Konferans Jeneral
Lanmou Bondye
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Lanmou Bondye

Papa nou ak Redanmtè nou an beni nou avèk kòmandman Yo ba nou, epi si nou obeyi kòmandman yo, n ap santi lanmou pafè Yo pi konplètman ak pi pwofondeman.

Papa nou ki nan Syèl la renmen nou pwofondeman e pafètman.1 Nan lanmou Li, Li te kreye yon plan, yon plan redanmsyon ak bonè pou ouvri pou nou tout opòtinite ak lajwa nou ta gen dezi resevwa, enkli tout sa L genyen ak tout sa L ye.2 Pou akonpli sa, Li te menm dispoze pou L te ofri Pitit gason Byeneme L la, Jezikri, kòm Redanmtè nou. “Paske Bondye sitèlman renmen lèzòm, ke li te bay sèl Pitit Gason Literal li a pou tout moun ki va mete konfyans yo nan li pap pèdi lavi yo. Okontrè ya va gen lavi ki pap janm fini an”3 Li se yon papa ki gen yon lanmou ki pure—inivèsèl pou tout moun men ki pèsonèl pou chak moun.

Menmjan ak Papa a, Jezikri gen menm lanmou pafè sa a tou. Lè Papa a te premye elabore gran plan bonè L la, Li te mande pou yon moun te sèvi kòm yon Sovè pou rachte nou—yon pati esansyèl nan plan sa a. Jezi te pòte L volontè, “Men Mwen, voye m”4 Sovè a “pa fè anyen ki pa pou benefis mond lan; paske li renmen mond lan tèlman, li bay lavi pa l pou l kapab atire tout moun sou li. Se poutèt sa, li pa kòmande pèsonn pou yo pa pran pa nan sali pa li a.”5

Lanmou diven sa a ta dwe ba nou konsolasyon ak konfyans an abondans pandan n ap priye Papa a nan non Kris la. Pa gen youn nan nou ki se etranje pou yo. Nou pa bezwen ezite rele Bondye, menm lè nou santi nou pa diy. Nou ka konte sou mizerikòd ak merit Jezikri pou Yo tande nou.6 Epi si nou demere nan lanmou Bondye, nou depann mwens de apwobasyon lòt moun pou gide nou.

Lanmou Bondye Pa eskize Peche; Okontrè li Ofri Redanmsyon

Paske lanmou Bondye anbrase tout bagay, kèk moun konsidere l kòm “san kondisyon,” epi nan espri yo, yo gendwa menm panse ke sa vledi benediksyon Bondye yo “san kondisyon,” epi sali a “san kondisyon.” Se pa vre. Kèk gen abitid di , “Sovè a jis renmen m janm ye a ,” e sètènman sa se vre. Men Li pa ka jis fè okenn nan nou rantre nan wayòm ni an jan nou ye a, “paske okenn bagay ki pa pwòp pa kapab rete, oubyen demere nan prezans li.”7 Peche nou yo dwe rezoud dabò.

Pwofesè Hugh Nibley te fè remake yon fwa ke wayòm Bondye a p ap kapab andire si l sipòte menm ti peche ki pi piti a: “Menm ti kal koripsyon ki pi piti a ap vle di ke lòt mond lan p ap ni enkoriptib ni etènèl.” Nenpòt ti fay nan yon batiman, yon enstitisyon, oswa yon moun pral inevitableman revele l fatal nan wout long letènite a.”8 Kòmandman Bondye yo “strik”9 paske wayòm Li an ak sitwayen L yo ka reziste sèlman si yo konstaman rejte mal epi chwazi byen, san eksepsyon.10

Èldè Jeffrey R. Holland te fè remake, “Jezi te konprann klèman sa anpil moun nan kilti modèn nou an sanble yo bliye: ke gen yon diferans enpòtan ant kòmandman pou padone peche a (ke L gen kapasite enfini pou L fè) ak avètisman kont tolere peche a (ke Li pa t janm fè, menm yon fwa).”11

Sepandan, malgre enpèfeksyon prezan nou yo, nou ka toujou espere rive jwenn “yon non ak yon pozisyon,”12 yon plas, nan Legliz Li a ak nan mond selès la. Apre ke L te klèman fè nou konnen ke Li pa ka ekskize peche ni fèmen je L sou peche, Senyè a asire nou:

“Malgre sa, yon moun ki repanti epi ki obeyi kòmandman Senyè a l ap jwenn padon.”13

Epi depi pèp mwen an repanti, m ap padone peche yo fè kont mwen.”14

Repantans ak gras divin rezoud dilèm nan:

“Sonje pawòl Amilèk te di Zizwòm nan vil Amoniya a tou; paske li te di l, toutbon Senyè a gen pou l vin rachte pèp li a, men li p ap vin rachte yo nan peche yo, men, l ap rachte yo anba peche yo.

“Epi, papa l te ba l pouvwa pou l rachte yo anba peche si yo repanti; se poutèt sa, li te voye zanj li yo pou deklare bòn nouvèl sou kondisyon repantans yo, ki mennen nan pouvwa Redanmtè a pou nanm yo kapab sove.”15

Sou kondisyon repantans, Senyè a ka ofri mizerikòd san L pa deranje lajistis, epi, “Bondye p ap sispann Bondye.”16

Apwòch mond lan, jan nou konnen, se anti-Kris, oubyen “tout bagay sof Kris la.” Epòk nou an se yon repetisyon istwa nan Liv Mòmon an kote pèsonaj karismatik ap chèche mete dominasyon enjis sou lòt moun, kote yo selebre lisans seksyèl, epi yo fè pwomosyon pou akimile richès kòm bi egzistans nou. Filozofi yo jistifye “moun ki komèt yon ti peche”17 oubyen menm anpil peche, men yo youn pa ka ofri redanmsyon. Sa vini sèlman atravè san Ti Mouton an. Pi bon bagay patizan “tout bagay sof Kris” yo oubyen “tout bagay sof repantans” yo ka ofri se deklarasyon san fondman ke peche pa egziste, oubyen menmsi li egziste, alafen li pa gen okenn konsekans. M pa panse ke agiman sa a ap gen anpil pwa nan Jijman Final la.18

Nou pa oblije tante lenposib nan eseye jistifye peche nou yo. Epi yon lòt kote, nou pa oblije tante lenposib nan efase efè peche yo pa pwòp merit pa nou sèlman. Relijyon nou an se pa yon relijyon rasyonalizasyon ni yon relijyon pèfeksyonis, men se yon relijyon redanmsyon—redanmsyon atravè Jezikri. Si nou fè pati moun ki penitan yo, gras ak Ekspyasyon L lan, peche nou yo kloure sou kwa L la, epi “blese L yo geri nou.”19

Lanmou Pwofon Pwofèt yo Reflete Lanmou Bondye

Mwen te toujou enpresyone ak santi lanmou sensè pwofèt Bondye yo nan avètisman yo ba nou kont peche yo. Yo pa motive pa yon dezi pou kondane. Vrè dezi yo reflete lanmou Bondye, anfèt, li se lanmou Bondye. Yo renmen moun yo voye yo al sèvi yo, kèlkeswa moun yo ye e kèlkeswa sa yo ka sanble. Menmjan ak Senyè a, sèvitè L yo pa vle pèsonn moun soufri doulè peche ak move chwa yo.20

Yo te voye Alma al deklare mesaj repantans ak redanmsyon bay yon pèp plen rayiman ki te dispoze pou yo te pèsekite, tòtire, epi menm touye Kretyen yo, enkli Alma limenm. Men li te renmen yo epi li te sousye pou sali yo. Apre l te fin anonse pèp Amoniya a Ekspyasyon Kris la, Alma te egzòte yo konsa: “Epi kounyeya, frè m yo, m swete, nan tout fon kè m, wi, avèk anpil anksyete ki fè m mal, pou nou ta koute pawòl mwen yo, e pou nou chase peche nou yo, e pou nou pa ranvwaye jou repantans nou an; … pou nou kapab leve nan dènye jou yo, pou nou antre nan repo [Bondye] a.”21

Selon pawòl Prezidan Russell M. Nelson, “Se presizeman paske nou pwofondeman sousye pou tout pitit Bondye yo ke nou pwoklame verite L la.”22

Bondye Renmen Ou; Èske Ou Renmen Li?

Lanmou Papa a ak Pitit Gason an vini gratis men li enkli espwa ak atant tou. Ankò, m ap site Prezidan Nelson: “Lwa Bondye yo motive totalman pa lanmou enfini Li pou nou ak dezi Li pou nou vin tout sa nou kapab devni.”23

Paske yo renmen ou, Yo pa vle kite w “jis jan ou ye a.” Paske Yo renmen ou, Yo vle w vin tankou Yo. Paske yo renmen ou,Yo vle w repanti paske sa se wout ki mennen nan bonè. Men sa se chwa pa ou—Yo respekte libabit ou. Ou dwe chwazi pou w renmen Yo, pou sèvi Yo, pou kenbe kòmandman yo. Apresa Yo ka beni w epi renmen w pi abondaman tou.

Prensipal sa yo atann de nou sèke nou renmen yo tou. “Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye , paske Bondhye se renmen menm.”24 Tankou Jan te ekri a , “Byeneme, si Bondye sitèlman renmen nou, nou youn dwe renmen lòt tou.”25

Ansyen Prezidant Jeneral Primè a, Joy D. Jones, te rakonte ke kòm yon jèn koup, yo te aple limenm avèk mari li pou yo te vizite ak sèvi yon fanmi ki pa t vin legliz depi dèzane. Sa te imedyatman klè nan premye vizit yo a ke yo pa t byenveni. Apre fristrasyon plizyè tantativ vizit san siksè, epi apre anpil lapriyè ak meditasyon sensè, Frè ak Sè Jones te resevwa yon repons ki te fè yo konprann rezon pou yo te sèvi fanmi sa a nan vèsè sa a nan Doktrin ak Alyans yo: “Nou dwe renmen Senyè Bondye nou an avèk tout kè nou, avèk tout pouvwa nou, tout panse nou, epi tout fòs nou, epi nan non Jezikri nou dwe sèvi li.26 Sè Jones te di:

“Nou te reyalize ke nou t ap fè efò sensè pou sèvi fanmi sa a ak evèk nou an, men nou te oblije mande tèt nou si nou te reyèlman ap sèvi akoz lanmou nou pou Senyè a. …

“… Avèk enpasyans, nou te kòmanse ap tann vizit nou yo avèk fanmi espesyal sa a akoz lanmou nou pou Senyè a [gade 1 Nefi 11:22]. Se pou Li nou t ap fè sa. Li te fè lit la vin pa yon lit ankò. Apre plizyè mwa kanpe pale devan pòt la, fanmi an te kòmanse envite nou antre. Alafen, nou te vin gen priyè regilye ak bèl diskisyon sou levanjil la ansanm. Yon amitye dirab te devlope. Nou t ap adore ak renmen Li nan renmen pitit Li yo.”27

Lè nou rekonèt ke Bondye renmen nou pafètman, nou chak gendwa mande, “Nan ki nivo mwen renmen Bondye? Èske Li ka konte sou lanmou m jan mwen konte sou lanmou L lan?” Èske sa pa t ap yon aspirasyon diy pou nou ta viv yon fason pou Bondye ka renmen nou, non pa sèlman an depi de echèk nou yo, men tou akoz sa nou ap vin tounen? Oh, paregzanp, pou L ta ka di pou oumenm avèk mwen jan L te di pou Hyrum Smith la, “Mwenmenm, Senyè a, m renmen li akoz entegrite ki nan kè li.”28 An nou sonje egzòtasyon sensè Jan an: “Paske sa se lanmou Bondye a, pou nou kenbe kòmandman li yo: epi kòmandman li yo pa penib.”29

Anfèt, kòmandman L yo pa penib—yo se opoze a. Yo simaye sou wout gerizon, bonè, lapè, ak lajwa a. Papa nou ak Redanmtè nou an beni nou avèk kòmandman, epi si nou obeyi kòmandman Yo ba nou yo, n ap santi lanmou pafè Yo pi konplètman ak pi pwofondeman.30

Men solisyon pou epòk kontansyon sanrete nou yo—lanmou Bondye. Nan laj dò istwa Liv Mòmon an, apre ministè Sovè a, yo rapòte ke “pa t genyen okenn kontansyon nan peyi a, akoz lanmou Bondye ki te abite nan kè tout pèp la.”31 Pandan n ap fè efò pou nou bati Siyon, sonje pwomès sa a ki nan Revelasyon an: “Benediksyon pou moun ki suiv kòmandman li yo, pou yo ka gendwa rive nan pyebwa lavi a, epi pou yo ka antre travèse baryè yo rive nan vil [sent] la.”32

Mwen rann temwayaj sou reyalite Pè Selès nou an avèk Redanmtè nou an, Jezikri, ak sou lanmou konstan ak enfayib Yo. Nan non Jezikri, amèn.