leve yo kanpe epi mache avèk yo nan vwayaj espirityè yo a.

Pou ede nou nan pwosesis sa a, m ap envite tout manm, kèlkeswa apèl ou genyen kounyeya oubyen konbyen ou aktif nan Legliz la, pou chèche gen manyèl Preche levanjil mwen an. Li disponib nan sant distribisyon nou yo e li gratis sou entènèt. Se yon gid pou travay misyonè—ki vle di li se yon gid pou nou tout. Li li, etidye li, epi apresa aplike sa nou aprann yo pou ede nou konprann kijan pou nou mennen nanm bay Kris atravè envitasyon ak fè suivi. Jan Prezidan Thomas S. Monson te di, “Lè a rive pou manm yo ak misyonè yo mete ansanm, pou yo travay ansanm, pou laboure nan jaden Senyè a pou mennen nanm ba Li.”5

Jezikri te ansenye disip li yo:

“Rekòt la anpil, men manke travayè pou ranmase l’.

“Mande mèt jaden an pou li voye travayè nan jaden l’ lan.”6

Senyè a reponn priyè sa a nan epòk nou an avèk pi gwo kantite misyonè aplentan nan tout istwa mond lan. Nan nouvèl vag travayè fidèl sa a, Senyè a ba nou yon lòt opòtinite pou nou ede li nan gwo rekòlt nanm sa a.

Gen mwayen pratik pou manm yo ede ak soutni misyonè remakab nou yo. Paregzanp, nou kapab di misyonè yo n ap etidye Preche levanjil mwen an epi mande yo pou montre nou sa yo aprann nan etidye li. Pandan nou youn ap pataje avèk lòt la, ap vin gen plis konfyans k ap devlope ant manm yo ak misyonè aplentan yo, egzakteman jan Senyè a kòmande a:

“Men pou chak moun kapab pale nan non Senyè Bondye a, Sovè mond lan menm.”7

Epi, “Gade, m t voye nou pou nou kapab temwaye epi avèti pèp la, epi se pou chak moun ki te resevwa avètisman avèti pwochen l.”8

Frè m ak sè m yo, èske nou ka imajine enpak sa ap fè si fanmi yo ak zanmi yo mete sa yo ap aprann nan etid pèsonèl yo nan Preche Levanjil Mwen an nan lèt ak email yo voye bay misyonè aplentan yo? Eske nou ka imajine benediksyon k ap vini jwenn fanmi yo lè yo konnen ak pi byen konprann sa pitit gason yo ak pitit fi yo pral etidye ak ansenye nan misyon yo a? Eske nou ka p menm kòmanse konprann devèsman lagras ekspyatwa ekstraòdinè nou pral resevwa a, endividyèlman e kolektivman, selon pwomès Sovè a pou tout moun ki rann temwayaj yo nan pwosesis pou envite nanm vin jwenn ni an—epi apresa fè suivi envitasyon sa yo?

Senyè te di palentèmdeyè Pwofèt Joseph Smith, “Men nou beni, paske temwayaj nou te rann nan anrejistre pou zanj yo wè yo; epi yo rejwi poutèt nou epi peche nou yo padone.”9

“Paske m ap padone nou peche nou yo avèk komandman sa a—pou nou rete avèk fèmte nan panse nou nan reverans ak lespri priyè, nan rann temwayaj devan tout mond lan konsènan bagay ki te kominike ba nou yo.”10

Si nou fè suivi, Senyè a pap kite nou tonbe. Mwen wè lajwa enkwayab manm Legliz yo nan tout mond lan santi lè yo temwanye ak suivi fidèlman. Pandan m te an Ajantin dènyèman, m te ankouraje manm yo pou yo te envite yon moun legliz la anvan konferans jeneral la. Yon timoun uitan ki rele Joshua te koute epi l te envite pi bon zanmi li ak fanmi li nan yon pòt ouvèt nan pawas yo a nan Buenos Aires. Banm li yon lèt mwen te fèk sot resevwa ki eksplike envitsayon Joshua a ak suivi fidèl li te fè:

“Chak detwa minit, [Joshua] te kouri al nan baryè pou wè si yo t ap vini. Li te di l te konnen yo t ap [vini].

Sware a te prèske fini e zanmi Joshua yo pa t ko rive, men Joshua pat lage sa. Li te fidèlman al tcheke baryè devan an chak detwa minit. Li te lè pou n te kòmanse ranje bagay yo e Joshua te kòmanse ponpe pandan l t ap di, “Men yo! Men yo!” Mwen te leve tèt mwen e m te wè yon fanmi toutantye ki t ap pwoche vin legliz la. Joshua te kouri al akeyi yo e l te anbrase zanmi l lan. Yo tout te vini e sanble yo te renmen pòt ouvèt la. Yo te pran kèk bwochi epi yo te pase anpil tan ap fè konesans avèk kèk nouvo zanmi. Sa te ekstraòdinè pou te wè lafwa tigason piti sa a e pou konnen timoun Primè yo kapab misyonè tou.”11

Temwayaj mwen sèke si nou travay ansanm, pou chèche bon moun nan, epi envite e fè suivi avèk konfyans ak lafwa, Senyè a ap kontan avèk nou epi dèmilye pitit Bondye ap vin jwenn yon bi nan lavi ak lapè nan Legliz Jezikri Pou Sen Dènye jou yo. Mwen priye enbleman, pou Senyè a beni nou tout nan efò nou pou akselere travay sali a, nan non Jesikri, amèn.