Konferans Jeneral
Senyè a Favorize M Nan Tout Lavi M
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Senyè a Favorize M Nan Tout Lavi M

Kijan nou reyaji devan afliksyon nou yo? Èske nou santi n rekonesan paske nou pi konsantre sou benediksyon nou yo pase sou pwoblèm nou yo?

Pandemi COVID-19 la se youn nan pami plizyè eprèv ak difikilte pitit Bondye yo konfwonte atravè tout istwa mond lan. Nan kòmansman ane sa a, mwenmenm ak fanmi byenneme m nan te travèse kèk jou sonb. Pandemi an ak lòt pwoblèm te lakoz lanmò ak doulè nan fanmi an atravè lanmò kèk moun ki chè pou nou. Malgre swen medikal, jèn, ak lapriyè, nan lespas senk semèn, frè m nan, sè m nan, ak bòfrè m nan te travèse lòt bò vwal la.

Pafwa mwen konn ap mande m poukisa Sovè a te kriye lè L te wè Mari angwase akoz lanmò frè l la, Laza, pandan ke L te konnen ke L te gen pouvwa pou L te resisite Laza epi, nan pa twò lontan, Li ta pral itilize pouvwa sa a pou L te resisite zanmi L lan anba lanmò toutbon vre.1 Mwen emèveye pou konpasyon ak kè sansib Sovè a te genyen pou Mari; Li te konprann doulè endeskritib sa a Mari te santi lè frè l Laza te mouri a.

Nou santi menm gwo doulè sa a tou lè nou separe tanporèman avèk moun nou renmen. Sovè a gen yon konpasyon pafè pou nou. Li pa repwoche nou paske nou pa wè byen, ni paske nou gen yon vizyon limite sou vwayaj etènèl nou an. Okontrè, li gen konpasyon pou tristès ak soufrans nou.

Pè Selès la ak pitit Li a, Jezikri, vle nou gen lajwa.2 Prezidan Russell M. Nelson te anseye “Lajwa nou santi a pa gen anpil pou wè avèk sikonstans lavi nou men li gen tout bagay pou wè avèk sou kisa nou fokis lavi nou. Lè lavi nou fokis sou plan sali Bondye a, … nou kapab santi lajwa kèlkeswa sa k ap pase—oswa ki p ap pase—nan lavi nou.”3

Lè m te yon jèn misyonè, mwen sonje te gen yon misyonè ekstraòdinè ke m te admire anpil ki te resevwa kèk move nouvèl devastan. Manman l ak jèn frè l la te mouri nan yon aksidan trajik. Prezidan misyon an te ofri Èldè sa a opsyon pou l te retounen lakay li pou fineray yo. Men, aprè li te fin pale avèk papa l nan telefòn, misyonè sa a te deside rete epi fini misyon li.

Imaj
Vizite yon misyonè nan lopital

Yon ti tan aprè, pandan nou t ap sèvi nan menm zòn nan, mwenmenm ak konpanyon m te resevwa yon apèl an ijans; kèk vòlè te vòlè bisiklèt menm misyonè sa a epi yo te blese l avèk yon kouto. Limenm ak konpanyon li te mache jiska lopital ki te pi prè a, kote mwenmenm avèk konpanyon m te rankontre avèk yo. Pandan m te sou wout pou nou t ale lopital la, mwen te gen lapenn pou misyonè sa a. Mwen te imajine ke moral li t ap ba epi aprè eksperyans twomatizan sa a, li t ap siman vle retounen lakay li kounyea.

Sepandan, lè m te rive lopital la, mwen te wè misyonè sa a ki te kouche sou kabann ni, ap tann pou yo te opere l—epi li t ap souri. Mwen te panse,“Kòman li fè kapab souri nan yon moman konsa?” Pandan li t ap refè nan lopital la, avèk anpil lajwa, li te distribiye bwochi ak kopi Liv Mòmon an bay doktè, enfimyè, ak lòt pasyan. Malgre eprèv sa yo, li pa t vle rantre lakay li. Okontrè, li te sèvi jiska dènye jou misyon li ak lafwa, enèji, kouraj, ak antouzyas.

Nan kòmansman Liv Mòmon an Nefi di, “E m te wè anpil afliksyon nan lavi m, men Senyè a te favorize m anpil nan tout lavi m.”4

Mwen panse a tout eprèv Nefi te rankontre, anpil nan yo ekri nan ekriti l kite yo. Eprèv li yo ede nou konprann ke nou tout gen jou ki sonb. Youn nan eprèv sa yo te parèt lè Nefi te resevwa kòmandman pou l te retounen Jerizalèm pou l t al chèche plak eren Laban te gen nan posesyon l yo. Kèk nan frè Nefi yo sete moun ki te gen yon ti kal lafwa, epi yo te menm bat Nefi avèk yon baton. Nefi te travèse yon lòt eprèv ankò lè fistibal li a te kase epi li pa t kapab jwenn manje pou fanmi li. Nan apre, lè l te resevwa kòmandman pou l te konstwi yon bato, frè l yo te griyen dan sou li epi yo te refize ede l. Malgre eprèv sa yo ak plizyè lòt pandan tout lavi l, Nefi te toujou rekonèt bonte Bondye.

Imaj
Nefi ki mare sou bato a

Pandan fanmi l t ap travèse lanmè a pou yo te ale nan tè pwomiz la, kèk nan fanmi Nefi yo te kòmanse banboche, ak pale lèd, epi yo te menm bliye se pouvwa Senyè a ki te prezève yo. Lè Nefi te kòmanse pale avèk yo seryezmam, yo te ofanse epi yo te mare l avèk kòd, konsa, li pa t kapab bouje. Liv Mòmon an di “yo te trete [l] avèk anpil vyolans”; ponyèt li ak jwenti pye l “te anfle anpil, epi yo te fè l mal anpil.”5 Nefi te gen lapenn poutèt kè frè l yo ki te andisi epi pafwa li te santi chagren anvayi li.6 “Sepandan,” Nefi di, “Men, m te leve tèt bay Bondye m nan, e m te louwe l tout lajounen; epi m pa t plenyen kont Senyè a poutèt afliksyon m yo.”7

Chè frè m ak sè m yo, kòman nou reyaji devan afliksyon nou yo? Èske nou plenyen devan Senyè a akoz de yo? Oubyen, menmjan avèk Nefi ak ansyen zanmi misyonè m nan, èske nou santi nou rekonesan nan pawòl, nan panse, ak nan aksyon paske nou plis konsantre sou benediksyon yo pase sou pwoblèm nou yo ?

Sovè nou Jezikri te ban nou egzanp lan pandan ministè terès Li a. Nan moman difikilte ak eprèv nou yo, pa gen anpil bagay ki ba nou pi gwo lapè ak satisfaksyon pase sèvi pwochen nou. Liv Matye a rakonte sa ki te pase lè Sovè a te aprann wa Ewòd te dekapite kouzen li Jan Batis pou l te fè pitit fi Ewodya a plezi.

“Disip li yo te vini, epi yo pran kò a, yo antere li apre sa, y al di Jezi sa ki te pase.

“Lè Jezi pran nouvèl sa a, li pati nan yon kannòt li te vle al yon kote ki pa gen moun pou l te ka pou kont li: men, moun yo vin konn sa, yo kouri soti nan tout lavil yo.

“Lè Jezi desann soti nan kannòt la, li wè tout foul moun yo, kè l fè l mal pou yo, li pran geri moun malad yo.

“Lè solèy fin kouche, disip Jezi yo pwoche bò kote l, yo di l konsa, li fin ta wi, epi pa gen moun ki rete bò isit la; Voye moun yo ale pou yo ka achte manje nan bouk yo.

“Jezi reponn, yo pa bezwen ale, Ba yo manje nou menm.”8

Jezikri te montre nou ke nan moman eprèv ak advèsite, nou kapab rekonèt difikilte lòt moun. Ranpli avèk konpasyon, nou ka lonje lamen ba yo epi soutni yo. Epi lè nou fè sa, noumenm tou nou ap edifye pa sèvis kretyen nou rann nan. Prezidan Gordon B. Hinckley te di: “Pi bon antidòt mwen konnen pou enkyetid se travay. Pi bon remèd pou dezespwa se sèvis. Pi bon tretman pou fatig se defi pou ede yon moun ki pi fatige toujou”9

Nan Legliz sa a, Legliz Jezikri a, m gen anpil opòtinite pou m sèvi pwochen mwen. Se nan moman sa yo m santi Pè Selès la aleje fado m yo. Prezidan Russell M. Nelson se pwofèt Bondye sou tè a; li se yon gwo egzanp sou fason nou ta dwe ede lòt moun nan eprèv difisil yo. Mwen ini temwanyaj mwen avèk pa anpil lòt Sen, pou di ke Bondye se Papa eman nou ki nan Syèl la. Mwen te santi lanmou enfini Li pandan jou difisil m te travèse yo. Sovè nou an, Jezikri, konprann doulè ak afliksyon nou yo. Li vle aleje fado nou yo ak rekonfòte nou. Nou dwe suiv egzanp Li nan sèvi ak anseye moun ki gen fado ki pi lou pase pa nou yo. Nan non Jezikri, Amèn.