Konferans Jeneral
Vin Jwenn Kris la epi Pa Vini Poukont Ou
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Vin Jwenn Kris la epi Pa Vini Poukont Ou

Pi bon fason pou nou amelyore mond lan se prepare mond lan pou Kris la nan envite tout moun pou suiv Li.

Dènyèman m te resevwa lèt yon jènfi k ap chèche aprann. Li te ekri, “M bloke. … M pa vrèman konnen kiyès mwen ye, men m santi m la pou yon bagay grandyoz.”

Èske nou janm konn gen santiman pou chèche sa a, ap mande si Papa nou ki nan Syèl la konnen kiyès nou ye ak si L bezwen nou? Chè jèn mwen yo, mwen temwaye ke repons la se wi! Senyè a gen yon plan pou nou! Li te prepare nou pou epòk sa a, moman sa a menm, pou nou vin yon fòs ak yon rezistans pou byen nan travay puisan L lan. Nou bezwen ou! Sa senpleman pa p osi grandyoz san ou!

Pwofèt Byeneme nou an, Prezidan Russell M. Nelson, yon fwa te raple m de verite senp ki fondamantal nan travay grandyoz ak gloriye nou an.

M sonje m te chita sou yon kanape avèk mari m lè pwofèt nou an te apwoche chèz li, prèske jenou pou jenou avèk nou, epi l te gade m avèk zye pèsan bleu l yo. M pa t sèten si kè m t ap bat fò oubyen si l te kanpe konplètman lè l te aple m pou m te sèvi kòm Prezidant Jeneral Jènfi yo. Li te poze yon kesyon ki toujou ap fè eko nan kè m, “Sè Cordon, ki bagay ki pi enpòtan [jèn] yo bezwen konnen?”

M te reflechi pandan yon ti moman epi m te di, “Yo bezwen konnen kiyès yo ye.”

Li te eksklame “WI!” “E yo bezwen konnen bi yo.”

Idantite Diven Nou

Ou se yon pitit fi byeneme Paran Selès. Papa nou ki nan Syèl la si tèlman renmen w ke L te voye Pitit Gason L lan, Jezikri, pou ekspye pou oumenm avèk mwen.1 Lanmou Sovè a pou nou san fay—menm lè nou fayi! Anyen pa ka separe nou avèk lanmou Bondye.2 Sonje lanmou sa a kapab ede w repouse konfizyon mond lan k ap eseye febli konfyans ou nan idantite divin ou ak avegle w pou w pa wè potansyèl ou a.

Nan yon konferans jèn FSY, mwen te rankontre de jènfi ki t ap lite. Toulède jènnfi sa yo te mansyone ke yo te al li benediksyon patriyakal yo pou yo te ka redekouvri lanmou ak direksyon Senyè a pou yo pèsonèlman. Chèche benediksyon patriyakal nou, retire pousyè sou li si bezwen, men etidye l souvan. Si w poko gen youn, al mande youn—vit. Pa retade pou w wè sa Senyè a vle di w kounyea sou kiyès ou ye.

Bi Etènèl Nou

Dezyèm verite Prezidan Nelson te di m jou sa a se konnen bi nou. Sa se responsablite grandyoz ak nòb nou.

Sa gen kèk ane, pitit gason m nan, Tanner, te gen senkan sèlman lè l te jwe premye match foutbòl li. Li te eksite!

Lè nou te rive nan match la, nou te reyalize ke ekip li a te itilize yon kan foutbòl gwosè nòmal—pa yon ti kan pliyab men yon gwo filè byen laj ki te sanble l te menm twò laj pou timoun senkan.

Match la te pran pwopòsyon ireyèl pou mwen lè m te wè Tanner pran pozisyon l kòm gadyen. Mwen te sezi etone anpil. Èske l te vrèman konprann bi li devan kan an?

Kout siflè a te pati, epi nou te vin sitèlman plonje nan jwèt la ke nou te bliye Tanner. Toudenkou, youn nan manm ekip advès la te rekipere balon an epi l te drible l a tout vitès voye l bay Tanner. M te gade nan direksyon Tanner pou m te asire m ke l te pare pou kenbe pozisyon li epi defann kan an. M te wè yon bagay m pa t janm panse m t ap wè.

Imaj
Yon tigason kòm gadyen nan kan an

Nan yon moman done nan match la, Tanner te vin distrè epi li te kòmanse ap mete bra goch li nan twou yo nan filè a. Apresa li te fè menm bagay la pou bra dwat li. Apre pou pye goch li. Finalman pye dwat li. Tanner te konplètman anpetre nan filè a. Li te bliye bi li ak responsablite ekip la te konfye l la.

Imaj
Tigason anpetre nan yon filè

Alòske karyè foutbòl Tanner a pa t dire twò lontan, leson m te aprann jou sa a p ap janm efase. Nou tout konn vin distrè pafwa sou rezon k fè nou isit la epi nou vire enèji nou yon lòt kote. Youn nan zouti ki pi puisan Satan itilize se distrè nou avèk bon kòz ki, nan moman kritik, ka avegle nou epi elwanye nou de travay nou aple pou nou fè nan mond sa a.3

Bi etènèl nou se vin jwenn Kris la epi aktivman ini avèk Li nan gran travay Li a. Sa osi senp ke fè sa Prezidan Nelson te ansenye a: “Nenpòt lè nou fè nenpòt bagay k ap ede nenpòt moun … fè ak respekte alyans yo avèk Bondye, n ap ede rasanble Izrayèl.”4 Epi lè nou fè travay Li a ansanm avèk Li, nou vin konnen L e renmen L pi byen.

Apresa, nou chèche kontinyèlman pou n rapwoche nou de Sovè a atravè lafwa, repantans ke nou cheri, ak kenbe kòmandman yo. Lè nou liye nou avèk Li atravè alyans ak òdonans, nou ranpli lavi nou avèk plis konfyans,5 pwoteksyon,6 ak lajwa pwofon ak dirab.7

Lè nou vin jwenn Li, nou vin wè lòt moun jan L wè yo a.8 Vin jwenn Kris la Vini kounyea, men pa vini poukont ou!9

Levanjil Jezikri a non sèlman bèl; men li esansyèl pou tout moun. “Pa gen okenn lòt chemen ni mwayen ki kapab sove lèzòm, sèlman nan e atravè Kris la.”7 Nou bezwen Jezikri! Mond lan bezwen Jezikri.11

Sonje, pi bon fason pou nou amelyore mond lan se prepare mond lan pou Kris la nan suiv Li kounyea.

Gen yon istwa nan Liv Mòmon an ki pale de Sovè resisite a ki t ap pase tan avèk Nefit yo. Èske nou ka imajine kisa sa t ap ye?

Lè Kris la te anonse ke L te oblije retounen al jwenn Papa a, “li te voye je gade foul la ankò.”12 Lè l te wè dlo ki te nan je moun yo, Li te konnen ke nan kè yo, yo te anvi pou L te rete pi lontan avèk yo.

Imaj
Sovè a te envite Nefit yo pou L te geri yo.

Li te mande: “Èske gen moun ki malad nan mitan nou? Mennen yo vini. Èske nou gen moun ki paralize, oubyen avèg, … oubyen ki soud, oubyen ki aflije nan nenpòt fason? Mennen yo vini e M ap geri yo.“13

Nan gwo konpasyon Li, Li pa t mete okenn limit epi Li te rele tout moun “ki te aflije nan nenpòt fason.” M renmen lefèt ke pa gen anyen ki twò gwo ni twò piti pou Jezikri geri.

Li konn soufrans nou tou epi Li di, Mennen moun ki angwase ak deprime yo, moun ki fatige yo, moun ògeye ak moun yo malkonprann yo, moun ki izole yo, oubyen moun ki “aflije nan nenpòt fason.”

Imaj
Sovè a k ap geri

Epi tout foul la “te vini … ; epi li te geri yo youn apre lòt. …

“… Epi yo tout, ni sa yo ki te geri yo ni sa ki pa t malad yo te bese nan pye l, e yo te adore l.”14

Chak fwa m li bagay sa a, mwen mande tèt mwen: Kiyès m t ap mennen bay Kris la? Kiyès w ap mennen?

Èske n ap gade bò kote nou ankò, jan Jezi te fè a, pou asire nou ke nou pa bliye pèsonn epi nou envite chak moun pou vin konnen Li?

Kite m pataje yon egzanp modèn sou kijan sa ka senp. Zanmi mwen, Peyton, ki gen 15 zan, te fikse yon bi pou l te li senk vèsè ekriti nan dejene l chak jou, men li pa t fè l poukont li. Peyton te gade bò kote li, epi l te envite paran l ak frè ak sè l yo, e menm ti frè l ki te gen senkan an. Ti jès aparaman piti sa a se sa Kris la t ap ansenye lè L te envite, “Mennen yo vini” an.

Senyè a lanse menm envitasyon sa a jodia. Jènfi ak jènjan, kòmanse kounyea, kote nou ye a—nan pwòp fwaye nou. Èske nou priye Pè Selès la epi mande L kijan nou ka sipòte paran nou pandan y ap kontinye vin jwenn Kris la? Yo bezwen nou menm jan nou bezwen yo a.

Apresa gade ankò pou frè ak sè nou, zanmi nou, ak vwazen nou yo. Kiyès n ap mennen bay Kris la?

Sovè nou an te deklare, “Gade, m se limyè a; m te tabli yon egzanp pou nou.”15 N ap santi lanmou ak lapè Sovè a lè nou ini avèk Li pou sove fanmi Bondye a, paske Li pwomèt, “Moun ki suiv mwen pa p mache nan fènwa, men, l ap gen limyè lavi a.”16

Ala yon epòk glorye pou nou angaje nan koz Kris la!

Wi, nou la a pou yon bagay grandyoz. Mwen mete m avèk Prezidan Nelson, ki te di, “Senyè a bezwen nou pou chanje mond lan. Lè n aksepte ak suiv volonte L pou nou, n ap ka akonpli lenposib!“17

Mwen temwaye byen fèm ke Senyè a konnen kiyès ou ye, e Li renmen w! Ansanm n ap fè travay Li a avanse jiskaske gran jou sa a rive kote Kris la Limenm ap retounen sou tè sa a epi rele nou chak pou nou “vini.” Nou va reyini ansanm ak lajwa, paske nou se moun ki vin jwenn Kris la, e nou pa vini poukont nou. Nan non Jezikri, amèn.