Konferans Jeneral
Pou Vin Yon Disip Kris la
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Pou Vin Yon Disip Kris la

Vin yon disip Kris la vledi fè efò pou konfòme aksyon nou, konduit nou, ak lavi nou avèk pa Sovè a.

Nan etid pèsonèl mwen nan ekriti yo, mwen souvan enpresyone pa konvèsyon Sòl, moun Tasis la, ki te vin tounen Pòl nan apre, jan sa dekri nan Bib la.

Pòl te patisipe aktivman nan pèsekisyon Legliz la ak Kretyen yo. Men, gras ak pouvwa syèl la ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, li te chanje totalman, epi l te vin tounen yonn nan gran sèvitè Bondye yo. Modèl lavi li sete Sovè a, Jezikri.

Nan yonn nan ansèyman Pòl te bay Korentyen yo, li te envite yo pou yo te vin disip li menmjan limenm li te yon disip Kris la (gade 1 Korentyen 11:1). Sa se yon envitasyon sensè ki rete valid depi epòk Pòl la rive jis jodia: vin tounen yon disip Kris la.

M te kòmanse reflechi sou kisa sa vledi pou nou vin tounen yon disip Kris la. Epi pi enpòtan toujou, m te kòmanse mande, “Nan ki fason pou m ta imite L?”

Vin yon disip Kris la vledi fè efò pou konfòme aksyon nou, konduit nou, ak lavi nou avèk pa Sovè a. Sa vledi akeri vèti yo Sa vledi vin yon vrè disip Jezikri.

Mwen te etidye kèk aspè nan lavi Sovè a, epi, kòm pati mesaj mwen an jodia, m te chwazi kat nan kalite L genyen ke m ap eseye imite epi m ap pataje yo avèk nou.

Premye kalite Sovè a se imilite. Jezikri te enb anpil depi nan lavi premòtèl la. Nan Konsèy nan Syèl la, Li te rekonèt volonte Bondye epi L te kite volonte l triyonfe nan plan sali pou limanite a. Li te di, “Papa, se pou volonte ou fèt, epi se pou ou laglwa a pou tout tan gen tan” (Moyiz 4:2).

Nou konnen ke Jezikri te anseye imilite epi Li te imilye tèt Li pou L te ka glorifye Papa L.

An nou viv avèk imilite paske sa pote lapè (gade Doktrin ak Alyans 19:23). Imilite presede laglwa, epi li atire favè Bondye sou nou: “Wi, nou tout dwe soumèt devan youn lòt, epi nou dwe abiye avèk imilite: paske Bondye kont moun ki ògeye, epi L bay moun ki enb yo lagras” (1 Pyè 5:5). Imilite pote repons ki janti. Li se sous yon pèsonalite ki jis.

Èldè Dale G. Renlund te anseye:

“Moun ki mache enbleman avèk Bondye yo sonje sa Pè Selès la ak Jezikri fè pou yo.”

“Nou aji onorableman avèk Bondye lè nou mache enbleman avèk Li” (“Aji avèk Jistis, Renmen avèk Mizèrikòd, epi Mache avèk Imilite devan Bondye,” Liahona, Nov. 2020, 111, 109).

Dezyèm kalite Sovè a se kouraj. Lè m panse a Jezikri ki nan laj douzan, te chita nan tanp Bondye a pami doktè lalwa yo epi L t ap anseye yo, mwen remake byen bonè nan lavi Li, Li te deja genyen yon bon santiman kouraj, yon kouraj patikilye. Alòske majorite moun ta atann yo pou yo wè doktè lalwa yo anseye jèn gason an, se Li ki t ap anseye yo pandan “yo t ap koute l, epi yo t ap poze L kesyon” (Tradiksyon Joseph Smith, Lik 2:46 [nan Lik 2:46, referans c]).

Nou te sèvi yon misyon aplentan nan Misyon Mbuji-Mayi a nan Repiblik Demokratik Congo soti 2016 rive 2019. Fason pou n te deplase nan misyon an sòti nan yon zòn al nan lòt sete sou wout. Yon fenomèn te parèt nan zòn sa a, avèk bandi ki te gen zam avèk zam file ki te konn parèt sou wout la pou pètibe deplasman vwayajè yo.

Senk nan misyonè ki t ap vwayaje apre yon transfè sòti nan yon zòn al nan yon lòt te viktim nuizans sa yo. Paske nou te deja viktim anba nuizans sa a pou tèt pa nou avan sa, nou te kòmanse pè pou lavi ak sekirite nou tout, nou te menm ezite vwayaje sou wout sa yo pou nou t al vizite misyonè yo ak pou fè konferans zòn. Nou pa t konnen konbyen tan sa t apral dire. M te prepare yon rapò ke m te voye bay Prezidans Entèrejyon an, epi m te eksprime santiman laperèz nou sou kontinye vwayaje pandan wout la te sèl mwayen pou nou kontakte misyonè yo.

Nan repons li, Èldè Kevin Hamilton, ki sete prezidan nou nan Zòn Afrik Sidès la, te ekri m: “Konsèy mwen, se pou w fè tout sa w kapab. Gen sajès epi priye. Pa mete tèt ou ak misyonè yo andanje volontèman, men, an menm tan tou, mache annavan ak lafwa. ‘Paske se pa yon espri laperèz Bondye mete nan nou; men, se yon espri fòs, lanmou, ak sajès’ (2 Timote 1:7).”

Egzòtasyon sa a te ranfòse nou anpil epi l te pèmèt nou kontinye vwayaje epi sèvi avèk kouraj jiska lafen misyon nou, paske nou te tande direksyon ki te sòti nan men Papa nou ki nan Syèl la atravè ekriti sa a.

Nan ekriti modèn yo, nou li pawòl enspire Pwofèt Joseph Smith yo ki reflete ankourajman Senyè a ban nou: “Frè m yo, èske nou pa dwe kontinye nan gran koz sa a? Ale an avan, non pa an aryè. Kouraj, frè m yo; epi an avan, an avan pou viktwa!” (Doktrin ak Alyans 128:22).

An nou gen kouraj pou nou fè sa ki byen, menm lè l pa popilè—kouraj pou nou defann lafwa nou epi pou nou aji pa lafwa. An nou gen kouraj pou nou repanti chak jou, kouraj pou nou aksepte volonte Bondye ak obeyi kòmandman L yo. An nou gen kouraj pou nou viv nan lajistis epi pou nou fè sa yo atann pou nou fè nan diferan responsablite ak pozisyon nou yo.

Twazyèm kalite Sovè a se padon. Pandan ministè L nan mòtalite a, Sovè a te pwoteje yon fi yo te pran nan adiltè kont kout wòch. Li te kòmande l “ale, epi pa peche ankò” (Jan 8:11). Sa te motive l al nan direksyon repantans ak padon finalman, paske jan ekriti yo ekri a, “Fi a te glorifye Bondye depi lè sa a, epi te kwè nan non Li” (Tradiksyon Joseph Smith,, Jan 8:11, [nan Jan 8:11, referans c]).

Pandan Devosyon Nwèl Desanm 2018 la, Prezidan byenneme nou an, Russell M. Nelson te pale sou kat don nou resevwa nan men Sovè a. Li te dike yon don Sovè a ofri se kapasite pou padone:

“Atravè Sakrifis Ekspyatwa enfini L lan, nou ka padone moun ki fè nou ditò ak moun ki gen dwa pa janm aksepte responsablite pou move tretman yo fè nou.

“Sa abityèlman fasil pou nou padone yon moun ki sensèman ak enbleman chèche padon nou. Men Sovè a ap ba nou posiblite pou padone tout moun ki maltrete nou nan kèlkeswa fason an” (“Kat Kado Jezikri Ofri Nou” [Devosyon Nwèl Premye Prezidans lan, Des. 2, 2018], broadcasts.ChurchofJesusChrist.org).

An nou youn padone lòt sensèman pou nou ka jwenn padon nan men Papa a. Padon libere nou epi l fè nou diy pou nou pran sentsèn chak Dimanch. Padon se yon kondisyon pou nou vin vrè disip Jezikri.

Katriyèm kalite Sovè a se sakrifis. Sa fè pati levanjil Jezikri a. Sovè a te bay sakrifis siprèm lavi Li pou nou, pou nou te kapab rachte. Pandan L te santi doulè sakrifis Li a, Li te mande Papa a pou retire tas anmè a, men, Li te acheve sakrifis etènèl Li a. Sa se Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a.

Prezidan M. Russell Ballard te anseye bagay sa a: “Sakrifis se demonstrasyon amou pur. Degre amou nou pou Senyè a, pou levanjil la, ak pou moun parèy nou ka mezire atravè sa nou dispoze pou n sakrifye pou yo” (“Benediksyon Sakrifis,” Ensign, Me 1992, 76).

Nou ka sakrifye tan nou pou nou fè sèvis pastoral, pou nou sèvi lòt moun, pou nou fè byen, pou nou fè travay istwa familyal, ak pou nou mayifye apèl nou nan Legliz la.

Nou ka bay mwayen finansye lè nou peye ladim, ofrann jèn, ak lòt don pou bati wayòm Bondye a sou latè. Nou bezwen fè sakrifis pou nou ka kenbe alyans nou fè avèk Senyè a.

Priyè mwen se, lè nou suiv Jezikri epi nou rale benediksyon Ekspyasyon L yo, pou nou vin plis enb, vin gen plis kouraj, pou nou padone plis, epi pou nou sakrifye plis pou wayòm Li a

Mwen temwaye ke Papa nou ki nan Syèl la vivan epi Li konnen nou chak endividyèlman, Jezi se Kris la, Prezidan Russell M. Nelson se pwofèt Bondye jodia. Mwen temwaye ke Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se wayòm Bondye sou tè a epi l ap Liv Mòmon an se verite. Nan non Jezikri, Redanmè nou an, amèn.