Konferans Jeneral
Apwofondi Konvèsyon nou nan Jezikri
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Apwofondi Konvèsyon nou nan Jezikri

Ekriti yo ak konesans nou sou Bondye se don—don ke nou twò souvan pran pou anyen. Annou apresye benediksyon sa yo.

Mèsi anpil, Èldè Nielson, pou bèl mesaj ou a. Nou souzestime sa.

Frè m ak sè m yo, Prezidan Russell M. Nelson te ansenye nou dènyèman: “Pou nou fè yon bagay byen, sa mande efò. Vin yon vrè disip Jezikri pa yon eksepsyon. Ogmante lafwa nou ak konfyans nou nan Li mande efò.” Youn nan pami rekòmandasyon li te ban nou pou ogmante lafwa nou nan Jezikri se pou nou tounen apranti angaje, pou nou plonje tèt nou nan ekriti yo pou nou ka pi byen konprann misyon ak ministè Kris la. (Gade nan “Kris la Resisite; Lafwa nan Li ap Deplase Montay,” Liahona, Me 2021, 103.)

Nou aprann nan Liv Mòmon an ke ekriti yo sete yon pati enpòtan nan fanmi Leyi—sitèlman ke Nefi ak frè l yo te retounen Jerizalèm pou yo t al chèche plak eren yo (gade 1 Nefi 3–4).

Ekriti yo revele volonte Bondye menmjan Lyawona a te fè pou Nefi ak papa l la. Apre l te fin kase flèch li a, Nefi te bezwen konnen kote pou l t ale pou l te jwen manje. Papa li, Leyi, te gade Liahona a epi li te wè bagay ki te ekri yo. Nefi te wè egui yo ki te sou boul la te fonksyone selon lafwa, dilijans ak atansyon yo te ba yo. Li te wè ekriti ki te fasil pou li tou e ki te ba yo konpreyansyon konsènan chemen Senyè a. Li te vin konsyan ke avèk ti mwayen Senyè a kapab fè gwo bagay. Li te obeyisan nan suiv direksyon yo te bay nan Liahona a. Li te monte sou tèt mòn nan epi li te jwenn manje pou fanmi li, ki t ap soufri anpil paske yo te san manje (gade nan 1 Nefi 16:23–30 (Gade 1 Nefi 16:23–30.)

Sanble pou mwen ke Nefi te yon etidyan devwe nan ekriti yo. Nou li ke Nefi te pran plezi nan ekriti yo, li te medite sou you nan kè li, epi li te ekri yo pou konesans ak pwofi pitit li yo (gade nan 2 Nephi 4:15–16).

Prezidan Russell M. Nelson te di:

“Si nou avanse devan, pandan n ap fè festen ak pawòl Kris yo, epi nou pèsevere jiska lafen, … [n ap] gen lavi etènèl’ {2 Nefi 31:20

“Fè festen vle di plis pase goute. Fè festen vledi savoure. Nou savoure ekriti yo lè nou etidye yo nan yon espri dekouvèt delisye ak obeyisans fidèl. Lè nou fè festen ak pawòl Kris yo, yo ekri ‘sou tab lachè kè nou’ [2 Korentyen 3:3]. Yo vin fè pati entegral nati nou” (“Living by Scriptural Guidance,” Liahona, Jan. 2001, 21).

Ki kalite bagay nou t ap fè si nanm nou pran plezi nan ekriti yo?

Dezi nou pou n patisipe nan rasanblemen Izrayèl sou toude bò vwal la ap ogmante. L ap nòmal ak tou natirèl pou nou pou envite fanmi nou ak zanmi nou pou tande misyonè yo. N ap vin diy, epi n ap gen yon rekòmandasyon tanp valid pou nou ka ale nan tanp osi souvan sa posib. N ap travay pou nou jwenn, prepare, ak soumèt non zansèt nou yo nan tanp. N ap vin fidèl nan respekte jou Saba a, asiste legliz chak Dimanch pou nou renouvle alyans nou avèk Senyè a pandan n ap patisipe diyman nan pran sentsèn nan. N ap pran rezolisyon pou nou rete sou chemen alyans lan, ap viv daprè chak pawòl ki soti nan bouch Bondye (gade nan Doktryn ak Alyans 84:44).

Kisa sa vle di pou n pran plezi nan bagay Senyè a?

Pran plezi nan ekriti yo plis pase grangou ak swaf pou konesans. Nefi te fè eksperyans gwo lajwa pandan lavi li. Toutfwa, li te rankontre difikilte ak tristès tou (gade nan 2 Nefi 4:12–13). “Sepandan,” li te di, “M konnen nan kiyès m mete konfyans mwen” (2 Nefi 4:19). Pandan n ap etidye ekriti yo, n ap pi byen konprann plan sali ak egzaltasyon Bondye a, epi n ap gen konfyans nan pwomès Li te fè nou nan ekriti yo, menmjan ak nan pwomès ak benediksyon pwofèt modèn yo.

Imaj
David ak Golyat

Yon aprèmidi, madanm mwen avè m te envite lakay yon zanmi. Pitit gason setan yo a, David, pa t janm tande istwa David ak Golyat la nan Bib la, epi li te vle tande l. Pandan m te kòmanse rakonte istwa a, li te touche pa fason David, avèk lafwa li epi nan non Bondye Izrayèl la, te blese epi tiye Filisten an avèk yon fistibal, ak yon wòch, san epe nan men li (gade nan 1 Samyèl 17).

Li te gade m avèk gran je fonse l yo, li te mande m byen fèm, “Kiyes Bondye ye?” Mwen te eksplike li ke Bondye se Papa nou ki nan Syèl la epi nou aprann sou Li nan ekriti yo.

Apresa li te mande m, “Kisa ekriti yo ye?” Mwen te di li ke ekriti yo se pawòl Bondye epi nan yo li t ap jwenn bèl istwa ki t ap ede l pi byen konnen Bondye. Mwen te mande manman l pou l te itilize Bib li te gen lakay li a epi pou l pa t kite David ale dòmi san li pa t li tout istwa a ba li. Li te anchante pandan l t ap koute li. Ekriti yo ak konesans nou sou Bondye se don—don ke nou twò souvan pran pou anyen. Annou apresye benediksyon sa yo.

Pandan m t ap sèvi yon misyon lè m te jèn gason, mwen te wè ke lè m te ansenye avèk ekriti yo, lavi anpil moun te transfòme. Mwen te pran konsyans pouvwa ki nan ekriti yo ak jan yo kapab chanje lavi nou. Chak moun nou te ansenye levanjil retabli a sete yon moun apa avèk bezwen diferan. Ekriti sent yo—wi, pwofesi pwofèt sen yo te ekri yo—te mennen yo nan yon lafwa nan Senyè a ak nan repantans ki te chanje kè yo.

Ekriti yo te ranpli yo ak lajwa pandan yo t ap resevwa enspirasyon, direksyon, konsolasyon, fòs ak repons pou bezwen yo. Anpil nan yo te deside pou yo te fè chanjman nan lavi yo epi kòmanse kenbe kòmandman Bondye yo.

Nefi ankouraje nou pou nou fè yon festen avèk pawòl Kris yo; paske gade, pawòl Kris yo pral di nou tout bagay nou dwe fè (gade nan 2 Nefi 32:3).

Imaj
etid ekriti familyal

Mwen envite nou pou nou gen yon plan pèmanan pou etidye ekriti yo. Vini, Suiv Mwen an se yon gwo resous ke nou genyen pou nou ansenye ak aprann levanjil la, apwofondi konvèsyon nou nan Jezikri, epi ede nou vin plis tankou Li. Lè nou etidye levanjil la, nou pa p sèlman chèche nouvo enfòmasyon; men, n ap chèche pou nou tounen yon “nouvo kreyati” tou (2 Korentyen 5:17).

Sentespri a gide nou al nan verite epi li temwanye nou de verite a (gade nan Jan 16:13). Li eklere lespri nou, li renouvle konpreyansyon nou, epi li touche kè nou atravè revelasyon nou resevwa nan men Bondye, ki se sous tout verite a. Sentespri a pirifye kè nou. Li enspire nan nou yon dezi pou nou viv selon verite a, epi li enspire nou ki fason pou nou fè sa. “Sentespri a … ap anseye nou tout bagay” (Jan 14:26).

An palan de pawòl Li te revele bay Pwofèt Joseph Smith yo, Sovè a te di:

“Pawòl sa yo pa pawòl ni lèzòm ni lòm, men se pawòl mwen; …

“Paske se vwa m ki pale yo avè w; paske se Lespri m ki ba ou yo; …

“Se poutèt sa, ou kapab temwaye pou fè konnen ou te tande vwa m epi w konnen pawòl mwen yo” (Doktrin ak Alyans 18:34–36).

Nou dwe chèche konpayi Sentespri a. Bi sa a dwe gouvène desizyon nou epi gide panse nou ak aksyon nou. Nou dwe chèche tout bagay ki envite enfliyans Lespri a epi rejte nenpòt bagay ki ka devye nou de enfliyans sa a.

Mwen temwaye ke Jezikri se Pitit Gason Byenneme Papa nou ki nan Syèl la. Mwen renmen Sovè m nan. Mwen rekonesan pou ekriti L yo ak pou pwofèt vivan L yo. Prezidan Nelson se pwofèt Li. Nan non Jezikri, Amèn.