Konferans Jeneral
Non Legliz la Pa Negosyab
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Non Legliz la Pa Negosyab

Lè nou suiv konsèy Senyè a volontèman jan li revele atravè pwofèt vivan L lan, espesyalman si l kontrè a premye panse nou, sa ki mande imilite ak sakrifis, Senyè a ap beni nou avèk pouvwa espirityèl anplis.

Nan yon konferans de près 16 Out 2018, Prezidan Russell M. Nelson te di: ”Senyè a te mete enpresyon nan panse m sou enpòtans non Li te revele pou Legliz Li a, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.1 Nou gen travay ka p tann nou pou n konfòme nou avèk volonte Li.”2

De jou aprè, nan 18 Out, mwen te avèk Prezidan Nelson nan Montreal Canada. Apre reyinyon nou an nan Palais des Congrès enpresyonan an, Prezidan Nelson te reponn kesyon jounalis yo. Li te rekonèt ke sa ta pral “yon difikilte pou [re-etabli non Legliz la, epi] defèt [yon] tradisyon ki gen plis pase santan.” Men, li te ajoute, “Non Legliz la pa negosyab.”3

Sèt semèn apre, Prezidan Nelson te di nan konferans jeneral ”Senyè a te mete enpresyon nan panse m enpòtans non Li te dekrete pou Legliz Li a, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. … Sete Sovè a menm ki te di, ‘Se konsa legliz mwen an pral rele.’” Apre sa, Prezidan Nelson te repete, “Non Legliz la pa negosyab.”4

Yon Bon Kesyon

Yon bon kesyon te soulve: “Poukisa kounyea pandan ke depi plizyè dizèn ane nou te anbrase ti non “Mòmon” an? Nou te genyen “Kè Tabènak Mòmon,” videyo piblisitè “M se yon Mòmon,” Chan Primè “M se yon jèn tigason Mòmon”?

Doktrin Kris la enchanjab epi l etènèl. Men, kèk etap presi ak enpòtan nan travay Sovè a revele nan tan ki apwopriye a. Maten an, Prezidan Nelson te di: “Retablisman an se yon pwosesis, li pa yon evenman.”5 Senyè a te di, “Tout bagay dwe rive nan tan pa yo.”6 Kounyea se tan pou nou re-etabli non Legliz la ki te revele a.

Idantite ak destine Legliz Jezikri pou Sen dènye Jou yo mande pou nou rele l daprè non Li. Tou dènyèman, m te nan Kirtland, Ohio, kote Pwofèt Joseph Smith, devan kèk grenn manm sèlman nan Legliz la te pwofetize, “Legliz sa a pral ranpli Amerik di Nò ak Amerik di Sid—li pral ranpli mond lan.”7 Senyè a te dekri travay dispansasyon sa a kòm “yon travay mèveye ak yon pwofij.”8 Li te pale de yon ,“alyans [ki ta pral] akonpli nan dènye jou yo,” pou pèmèt “tout … tè a beni.”9

Pawòl konferans sa a ap tradui an dirèk nan 55 lang. Epi, pawòl sa yo, moun pral tande yo ak li yo nan 98 lang nan plis pase 220 peyi ak teritwa.

Imaj
Dezyèm Vini an

Lè Sovè a retounen nan majeste ak laglwa, nou pral jwenn manm fidèl Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo nan pami tout nasyon, tout pèp, tout ras, tout lang, ak tout kilti nan mond la.

Enfliyans Grandisan Legliz la

Enfliyans Legliz retabli Jezikri a pa p limite a moun ki se manm Legliz la sèlman. Gras ak manifestasyon selès nan epòk nou an, ak ekriti sakre ki retabli sou tè a, ak don puisan Sentespri a, nou pral yon limyè sou kolin nan pandan lonbraj tenèb enkwayans nan Jezikri ap nwasi mond la. Malgre anpil moun ka kite mond la mete nyaj sou lafwa yo nan Redanmtè a, nou “pap deplase [sòti] nan plas nou an.”10 Kretyen ki pa manm relijyon nou yo pral kontan wòl nou ak temwayaj asire nou nan Kris la. Menm Kretyen ki gade nou kounyea avèk dout yo pral anbrase nou yon jou kòm zanmi. Nan jou sa yo k ap vini yo, yo pral rele nou nan non Jezikri.

Nou remèsye w pou efò nòb ou pou w fè vrè non Legliz la avanse. Nan konferans la, sa gen twazan, Prezidan Nelson te pwomèt nou “ke atansyon solid nou pou nou itilize non kòrèk Legliz Sovè a … pral pote yon ogmantasyon lafwa ak aksè nan pi gwo pouvwa spirityèl.”11

Pwomès sa a reyalize atravè disip ki devwe nan tout mond lan.12

Frè Lauri Ahola ki soti nan Lès Etazini admèt ke e kèkfwa li twouve sa anbarasan pou l di non konplè Legliz la. Men poutèt konsèy pwofèt la, li pèsiste. Nan yon okazyon, li t ap vizite yon zanmi yon lòt legliz. Men pawòl li te di:

“Yon moun m konnen te mande m, ‘Èske w se yon Mòmon?’

M di te l, wi, “‘M se yon manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Li te kòmanse poze m plizyè kesyon, yo chak te kòmanse avèk: ‘Èske Legliz Mòmon an kwè … ?‘ Epi chak fwa, m te kòmanse repons mwen avèk fraz: ‘Nan Legliz retabli [Jezikri] a, nou kwè …’

“Lè l te remake m pa t vle aksepte tit ‘Mòmon an,’ li te mande m dirèkteman, ‘Èske w pa yon Mòmon?’

“Konsa, m te mande l si l te konnen kiyès Mòmon te ye—li pa t konnen. M te di l Mòmon sete yon pwofèt … [epi m te] onore pou m asosye avèk [li].

“‘M te kontinye, men, Mòmon pa t mouri pou peche m yo. Mòmon pa t … soufri nan Jetsemane oubyen mouri sou kwa a [pou mwen]. … Jezikri se Bondye m ak Sovè mwen. … Epi se avèk non Li m vle moun rekonèt mwen.’ …

Apre kèk segond an silans, li te di, ‘ebyen, ou se yon Kretyen!’”13

Imaj
Prezidan Nelson nan konferans jeneral

Èske nou sonje pawòl Prezidan Nelson yo? “Mwen pwomèt nou ke, si nou fè tout sa nou kapab pou retabli non kòrèk Legliz Senyè a, Limenm ki se mèt Legliz sa a ap devèse pouvwa ak benediksyon l sou tèt Sen Dènye Jou yo nan fason nou pa t janm wè.”14

Senyè a Toujou Ouvri Wout la

Senyè a ap toujou ranpli pwomès Li. Senyè a toujou ouvri chemen pou nou lè n ap fè travay Li.

Pandan dèzane, nou te espere achte non sit entènèt ChurchofJesusChrist.org ak ChurchofJesusChrist.com. yo. Yo youn pa t pou vann. Rive moman anons Prezidan Nelson an, toulède te vin disponib toudenkou. Sete yon mirak.15

Senyè a te egalman mayifye efò pou nou te revize non ki te atache a Legliz la depi lontan yo tou.

Pandan l ap avanse ak lafwa, non Kè Tabènak la te chanje pou vin tounen The Tabernacle Choir at Temple Square (Kè Tabènak nan Temple Square la). Sit intèrnèt LDS.org. la ki resevwa plis pase 21 milyon vizit chak mwa, te fè tranzisyon pou vin tounen ChurchofJesusChrist.org.16 Non LDS Business College la te chanje pou l te vin rele Ensign College. Sit entènèt Mormon.org la te vin tounen ChurchofJesusChrist.org. Plis pase mil pwodui ki te gen non “Mòmon” oubyen “LDS” atache avèk yo te vin chanje. Anpil Sen Dènye Jou fidèl te ajiste sit pèsonèl, podcasts ak kont Twitter yo.

Imaj
Nouvo Senbòl Legliz la

Nou te adopte yon nouvo senbòl ki santre sou Kris la.

“Nan mitan senbòl la, gen yon reprezantasyon estati an mab Thorvaldsen nan, ki se Christusla. Li montre Senyè vivan resisite a ki lonje bra L pou L anbrase tout moun ki vin jwenn Li.

“Senbolikman, Jezikri kanpe anba yon vout [ki raple] nou Sovè resisite a k ap sòti nan tonb lan.”17

Imaj
Non Legliz la nan plizyè lang
Imaj
Non Legliz la nan lang adisyonèl

Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo modifye tipografi li nan plis pase 50 lang. Nou achte nouvo non sit atravè tout mond lan.

Apresyasyon pou Èd Lòt Moun

Nou apresye pil bon moun ki, avèk byenveyans, onore dezi nou pou yo rele nou nan non kòrèk nou yo. Mwen te li yon atik dènyèman ki te site yon Kadinal Katolik ki te fè referans a “Sen Dènye Jou yo.”18 Pandan m t ap pale avèk yon dirijan yon legliz Kretyèn, sa gen yon mwa, nan pati lès Etazini, li te fè referans a Legliz la nan premye referans li a pa non konplè nou , epi l te ajoute plis pase yon fwa, “Legliz Jezikri a.”

Nou te konnen ke ajoute sis mo sou non nou an pa t ap yon bagay ideyal pou media yo, men, jan Prezidan Nelson te predi a, “media ki serye yo ap favorab nan reponn a demand nou an”19 Mèsi poutèt ou ba nou menm konsiderasyon w bay òganizasyon kiltirèl, atletik, politik oubyen kominotè yo nan itilize non nou prefere a.

Ap gen kèk moun, ki nan espwa pou yo devalorize oubyen diminye seryozite misyon nou an, k ap toujou kontinye rele nou “Mòmon.” Avèk koutwazi, nou mande media ki gen respè yo ankò pou yo onore dezi nou pou yo rele nou nan non nou genyen depi prèske 200 zan an.

Kouraj Sen Dènye Jou yo

Gen dèmilye Sen Dènye Jou ki pwoklame non Legliz la avèk kouraj. Si nou fè pati pa nou an, lòt moun ap suiv nou. M renmen istwa sa a nan Tahiti.

Iriura Jean ki gen dizan, te pran resolisyon pou l te suiv konsèy Prezidan Nelson nan.

“Nan klas lekòl li a, yo t ap diskite sou fen sèmèn nan … epi Iriura te pale konsènan … legliz.

“Pwofesè li, Vaite Pifao, te di, ‘O, ou se yon Mòmon?’

“Iriura te di kareman, ‘Non … M se yon manm legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo!”

“Pwofesè a te reponn ‘Wi, … ou se yon Mòmon.’

“Iriura the ensiste, ‘Non, pwofesè, M se yon manm Legliz Jesikri pou Sen Dènye Jou yo!‘

“Madam Pifao te etone pou wè konviksyon Iriura epi l te mande tèt li poukisa Iriura te si ensiste pou l te itilize non [ki] te long sa a pou legliz li a. [Li te deside aprann plis sou Legliz la.]

“[Nan apre, pandan Sè] Vaite Pifao t ap batize [li te eksprime gratitid] li dèske Iriura te koute konsèy Prezidan Nelson an.”20

Imaj
Sè ki te dekouvri Legliz la gras ak etidyan l lan

“Non Legliz la pa negosyab.” Annou avanse ak lafwa. Lè nou volontèman suiv konsèy Senyè a jan l revele atravè pwofèt vivan L lan, espesyalman si l kontrè a premye panse nou, sa ki mande imilite ak sakrifis, Senyè a ap beni nou avèk pouvwa spirityèl anplis epi L ap voye zanj Li yo pou sipòte nou ak kanpe bò kote nou.21 Nou resevwa konfimasyon Senyè a ak apwobasyon Li.

Mwen se yon temwen pouvwa selès ki repoze sou pwofèt byenneme nou an, Prezidan Russell M. Nelson. Sèl dezi li se pou l fè Senyè a plezi ak beni pitit Pè Selès yo. Apati eksperyans pèsonèl sakre, mwen temwaye de lanmou Senyè a pou Li. Li se pwofèt Bondye.

Mwen temwanye ke Jezi se Kris la, Pitit Gason Bondye a. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade 3 Nefi 27:7–9; Doktrin ak Alyans 115:4.

  2. Russell M. Nelson, nan “The Name of the Church (Non Legliz la),” Newsroom, 16 Out 2018, newsroom.ChurchofJesusChrist.org.

  3. President Nelson Discusses the Name of the Church,” Newsroom, 21 Out 2018, newsroom.ChurchofJesusChrist.org.

  4. Russell M. Nelson, “Non Kòrèk Legliz la,” Lyawona, Nov. 2018, 87.

  5. Russell M. Nelson, “Tanp ak Fondasyon Espirityèl Nou,” Liahona, Nov. 2021, 94.

  6. Doktrin ak Alyans 64:32.

  7. Enseignements des présidents de l Eglise: Joseph Smith (2007), 146-147.

  8. 2 Nefi 27:26.

  9. 1 Nefi 15:18.

  10. Doktrin ak Alyans 101:17.

  11. Russell M. Nelson, “Vin Tounen Sen Dènye Jou Egzanplè,” Liahona, Nov. 2018, 114.

  12. Gade Henry B. Eyring, “Sa Se Non pou Yo Rele Legliz Mwen an,” Liahona, Okt. 2021, 6–9.

  13. Lauri Ahola“C’était étrange d’utiliser le nom complet de l’église mais cela en valait la peine” (digital-only article), Liahona, Avr. 2020, ChurchofJesusChrist.org.

  14. Russell M. Nelson, “Non kòrèk Legliz la,“ 89.

  15. Biwo Intellectual Property Legliz la ap sipèvize non sit ChurchofJesusChrist.org la depi 2006, epi li pa t disponib. Sa te remakab ke yo te ofri nou l pou n t achte apeprè menm lè Prezidan Nelson be bay anons la, epi Lelgiz la te achte l atravè yon twazyèm pati pou yon pri trè ba.

    Nan menm jan an tou, Legliz la te kòmanse veye disponiblite non sit ChurchofJesusChrist.com nan depi 2011. Etonamman, limenm tou te vin disponib an Out 2018 epi nou te achte l pou yon pri byen ba.

  16. Nan konferans jeneral Oktòb 2018 la, Prezidan Nelson te di:

    “Frè m ak sè m yo, gen anpil agiman nan mond lan ki kanpe kont ide pou rebay Legliz la non kòrèk li a. Nan mond dijital n ap viv jodia kote plen kapasite rechèch ogmante ki ede nou jwenn enfòmasyon nou bezwen yo prèske imedyatman—enkli enfòmasyon sou Legliz Senyè a—kritik yo di ke yon koreksyon nan moman sa a pa saj. …

    “. … Mwen pwomèt nou ke, si nou fè tout sa nou kapab pou retabli non kòrèk Legliz Senyè a, Limenm ki se mèt Legliz sa a ap devèse pouvwa ak benediksyon l sou tèt Sen Dènye Jou yo nan fason nou pa t janm wè.(”The Correct Name of the Church,” 88, 89).

    Depi tranzisyon LDS.org al nan ChurchofJesusChrist.org la, otorite sit la (kapasite ak pouvwa sit la pou antre nan motè rechèch yo) vin pi solid pase jan l te ye anvan. Paregzanp, paj akèy ChurchofJesusChrist.org la kounyea, depi plis pase ennan, se tòp rezilta rechèch nan Etazini sou Google lè yon moun ap chèche tèm “legliz” la, men anvan sa li pa t ka fè distenksyon sa a.

  17. Russell M. Nelson “Ouvri Syèl la pou èd,” Liahona, Me 2020, 73.

  18. Gade Tad Walch,“‘Si nou pa ka antann nou, se yon peche dirèk’: The partnership between Catholics and Latter-day Saints,” Deseret News, 1 Jiyè 2021deseret.com.

  19. Russell M. Nelson, “Non kòrèk Legliz la,“ 89.

  20. The Correct Name of the Church: A Tahitian Story,”Pacific Newsroom, 15 Sept. 2019, news-nz.ChurchofJesusChrist.org.

  21. Gade Doktrin ak Alyans 84:88.