Konferans Jeneral
Fè konfyans ankò
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Fè konfyans ankò

Konfyans nan Bondye ak youn nan lòt pote benediksyon soti nan syèl la.

Yon jou, lè m te trè jèn, mwen te panse yon ti moman pou m te sove pati kite lakay mwen. Nan lespri tigason m te ye a, pa t gen okenn moun ki te renmen mwen.

Manman m te yon moun atantif; li te koute epi li te rasire m. Mwen te an sekirite lakay la.

Èske w janm konn santi w ta kouri kite lakay ou? Souvan, kouri kite lakay la vle di ke konfyans ou bese oubyen l kraze—konfyans nan tèt ou, konfyans youn nan lòt, konfyans ou nan Bondye. Lè konfyans nou brize, nou mande tèt nou si nou ka fè konfyans ankò.

Mesaj mwen jodia sèke, keseswa n ap vini oubyen n ap retounen lakay, Bondye ap rankontre nou nan wout.1 Nan Li nou ka jwenn lafwa ak kouraj, sajès ak disènman, pou nou gen konfyans ankò. Menmjan tou, Li mande nou pou nou kenbe limyè nou youn sou lòt, pou nou ka pi padonan e mwens jije tèt nou e mwens jije youn lòt, pou Legliz Li a kapab yon andwa kote nou santi nou lakay nou, keseswa n ap vini pou lapremyè fwa oubyen n ap retounen.

Konfyans se yon zak lafwa. Bondye fè nou konfyans. Men, konfyans lòm ka ebranle oubyen detwi lè:

  • Yon zanmi, yon asosye, oubyen yon moun nou fè konfyans pa sensè, oubyen blese nou, oubyen pase sou nou.2

  • Yon konjwen enfidèl.

  • Petèt sanzatann, yon moun nou renmen konfwonte a lanmò, blese, oswa maladi.

  • Nou fè fas a yon kesyon levanjil ke nou pa t atann, petèt yon bagay ki konsène istwa Legliz la oswa règ Legliz la, epi yon moun di Legliz la te kache kèk bagay oubyen pa t di laverite.

Gen lòt sitiyasyon ankò ki petèt mwens espesifik men ki bay menm pwoblèm sa yo.

Petèt nou pa santi nou lakay nou nan Legliz la, nou pa santi nou nan plas nou, nou santi lòt moun ap jije nou.

Oubyen, malgre nou deja fè tout sa nou ta dwe fè, bagay yo poko ka mache. Malgre eksperyans pèsonèl nou avèk Sentespri a, nou gen dwa poko santi ke nou konnen ke Bondye vivan oubyen ke levanjil la vre.

Jodia, anpil moun santi ke sa enpòtan anpil pou nou retabli konfyans nan relasyon ant lèzòm ak nan sosyete modèn nan.3

Lè nou reflechi sou konfyans, nou konnen Bondye se yon Bondye verite epi Li “pa ka bay manti.”4 Nou konnen ke verite se yon konesans sou bagay yo jan yo ye, jan yo te ye, ak jan y ap vin ye.5 Nou konnen revelasyon ak enspirasyon kontinyèl koresponn avèk verite ki p ap chanje nan sikonstans k ap chanje.

Nou konnen ke kraze alyans nou kapab brize kè nou. Li di: “Mwen fè kèk bagay ki ensanse.” “Èske w ap padone m yon jou?” Mari ak madanm ka rete men nan lamen, avèk espwa ke youn ka refè lòt konfyans ankò. Nan yon kontèks diferan, yon prizonye di tèt li: “Si m te respekte Pawòl Sajès la, mwen pa t ap la a.”

Nou konn lajwa ki genyen nan chemen alyans Senyè a, epi apèl pou sèvi nan Legliz Li a se yon envitasyon pou nou santi konfyans ak lanmou Bondye pou nou epi youn pou youn lòt. Manm Legliz yo, menm adilt sèl yo, sèvi regilyèman nan tout Legliz la ak nan kominote nou yo.

Pa enspirasyon, yon episkopa bay yon jèn koup apèl pou sèvi nan gadri pawas la. Toudabò, mari a chita nan yon kwen, detache e byen lwen. Tikal pa tikal, li kòmanse souri avèk timoun yo. Nan apre, koup la eksprime gratitid li. Yo di, toudabò, madanm nan te anvi fè pitit, men mari a pa t vle. Kounyea, sèvi nan gadri a chanje yo epi ini yo. Li pote lajwa timoun yo nan maryaj yo a ak nan fwaye yo.

Nan yon lòt vil, yon jèn manman ki gen timoun piti avèk mari li te etone e yo te santi yo depase men yo te aksepte yon apèl pou l te sèvi kòm prezidant Sosyete Sekou. Tousuit apre, yon tanpèt glas te koupe elektrisite, sa ki te kite etajè yo vid nan magazen yo epi kay yo te frèt tankou bwat glas. Paske yo te gen limyè ak chalè, jèn fanmi sa a te ouvri pòt kay li avèk jenewozite pou plizyè fanmi avèk lòt moun an atandan ke tanpèt la te pase.

Konfyans vin reyèl lè nou fè bagay ki difisil yo ak lafwa. Sèvis ak sakrifis ogmante kapasite epi yo rafine kè. Konfyans nan Bondye ak youn nan lòt pote benediksyon soti nan syèl la.

Apre l te fin geri anba yon kansè, machin te frape yon frè fidèl. Olye l te chita ap santi pitye pou tèt li, li te mande nan lapriyè “Kisa m ka aprann nan eksperyans sa a?” Nan swen entansif kote l te ye lopital la, li te santi l pouse pou l te remake yon enfimyè ki te enkyè osijè mari l ak pitit li. Yon malad ki t ap soufri te jwenn repons dèske l fè Bondye konfyans epi li te lonje lamen bay lòt moun.

Pandan yon frè ki te gen pwoblèm avèk pònografi t ap tann devan biwo li, yon prezidan pieu te priye pou l te ka konn kijan pou l te ede l. Li te resevwa yon enpresyon klè ki te di “Ouvri pòt la epi kite l antre.” Avèk lafwa ak konfyans ke Bondye t ap ede l, dirijan prètriz la te ouvri pòt la epi l te anbrase frè a. Yo chak te santi yon amou ak konfyans transfòman pou Bondye ak youn pou lòt. Fòtifye, frè a te kapab kòmanse repanti epi chanje.

Byenke sikonstans chak moun pèsonèl, prensip levanjil yo ak Sentespri a kapab ede nou konnen si nou ka refè kòt moun konfyans, kijan, ak kilè. Lè konfyans nou brize epi nou santi nou trayi, desepsyon ak dezantchantman nou reyèl; menmjan ak bezwen disènman pou nou ka konnen kilè lafwa ak kouraj merite pou nou remete konfyans nan relasyon imen ankò.

Men, sou kesyon Bondye avèk revelasyon pèsonèl la, Prezidan Russell M. Nelson asire nou: “Nou pa bezwen mande tèt nou kiyès nou ka fè konfyans an tout sekirite.”6 Nou ka toujou fè Bondye konfyans. Senyè a konnen nou pi byen epi Li renmen nou plis pase nou konnen oswa renmen pwòp tèt pa nou. Amou enfini Li ak konesans pafè Li sou lepase, leprezan ak lavni fè alyans ak pwomès Li yo konstan ak asire.

Fè konfyans a sa ekriti yo rele “pasaj tan [an].”7 Avèk benediksyon Bondye, pasaj tan an, ak lafwa ak obeyisans kontinyèl, nou ka jwenn rezolisyon ak lapè.

Senyè a rekonfòte nou konsa:

“Lannuit nou kriye, men kou l jou kè nou kontan.”8

“Lage fado nou yo sou Senyè a epi mete konfyans nan swen konstan Li.”9

“Kèlkeswa gwosè soufrans nou, syèl la ka geri yo.”10

Mete konfyans nou nan Bondye11 ak nan mirak Li yo. Noumenm ak relasyon nou yo kapab chanje. Atravè Ekspyasyon Kris la, Senyè a, nou ka rejte egoyis lòm natirèl la ki nan nou an epi vin yon pitit Bondye, ki dou ak enb,12 ki ranpli lafwa ak konfyans apwopriye. Lè nou repanti, lè nou konfese epi nou abandone peche nou yo, Senyè a pa sonje yo ankò.13 Sa pa vledi ke L bliye yo; men, nan yon fason remakab, sanble L chwazi pou L pa sonje yo, epi nou pa bezwen sonje yo nonplis.

Fè enspirasyon Bondye konfyans pou nou disène avèk sajès. Nou ka padone lòt moun nan bon moman an jan Senyè a di nou ta dwe a,14 pandan ke nou rete “saj tankou sèpan, epi inosa tankou kolonb.”15

Pafwa lè kè nou pi brize ak kontri, nou souvan pi pare pou nou resevwa rekonfò ak direksyon Sentespri a.16 Kondanasyon ak padon kòmanse lè nou rekonèt ke nou fè yon bagay ki mal. Souvan kondanasyon konsantre sou lepase. Padon parèt yon bagay ki liberatè pou lavni. “Paske Bondye pa voye Pitit Li a sou latè pou kondane lèzòm; men pito pou L te kapab delivre yo.”17

Apot Pòl mande: “Kiyès ki ka fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou an?” Li reponn: “Ni lanmò, ni lavi, … ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a, … pa ka fè nou pèdi lanmou Bondye fè nou wè nan Jezikri, Senyè nou an.”18 Poutan, gen yon moun ki ka separe nou de Bondye ak Jezikri—moun sa a se noumenm. Jan Ezayi di a: “Se peche nou yo ki fè L vire figi l pou L pa tande nou.”19

Atravè lanmou diven ak lwa diven, nou responsab pou chwa nou fè ak konsekans yo. Men, lanmou ekspyatwa Sovè nou an “enfini ak etènèl.”20 Lè nou pare pou nou retounen lakay, menm lè nou “toujou byen lwen,”21 Bondye pare, avèk anpil konpasyon, pou L akeyi nou, avèk lajwa pou L ofri nou pi bon nan sa L genyen.22

Prezidan J. Reuben Clark te di: “Mwen kwè ke Papa nou ki nan Syèl la vle sove chak grenn nan pitit Li yo, … ke, nan jistis Li ak mizèrikòd Li, L ap ba nou rekonpans maksimòm nan pou zak nou yo, l ap ba nou tout sa L ka bay, epi anretou, mwen konnen ke L ap ba nou penalite ki pi minimòm posib ke L ka enpoze.”23

Sou kwa a, menm siplikasyon plen mizèrikòd Sovè nou an te fè Papa L la, se pa t yon “Papa, padone yo” san kondisyon men, olyesa, sete “Papa padone yo; paske yo pa konn sa y ap fè.”24 Libabit nou ak libète nou gen sans paske nou responsab devan Bondye ak devan tèt nou pou jan de moun nou ye, pou sa nou konnen ak sa nou fè. Erezman, nou ka kwè nan jistis ak mizèrikòd pafè Bondye pou L pafètman jije entansyon nou ak aksyon nou.

N ap fini kote nou te kòmanse a—avèk konpasyon Bondye lè nou retounen lakay pou nou reyini avèk Li epi youn ak lòt.

Èske nou sonje parabòl Jezikri a konsènan papa ki te gen de pitit la?25 Youn nan pitit yo te kite kay la epi l te gaspiye eritaj li. Lè l te rantre nan limenm, pitit gason sa a te chèche retounen lakay. Lòt pitit gason an, ki te santi ke l te obeyi kòmandman yo “pandan tou ane sa yo,”26 pa t vle akeyi frè l la ki te retounen lakay la.

Frè m ak sè m yo, èske nou ka imajine Jezi k ap mande nou pou nou louvri kè nou, konpreyansyon nou, konpasyon nou, ak imilite nou, epi pou nou wè tèt nou nan wòl de pitit gason sa yo?

Tankou premye pitit gason oswa pitit fi a, nou gen dwa ere epi apresa chèche ap retounen lakay nou. Bondye ap tann pou L akeyi nou.

Epi, tankou lòt pitit gason oswa lòt pitit fi a, avèk jantiyès Bondye ap mande nou pou nou rejwi ansanm lè nou chak retounen vin jwenn Li. Li envite nou pou nou fè asanble nou yo, kowòm nou yo, klas nou yo ak aktivite nou yo vin yon kote ki ouvè, ki otantik, ki gen sekirite—yon kay pou tout moun. Avèk jantiyès, konpreyansyon, ak respè youn pou lòt, nou chak ap chèche Senyè a avèk imilite epi priye epi resevwa benediksyon levanjil retabli a genyen pou tout moun yo.

Vwayaj nou nan lavi a se yon vwayaj pèsonèl, men nou ka retounen al jwenn Bondye ak Pitit Gason Byeneme L la ankò gras ak konfyans n ap mete nan Bondye, konfyans youn nan lòt, ak konfyans nan tèt nou.27 Jezi di nou “Pa pè, kwè sèlman.”28 Jan Pwofèt Joseph te fè san doute a, annou mete konfyans nou nan swen Pè Selès nou an.29 Chè frè mwen, chè sè mwen, chè zanmi m, tanpri chèche lafwa ak konfyans ankò—yon mirak Li pwomèt nou jodia. Nan non sakre Jezikri, amèn.