Konferans Jeneral
Mirak yo nan Levanjil Jezikri a
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Mirak yo nan Levanjil Jezikri a

Mwen konnen levanjil Li a kapab pote lespwa, lapè, ak lajwa pou nou, non sèlman kounyea, men l ap beni yon kantite lòt moun nan jenerasyon k ap vini yo tou.

Mabuhay! Mwen pote lanmou ak souri plen chalè Sen mèveye nan Filipin yo pou nou. Ane sa a fè 60 tan depi premye misyonè yo te rive nan zile Filipin nan. Jodiya gen 23 misyon ak plis pase 800.000 manm nan Legliz la ki nan 123 pieu. Kounyea gen sèt tanp ki ap fonksyone, ki nan konstriksyon, oswa yo anonse. Se vrèman yon mirak. Nou temwen akonplisman sa a nan pwofesi ki nan 2 Nefi 10:21: “Men, pwomès Senyè a fè moun ki rete nan zile yo ki sou lanmè a gran anpil.”

Imaj
Prezidan Hinckley nan Philippines

Mirak sa a se akonplisman yon pwofesi Elder Gordon B. Hinckley te fè nan Manila nan lane 1961. Nan priyè sa a, Èlder Hinckley te deklare: “Nou envoke benediksyon w sou pèp peyi sa a, pou yo kapab amikal ak akeyan epi janti ak byenveyan avèk moun k ap gen pou vin la yo, epi pou anpil, wi, Senyè, nou priye w pou gen anpil, anpil milye moun ki va resevwa mesaj sa a epi ki va resevwa benediksyon poutèt sa. Beni yo avèk yon lespri ki reseptif ak kè ki konpreyansif, avèk lafwa pou yo resevwa l, epi kouraj pou yo viv prensip levanjil yo” (priyè konsekrasyon nan Simityè Militè Komemoratif Ameriken an, Filipin, 28 Avr. 1961).

Imaj
Fanmi Revillo

Apa pakèt milye Sen Dènye Jou fidèl yo, mirak levanjil la pote chanjman pozitif pou peyi a ak pou moun ki ladan l yo. Mwen se yon temwen vivan de sa. Mwen te gen sizan lè paran m te vin manm Legliz la nan yon zile ki nan Sid Mindanao. Nan epòk sa a, te gen yon sèl misyon nan tout peyi a, epi pa t gen pieu. Mwen etènèlman rekonesan pou kouraj, ak angajman paran m pou yo suiv Sovè a. Mwen onore yo ansanm ak tout pyone Legliz la nan Filipin yo. Yo te ouvè wout pou jenerasyon ki vin apre yo beni.

Wa Benjamen nan Liv Mòmon an di: “Epi ankò, m ta vle nou konsidere benediksyon ak bonè moun sa yo ki respekte kòmandman Bondye yo. Gade, yo beni nan tout bagay, ni tanporèl ni espirityèl” (Mozya 2:41).

Lè nou viv ak obeyi prensip ak òdonans yo nan levanjil la, nou beni, nou chanje epi nou konvèti pou nou vin pi plis tankou Jezikri. Se te konsa levanjil la te chanje ak beni Sen nan Filipin yo, enkli fanmi m. Levanjil la se vrèman chemen ki mennen nan yon lavi kè kontan, ak abondan.

Premye prensip nan levanjil la se lafwa nan Senyè a, Jezikri. Anpil abitan nan Filipin gen yon kwayans tou natirèl nan Bondye. Li fasil pou nou kwè nan Jezikri epi konnen nou kapab resevwa repons pou priyè nou yo.

Imaj
Fanmi Obedoza

Fanmi Obedoza se yon gwo egzanp de sa. Frè Obedoza te prezidan branch mwen an lè m te yon jènjan. Pi gwo dezi frè ak sè Obedoza sete pou yo te sele avèk fanmi yo nan tanp Manila a. Yo t ap viv nan vil General Santos ki a 1 000 kilomèt de Manila. Pou yon fanmi ki gen nèf moun, fè vwayaj la pou ale nan tanp lan te parèt enposib. Men tankou machann ki te ale epi ki te vann tout sa li te genyen pou l te achte yon Pèl Gran Pri a (gade nan Matye 13:45–46), koup sa a te deside vann kay yo a pou yo te peye vwayaj la. Sè Obedoza te enkyete paske li pa t gen kay pou lè l te retounen. Men Frè Obedoza te asire l ke Senyè a t ap regle tout bagay.

Nan lane 1985, yo te sele nan tanp lan kòm yon fanmi pou tout tan ak pou letènite. Nan tanp lan, yo te jwenn lajwa enkonparab—pèl gran pri yo a. Epi pawòl Obedoza yo te reyalize, Senyè a te regle tout bagay. Lè yo te retounen Manila, moun byenveyan te bayo kote pou yo te rete, epi yo te finalman achte pwòp kay pa yo. Senyè a pran swen moun ki montre lafwa yo nan Li.

Dezyèm prensip nan levanjil la se repantans. Repantans se lè ou detounen w de peche epi w vire al jwenn Senyè a pou w jwenn padon. Se yon chanjman nan lespri ak nan kè. Jan Prezidan Nelson ansenye l, se “travay epi vin yon ti jan pi bon chak jou” (Russell M. Nelson, (“Nou ka Fè Pi Byen epi Vin Pi Bon,” Liahona, Me 2019, 67).

Repantans yon ti jan tankou savon. Kòm yon jèn enjenyè chimis, mwen te travay nan yon faktori savon nan Filipin. Mwen te aprann kòman pou m te fè savon ak pwosesis sou kijan sa fèt. Lè nou melanje luil avèk yon baz alkalin epi nou ajoute ajan antibakteryen, sa kreye yon sibstans puisan ki ka elimine bakteri ak viris. Tankou savon, repantans se yon ajan ki pou netwaye. Li ba nou opòtinite pou nou debarase nou de salte ak vye debri nou yo, pou nou kapab diy pou nou avèk Bondye, paske “okenn bagay sal pa kapab eritye wayòm syèl la” (Alma 11:37).

Atravè repantans, nou fè apèl a pouvwa pirifikatif ak sanktifyan Jezikri a. Se yon eleman kle nan pwosesis konvèsyon an. Se sa ki te rive Anti-Nefi-Leyi yo nan Liv Mòmon an. Yo sete Lamanit ki te si totalman konvèti ke yo “pa t janm kite legliz la” (gade nan Alma 23:6–8 Yo te antere zam lagè yo epi yo pa t jan m pran yo ankò. Yo te prefere mouri pase pou yo te kraze alyans sa a. Epi yo te pwouve sa. Nou konnen sakrifis yo a te mennen mirak; milye moun ki t ap batay kont yo te jete zam yo epi yo te konvèti. Kèlke ane aprè, pitit yo, ke nou konnen sou non demil gèrye yo, te jwenn pwoteksyon nan batay yo avèk yon chans enkwayab!

Imaj
Papa Èldè Revillo

Fanmi m avèk anpil Sen nan Filipin te pase atravè yon pwosesis konvèsyon ki parèy. Lè nou te aksepte Levanjil Jezikri a epi nou te vin manm Legliz la, nou te chanje abitid nou ak kilti nou pou nou te aliyen nou ak levanjil la. Nou te renonse a move tradisyon yo. Mwen te wè sa lakay papa m lè l te aprann levanjil la epi li te repanti. Li te yon gwo fimè, men li te jete sigarèt yo epi li pa t janm touche youn ankò. Gras ak desizyon sa a li te pran pou chanje a, kat jenerasyon aprè l te beni.

Imaj
Jenerasyon fanmi Revillo

Repantans mennen nou fè epi respekte alyans atravè òdonans sakre. Premye òdonans sali ak egzaltasyon an se batèm pa imèsyon pou remisyon peche nou. Batèm pèmèt nou resevwa don Sentespri a epi antre nan yon alyans avèk Senyè a. Nou kapab renouvle alyans batèm sa a chak semèn lè nou pran sentsèn. Sa a tou se yon mirak!

Frè m ak sè m yo, mwen envite nou pou fè mirak sa a rantre nan lavi nou. Vin jwenn Jezikri, epi chwazi pou w egzèse lafwa w nan li, repanti, epi fè ak respekte alyans ki nan òdonans sali ak egzaltasyon yo. Sa ap pèmèt nou pran jouk Jezikri sou nou epi resevwa pouvwa ak benediksyon divinite a (gade nan Doktrin ak Alyans 84:20).

Mwen temwanye de reyalite Jezikri, ke Li vivan epi Li renmen chak grenn nan nou. Mwen konnen levanjil sa a kapab pote espwa, lapè, ak lajwa pou nou, non sèlman kounyea, men l ap beni yon kantite lòt moun nan jenerasyon fiti yo tou. Se pou rezon sa a Sen nan Filipin yo gen bèl souri ki plen chalè konsa. Se mirak levanjil ak doktrin Kris la. Mwen temwanye konsènan sa nan non sakre Jezikri, amèn.