Konferans Jeneral
Pi Gran Posesyon an
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Pi Gran Posesyon an

Chak nan nou dwe vin jwenn Kris la avèk yon angajman san kondisyon nan levanjil Li a.

Ekriti yo pale de yon jèn lidè rich ki te kouri al jwenn Jezi, li te mete ajenou nan pye L, epi avèk yon senserite evidan, li te mande Mèt la, “Kisa m ta dwe fè pou m ka eritye lavi etènèl?” Apre l te fin repase yon lis kòmandman mesye sa a te respekte fidèlman, Jezi te di mesye a pou l te vann tout sa l te genyen, epi bay pòv yo pwofi l fè ladan yo a, pran kwa l, epi suiv Li. Karaktè dirèk konsèy sa a te fè jèn lidè a ezite, epi li t ale avèk chagren paske, ekriti a di, “Li te gen anpil byen?”1

Klèman, sa se yon mizangad enpòtan sou itilizasyon richès ak sou bezwen pòv yo. Men alafen, se yon istwa ki konsène devouman total san rezèv nan responsablite divin nou. Rich ou pòv, nou chak dwe vin jwenn Kris la avèk menm angajman san konpwomi sa a nan levanjil Li a ke l te atann nan men jenòm sa a. Nan langaj kouran jèn yo jodia, nou dwe deklare ke nou vle “bay tout.”2

Nan pwezi ki si memorab li a, C. S. Lewis imajine Senyè a k ap di nou yon bagay konsa: “M pa vle … tan w … [ni] lajan w … [ni] travay ou, M [jis] bezwen Ou menm. [Pyebwa sa a w ap koupe a.] M pa vle koupe yon branch isit ak yon branch laba, m vle … tout [pyebwa ] a tonbe. [Ak dan sa a.] M pa vle fouye [l], oubyen mete kouwòn ladan, oubyen [ranpli] l. [M vle] retire l. [Anfèt, m vle ou ban m] tout [ou] menm. … [Epi] M ap ba w yon nouvo ounmenm an echanj. Anfèt, M ap ba ou tèt Mwen: volonte … m ap vin [volonte w].”3

Moun ki pral pale avèk nou yo nan konferans jeneral sa a, nan yon fason oubyen yon lòt, yo pral di nou sa Kris la te di jenòm rich sa a: “Vin Jwenn Sovè w la. Vini konplètman epi avèk rezolisyon. Pran kwa ou, kèlkeswa jan l ka lou, epi suiv Li.”4 Epi yo pral di tout bagay sa yo avèk konesans ke, nan wayòm Bondye a, pa ka demi mezi, pa gen kòmanse epi stope, pa gen tounen dèyè. A moun ki te mande pèmisyon pou yo te antere yon paran ki te mouri oubyen di orevwa a lòt manm fanmi yo, repons Jezi a te egzijan e san diskisyon. Li te di “Kite sa pou lòt moun.” “Okenn moun, ki mete men l nan travay la, epi ki gade dèyè, pa pou wayòm Bondye a.”5 Lè yo mande nou yon bagay ki difisil, menm kèk bagay ki kontrè avèk sa kè nou ta renmen, sonje ke lwayote nou pwomèt pou kòz Kris la dwe vin devosyon siprèm lavi nou. Malgre Ezayi rasire nou ke l disponib “san lajan ak san pri,”6—e se vre—nou dwe prepare, pandan n ap itilize fraz T. S. Eliot la, ki di pou l koute nou “pa mwens ke tout bagay.”7

Sètènman, nou tout gen kèk abitid oubyen defò oubyen istwa pèsonèl ki ka anpeche nou totalman plonje n spirityèlman nan travay sa a. Men Bondye se Papa nou epi Li trè bon nan padone ak bliye peche nou abandone yo, petèt paske nou sitèlman ba l pratik nan bagay sa a. Kèlkilanswa, gen èd diven pou nou chak nenpòt lè nou santi nou dwe fè chanjman nan konpòtman nou. Bondye te bay Saul “yon lòt kè.”8 Ezekyèl te vle pou tout ansyen pèp Izrayèl la rejte transgresyon pase yo epi “fè … yon nouvo kè ak yon nouvo espri.”9 Alma te vle yon “chanjman puisan”10 ki t ap lakoz nanm nan elaji, e Jezi Limenm te ansenye “eksepte yon moun nedenouvo, li pa ka wè wayòm Bondye a.“11 Sa klè ke posibilite pou nou chanje ak viv nan yon nivo pi elve a te toujou youn nan kado Bondye bay moun k ap chèche sa.

Zanmi m yo, nan epòk sa a, nou jwenn tout kalite divizyon ak soudivizyon, tout kalite gwoup moun ak lòt ki anba gwoup, tout kalite tribi ak idantite politik anliy, avèk yon pakèt ostilite toupatou. Èske nou mande tèt nou si yon lavi “pi wo ak pi sen,”12 pou m itilize fraz Prezidan Nelson an, ta ka yon bagay nou ka chèche? Lè n ap fè sa, nou ta dwe sonje peryòd etonan sa a nan Liv Mòmon an kote moun yo te poze kesyon sa a epi reponn ni avèk si anpil sètitid konsa:

“Epi, se te konsa, pa t gen chirepit nan pami tout pèp la, nan tout peyi a … poutèt lanmou Bondye ki te nan kè pèp la.

“Epi pa t gen anvi, ni mètdam, ni lobo, … ni okenn kalite anvi sal; e reyèlman pa t ap kapab gen yon pèp ki pi kontan nan pami tout pèp men Bondye te kreye.

“Pa t gen vòlè, ni asasen, ni tou pa t gen Lamanit, ni okenn kalite-it; men yo te youn, pitit Kris la, ak eritye wayòm Bondye a.

Epi yo te beni anpil!13

Ki kle ki te mennen nan devèsman lavi bonè ak kontantman sa a? Yo ba nou l la a nan tèks la nan yon senp fraz: “Lanmou Bondye … te rete nan kè pèp la.”14 Lè lanmou Bondye se bagay ki motive pwòp lavi nou, relasyon nou youn ak lòt ak finalman santiman nou pou tout limanite, lè sa a, ansyen distenksyon, etikèt limitan, ak divizyon atifisyèl kòmanse disparèt, epi lapè ogmante. Se presizeman sa k te rive nan ekzanp Liv Mòmon nou an. Pa t gen Lamanit, ni Jakobit, ni Jozefit, ni Zoramit ankò. Pa t gen okenn “-it” ditou. Pèp la te adopte yon sèl idantite transandant. Yo di nou ke yo tout rete tèt yo “pitit Kris la.“15

Evidamman, n ap pale la a de premye gran kòmandman yo te bay fanmi imèn nan—pou renmen Bondye, san rezèv ni konpwomi, ki vledi, ak tout kè nou, tout pouvwa nou, tout espri nou, ak tout fòs nou an.16 Lanmou Bondye se premye gran kòmandman nan inivè a. Men premye gran verite nan inivè a sèke Bondye renmen nou egzakteman fason sa a—toutantye, san rezèv ni konpwomi, ak tout kè, tout pouvwa, ak tout espri ak tout fòs Li . Epi, lè fòs sa yo ki nan kè L ak pa nou an rankontre san kontrent, gen yon veritab eksplozyon pouvwa spirityèl ak moral ki fèt. Lè sa a, jan Teilhard de Chardin te ekri a, “pou [la] dezyèm fwa nan istwa mond lan, lòm va dekouvri dife.”17

Se apresa, e sèlman apresa, nou ka respekte dezyèm gran kòmandman an efikasman, nan fason ki pa sipèfisyèl ni banal. Si nou renmen Bondye sifizamman pou nou eseye rete konplètman fidèl a Limenm, L ap bannou abilite, kapasite, volonte, ak fason pou nou renmen pwochen nou ak tèt pa nou. Petèt lè sa a n ap ka di yon fwa ankò, “Pa t kapab gen yon pèp ki pi kontan nan pami tout pèp men Bondye te kreye”18

Frè m ak sè m yo, mwen priye pou nou reyisi kote jenòm rich sa a te echwe a, pou nou pran kwa Kris la, kèlkeswa jan l ka egzijan, kèlkeswa difikilte a e kèlkeswa pri a. Mwen rann temwayaj ke lè nou pran angajman pou nou suiv Li, nan yon fason oswa yon lòt, chemen an ap pase pa yon kowòn pikan ak yon kwa Women kriyèl. Kèlkeswa valè richès jenòm nou an te genyen, li pa t rich ase pou l te achte pasaj li soti nan yon randevou avèk senbòl sa yo, e noumenm non plis. Pou benediksyon ki se resevwa pi gran nan tout posesyon yo—kado lavi etènèl la—sa pa anyen si yo mande nou pou nou rete sou chemen an pou n suiv Gran Prèt Sakrifikatè a, Etwal Jounen nou an, Avoka ak Wa nou an. Mwen temwaye avèk Amaleki tan lontan an ke nou chak dwe “[ofri] tout nanm nou kòm yon ofrann bay li menm.”19 Konsènan devosyon plen detèminasyon e san parèy sa a, nou chante:

Lwanj pou montay, je m fikse sou li a:

Montay lanmou redanmtè w la. …

Men kè m, O pran l epi sele l;

Sele l a Oumenm anlè a.20

Nan non sakre Jezikri, amèn.