Konferans Jeneral
M ap Priye pou Li Itilize Nou
Konferans Jeneral Oktòb 2021


M ap Priye pou Li Itilize Nou

Ti efò kolektif yo fè yon gwo enpak, yo mayifye pil aksyon endividyèl n ap fè yo antanke disip Jezikri.

Bonbon sa a ki te fèt avèk pat filo ak pistach se pou di mèsi. Se fanmi Kadado ki, padan dè deseni, te posede twa boulanjri nan Damas, Lasiri, ki te prepare l. Lè lagè a te demare, yon blokis te anpeche manje ak pwovizyon rive nan zòn pa yo a nan vil la. Kadados yo te kòmanse soufri anba grangou. Nan pik sitiyasyon dezespwa sa a, Latter-day Saint Charities ak kèk anplwaye trè kouraje nan Rahma Worldwide te kòmanse sèvi yon repa cho chak jou, ansanm ak lèt pou timoun piti yo. Apre yon moman difisil, fanmi an te kòmanse lavi yo—ansanm ak boulanjri yo a—yon lòt fwa ankò nan yon nouvo peyi.

Dènyèman, yon bwat gato te rive nan biwo Legliz la avèk mesaj sa a: “Pandan plis pase de mwa, nou te jwenn manje gras ak Rahma ak —Latter–day Saint [Charities].” San sa, nou tout ta [pral] mouri [] grangou. Tanpri aksepte echantiyon … sa a ki soti nan boulanje m nan kòm yon ti jès remèsiman. Mwen mande Bondye Toupuisan an pou L beni nou … nan tout sa n ap fè.”1

Yon bonbon kòm senbòl rekonesans ak souvni. Sa se pou nou. Pou nou tout ki te priye apre nou te wè iswa a nan nouvèl, pou nou tout ki te volontè lè sa pa t fasil oubyen ki te jantiman bay lajan pou fon imanitè a, avèk konfyans ke sete pou yon bon koz,mèsi.

Responsablite Diven pou Pran swen Pòv yo

Legliz Jezikri a gen yon manda diven pou l pran swen pòv yo.2 Sa se youn nan pilye travay sali ak egzaltasyon an.3 Sa ki sete verite nan epòk Alma a se sètènman verite pou nou tou: “Epi se konsa, avèk richès yo te genyen, yo pa t ranvwaye pèsonn ki te toutouni, ni ki te grangou, ni ki te swaf, ni ki te malad, oubyen ki pa t gen manje; epi yo pa t mete lide yo sou richès; se poutèt sa, yo te jenere ak tout moun, ni granmoun ak jèn moun, ni esklav ak lib, ni gason ak fi, moun ki pat nan legliz la oubyen moun ki te nan legliz la, yo pa t fè eksepsyon ant pèsonn ki te nan bezwen.”4

Legliz la reponn a devwa sa a nan plizyè fason, ki enkli:

  • sèvis pastoral nou rann atravè Sosyete Sekou, kowòm prètriz yo, ak klas yo;

  • lèn ak itilizasyon ofrann jèn yo;

  • jaden ak konsèvri Antrèd yo;

  • sant dakèy pou imigran yo;

  • pwogram soutyen pou moun ki nan prizon;

  • aksyon imanitè Legliz la.

  • ak app JustServe la, kote l disponib, ki konekte volontè yo avèk opòtinite sèvis yo.

Tout sa yo se mwayen, ki òganize atravè prètriz la, kote ti efò yo fè yon gwo enpak kolektivman, nan agrandi anpil bagay endividyèl nou fè kòm disip Jezikri.

Pwofèt yo Gen Responsabilite pou Tout Tè a

Pwofèt yo gen tach pou tout tè a, pa sèlman pou manm yo nan legliz la. Mwen ka rapòte apati pwòp eksperyans pa m kijan Premye Prezidans lan pran tach sa a pèsonèlman ak plen devouman. Fas a bezwen yo ki t ap ogmante, Premye Prezidans lan te ba nou tach pou nou ogmante aksyon imanitè nou yo nan fason ki siyifikatif. Yo enterese nan gwo aspè jeneral yo ak nan ti detay ki pi piti yo.

Resaman, nou te pote ba yo youn nan blouz pwoteksyon medikal ke Beehive Clothing te koud pou lopital yo te itilize pandan pandemi an. Kòm yon doktè medikal, Prezidan Nelson te enterese anpil. Li pa t vle wè l sèlman. Li te vle eseye l—tcheke manch yo ak longè ak fason li te tache nan do a. Nan apre li te di nou, avèk emosyon nan vwa li, “Lè nou rankontre ak moun yo nan tach nou yo, di yo mèsi pou jèn yo, pou ofrann yo, ak sèvis yo nan non Senyè a.

Rapò Sèvis imanitè

Selon direksyon Prezidan Nelson, m ap prezante nou rapò konsènan fason Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo ap reponn a siklòn, tranblemandtè, deplasman refijye —e menm yon pandemi—gras ak bonte Sen Dènye jou yo ak anpil zanmi. Pandan ke plis pase 1.500 pwojè COVID-19 la sete sètènman pi gwo fokis asistans Legliz la pandan 18 mwa ki sot pase yo, Legliz la te reponn a 933 dezas natirèl ak kriz refijye nan 108 peyi. Men statistik yo pa rakonte tout istwa a. Kite m pataje kat brèf egzanp pou ilistre yon tikras nan sa k ap fèt yo.

Sekou COVID nan Afrik di Sid

Dieke Mphuti, 16 zan, ki soti nan Welkom, nan Afrik Disid, te pèdi paran l sa gen kèk ane, sa k te fè l oblije pran swen twa pi jèn frè ak sè l yo poukont li. Sa te deja trè difisil pou yo jwenn ase manje, men rate pwovizyon ak konfinman COVID yo te rann sa prèske enposib. Yo te grangou souvan, sibzistans yo te depann de jenewozite vwazen yo.

Imaj
Dieke Mphuti

Yon jou plen solèy an Out 2020, Dieke te sezi tande y ap frape nan pòt li. Li te louvri epi l te wè de etranje—youn sete reprezantan Legliz la nan biwo rejyon an nan Johannesburg epi lòt la sete yon ofisyèl nan Depatman Devlòpman Sosyal Afrik Disid la.

De òganiizasyon sa yo te mete ansanm pou yo te pote manje nan fwaye arisk yo. Dieke te santi soulajman lè l te wè pakèt farin mayi ak lòt aliman debaz ke fon imanitè Legliz la te achte. Sa yo ta pral ede soutni fanmi li pandan plizyè semèn jiskaske pake èd gouvènman an kòmanse vini.

Istwa Dieke a se youn nan dè milye eksperyans konsa ki pase atravè tout mond lan pandan pandemi COVID la gras ak kontribisyon konsakre nou yo.

Afghan Relief Ramstein

Nou tout te wè foto resan yo nan nouvèl: plizyè milye moun ki te evakye kite Afganistan. Anpil te rive nan baz aeryèn yo oswa nan abri tanporè nan Qatar, Etazini, Almay, ak Lespay avan yo kontinye pou al nan destinasyon final yo. Bezwen yo te imedyat, epi Legliz la te reponn avèk pwovizyon ak volontè. Nan Baz Fòs Aeryèn Ramstein nan an Almay, Legliz la te founi anpil don pampers, manje ti bebe, manje, ak soulye.

Imaj
Don Imanitè pou refijye
Imaj
Fi k ap koud pou refijye Afghan yo

Kèk sè nan Sosyete Sekou yo te remake ke anpil fi Afgan yo t ap itilize chemiz mari yo pou yo te kouvri tèt yo akoz yo te pèdi foula tradisyonèl yo te konn kouvri tèt yo a nan gwo konfizyon nan ayewopò Kabul la. Nan yon jès amitye ki travèse tout baryè relijye oswa kiltirèl, sè nan Premye Pawas Ramstein yo te reyini pou yo te koud rad tradisyonèl Mizilman pou fi Afgan yo. Sè Bethani Halls te di, “Nou tande ke fi yo te bezwen abiman pou priyè yo, konsa, n ap koud pou yo ka [konfòtab] pou yo priye.”5

Asistans Tranblemandtè Ayiti

Pwochen egzanp sa a montre ke nou pa bezwen rich ni granmoun pou nou sèvi kòm enstriman pou fè byen. Marie “Djadjou” Jacques ki gen dizuit an se manm Branch Kavayon an Ayiti. Lè tranblemandtè devastatè a te frape toupre vil li a an Out, kay fanmi li sete youn nan di mil batiman ki te kraze yo. Sa prèske enposib pou nou imajine ki kalite dezespwa sa ka lakoz lè yon moun pèdi kay li. Men olye l te plonje nan dezespwa sa a, Djadjou—enkwayableman—te deside al ede lòt moun.

Imaj
Marie Jacques
Imaj
Tranblemantè Ayiti

Près Asosye

Li te wè yon vwazin ni ki te granmoun ki te gen pwoblèm epi l te kòmanse pran swen li. Li te ede lòt moun netwaye debri yo. Malgre l te fatige, li te rejwenn lòt manm legliz la pou distribye manje ak kit ijyenik bay lòt moun. Istwa Djadjou a se jis youn nan anpil ezganp puisan sou sèvis ke jèn yo ak jèn adilt yo ofri pandan y ap fè efò pou yo suiv egzanp Jezikri.

Asistans Inondasyon an Almay

Sèlman kèk semèn avan tranblemandtè a , yon lòt gwoup jèn adilt te rann men kalite sèvis la sou lòtbò Atlantik la. Inondasyon ki te baleye lwès Ewòp la an Jiyè a te sa k te pi grav yo pandan dè deseni.

Imaj
Inondasyon nan Almay

Lè dlo yo te finalman desann, yon komèsan nan vil Anrweiler la, ki sou bò rivyè a an Almay, te evalye dega yo epi l te konplètman devaste. Gason enb sa a, yon Katolik devwe, te mimire yon priyè pou Bondye te voye yon moun pou ede l. Egzakteman nan demen maten, Prezidan Dan Hammon nan Misyon Frankfurt Almay la te rive nan ri a avèk yon ti gwop misyonè ki te abiye avèk mayo jòn Men Sèvyab yo. Dlo a te monte rive 10 pye nan miray kay komèsan an, epi l te kite yon gwo kouch labou dèyè. Volontè yo te debleye labou a, yo te retire kapèt ak klwazonyo, epi yo te anpile tout bagay nan lari a pou yo te ka ranmase yo. Komèsan an, plen lajwa, te travay kòtakòt avèk yo pandan anpil èdtan, li te enpresyone dèske Senyè sa te voye yon gwoup sèvitè li pou te reponn priyè l la —nan lespas 24 èdtan!6

“Bon, Mwen priye pou L Itilize nou”

Apwopo efò imanitè Legliz la, Èldè Jeffrey R. Holland te note yon fwa: “Priyè yo jwenn repons … pi fò tan yo … pandan Bondye itilize lòt moun. Bon, M priye pou L itilize nou. M priye pou nou kapab se repons pou priyè moun yo.7

Frè m ak sè m yo, atravè sèvis nou, don nou yo, tan, ak lanmou nou, nou sete repons pou anpil anpil priyè. Men gen anpil pou n fè toujou. Antanke manm batize nan Legliz la, nou fè alyans pou nou pran swen moun ki nan bezwen. Efò endividyèl nou yo pa nesesèman mande lajan oswa depalse ale lwen;8 men, yo sitou mande gidans Sentespri a ak yon kè dispoze pou di Senyè a : “Men mwen , voye m.”9

Yon Ane Lagras Senyè a

Lik 4 rapòte ke Jezi te rive Nazarèt, kote L te grandi a, epi Li te kanpe pou L te li nan sinagòg la. Sete prèske nan kòmansman ministè Li nan mòtalite a, epi Li te site yon pasaj nan liv Ezayi a:

“Lespri Bondye a sou mwen. Li chwazi m pou m anonse bòn nouvèl la bay pòv yo; Li voye m pou m geri tout kè ki blese yo, Li voye m pou m fè tout prizonye yo konnen yo lage, pou m fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò, pou m delivre moun y ap maltrete yo,

“Pou m fè yo konnen lè a rive pou Bondye vin delivre pèp li a. …

“… Jodi a, pandan n ap tande pawòl ki ekri la a, li rive vre.”10

Mwen temwaye ke ekriti sa a ap akonpli nan epòk nou an tou. Mwen temwaye Jezikri te vini pou geri moun ki gen kè brize yo. Levanjil Li a la pou ede avèg yo wè ankò. Legliz Li a la pou preche delivrans pou prizonye yo, epi disip Li yo nan tout mond lan ap fè efò pou yo delivre moun y ap maltrete yo.

Kite m konkli nan repete kesyon Jezi te poze Apot Li, Simon Pyè, a: “Èske ou renmen m?”11 Esans levanjil la chita nan fason nou reponn kesyon sa a pèsonèlman epi pran swen twoupo [L la].”12 Avèk anpil reverans ak lanmou pou Jezikri, Mèt nou an, mwen envite nou chak pou nou vin fè pati ministè siblim Li a, epi m priye pou L itilize nou. Nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Abdul Razaq, korespondans pèsonèl, Me 2021.

  2. Gade Doktrin ak Alyans 104:11–18.

  3. Gade Manyèl Enstriksyon: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 1.2.2, ChurchofJesusChrist.org.

  4. Alma 1:30.

  5. Bethani Halls, site nan “Aiding Afghan Evacuees,” Europe Area Welfare and Self-Reliance Newsletter, Out. 2021.

  6. Dan Hammon (Prezidan Misyon Francfort la nan Almay), email li te voye bay Ty Johnson, 2021.

  7. Jeffrey R. Holland, “Neonatal Resuscitation with Elder Holland” (video), The Church of Jesus Christ of Latter-day Saints, Nov. 10, 2011, youtube.com.

  8. Gade Sharon Eubank, “16 Bagay Ou Ka Fè pou Vin yon Imanitè,” 3 Okt 2021, ChurchofJesusChrist.org.

  9. Ezayi 6:8; gade tou Abraram 3:27.

  10. Lik 4:18–19, 21.

  11. Gade Jan 21:15–17.

  12. Jan 21:15–17.