Konferans Jeneral
Adrese Sante Mantal
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Adrese Sante Mantal

Pèmèt mwen pataje plizyè obsèvasyon m te fè pandan fanmi m t ap travèse kèk eprèv.

Menm lè fanmi m te resevwa gwo benediksyon pandan n ap mache avèk jwa sou chemen alyans la, nou te fè fas a anpil gwo montay ki te ekstrèmman wo tou. Mwen ta renmen pataje kèk eksperyans ki vrèman pèsonèl konsènan maladi mantal. Pami yo gen depresyon klinik, anksyete ki sevè, twoub bipolè, TDAH—epi pafwa yon konbinezon yo tout ansanm. M ap pataje eksperyans touchan sa yo avèk pèmisyon moun ki te konsène yo.

Pandan ministè mwen, mwen rankontre plizyè santèn moun avèk fanmi ki te viv menm kalite eksperyans sa yo. Pafwa m konn mande m si “maladi devastan” ki ap gen pou kouvri tout tè a, jan yon mansyone nan ekriti yo, petèt gen maladi mantal ki enkli ladan yo.1 Li tout kote nan mond lan, li kouvri tout kontinan ak kilti, epi li afekte tout moun—jèn, granmoun, rich, ak pòv. Manm yo nan Legliz la pa epanye.

An menm tan, doktrin nou an ansenye nou pou nou fè efò pou n vin tankou Jezikri epi pou nou vin pafè nan Limenm. Timoun nou yo chante, “M ap eseye vin tankou Jezi.”2 Nou aspire pou nou vin pafè menm jan Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri pafè a.3 Paske maladi mantal ka entèfere nan pèsepsyon nou genyen sou pèfeksyon, li twò souvan yon sijè ki entèdi. Kòm rezilta, gen twòp inyorans, twòp moun k ap soufri an silans, ak twòp dezespwa. Anpil moun, ki santi yo depase paske yo pa reponn a kritè lòt moun pèsevwa yo, fè erè panse ke yo pa gen plas yo nan Legliz la.

Pou lite kont kalite twonpri sa a, li enpòtan pou nou sonje ke “Sovè a renmen chak grenn pitit Papa L yo. Li totalman konprann doulè ak difikilte anpil moun ap travèse pandan y ap viv avèk yon pakèt kalite difikilte mantal. Li te soufri ‘doulè ak afliksyon tout kalite; … li te [pran] sou tèt li doulè ak maladi pèp li a’ (Alma 7:11; italik ajoute; gade tou Ebre 4:15–16; 2 Nefi 9:21). Paske Li konprann tout afliksyon, Li konn kijan pou L ‘geri kè ki brize’ (Lik 4:18; gade tou Ezayi 49:13–16).”4 Difikilte yo souvan endike yon bezwen pou kèk zouti ak sipò adisyonèl e yo pa yon defo karaktè.

Pèmèt mwen pataje plizyè obsèvasyon m te fè pandan fanmi m t ap travèse kèk eprèv.

Premyèman, anpil moun ap kriye avèk nou; yo pa p jije nou. Akoz gwo atak panik, anksyete, ak depresyon grav, pitit gason m nan te retounen lakay li soti nan misyon l apre sèlman 4 semèn. Antanke paran li, nou te twouve l te difisil pou nou te jere desepsyon ak tristès la paske nou te priye anpil pou l te gen siksè. Menm jan avèk tout paran, nou vle pou pitit nou yo prospere epi pou yo kontan. Yon misyon se t ap yon etap enpòtan nan lavi pitit gason nou an. Nou te mandetèt nou kisa lòt moun yo te petèt ap panse tou.

Sa nou pa t rann nou kont, sèke retou pitit gason nou an te vrèman pi devastan pou limenm. Note ke li te renmen Senyè a epi li te vle sèvi, epi kounyeya, li pa t kapab akoz kèk rezon li t ap lite pou l te konprann. Li te byen vit vin tonbe nan yon eta dezespwa total epi li t ap lite anba yon gwo santiman kilpabilite. Li pa t santi l te aksepte ankò, epi li te paralize espirityèlman. Panse sou lanmò te vin anvayi li san rete.

Pandan l te nan eta deplorab sa a, pitit gason nou an te panse ke sèl aksyon ki te rete pou l te fè se te tiye tèt li. Sa te pran Sentespri a avèk yon lejyon zanj nan toulède bò vwal yo pou te sove li.

Pandan li t ap konbat pou lavi li epi pandan peryòd ekstrèmeman difisil sa a, fanmi nou, dirijan pawas nou yo, manm yo, ak zanmi nou yo te fè gwo efò pou yo te soutni nou ak sèvi nou.

Mwen pa t janm santi yon kalite devèsman lanmou konsa. Mwen pa t janm santi avèk plis puisans epi nan yon fason ki si pèsonèl, kisa sa vle di pou konsole moun ki bezwen konsolasyon. Fanmi m ap toujou rekonesan pou devèsman lanmou sa a.

Mwen pa ka dekri mirak inonbrab ki te akonpanye evenman sa yo. Erezman, pitit nou an rive siviv, men sa te pran yon bon tan avèk anpil swen medikal, trètman, ak swen espirityèl pou l te rive geri epi pou l te aksepte ke yo te renmen l, valorize l, epi bezwen li.

Mwen rekonèt ke se pa tout kalite eprèv sa yo ki fini menm jan avèk pa nou an. Mwen tris pou moun ki pèdi moun ke yo renmen anpil twò bonè epi ki kounyea rete avèk santiman chagren ansanm ak kesyon san repons.

Dezyèm obsèvasyon m nan sèke li ka petèt difisil pou paran yo idantifye difikilte timoun yo genyen, men nou dwe fòme tèt nou. Kijan nou ka fè diferans ant difikilte ki asosye avèk devlopman nòmal yo ak sentom maladi yo? Antanke paran, nou gen devwa sakre pou nou ede pitit nou yo afwonte difikilte ki nan lavi a; men, pa gen anpil nan nou ki se espesyalis sante mantal. Malgre sa, nou bezwen pran swen timoun nou yo nan ede yo aprann kontante yo de efò sensè y ap fè pandan y ap efòse yo pou yo atenn objektif yo espere a. Nou chak konnen, apati pwòp echèk pèsonèl pa nou, ke pwogresyon espirityèl la se yon pwosesis kontinyèl.

Nou konprann kounyeya ke “pa gen yon senp remèd ki geri tout maladi mantal ak emosyonèl. N ap travèse sitiyasyon strès avèk twoub paske n ap viv nan yon mond enpafè avèk yon kò ki enpafè. Anplis, anpil faktè kapab kontribye pou mennen nan maladi mantal. Kèlkeswa byennèt mantal ak emosyonèl nou, konsantre nou sou pwogresyon nou pi bon pase yon obsesyon sou echèk nou.”5

Pou mwenmenm ak madanm mwen, sèl bagay ki te toujou ede nou sete rete pi pwòch Senyè a ke posib. Lè nou gade dèyè, nou wè kounyeya kòman Senyè a te ansenye nou avèk pasyans nan moman gwo ensètitid yo. Limyè Li te gide nou pazapa atravè moman ki te pi fènwa yo. Senyè a te ede nou wè ke valè nanm yon grenn moun pi enpòtan nan plan etènèl la pase kèlkeswa tach oubyen akonplisman terès.

Yon fwa ankò, edike tèt nou sou maladi mantal ap prepare nou pou nou ka ede tèt nou avèk lòt moun ki petèt ap lite nan moman an. Diskisyon ki ouvè epi ki onèt ant youn avèk lòt ap ede sijè enpòtan sa a resevwa atansyon li merite a. Apre tout bagay, enfòmasyon vini anvan enspirasyon ak revelasyon. Difikilte ki twò souvan envizib sa yo kapab afekte nenpòt moun, epi lè n ap afwonte yo, yo parèt ensimontab.

Youn nan premye bagay nou bezwen aprann sèke nou pa janm poukont nou. Mwen envite nou pou n al etidye sijè sou maladi mantal la ki nan seksyon Life Help (Faire face aux défis de la vie) a nan aplikasyon Libreri Levanjil la. Aprantisaj ap mennen plis konpreyansyon, plis akseptasyon, plis konpasyon, plis lanmou. Li kapab diminye trajedi, pandan l ap ede nou devlope ak jere atant ak relasyon ki bon pou lasante.

Dènye obsèvasyon mwen: nou bezwen toujou voye je youn sou lòt. Nou youn dwe renmen lòt epi sispann pote jijman—espesyalman lè sa nou espere yo pa reyalize imedyatman. Nou ta dwe ede timoun nou yo ak jèn yo santi lanmou Jezikri nan lavi yo, menm lè y ap lite pou yo pèsonèlman santi lanmou pou pwòp tèt pa yo. Èldè Orson F. Whitney, ki te sèvi kòm manm Kolèj Douz Apot yo, te konseye paran yo kòman pou yo ede timoun ki nan difikilte yo: “Lapriyè pou … timoun nou yo; akwoche nou avèk yo nan lafwa nou.”6

Mwen souvan medite sou kisa sa vle di pou nou akwoche avèk yo nan lafwa. Mwen kwè ke sa enkli senp aksyon lanmou, dousè, jantiyès, ak respè. Sa vle di pèmèt yo devlope nan pwòp vitès pa yo epi pataje temwanyaj nou pou ede yo santi lanmou Sovè a. Sa mande nou pou nou panse plis a yomenm e mwens a noumenm oubyen lòt moun. Sa vle di an jeneral pou nou pale mwens epi koute anpil, e pi plis. Nou dwe renmen yo, ankouraje yo, epi felisite yo souvan pou efò y ap fè pou yo reyisi ak pou yo rete fidèl anvè Bondye. Epi finalman, nou dwe fè tout sa ki nan pouvwa nou pou nou rete pwòch yo—menm jan nou rete pwòch Bondye a.

Pou tout moun ki afekte pèsonèlman pa maladi mantal yo, kenbe fèm nan alyans nou yo, menm lè nou petèt pa santi lanmou Bondye nan moman sa a. Fè tout sa ki nan pouvwa nou epi apre sa “kanpe trankil … pou nou wè sali Bondye, epi pou bra li kapab aji.”7

Mwen temwaye ke Jezikri se Sovè nou. Li konnen nou. Li renmen nou epi L ap toujou la pou nou. Atravè eprèv fanmi m te travèse yo, mwen vin konnen nan ki pwen Li pwòch nou. Pwomès li yo se verite:

Je suis ton Sauveur, ton suprême secours,

Je suis avec toi pour te guider toujours.

Devant l’adversaire je te rendrai fort, …

Je veux dans l’épreuve, bénir ton effort.

Konesan kijan fondasyon nou fèm, annou toujou deklare avèk jwa: :

Moun ki apiye sou Jezi pou repo a

M pa pral, m pa kapab, janm lage l bay enmi l yo;

Menmsi tout lanfè ta dechennen pou sekwe li, moun sa a, …

Jamè, non jamè, m pap jamè bliye li!8

Nan non Jezikri, Amèn.

Nòt

  1. Doktrin ak Alyans 45:52.

  2. “Jésus-Christ est mon modèle,” Chants pour les enfants,, 40–41.

  3. Gade 3 Nefi 12:48.

  4. Like a Broken Vessel,” Mental Health: General Principles, ChurchofJesusChrist.org.

  5. Sheldon Martin, “Strive to Be—a Pattern for Growth and Mental and Emotional Wellness,” Liahona, Out. 2021, 14.

  6. Orson F. Whitney, nan Conference Report, Avr. 1929, 110.

  7. Doktrin ak Alyans 123:17.

  8. “Quels fondements fermes,” Cantiques, no. 85.