Konferans Jeneral
Leve Limyè Nou Anlè
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Leve Limyè Nou Anlè

Envitasyon m jodia senp: pataje levanjil la. Rete noumenm epi leve limyè nou an anlè.

Sa gen kèk ane, pandan m te nan avyon pou m tale Pewou, mwen te chita bò kote yon mesye ki te pwoklame ke l sete yon ate. Li te mande poukisa mwen kwè nan Bondye. Nan bèl konvèsasyon ki te suiv la, mwen te di l ke m kwè nan Bondye paske Joseph Smith te wè li—epi apresa m te ajoute ke konesans mwen sou Bondye te soti nan eksperyans spirityèl trè pèsonèl tou. Mwen te pataje kwayans mwen ke “tout bagay demontre genyen yon Bondye”1 epi mwen te mande li kijan li te kwè tè a—refij lavi nan mitan espas vid sa a —te kreye. Li te reponn, nan pwòp mo pa li, ke “aksidan sa a” te gen dwa rive sou yon peryòd tan byen long. Lè m te eksplike ke sa te grandman enposib pou yon “aksidan” ta pwodui annòd konsa, li te fè silans pou yon titan epi apresa jantiman li di, “Ou kenbe m.” Mwen te mande si l ta renmen li Liv Mòmon an. Li te di wi li t ap li l, konsa mwen te voye yon kopi ba li.

Dèzane apre, mwen te fè yon nouvo zanmi pandan m te nan yon ayewopò nan Lagòs, Nijerya. Nou te fè konesans pandan li t ap tcheke paspò mwen. M te pale avèk li sou kwayans relijye li, epi li te di gwo lafwa l nan Bondye. Mwen te pataje lajwa ak enèji levanjil retabli Jezikri a e mwen te mande l si li ta renmen aprann plis nan men misyonè yo. Li te di wi, epi yo te anseye li, epi l te batize. Youn oubyen de ane pita, pandan m t ap mache nan ayepò Liberya a, mwen te tande yon vwa ki te rele non mwen. Mwen te vire, epi menm jenòm sa a te apwoche m avèk yon gwo souri. Nou te bay akolad ak kè kontan epi li te fè m konnen ke li se yon manm aktif nan Legliz la epi l ap travay avèk misyonè yo pou anseye mennaj li.

Mwen pa konn si zanmi ate m nan te janm li Liv Mòmon an oubyen si l te konvèti nan Legliz la. Men dezyèm zanmi m nan te fè sa. Pou toulède, responsablite mwen2opòtinite mwen—sete menm nan: leve limyè levanjil la anlè—pou renmen, pataje, ak envite nan yon fason natirèl ki nòmal.3

Frè m ak sè m yo, mwen fè eksperyans avèk benediksyon ki genyen nan pataje levanjil la, e yo remakab. Men kèk egzanp ladan yo:

Pataje Levanjil la Pote Lajwa ak Lespwa

Oumenm avè m konnen ke nou te viv kòm pitit Pè Selès nou an anvan nou te vin sou tè a4 epi tè a te kreye ak objektif pou bay nou chak opòtinite pou nou resevwa yon kò, fè eksperyans, aprann, epi pwogrese pou nou ka resevwa lavi etènèl—ki se lavi Bondye.5 Papa nou ki nan Syèl la te konnen nou t ap gen pou n soufri epi fè peche sou tè a, konsa, Li te voye Pitit Gason L lan, ke “lavi san parèy Li”6 ak sakrifis ekspyatwa enfini7 L la rann posib pou nou jwenn padon, pou nou geri, epi retounen pwòp ankò.8

Konnen verite sa yo vrèman chanje lavi! Lè yon moun aprann apwopo bi gloriye lavi a, epi l vin konprann ke Kris la padone epi L pote sekou bay moun ki suiv Li, epi apresa moun sa a chwazi pou l suiv Kris la nan dlo batèm yo, lavi l ap chanje pozitivman—menm lè sikonstans eksteryè lavi yo pa chanje.

Yon sè reyonan m te rankontre nan Onitsha, Nijerya, te di m ke apati moman l te aprann levanjil la, epi l te batize a, “Tout bagay mache byen pou mwen. Mwen kontan. Mwen nan syèl.”9 Pataje levanjil la limen lajwa ak lespwa nan nanm ni moun k ap bay la ni moun k ap resevwa a. Reyèlman, “ala lajwa w ap anpil”10 si w pataje levanjil la! Pataje levanjil la se lajwa apre lajwa, lespwa apre lespwa.11

Pataje Levanjil La Pote Pouvwa Bondye nan Lavi nou

Lè nou batize, nou chak antre nan yon alyans etènèl12 avèk Bondye “pou nou sèvi Li ak respekte kòmandman L yo,”13 sa ki enkli “kanpe kòm temwen [Li] tout tan ak nan tout bagay, epi nan tout kote.”14 Pandan n ap “demere nan” Li nan kenbe alyans sa a, pouvwa ekleran, anrichisan, ak sanktifikatè divinite a ap devèse soti nan Kris la antre nan lavi nou, tankou yon branch k ap resevwa nouriti soti nan pye rezen an.15

Pataje Levanjil la Pwoteje Nou kont Tantasyon

Senyè a kòmande:

“Se poutèt sa, leve limyè nou an anlè pou l kapab klere mond lan. Gade, m se limyè nou dwe leve anlè a—bagay nou te wè m fè yo. …

“… M te kòmande … pou nou vin jwenn mwen, pou nou touche m e pou nou wè; se menm jan an pou nou fè pou mond lan; e nenpòt moun ki dezobeyi kòmandman sa a, l ap kite tèt li tonbe nan tantasyon.”16

Lè nou chwazi pou nou pa leve limyè levanjil la anlè, n ap avanse nan fènwa, kote gen plis chans pou nou tonbe nan tantasyon. Li enpòtan pou nou note ke kontrè a se verite tou: chwazi pou nou leve limyè levanjil la anlè mete nou pipre limyè sa a ak pwoteksyon li bay kont tantasyon. Ala yon bèl benediksyon nan mond lan jodia!

Pataje Levanjil la Pote Gerizon

Sè Tiffany Myloan te aksepte envitasyon pou l te sipòte misyonè yo malgre gwo pwoblèm pèsonèl li, enkli kesyon sou lafwa li. Dènyèman li te di m ke pote sipò bay misyonè yo te renouvle lafwa li epi li te santi l pi byen. Li di konsa, “Travay misyonè a se yon bon remèd.”17

Lajwa. Lespwa. Pouvwa rekonfòtan nan Bondye. Pwoteksyon kont tantasyon. Gerizon. Tout bagay sa yo—ak plis ankò (enkli padon peche nou)18—devèse nan nanm nou kòm benediksyon soti nan syèl la lè nou pataje levanjil la.

Kounyea, pou Gwo Opòtinite nou an

Frè m ak sè m yo, gen anpil pami “tout … gwoup, [sèk,] ak denominasyon yo … ki sèlman rete lwen verite a paske yo pa konnen kote pou yo jwenn ni.”19 Nesesite pou leve limyè levanjil retabli Kris la anlè a pat janm pi gran pase kounyea nan tout istwa limanite. Epi verite a pa t janm pi askesesib konsa.

Jimmy Ton, ki te grandi kòm Boudis, te enpresyone pa yon fanmi ki te pataje lavi yo sou Youtube. Lè l te aprann ke yo sete manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, poukont li, li te etidye levanjil la anliy, li te li Liv Mòmon an sou app la, epi li te batize apre l te rankontre ak misyonè yo nan inivèsite.20 Elder Ton se yon misyonè aplentan kounyea.

Limenm ak misyonè parèy li toupatou nan mond lan se batayon Senyè a—pou m site pwofèt nou an.21 Misyonè sa yo ap chanje tandans mond lan: pandan ke sondaj yo rapòte ke Jenerasyon Z la ap vire do bay Bondye,22 jèn gèrye nou yo23 , èldè ak sè yo, ap rale moun vin jwenn Bondye. Epi plis anplis manm Legliz ini avèk misyonè yo pou pataje levanjil la, pou ede plis anplis zanmi vin jwenn Kris la ak Lelgiz Li a.

Manm Sen Dènye Jou nan Liberya yo te ede 507 zanmi antre nan dlo batèm pandan 10 mwa kote pa t gen misyonè aplentan ki t ap sèvi nan peyi yo a. Lè youn nan prezidan pieu mèveye nou yo nan Liberya te tande ke misyonè aplentan yo t ap retounen, li te fè remak sa a: “O sa bon, kounyea yo ka vin ede nou nan travay nou an.”

Li gen rezon: rasanbleman Izrayèl la—pi gran kòz sou tè sa a24se responsablite nou resevwa pa alyans. E sa a se tan pa nou ! Envitasyon m jodia senp: pataje levanjil la. Rete noumenm epi leve limyè nou an anlè. Priye pou w jwenn èd syèl la epi suiv enspirasyon espirityèl yo. Pataje lavi nou nòmalman e natirèlman; epi envite yon lòt moun pou l vin wè, pou l vin ede, epi pou l vin rete.25 Epi apresa fè kè w kontan pandan ke oumenm ak moun ou renmen yo ap resevwa benediksyon yo pwomèt yo.

Mwen konnen ke nan Kris la, bòn nouvèl sa a preche bay moun ki enb yo; nan Kris la, moun ki gen kè brize yo geri; nan Kris la, yo pwoklame libète pou prizonye yo; epi nan Kris la, sèlman nan Kris la, moun ki nan afliksyon yo resevwa kè kontantman nan plas sann yo.26 Se poutèt sa, gen yon gwo nesesite pou nou fè tout moun konnen bagay sa yo!27

Mwen temwanye ke Jezikri se otè ak finisman lafwa nou.28 L ap fini, epi L ap konplete lafwa n ap egzèse—menmsi l pa pafè—nan leve limyè levanjil la anlè a. L ap fè mirak nan lavi nou ak nan lavi tout moun L ap rasanble yo, paske Li se yon Bondye mirak.29 Nan non mèveye Jezikri, amèn.