2010–2019
Kat minit ou yo
Avril 2014


Kat minit ou yo

Mirak Ekspyasyon an kapab efase enpèfeksyon pèfòmans nou yo.

Je Olenpik Ivè yo ki fèk sot fè la te kaptive mond lan pandan ke atlèt ki te reprezante 89 peyi te fè konpetisyon nan 98 aktivite diferan. Sa ki remakab, 10 nan atlèt sa yo sete manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 3 ladan yo te pran meday yo te fèk pale nan Church News: Christopher Fogt, Noelle Pikus-Pace, ak Torah Bright.1 Nou felisite yo, ansanm ak tout lòt atlèt ki te patisipe yo. Bravo!

Mwen pale de je sa yo maten an nan entansyon pou m pale avèk jènjan yo, jènfi yo, ak jèn adilt sèl yo—nou menm ki nan ane desizif ki pral detèmine kous lavi nou yo. Mwen santi yon gwo santiman ijans pou m adrese nou la a.

Pou nou ka santi ijans sa a, m ap rakonte nou istwa Noelle Pikus-Pace, youn nan atlèt Sen Dènye Jou sa yo. Nan espò Noelle pratike a, ki rele skeleton, atlèt yo pran vitès pandan y ap kouri, epi yo plonje tèt yo dabò sou yon ti treno. Avèk figi yo jis kèk santimèt devan glas la, yo glise sou yon pis anbobine ki glase, nan yon vitès ki ka rive 145 kilomèt pou inèdtan.

Sa k remakab la, sèke dèzane preparasyon ap tounen yon siksè oubyen yon echèk baze sou sa k pase nan lespas kat kous entans ki dire 60 segond yo chak.

Rèv Noelle te genyen pou Je Olenpik 2006 yo te tonbe lè yon terib aksidan te kite l avèk yon janm kase. Nan Je Olenpik 2010 yo, rèv li te tonbe ankè lè jis yon dizyèm segond reta te lakoz li pa t pran yon meday.2

Èske nou ka imajine anksyete li te tandi pandan l t ap tann premye kous li nan Je Olenpik 2014 yo? Dèzane preparasyon t apral rezime nan sèlman yon fraksyon segond. Kat minit ototal. Li te pase dèzane ap prepare pou kat minit sa yo e l ap gen pou l pase tout rès lavi li ap panse avèk yo.

Dènye kous Noelle la te pratikman san fay! Nou pap janm bliye jan l te vole vin nan graden yo pou anbrase fanmi li apre l te fin franchi liy arive a, li te di: “Nou reyisi!” Dèzane preparasyon te pote fwi yo. Nou te wè meday Jènfi l la nan kou li pandan yo t ap mete meday Ajan an nan kou l la.3

Petè sa parèt enjis pou tout rèv Olenpik Noelle yo te depann sou sa l te fè pandan kat brèf minit kritik sa yo. Men, li te konn sa, e se rezon sa a li te si byen prepare tèt li ak dilijans konsa. Li te santi enpòtans ak ijans kat minit li yo, ak sa yo t apral siyifi pou li pou rès lavi li.

Nou sonje Christopher Fogt tou, yon manm ekip ki te pran meday bwonz lan nan ekip kat moun kous bobsleigh la. Alòske l te gen dwa abandone apre yon aksidan katastwofik nan Je Olenpik 2010 yo, li te chwazi pèsevere. Apre yon kous fantastik, li te ranpòte pri a li te chèche avèk sitèlman dilijans lan.4

Kounyeya, ann konsidere kijan wout pou nou ale nan lavi etènèl la sanble avèk “pèfòmans kat minit” atlèt sa yo. Nou se yon èt etènèl. Anvan nou te fèt, nou te egziste antanke espri. Nan prezans yon Pè Selès eman, nou te aprann ak prepare pou vini nou sou tè a pou yon brèf moman, epi pou nou reyisi. Lavi sa a reprezante kat minit pa nou an. Pandan nou isit la, aksyon nou yo pral detèmine si n ap pran pri lavi etènèl la. Pwofèt Amilèk te dekri: “Lavi sa a se lè … pou lèzòm prepare yo pou rankontre Bondye; wi, reyèlman, jou lavi sa a se jou … pou lèzòm fè travay yo.”5

Nan yon sans, kat minit nou an deja kòmanse. Revèy la ap mache. Pawòl Apot Pòl yo sanble yo byen tonbe: “Kouri [kous la], pou w ka ranpòte [pri a].6

Nan menm fason kèk etap absoliman esansyèl nan pèfòmans trè brèf yon atlèt Olenpik la—sote yo ak manèv yo pou moun k ap fè patinaj ak laplanch yo, negosye viraj yon kous bobsleigh oubyen manevre atravè pòt yon pakou en slalòm—se konsa sa ye nan lavi nou tou, kote gen kèk bagay ki absoliman esansyèl—yo se pwen kontwòl ki pèmèt nou manevre atravè pèfòmans espirityèl nou sou tè a. Makè espirityèl sa yo se òdonans esansyèl yo Bondye bay nan levanjil la: batèm, resevwa don Sentespri a, òdinasyon nan prètriz la, òdonans tanp yo, ak pran Sentsèn chak semèn.

“Nan òdonans [sa] yo … , pouvwa Bondye manifeste.”7

Epi, nan menm fason disiplin antrenman an prepare yon atlèt pou akonpli aktivite espò l yo nan nivo elve a, kenbe kòmandman yo ap kalifye nou pou nou resevwa òdonans sali sa yo tou.

Èske nou santi ijans la?

Chè jèn zanmi m yo, kèlkeswa kote nou ye nan “pèfòmans kat minit” nou an, mwen egzòte nou pou nou mande tèt nou: “Kisa pou m fè apre pou m ka pran meday la?” Petèt pandan konferans sa a, Lespri a chichote ou sa pou w ta fè: prepare w pi byen pou yon òdonans ou pral resevwa pita oubyen pou w resevwa yon òdonans ou ta dwe resevwa sa gen lontan. Kèlkeswa sa l ye, fè l kounyeya. Pa tann. Kat minit ou a ap pase byen vit, epi ou pral gen rès letènite pou w panse sou sa w te fè nan lavi sa a.8

Ou bezwen disiplin tèt. Priyè chak jou, etid ekriti yo, ak ale legliz dwe se baz antrenman w lan. Sa mande yon modèl konstan nan obeyi kòmandman yo, kenbe alyans ou deja fè yo, ak suiv prensip Senyè a ki nan bwochi Pou fòs jèn yo yo ba ou yo.

Petèt ou konnen gen kèk bagay nan lavi ou ki menase pou ralanti ou oubyen kanpe pwogrè espirityèl ou. Si se sa, suiv konsèy Pòl la: “Ann voye tout bagay k ap antrave kous nou yo byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou an, epi annou kouri avèk pasyans nan chemen ki devan nou an.”9

Li poko twò ta pou w repanti. Men li ka vin ta byen vit, paske okenn nan nou pa vrèman konnen kilè kat minit nou an ap fini.

Kounyeya, nou gen dwa panse: “E si m deja gate tout bagay. Kat minit mwen an deja yon katastwòf. Pito m lage sa.” Si se vre, sispann panse konsa, e pa janm panse konsa ankò. Mirak Ekspyasyon an kapab repare enpèfeksyon pèfòmans nou yo. Jan Èldè Jeffrey R. Holland te anseye a:

“Pou sa nan pami nou yo … ki toujou yon tijan ap ezite yo, … mwen temwaye sou pouvwa amou Bondye genyen pou renouvle a ak mirak lagras li. …

“Li pa janm twò ta osi lontan Mèt la … di gen tan. … Pa retade.”10

Sonje, nou pa poukont nou. Sovè a pwomèt li pap kite nou òfelen.11 Epitou nou gen manm fanmi, zanmi, ak dirijan k ap sipòte nou.

Byenke remak mwen yo se an gran pati pou jèn yo nan Legliz la, pou paran yo ak gran paran yo, m ap di:

Dènyèmn, Èldè David E. Bednar te dekri yon fason senp pou nou fè yon evalyasyon familyal pou make pwogresyon nou sou chemen alyans lan pa òdonans esansyèl yo. Tout sa nou bezwen se yon fèy papye ki gen de kolòn: youn ki se “non” epi lòt la se “plan pou pwochen òdonans la oswa òdonans nesesè a.” Mwen te fè sa dènyèman, m te ekri non chak manm fanmi mwen. Pami yo, m te remake yon pitit pitit gason ki te fèk fèt te gen pou l beni byen vit; yon pitit pitit gason sizan, ke preparasyon li pou batèm te esansyèl; e yon pitit gason ki ta pral gen 18 tan, preparasyon li pou pretriz la ak dotasyon nan tanp te prèske rive. Tout moun nan lis la te bezwen òdonans Sentsèn nan. Aktivite senp sa a te ede Lesa avèk mwen nan akonpli wòl nou pou ede chak manm fanmi nou pwogrese sou chemen alyans lan, avèk yon plan daksyon pou yo chak. Petèt sa se yon ide nou ka itilize, ki ap mennen nan diskisyon familyal, leson sware familyal, preparasyon, e menm envitasyon pou òdonans esansyèl yo nan fanmi nou.12

Antanke moun ki fè ski ak laplanch mwen menm, m te enpresyone pa “pèfòmans kat minit” Torah Bright la, ki se yon atlèt Sen Dènye Jou, ki te pran meday ajan an nan konpetisyon ‘demi-lune’ nan. Li te eblouwi tout mond lan pandan l te fè yon kous san fay nan yon so periye 720 degre. Men, sa k te pi enpresyone mond lan e ki te fè yo etone sete konpòtman plen amou kretyen li genyen anvè konkiran l yo. Li te remake planchis ameriken an, Kelly Clark, ki te fè yon move kous nan premye tou a nan kous final li a, te parèt strese anvan dezyèm tou a. Clark di: “Li te ban m yon akolad. Li te jis kenbe m jiskaske m te vin kalme ase e m te lantman reprann souf mwen. Sa te bon pou m te jwenn yon akolad nan men yon zanmi.” Kelly Clark te vin jwenn Torah sou podyòm moun ki te pran meday yo paske li te pran meday bwonz la.

Lè yo mande l pou ki rezon li te fè yon zak jantiyès inabityèl konsa anvè yon konpetitè, ki ta ka fè l pa pran meday ajan an, Torah te senpleman reponn: “Mwen se yon konpetitè—m vle fè pi byen m kapab—men m vle zanmi konpetitè m yo fè pi byen yo kapab tou.”13

Avèk sa nan lespri ou, èske gen yon moun ki bezwen ankourajman ou? yon manm fanmi w? Yon zanmi? Yon kanmarad klas oubyen yon zanmi nan kowòm ou? Kijan ou ka ede yo jere kat minit yo a?

Chè zanmi mwen, nou nan mitan yon vwayaj egzaltan. Nan yon sètèn fason, n ap fè kous ‘demi-lune’ nan oubyen ‘bobsleigh’ la, e sa ka difisil pou nou akonpli chak eprèv oubyen negosye chak viraj ki nan pakou a. Men sonje, gen dè milenè depi n ap prepare pou sa. Moman an rive pou nou fè prèv nou. Sa a se kat pa nou an! Lè a rive!

Mwen eksprime konfyans total mwen nan kapasite nou. Nou gen Sovè mond lan bò kote nou. Si nou chèche èd li e nou suiv konsèy li, kijan nou ka fè echwe?

M ap fini avèk temwayaj mwen sou benediksyon sa ye pou nou gen yon pwofèt vivan, Prezidan Thomas S. Monson; e m temwaye konsènan Jezikri ak nan wòl li kòm Sovè nou ak Redanmtè nou, nan non sakre li, Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Christine Rappleye, “Mormons in the Olympics: 3 Medals for LDS Athletes at the Winter Games,” deseretnews.com/article/865597546/Mormons-in-the-Olympics-3-medals-for-LDS-athletes-at-the-Winter-Games.html.

  2. Gade Christine Rappleye, “Mormons in the Olympics.”

  3. Gade Sarah Petersen, “Noelle Pikus-Pace Wears LDS Young Women Necklace throughout Olympics,” deseretnews.com/article/865596771/Noelle-Pikus-Pace-wears-LDS-Young-Women-necklace-throughout-Olympics.html.

  4. Gade Amy Donaldson, “Army, Faith Helped Push Mormon Bobsledder Chris Fogt to Olympic Success,” deseretnews.com/article/865597390/Army-faith-helped-push-Mormon-bobsledder-Chris-Fogt-to-Olympic-success.html.

  5. Alma 34:32.

  6. Gade 1 Korentyen 9:24.

  7. Doktrina ak Alyans 84:20.

  8. Gade Alma 34:31–33.

  9. Ebre 12:1.

  10. Jeffrey R. Holland, “The Laborers in the Vineyard,” Ensign oswa Liahona, Me 2012, 33.

  11. Gade Jan 14:18.

  12. David A. Bednar, nan yon konvèsasyon avèk otè a.

  13. Vidya Rao, “Snowboarder Kelly Clark: Hug from Competitor Helped Me Win Bronze,” today.com/sochi/snowboarder-kelly-clark-hug-competitor-helped-me-win-bronze-2D12108132.