Konferans Jeneral
Gade pi Lwen Devan
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Gade pi Lwen Devan

Konsantre sou bagay ki pi enpòtan yo—espesyalman bagay ki “pi lwen devan” yo, bagay ki etènèl yo—se yon kle pou nou navige atravè lavi a.

Lè m te gen kenzan, m te resevwa pèmi pou m te aprann kondui, sa ki te pèmèt mwen kondui yon machin si yonn nan paran m yo te avèk mwen. Lè papa m te mande si m ta renmen al kondui, m te kontan anpil.

Li te kondui sou kèk kilomèt ale andeyò vil la al sou yon wout long, dwat, ki gen de branch ki pa t gen anpil moun ki te konn frekante l—pou mwenmenm, sanble sete sèl kote li t ap santi l an sekirite. Li te rete machin nan bò wout la, epi nou te chanje chèz. Li te ban m kèk konsèy epi l te di m, “Pran wout la dousman epi jis kondui jiskaske m di w kanpe.”

M te suiv lòd li egzakteman. Men, apre anviwon 60 segond, li te di, “Pitit gason m, kanpe machin nan. Ou fè m anvi vomi. W ap fè zigzag sou tout wout la.” Li te mande m: “Kisa w gade?”

Avèk yon ti iritasyon, m te di, “M gade wout la.”

Apresa li te di: “Mwen gade je w, e m wè w sèlman gade sa ki jis devan kapo machin nan. Si w gade sa k dirèkteman devan w nan sèlman, ou pap janm ka kondui dwat.” Apresa li te ensiste, “Gade pi lwen devan. Sa ap ede w kondui dwat.”

Kòm yon timoun kenzan, m te panse sete yon bon leson pou kondui. Men, mwen vin reyalize kounyea ke sete yon gwo leson pou lavi tou. Konsantre sou bagay ki pi enpòtan yo—espesyalman bagay ki “pi lwen devan” yo, bagay ki etènèl yo—se yon kle pou nou navige atravè lavi a.

Nan yon okazyon nan lavi Sovè a, Li te anvi rete poukont Li, konsa “li te monte poukont li sou yon ti mòn pou l t al lapriyè.”1 Li te voye disip Li yo ale avèk enstriksyon pou yo te travèse lanmè a. Nan fènwa lannuit la, bato ki te pote disip yo te pran anba yon tanpèt fewòs. Jezi te vin pote yo sekou, men, nan yon fason inabityèl. Ekriti a di nou “A katrè nan maten, Jezi te mache sou dlo a pou l al jwenn yo.”2 Lè yo te wè L, yo te kòmanse pè, paske yo te panse ke fòm moun yo te wè ki t ap apwoche sou yo a sete kèk fantòm oubyen espri. Jezi te santi apreyansyon yo epi L te vle kalme panse yo ak kèk yo, li te di yo, “Poze kè nou; se mwen menm; pa pè.”3

Pyè te non sèlman soulaje, men li te santi l brav tou. Toujou plen kouraj, e souvan emosyonèl, Pyè te di Jezi, “Senyè, si se ou, mande m pou m vin jwenn ou sou dlo a.”4 Jezi te reponn avèk envitasyon etènèl familye L la: “Vini.”5

Pyè, siman tou eksite pou posiblite sa a, te sòti andedan bato a, non pa al nan dlo a, men, al sou dlo a. Pandan l t ap konsantre sou Sovè a, li te rive fè bagay enposib la, li te mache sou dlo a. Toudabò, tanpèt la pa t ebranle Pyè. Men, “gwo” van yo6 te distrè l alafen, epi l te pèdi konsantrasyon li. Laperèz la te retounen. Kòm konsekans, lafwa l te diminye, epi l te kòmanse nwaye. “Li te rele, li te di, Senyè, sove m.”7 Sovè a ki te toujou pare pou L sove moun, te lonje men L epi l te rale Pyè al an sekirite.

Gen yon miltitid leson pou nou aprann nan istwa mirakile sa a, men, m ap mansyone twa.

Konsantre sou Kris la.

Premye leson an: konsantre sou Kris la. Lè Pyè te kenbe je l konsantre sou Jezi, li te ka mache sou dlo a. Tanpèt la, vag lanmè yo, ak van an pa t ka deranje l, toutotan l te konsantre l sou Sovè a.

Lè nou konprann objektif final nou, sa ede nou detèmine sou kisa nou ta dwe konsantre. Nou pa ka jwe yon match avèk siksè san nou pa konnen bi a, ni viv yon lavi siyifikatif san konnen objektif li. Yonn nan gwo benediksyon nan levanjil retabli Jezikri a sèke, pami lòt bagay, li reponn kesyon “Kisa bi lavi a ye?” “Bi nou nan lavi sa a, se pou nou gen lajwa epi prepare pou nou retounen nan prezans Bondye.”8 Lè nou sonje nou isit sou tè a pou prepare nou pou n retounen viv avèk Bondye, sa ede nou konsantre sou bagay ki mennen nou al kote Kris la.

Konsantre sou Kris la mande disiplin, espesyalman nan ti abitid senp ki ede nou vin tounen pi bon disip yo. Pa gen disip san disiplin.

Konsantrasyon nou sou Kris la vin pi klè lè nou gade pi lwen devan nou sou kote nou vle ye a ak kiyès nou vle vin ye epi apresa, nou kreye tan chak jou pou bagay ki ap ede nou rive la yo. Konsantre sou Kris la ka senplifye desizyon nou e banou direksyon sou fason nou ka bi byen itilize tan nou ak resous nou.

Pandan ke gen anpil bagay ki merite atansyon nou, nou aprann nan egzanp Pyè a kijan sa enpòtan pou nou toujou kenbe Kris la nan sant atansyon nou. Se sèlman atravè Jezikri nou ka retounen al viv avèk Bondye. Nou depann sou gras Kris la lè nou fè efò pou nou vin tankou Li ak chèche padon Li epi ak pouvwa L pou ranfòse nou lè nou pa alawotè.

Fè Atansyon a Distraksyon

Dezyèm leson an: fè atansyon a distraksyon. Lè Pyè te retire detounen atansyon l sou Jezi epi l te pote atansyon a van an, ak vag lanmè ki te anviwonnen pye l yo, li te kòmanse nwaye.

Gen anpil bagay “devan kapo machin nan” ki ka distrè nou pou anpeche nou konsantre sou Kris la ak sou bagay etènèl ki “pi lwen devan” nou yo. Dyab la se gran distraktè a. Nan rèv Leyi a, nou aprann ke vwa ki sòti nan gwo kay byenlaj la ap chèche atire nou sou bagay k ap retire nou sou chemen preparasyon pou nou retounen al viv avèk Bondye a.9

Men, gen kèk lòt distraksyon ki pa vizib ki ka osi danjere tou. Jan pwovèb la di a, “Sèl bagay ki nesesè pou triyonf dyab la se lè bon moun pa fè anyen.” Advèsè a sanble l detèmine pou l fè bon moun pa fè anyen, oubyen omwen pou l fè yo gaspiye tan yo nan bagay ki ap distrè yo lwen objektif ak bi elve yo. Paregzanp, kèk divètisman bon kalite ki fèt nan moderasyon ka vin tounen distraksyon malsen si yo san disiplin. Advèsè a konprann ke distraksyon pa bezwen pa bon ni imoral pou yo efikas.

Nou Ka Jwenn Sekou

Twazyèm leson: nou ka jwenn sekou. Lè Pyè te kòmanse nwaye, li te rele, “Senyè, sove m. Epi imedyatman Jezi te lonje men Li epi L te pran Pyè.”10 Lè n ap nwaye, lè nou rankontre afliksyon, oubyen lè nou bite, Li ka pote nou sekou tou.

Devan afliksyon, oubyen eprèv, nou ka tankou mwenmenm epi espere ke sekou a ap imedyat. Men, sonje ke Sovè a te vin ede Apot yo nan katriyèm lè a nan lannuit la—apre ke yo te fin pase majorite nuit la ap debat nan tanpèt la.11 Nou ka priye pou ke, si èd la pa vini imediatman, l ap vini omwen nan dezyèm lè nan lannuit la oubyen nan twazyèm lè lannuit pwovèbyal la. Lè nou dwe rete tann, rete asire ke Sovè a ap toujou ap veye, pou asire L ke nou p ap gen pou nou andire plis pase sa nou ka sipòte.12 Pou moun k ap rete tann nan katriyèm lè nan lannuit la, petèt ki ankò nan mitan soufrans yo, pa pèdi espwa. Sekou toujou vini pou fidèl yo, keseswa pandan mòtalite a oubyen nan letènite yo.

Kèkfwa, n ap nwaye akoz erè ak transgresyon nou. Si w twouve w ap nwaye pou rezon sa yo, fè chwa jwaye pou w repanti a.13 Mwen kwè ke se sèlman kèk bagay ki bay Sovè a plis lajwa pase sove moun ki tounen, oubyen ki retounen vin jwenn Li.14 Ekriti yo chaje istwa moun ki te tonbe yon fwa epi ki te enpafè, men, ki te repanti epi ki te vin fèm nan lafwa nan Kris la. M panse ke istwa sa yo la nan ekriti yo pou raple nou ke amou Sovè a pou nou ak pouvwa L pou rachte nou an enfini. Non sèlman Sovè a gen lajwa lè nou repanti, men, nou resevwa gwo lajwa tou.

Konklizyon

M envite nou pou nou entansyonèlman “gade pi lwen devan” sou wout la epi ogmante konsantrasyon nou sou bagay ki reyèlman gen enpòtans yo. Se pou nou kenbe Kris ka nan sant konsantrasyon nou. Nan mitan tout distraksyon yo, bagay ki “devan nen machin nan,” ak toubiyon ki antoure nou yo, mwen temwaye ke Jezi se Sovè nou ak Redanmtè nou, k ap pote nou sekou. Nan non Jezikri, Amèn.