Konferans Jeneral
Prepare pou Dezyèm Vini Kris la
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Prepare pou Dezyèm Vini Kris la

Plis pase jamè oparavan, nou oblije fè fas a reyalite ke n ap apwoche pi pre Dezyèm Vini Jezikri a.

Jan sa ekri nan Liv Mòmon an, sis ane anvan nesans Jezikri, Samyèl, yon Lamanit ki te jis, te pwofetize bay yon pèp Nefit ki nan epòk sa a pifò nan yo te aposta,1 siy ki t ap akonpaye nesans Sovè nou an. Trajikman, pifò Nefit yo te rejte siy sa yo paske li “pa rezonab pou yon moun tankou Kris [dwe] vini.”2

Malerezman, dapre rejis ekriti yo, anpil nan Juif yo, menm jan an tou, pa t kapab aksepte ke yon nonm yo rele te Jezi, ki te soti nan ti pwovens Galile a, te Mesi yo t ap tann depi lontan an.3 Jezi, ki te anfèt vini pou akonpli pil pwofesi pwofèt Ebre yo te fè yo, te rejte e menm kloure sou yon kwa paske, jan pwofèt Jakòb nan Liv Mòmon an anseye a, Juif yo te “gade pi lwen liy nan.” Se poutèt sa, Jakòb te pwofetize ke paske “Bondye te wete klète li a nan pami yo, e li te ba yo anpil bagay yo pa kapab konprann, paske yo te vle l. Epi, paske yo te vle l, Bondye te fè sa, pou yo kapab fè fo pa.”4

Osi etranj sa ka sanble, pa gen okenn ansèyman, okenn mirak, ak okenn aparans de menm yon zanj soti nan syèl la, jan Laman ak Lemuel te temwen an,5 ki sanble gen pouvwa konvenkan pou konvenk kèk moun pou yo chanje wout yo, pespektiv yo, oswa kwayans yo ke yon bagay se verite. Sa se sitou ka a lè ansèyman yo oswa mirak yo pa annakò avèk kapris, dezi oswa ide prejije yon moun deja genyen.

Tanpri, konpare de ekriti sa yo pou yon ti moman, premye a soti nan Apot Pòl ki t ap pale de dènye jou yo, li t ap dekri kijan moun pral ye epi dezyèm nan se pwofèt Alma ki montre kijan Bondye fè travay li pami lèzòm. Ann kòmanse ak Pòl:

“Ou dwe konnen tou, nan dènye jou yo pral gen anpil tribilasyon.

“Paske, lèzòm pral renmen tèt pa yo, konvwate, fè lwanj, gen ògèy, blasfème, dezobeyi paran yo, engra, manke sentete,

“san pitye, y ap pale moun mal, y ap fè gwo kòlè, y ap brital. Yo p ap vle wè sa ki byen menm,

“Ya mòde an trèt, ya fè kòlè fasil, lògèy va gonfle lestonmak yo. Y ap pito plezi pase sèvis Bondye; …

“Yo toujou ap aprann men yo pa janm ka rive gen konesans laverite.”6

E kounyea, nan Alma, ki deklare yon prensip fondamantal nan levanjil Jezikri a: “Kounyeya, ou kapab panse m fou; men, m di w konsa, avèk ti bagay senp, gwo bagay fèt; epi nan anpil sitiyasyon, bagay ki piti konfonn moun ki saj.”7

N ap viv nan yon mond modèn ki ranpli ak gwo konesans ak anpil eksplwa. Sepandan, bagay sa yo twò souvan kamoufle fondasyon enstab kote yo bati a. Konsa, yo pa mennen nan verite reyèl ak nan Bondye ak nan pouvwa pou resevwa revelasyon, jwenn konesans espirityèl, ak devlope lafwa nan Jezikri ki mennen nan sali a.8

Nou pwofondeman sonje pawòl Senyè nou an te di Toma ak lòt Apot yo nan lavèy sakrifis ekspyatwa L la: “Jezi di li: Mwen se chemen an, verite a ak lavi a: pèsonn pa vin jwenn Papa a, si li pa pase nan mwen.”9

Pou moun ki gen je pou yo wè, zòrèy pou yo tande, ak kè pou yo santi, plis pase jamè anvan, nou oblije konfwonte reyalite ke nou ap apwoche nou de Dezyèm Vini Jezikri a. Se vre, gen gwo difikilte ankò ki ap tann moun ki sou tè a nan retou L la, men konsènan sa, fidèl yo pa bezwen pè.

Kounyea, m ap site pou yon moman yon pasaj ki soti nan Sijè Levanjil yo nan Legliz la anba tit “Dezyèm Vini Jezikri a”:

“Lè Sovè a vini ankò, L ap vini nan puisans ak laglwa pou reklame tè a kòm wayòm Li. Dezyèm Vini L lan pral make kòmansman Milenyòm nan.

“Dezyèm Vini an pral yon moman laperèz ak lamantasyon pou mechan yo, men li pral yon jou lapè pou moun ki jis yo. Senyè a te deklare:

“‘Paske, moun saj yo ki te resevwa verite a, epi ki te pran Sentespri a pou gid yo, epi ki pa t egare yo—an verite m di w, yo p ap rache jete nan dife, men, y ap sipòte jou a.

“‘Epi y ap resevwa tè a kòm eritaj; yo pral miltipliye epi yo pral vin fò, epi pitit yo pral grandi san peche nan sali.

“‘Paske Senyè a pral nan mitan yo, epi laglwa li pral sou yo, epi se li k ap wa yo epi k ap ba yo lalwa” (Doktrin ak Alyans 45:57–59).”10

Nan preparasyon nou pou Dezyèm Vini Jezikri a, m ap ba nou yon mesaj vital, rekonfòtan pou fidèl yo, ki sòti nan pwofèt Amòs nan Ansyen Testaman an: “Se vre wi, Senyè Bondye a p ap fè anyen, san l pa revele sekrè li bay sèvitè l yo, pwofèt yo.”11

Nan lespri sa a, pwofèt Senyè a jodia nan mond lan, Prezidan Russell M. Nelson, te ban nou konsèy enspire sa a dènyèman: “Levanjil Jezikri a se yon levanjil repantans. Gras ak Ekspyasyon Sovè a, levanjil Li a bay yon envitasyon pou nou kontinye chanje, grandi, ak vini plis pirifye. Se yon levanjil espwa, gerizon, ak pwogresyon. Kidonk, levanjil la se yon mesaj lajwa! Lespri nou rejwi a chak ti pa nou fè annavan”12

Mwen temwaye san rezèv e mwen ateste reyalite Bondye ak mirak ki fèt nan lavi kotidyen anpil moun inonbrab ki soti nan tout kalite nivo, wo ak ba, nan lavi a. Se vre, nou raman mansyone anpil eksperyans sakre, an pati akoz orijin diven yo ak posibilite ke kèk moun ki pa konnen pi byen ka pase yo nan rizib.

Nan sans sa a, dènye pwofèt Liv Mòmon an, Mowoni, raple nou:

“Epi, yon fwa ankò, m ap pale avèk nou menm ki nye revelasyon Bondye yo, e ki di yo pase, pa gen revelasyon, ni pwofesi, ni don, ni gerizon, ni don lang, ni entèpretasyon lang;

“Gade, m ap di nou, moun ki nye bagay sa yo, pa konnen levanjil Kris la; wi, li pa t li ekriti yo; si l te li yo, li pa konprann yo.

“Paske, èske nou pa li Bondye se menm a yè, jodi a, epi pou tout tan, epi pa gen varyasyon nan li, ni okenn aparans chanjman?”13

M ap fini remak mwen yo avèk yon deklarasyon pwofetik vrèman enspiran Pwofèt Joseph Smith te bay prèske nan fen ministè li pandan li t ap tann Dezyèm Vini Jezikri a: “Èske nou pa dwe kontinye nan yon gwo kòz konsa? Ale annavan, non pa annaryè. Kouraj, frè m [ak sè] m yo; epi annavan, anavan pou laviktwa! Fè kè nou rejwi, epi kontan anpil.”14 Sou sa mwen ajoute temwayaj pa m, nan non Jezikri, amèn.