Konferans Jeneral
Yon Kay Lòd Pa Sekans
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Yon Kay Lòd Pa Sekans

“Lòd pa sekans la” se yon fason senp, natirèl e efikas pou Senyè a ansenye nou prensip enpòtan yo antanke pitit Li.

Nan lavi pwofesyonèl mwen ak nan sèvis mwen nan Legliz la, mwen fè sa dè milye fwa—men jamè devan kenz mesye sa yo ki chita dirèkteman dèyè m nan. Mwen santi priyè nou ak pa yo.

Mwen se yon natif natal Wayòm Tonga a nan Pasific Sid la men mwen te grandi nan Amerik Dinò a. Akoz pandemi an, plizyè santèn, petèt milye jèn misyonè Tonganè k ap sèvi atravè mond lan pa ka retounen nan peyi byenneme yo a akoz fwontyè yo fèmen. Kèk nan èldè ki soti Tonga yo nan misyon yo depi twazan epi gen kèk sè ki gen plis pase dezan! Y ap tann avèk pasyans, avèk lafwa sa a ki fè renome pèp nou an. Pandan tan sa a, pa santi nou twò enkyete si kèk nan yo k ap sèvi nan pawas ak pieu nou yo vin plis an plis sanble avèk mwen— vyeyi ak cheve gri. Nou rekonesan pou misyonè yo ki toupatou nan mond lan, pou sèvis zele yo, menm lè sèvis sa a dire yon tan ki pi long oubyen ki pi kout pase sa yo te prevwa a akozde pandemi an.

Yon Dimanch pandan m te dyak, mwen te nan koulwa a avèk yon plato dlo sentsèn mwen t ap distribiye lè yon fi te mache rantre nan chapèl la. Kòm se devwa m, mwen te apwoche l epi m te longe plato a ba li. Li te souke tèt li, li te ri, epi li te pran yon ti kèp dlo. Li te rive twò ta pou l te resevwa pen an. Yon ti bout tan aprè eksperyans sa a, enstriktè nan fwaye m nan, Ned Brimley, te ansenye m ke yo ba nou plizyè aspè ak benediksyon nan levanjil Jezikri a nan yon lòd pa sekans.

Nan apre, nan menm semèn nan, Ned Brimley avèk konpanyon l te vini lakay mwen avèk yon leson ke nou p ap janm bliye. Ned te fè nou sonje ke te gen lòd nan fason Bondye te kreye tè a. Senyè a te pran gwo swen pou l te eksplike Moyiz lòd li te kreye tè a. Premyèman, Li te kòmanse kote li te separe limyè avèk tenèb, apre sa dlo yo avèk tè sèch la. Li te ajoute lavi nan plant yo avèk bèt yo anvan l te entwodui pi gwo kreyasyon L lan nan nouvo planèt ki te fòme a: lòm, ki kòmanse avèk Adan ak Èv.

“Konsa Bondye te kreye lòm dapre imaj pa li, li te fè l pòtre ak li; li te kreye yo gason ak fi. …

“Epi Bondye gade sa l te fè a, li wè l bon nèt” (Jenèz 1:27, 31).

Senyè a te kontan. Epi Li te repoze nan setyèm jou a.

Lòd pa sekans tè a te kreye a pa sèlman ba nou yon apèsi sou sa ki pi enpòtan pou Bondye, men sou poukisa ak pou kiyès Li te kreye tè a tou.

Imaj
Ned Brimley ak fanmi li

Ned Brimley te aksantye leson enspire l la avèk yon senp deklarasyon: “Vai, Kay Bondye a se yon kay lòd. Li espere pou w viv lavi w nan lòd. Nan bon sekans la. Li vle pou w sèvi yon misyon anvan ou marye.” Sou pwen sa a, dirijan Legliz yo aktyèlman ansenye ke “Senyè ap tann pou chak jènjan ki kapab prepare l pou l ka sèvi yon misyon. … Jènfi … ki gen dezi pou sèvi yo ta dwe prepare yo tou” (Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 24.0, ChurchofJesusChrist.org). Frè Brimley te ajoute: “Bondye vle ke w marye anvan w fè pitit. Epi li vle pou w toujou kontinye devlope talan ou pandan w ap kontinye fè etid ou.” Si w chwazi pou w viv lavi w nan dezòd, w ap dekouvri ke lavi a difisil ak plen echèk.

Frè Brimley te ansenye nou tou ke atravè sakrifis ekspyatwa L la, Sovè a ede nou retabli lòd nan lavi nou lè lavi nou boulvèse oubyen an dezòd akoz pwòp chwa pa nou oubyen chwa lòt moun.

Depi lè sa a rive jis jodia, mwen vin gen yon pasyon pou “lòd pa sekans.” Mwen devlope yon abitid pou m chèche modèl lòd pa sekans nan lavi a avèk nan levanjil la.

Èldè David A. Bednar te ansenye prensip sa a: “Lè nou etidye, aprann, epi viv levanjil Jezikri a, sekans la toujou enstriktif. Anvizaje, pa egzanp, leson nou aprann sou priyorite espirityèl nan lòd gwo evenman yo te rive fèt pandan plenitid levanjil Sovè a te retabli nan dènye jou yo.”

Èldè Bednar te site Premye Vizyon an ak premye fwa Mowoni te parèt devan Joseph Smithla pou l te ansenye ti jèn pwofèt la toudabò, nati avèk karaktè Bondye, ki te suiv pa wòl Liv Mòmon an ak Eli t ap jwe nan rasanbleman Izrayèl la nan toude bò vwal la nan dènye dispansasyon sa a.

Èldè Bednar te fini pou di: “Sekans enspire sa a se pou ansenye nou konsènan bagay espirityèl ki gen pi gwo priyorite nan Divinite a” (“Kè Timoun yo Pral Vire,” Liahona, Nov. 2011, 24).

Yon obsèvasyon m te fè sèke “lòd pa sekans la” se yon fason senp, natirèl e efikas pou Senyè a ansenye nou prensip enpòtan sa yo, antanke pitit Li.

Nou vini sou latè pou n aprann ak pou nou vin gen eksperyans ke nou pa t ap ka genyen lòt fason. Pwogresyon nou pèsonèl a nou chak epi l se yon pati enpòtan nan plan Papa nou ki nan Syèl la. Pwogresyon fizik ak espirityèl nou kòmanse pa etap epi l devlope lantman amezi n ap vin akeri eksperyans etap pa etap.

Alma bay yon diskou puisan sou lafwa—kote l itilize parabòl yon semans, ki, si li nouri kòrèkteman, ap boujonnen soti nan yon ti pyebwa pou l vin grandi tounen yon gwo pyebwa ki bay fwi ki bon (gade Alma 32:28–43). Leson an sè ke lafwa ou ap grandi amezi w ap fè plas epi nouri semans la—oubyen pawòl Bondye a—nan kè w. Lafwa w ap grandi lè pawòl Bondye a kòmanse “gonfle nan pwatrin ou” (verse 28 Lefèt ke li “gonfle, li boujonnen, epi li kòmanse grandi” (vèsè 30) a se yon pwosesis alafwa vizyèl ak enstriktif. Se yon pwosesis pa sekans tou.

Senyè a ansenye nou chak selon kapasite nou pou nou aprann ak selon fason nou aprann. Pwogresyon nou depann totalman de dispozisyon nou, kiryozite natirèl nou, nivo lafwa nou, avèk konpreyasyon nou.

Nefi te ansenye kisa Joseph Smith ta pral aprann nan Kirtland, Ohio, plis pase 2.300 zan apre: “Se poutèt sa, mwen pral bay pitit lèzòm liy apre liy, enstriksyon apre enstriksyon, ti mòso isit, ti mòso lòtbò; epi moun ki koute enstriksyon m ak konsèy mwen yo beni, paske yo pral aprann lasajès” (2 Nefi 28:30).

Aprann “liy apre liy, enstriksyon apre enstriksyon, ti mòso isit, ti mòso lòtbò” a se yon pwosesis pa sekans ankò.

Reflechi sou deklarasyon sa a nou konn tande prèske tout lavi nou “mete premye bagay yo an premye” oubyen “Nouri yo avèk lèt anvan vyann.” E sa a “Nou dwe mache anvan nou kouri”? Chak grenn nan pwovèb sa yo dekri yon bagay ki fèt pa sekans.

Mirak yo fèt selon lòd pa sekans la. Mirak yo rive lè nou egzèse lafwa toudabò. Lafwa vini anvan mirak.

Jènjan yo òdone nan ofis nan Prètriz Aawon an pa sekans tou, selon laj moun nan ki ap òdone a: dyak, enstriktè, epi apresa prèt.

Òdonans sali ak ekzaltasyon yo fèt pa sekans nan karateristik yo. Nou batize anvan nou resevwa don Sentespri a. Òdonans tanp yo fèt pa sekans menmjan an tou. Natirèlman, jan zanmi m nan, Ned Brimley, te anseye m avèk sajès la, sentsèn nan fèt pa sekans—li kòmanse avèk pen an, dlo a vini apre.

“Antan yo t ap manje, Jezi pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l, li bay disip yo, li di: Pran, manje. Sa se kò mwen.

“Apre sa, li pran yon gode diven, li di Bondye mèsi, li pase l ba yo, li di: Se pou nou tout nou bwè ladan li;

“Paske, sa se san mwen, san ki siyen kontra Bondye fè a, san ki koule pou anpil moun jwenn padon pou peche yo.” (Matye 26:26–28).

Nan Jerizalèm ak nan Amerik yo, Sovè a te enstitiye sentsèn nan egzakteman nan menm lòd la.

“Senyè Bondye a di, gade, kay mwen se yon kay lòd, se pa yon kay konfizyon” (Doktrin ak Alyans 132:8).

Repantans fèt pa sekans. Li kòmanse avèk lafwa nan Jezikri, menm si se yon ti kal lafwa. Lafwa mande imilite, ki se yon eleman esansyèl pou ou ka rive genyen “yon kè ki brize ak yon lespri kontri” (2 Nefi 2:7).

Konsa tou, kat premye prensip levanjil yo se pwosesis pa sekans tou. “Nou kwè premye prensip ak òdonans levanjil yo se: premyèman, Lafwa nan Senyè a Jezikri; dezyèmman, Repantans; twazyèmman, Batèm pa imèsyon pou remisyon peche yo; katriyèmman, Enpozisyon men pou don Sentespri a” (Atik lafwa 1:4

Wa Benjamen te ansenye pèp li a verite enpòtan sa a: “ Epi fè tout bagay sa yo nan sajès ak nan lòd; paske li pa nesesè pou yon moun kouri plis pase kouraj li. Men nan yon lòt sans, li nesesè pou yon moun dilijan, pou l kapab ranpòte viktwa; se poutèt sa, tout bagay dwe fèt nan lòd.” (Mozya 4:27).

Se pou nou viv lavi nou nan lòd epi chèche pou nou suiv etap Senyè a etabli pou nou yo. N ap beni si nou chèche epi suiv metòd ak sekans Senyè a ansenye nou konsènan sa ki pi enpòtan pou Li yo. Nan non sakre Jezikri, amèn.