Konferans Jeneral
Konpasyon Konstan Sovè a
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Konpasyon Konstan Sovè a

Eksprime konpasyon pou lòt moun se esans levanjil Jezikri a.

Youn nan prensip ki pi remakab Sovè a te anseye pandan ministè L nan mòtalite a sete enpòtans pou trete lòt moun avèk konpasyon. Ann reflechi sou prensip sa a ak aplikasyon pratik li kote n ap konsidere istwa vizit Jezi te fè lakay Simon, Farizyen an.

Levanjil Lik la rakonte ke yon sèten fi, ke yo te konsidere kòm yon pechrès, te antre lakay Simon pandan Jezi te nan kay la. Avèk bon jan imilite, fi a te apwoche kot Jezi, li te lave pye l avèk dlo nan je li, epi apresa li te bo pye Jezi epi l te pase yon luil espesyal sou yo.1 Mèt kay la, ki te konsidere tèt li moralman siperyè a fi sa a, te panse nan tèt li, avèk repwòch ak awogans: “Si nonm sa a te yon pwofèt vre, se pou l ta konnen ki kalite moun fi sa a k ap manyen l lan ye, li ta konnen ki movèz vi fi sa a ap mennen.”2

Atitid m-pi-bon-pase w sa a te lakoz li te jije ni Jezi ni fi a enjisteman. Men, nan omnisyans Li, Sovè a te konnen sa k t ap pase nan tèt Simon, epi, avèk yon gran sajès, li te afwonte atitid meprizan Simon an epi Li te reprimande l pou mank koutwazi li nan fason l te akeyi yon envite espesyal tankou Sovè a lakay li. Anfèt, reprimand dirèk Jezi te bay Farizyen an tè sèvi kòm yon temwayaj ke Jezi vrèman posede don pwofesi a epi fi sa a, avèk yon kè enb ak kontri, te repanti epi l te jwenn padon pou peche l yo.3

Tankou anpil lòt evènman pandan ministè Jezi sou tè a, istwa sa a demontre yon fwa ankò ke Sovè a te aji avèk konpasyon anvè tout moun ki te vin jwenn Li—san distenksyon—e pi patikilyèman anvè moun ki te plis bezwen èd Li yo. Kontrisyon ak lamnou plen respè fi sa a te demontre pou Jezi a sete prèv repantans ak dezi sensè li pou l te resevwa yon remisyon pou peche li. Men, konplèks siperyorite Simon an, asosye avèk kè san sansiblite li,4 te anpeche l montre charite pou moun repantan sa a, epi, li te menm fè referans a Sovè mond lan avèk endiferans ak mepri. Atitid li te revele ke fason l t ap viv se pa t lòt bagay pase obsève règ yo nan yon fason rijid ak vid avèk yon manifestasyon eksteryè konviksyon li atravè yon awongans ak yon fo sentete.5

Sèvis konpatisan ak pèsonalize Jezi nan istwa sa a demontre yon modèl pafè sou fason nou dwe aji avèk gason ak fi parèy nou. Ekriti yo gen anpil egzanp sou fason Sovè a, touche pa konpasyon pwofon ak pèmanan, te aji avèk moun nan epòk Li yo epi te ede moun ki t ap soufri e moun ki te “bouke ak dekouraje, tankou yon bann mouton san gadò.”6 Li te lonje men mizèrikòd Li bay moun ki te bezwen soulajman anba fado yo, fizikman ak espirityèlman.7

Atitid plen konpasyon Jezi a gen rasin ni nan charite,8 ki vledi, nan lanmou pi ak pafè Li, ki se esans sakrifis ekspyatwa L la. Konpasyon se karakteristik fondamantal moun ki ap fè efò pou yo atenn sanktifikasyon epi kalite divin sa a makònnen avèk lòt karakteristik kretyen tankou kriye avèk moun k ap kriye, ak montre charite, mizèrikòd, ak jantiyès.9 Eksprime konpasyon pou lòt moun, an reyalite, se esans levanjil Jezikri a epi se yon prèv evidan ki montre relasyon spirityèl ak emosyonèl nou avèk Sovè a. Anplis, sa montre nivo enfliyans Li genyen sou fason n ap viv epi sa demontre grandè espri nou.

Li enpòtan pou nou obsève ke aksyon konpatisan Jezi yo se pa t bagay li te fè pa okazyon ni se pa t manifestasyon oblije, ki te baze sou yon lis tach pou L te akonpli, men yo sete ekspresyon kotidyèn sou reyalite amou pi Li pou Bondye ak pou pitit Bondye yo ak dezi pèmanan Li pou ede yo.

Jezi te kapab idantifye bezwen moun yo menm a distans. Konsa, sa pa etonan, paregzanp, ke imedyatman apre L te fin geri sèvitè santiryon an,10 Jezi te pati soti Kapènawòm pou L t al nan vil ki te rele Nayen an. Sete nan kote sa a Jezi te akonpli youn nan pi bèl mirak nan ministè terès Li kote L te kòmande yon jenòm ki te mouri, ki sete sèl pitit yon vèv te genyen, pou l te leve epi viv. Jezi te non sèlman santi gwo soufrans pòv manman sa a men sikonstans difisil lavi l tou epi Li te santi yon konpasyon sensè pou li.11

Menmjan ak fi pechrès la ak vèv nan Nayen an, anpil moun ozalantou nou ap chèche rekonfò, atansyon, entegrasyon, ak nenpòt lòt èd nou ka ofri yo. Nou tout ka sèvi kòm enstriman nan men Senyè a epi aji avèk konpasyon anvè moun ki nan nesesite, menmjan Jezi te fè a.

Mwen konn yon tifi ki te fèt avèk gwo defòmasyon nan figi li ak gwo fant nan bouch li. Li te oblije sibi premye nan yon seri operasyon depi nan dezyèm jou l te fèt la. Touche pa yon veritab konpasyon pou moun k ap travèse menm kalite pwoblèm sa a, tifi sa a ak paran li chèche ofri sipò, konpreyansyon, ak asistans emosyonèl bay lòt moun ki ap afwonte menm reyalite difisil sa a. Yo te ekri m dènyèman epi yo te di: “Atravè pwoblèm pitit fi nou an, nou te gen opòtinite pou n te rankontre anpil moun ekstraòdinè ki te bezwen rekonfò, sipò, ak ankourajman. Sa gen yon ti tan, pitit fi nou an, ki gen onzan kounyea, te pale avèk paran yon tibebe ki te gen menm pwoblèm nan. Pandan konvèsasyon sa a, pitit fi m nan te retire mask li te mete akoz pandemi an pou yon ti moman pou paran yo te ka wè ke gen espwa, menmsi tibebe sa a te ankò gen yon wout long pou l te pakouri nan pwochen ane ki t ap vini yo pou ka fikse pwoblèm nan. Nou ekstrèmeman rekonesan pou opòtinite pou nou eksprime senpati nou pou moun k ap soufri, jan Sovè a te fè pou nou an. Nou santi soufrans nou diminye chak fwa nou soulaje soufrans yon lòt moun.”

Chè zanmi m yo, lè nou efòse nou volontèman pou nou antre yon atitid konpasyon nan fason n ap viv, jan Sovè a te banou egzanp lan, n ap vin pi sansib a bezwen lòt moun. Avèk sansiblite ogmante sa a, santiman enterè ak lanmou sensè ap demontre nan chak aksyon nou. Senyè a ap rekonèt efò nou, epi L ap asireman beni nou avèk opòtinite pou nou sèvi kòm enstriman nan men L pou adousi kè ak pote sekou bay “moun ki gen … men pandye yo.”12

Reprimand Jezi te fè Simon, Farizyen an, konfime klèman ke nou pa dwe janm pote jijman sevè ak kriyèl sou sanblab nou paske nou tout bezwen konpreyansyon ak mizèrikòd nan men Papa nou ki nan Syèl la pou enpèfeksyon nou yo. Èske se pa egzakteman sa Sovè a te anseye nan yon lòt okazyon kote L te di: “Poukisa w ap gade ti pay ki nan je frè w la, epi ou pa wè gwo bout bwa ki nan je pa w la?”13

Nou dwe admèt ke li pa fasil pou nou konprann tout sikonstans ki kontribye nan atitid ak reyaksyon yon moun. Aparans yo ka souvan twonpe nou epi souvan, yo pa reprezante yon evalyasyon klè sou konpòtman yon moun. Kontrèman a oumenm avèk mwen, Kris la ka klèman wè tout fasèt yon sitiyasyon.14 Malgre l konnen tout feblès nou, Sovè a pa kondane nou imedyatman men Li kontinye travay avèk nou nan konpasyon, pandan L ap ede nou retire bout bwa ki nan je nou an. Jezi toujou gade nan kè moun, men pa sou aparans.15 Li te deklare Limenm, “Pa jije moun sou aparans.”16

Kounyea, reflechi sou konsèy saj sa a Sovè a te bay douz disip Nefit yo konsènan kesyon sa a:

“Epi, èske nou konnen se nou menm ki pral jij pèp sa a, dapre jijman m pral ba nou, ki jis yo. Se poutèt sa, ki kalite moun nou dwe ye? Anverite, m di nou, menm jan avèk mwen.”17

“Se poutèt sa, m ta vle pou nou vin pafè menm jan avèk mwen oubyen menm jan Papa nou ki nan syèl pafè a.”18

Nan kontèks sa a, Senyè a fikse jijman sou moun ki pran sou tèt yo desizyon pou yo enjisteman jije erè yo sipoze lòt moun genyen. Pou n kalifye tèt nou pou nou ka fè jijman ki jis, nou dwe efòse n pou nou vin tankou Sovè a epi konsidere enpèfeksyon lòt moun avèk konpasyon, menm atravè je pa Li. Pandan n ap konsidere ke nou ankò gen yon wout byen long pou nou fè pou n ka atenn pèfeksyon, petèt li ta pi bon si nou ta chita nan pye Jezi epi enplore mizèrikòd Li pou enpèfeksyon pa nou, jan fi repantan an te fè nan kay Farizyen an, e pa pase si anpil tan ak enèji ap konsantre sou enpèfeksyon nou sipoze lòt moun genyen.

Chè zanmi mwen, mwen temwaye ke si nou efòse nou pou n entegre egzanp konpasyon Sovè a nan lavi nou, kapasite nou pou nou konplimante vèti kay pwochen nou yo ap ogmante epi tandans natirèl nou pou nou jije enpèfeksyon yo ap diminye. Relasyon nou avèk Bondye ap grandi, epi asireman, lavi nou ap vin pi dous, santiman nou ap vin gen plis tandrès, epi n ap jwenn yon sous bonè ki p ap janm fini. Ya va rekonèt nou kòm patizan lapè,19 ki gen pawòl ki dous tankou lawouze nan yon maten prentan.

Mwen priye pou nou ka vin pi toleran ak pi konpreyansif anvè sanblab nou yo epi pou mizèrikòd Senyè a kapab, nan yon dousè pafè, geri enpasyans nou devan enpèfeksyon lòt moun. Sa se envitasyon Sovè a ba nou. Mwen temwaye ke Li vivan. Li se modèl pafè sou yon lavi disp plen mizèrikòd ak pasyans. Mwen rann temwayaj konsènan verite sa yo nan non sakre Sovè a, Jezikri, amèn.