Konferans Jeneral
Yon Rechèch Dilijan ki Rekonpanse
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Yon Rechèch Dilijan ki Rekonpanse

Mwen envite nou pou nou kontinyèlman ogmante lafwa nou nan Kris la, ki kontinye chanje lavi tout moun k ap chèche Li.

Kòmanse an 1846, dè milye pyonye gason, fi, ak timoun te pran direksyon Lwès pou al nan Siyon. Gwo lafwa yo te motive kouraj san limit yo. Pou kèk ladan yo, vwayaj sa a pa t janm fini paske yo te mouri sou wout. Gen lòt, ki te fè fas ak gwo advèsite, men yo te avanse ak lafwa.

Gras avèk yo, dè jenerasyon apre, fanmi m te jwi benediksyon vrè levanjil Jezikri a.

Menmjan avèk yon lòt jenòm, ke m pral mansyone apre, mwen te gen 14 an lè m te kòmanse kesyone relijyon ak lafwa mwen. Mwen te mache nan legliz yon lòt relijyon tou pre lakay mwen, men mwen te santi yon dezi pou m te vizite anpil legliz diferan.

Yon aprèmidi, mwen te remake de jèn gason nan kostim nwa ak chemiz blan ki t ap antre nan kay vwazin mwen an. Jènjan sa yo te parèt—espesyal.

Nan denmen, mwen te rankontre vwazin mwen an, Leonor Lopez, epi m te poze l kesyon sou de mesye sa yo. Leonor te eksplike ke yo sete misyonè pou Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Li te di m avèk lajwa ke fanmi li te batize nan Legliz la yon ane anvan sa. Lè l te remake ke m te enterese, Leonor te envite m rankontre misyonè yo pou m te aprann sou Legliz la.

De jou apre, mwen te al lakay fanmi Lopez pou m te rankontre misyonè yo. Yo prezante tèt yo kòm Èldè John Messerly ki te soti nan Ogden, Utah, ak Èldè Christopher Osorio ki te soti nan Walnut Creek, Kalifòni. Mwen pa p janm bliye yo.

Imaj
Misyonè yo k ap anseye pandan y ap manje.

Paske m te gen sèlman 14 an, Èldè Messerly te ensiste pou nou te ale akote a nan lakay mwen pou manman m te ka konnen sa yo t ap anseye m. Se la ke l te eksplike jantiman ke yo te vin pataje yon mesaj konsènan Jezikri epi yo te mande l pèmisyon pou yo te anseye m. Manman m te dakò e li te menm vini tou pandan yo t ap anseye m nan.

Misyonè yo te mande Leonor pou l ofri yon priyè toudabò. Sa te touche m anpil paske priyè l la pa t yon repetisyon mo memorize men sete yon ekspresyon ki te soti nan kè li. M te santi li t ap reyèlman pale ak Papa li ki nan Syèl la.

Apre sa a, misyonè yo te anseye nou konsènan Jezikri. Yo te montre yon foto de Li ki te enpresyone m paske sete yon foto Kris resisite e ki vivan an.

Imaj
Senyè Jezikri a

Yo te kontinye anseye nou kijan Jezi te etabli Legliz li a nan tan lontan, avèk Li menm nan tèt la ansanm ak douz Apot. Yo te anseye nou konsènan apostazi a—kijan yo te retire verite ak otorite Kris la sou tè a apre Apot li yo te mouri.

Yo te pale nou de yon jèn ti gason 14 zan yo te rele Jozèf Smit ki, nan kòmansman ane 1800 yo, te vizite diferan legliz pou l te chèche laverite. Amezi tan t ap pase, Jozèf te vin pi twouble. Aprè l te fin li nan Bib la ke nou ka “mande Bondye”1 sajès, Jozèf, ki te aji ak lafwa, te retire kò l nan yon boskè pyebwa pou l te priye epi mande nan ki legliz li ta dwe mache.

Youn nan misyonè yo te li resi Jozèf la sou sa k te pase pandan l t ap priye a:

“Mwen te wè yon kolòn limyè ki te egzakteman anlè tèt mwen, ki te pi klere pase solèy la, epi ki te desann tikras pa tikras sou mwen.

“… Lè limyè a te repoze sou mwen, m te wè de pèsonaj, ekla yo ak laglwa yo te depase tout deskripsyon, ki te kanpe sispandi anlè devan mwen. Youn ladan yo te pale avèk mwen, li te site non mwen, epi l te di, pandan l te lonje dwèt li sou lòt la—Se Pitit Gason Byenneme m nan. Koute l!2

Pandan leson sa a, Lespri a te konfime m plizyè verite.

Premyèman, Bondye koute tout priyè sensè pitit li yo, epi syèl la louvri pou tout moun - pa sèlman pou kèk moun.

Dezyèmman, Bondye Papa a, Jezikri, ak Sentespri a se twa èt separe, ini nan objektif yo “pou reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm.”3

Twazyèmman, nou kreye dapre imaj Bondye. Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit li a, Jezikri, gen kò lachè ak zo tankou nou, men yo glorifye ak pèfeksyone, epi Sentespri a se yon pèsonaj lespri.4

Katriyèmman, atravè Jozèf Smit, Jezikri te retabli levanjil li a ak vrè Legliz Li a sou tè a. Otorite Prètriz la ki te konfere sou Apot Kris yo 2,000 ane de sa, se menm Prètriz ki te konfere sou Joseph Smith ak Oliver Cowdery atravè Pyè, Jak ak Jan.5

Finalman, nou te aprann sou yon lòt temwayaj konsènan Jezikri: Liv Mòmon an. Ekri pa ansyen pwofèt, li pale de moun ki te viv nan Amerik yo anvan, pandan, ak apre nesans Jezi. Nan li nou aprann kijan yo te konnen, renmen, ak adore Kris la, ki te parèt devan yo kòm Sovè resisite a.

Lespri a te touche m pwofondman pandan m te aprann deklarasyon Sovè a te fè yo: “Gade, mwen se Jezikri, pwofèt yo te temwaye ki pral vini nan mond lan.”6

Misyonè yo te bannou pwòp kopi nou de Liv Mòmon an. Nou te li ak aksepte envitasyon ki nan fen Liv Mòmon an, ki di:

“Epi lè nou resevwa bagay sa yo, m vle egzòte nou pou nou mande Bondye, Papa Etènèl la, nan non Kris la, si bagay sa yo se pa verite; e si nou mande avèk yon kè sensè, avèk yon entansyon reyèl, si nou gen lafwa nan Kris la, l ap montre nou se verite, avèk pouvwa Sentespri a.

“Epi, pa pouvwa Sentespri a nou kapab konnen verite nan tout bagay.”7

Sa fè prèske 45 an depi mwenmenm ak manman m te premye aprann konsènan lajwa ak pouvwa ki genyen nan gen lafwa nan Kris la. Se gras ak lafwa yo nan nan Kris la ke fanmi Lopez te pataje nouvo lafwa yo a avè m. Se gras ak lafwa yo nan Kris la ke de misyonè sa yo te kite kay yo Ozetazini pou yo te jwenn manman m avèk mwen. Se lafwa tout zanmi sa yo ki te plante yon grenn moutad lafwa nan nou ki depi lè sa a vin grandi tounen yon gwo pyebwa benediksyon etènèl.

Pandan ane beni sa yo, nou te konnen, jan Prezidan Russell M. Nelson te deklare a: “Tout bagay ki bon nan lav —tout benediksyon potansyèl ki gen siyifikasyon etènèl—kòmanse avèk lafwa. Pèmèt Bondye gen priyorite nan lavi nou kòmanse avèk lafwa ke Li dispoze pou gide nou. Vrè repantans kòmanse avèk lafwa ke Jezikri gen pouvwa pou pwòpte, geri, ak fòtifye nou.8

Mwen envite nou tout pou n kontinye ogmante lafwa nou nan Kris la, ki te chanje lavi mwenmenm ak manman m e ki kontinye ap chanje lavi tout moun k ap chèche li. Mwen konnen ke Jozèf Smit se Pwofèt Retablisman an, ke Prezidan Nelson se pwofèt nou jodi a, ke Jezi se Kris vivan an ak Redanmtè nou, e ke Papa nou ki nan Syèl la vivan epi Li reponn tout priyè pitit Li yo. Mwen temwaye konsènan verite sa yo nan non sakre Jezikri, amèn.