Konferans Jeneral
Lapè Enteryè nan Tan Difisil
Konferans Jeneral Oktòb 2021


Lapè Enteryè nan Tan Difisil

Li pa t janm osi enpòtan konsa pou nou chèche lapè enteryè pase nan epòk sa a.

Mwen te gen tach dènyèman pou m te konsakre yon pati nan sit istorik Nauvoo a. Kòm yon pati nan tach la, mwen te gen okazyon pou m t al vizite Prizon Liberty a nan Missouri. Pandan m t ap gade prizon an, mwen te reflechi sou evenman ki fè l vin yon pati si enpòtan nan istwa Legliz la. Lavi Sen yo te menase kòm rezilta yon lòd ekstèminasyon gouvènè Missouri a te bay. Anplis, Pwofèt Joseph Smith ak kèk nan konpayon ki te pi fidèl li yo te enjisteman anprizone nan prizon Liberty a. Youn nan rezon ki te fè manm nou yo te sibi opozisyon vyolan sa a sete paske pifò nan yo te opoze a esklavaj.1 Gwo pèsekisyon kont Joseph Smith ak moun ki t ap suiv li yo te sibi a se yon egzanp ekstrèm sou egzèse libabit enjisteman, sa ki ka gen enpak sou moun ki jis yo. Tan Joseph te pase nan Prizon Liberty a demontre ke advèsite se pa yon prèv ke Senyè a lage nou ni retire benediksyon L sou nou.

Mwen te touche anpil lè m t ap li sa Pwofèt Joseph Smith te deklare lè l te fèmen nan Prizon Liberty a: “O Bondye, ki kote ou ye? Kote paviyon ki kouvri kote w kache a?”2 Joseph te mande konbyen tan pèp Senyè a t ap gen pou “soufri enjistis ak move opresyon ilegal sa yo.”3

Imaj
Èldè Cook k ap vizite Prizon Liberty a

Pandan m te kanpe nan Prizon Liberty a, mwen te pwofondeman touche lè m te li repons Senyè a: “Pitit gason m nan, lapè nan nanm ou; advèsite ou ak afliksyon ou yo pral sèlman pou yon ti moman; Epi apre sa, si ou te sipote byen, Bondye ap leve ou anlè.”4 Sa klè ke lopozisyon ka rafine nou pou yon destine selès etènèl.5

Pawòl presye Sovè a: “Pitit gason m nan, lapè nan nanm ou”6 an rezone nan mwenmenm pèsonèlman epi yo gen yon gwo siyifikasyon pou epòk nou an. Yo raple m ansèyman Li te bay disip Li yo pandan ministè L nan mòtalite a.

Anvan Kris la te soufri nan Jaden Jetsemani an ak sou kwa a, Li te kòmande apot Li yo pou “youn renmen lòt; jan m te renmen nou an”7 epi apresa, Li te konsole yo avèk pawòl sa yo: “M ap ba nou kè poze, M ap fè kè nou poze nan jan pa mwen; m pa p fè li nan jan mond lan. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.”8

Youn nan tit ki pi chè Senyè ak Sovè nou an, Jezikri, genyen se “Prens Lapè.”9 Alafen, wayòm Li a pral etabli epi l ap ranpli lapè ak lanmou.10 Nou ap tann rèy Milenè Mesi a avèk enpasyans.

Malgre vizyon sou rèy milenè sa a, nou konnen ke lapè ak amoni p ap egziste nan epòk nou an.11 Depi m ap viv, mwen pa janm wè yon kalite mank koutwazi konsa. Nou bonbade anba langaj ranpli kòlè ki soulve chirepit, ak aksyon pwovokan ak devastan ki detwi lapè ak trankilite.

Lapè nan mond lan pa pwomi ni asire jiskaske Dezyèm Vini Jezikri a rive. Sovè a te anseye Apot Li yo ke misyon terès Li a se pa t pou pote lapè inivèsèl. Li te anseye: “Pa met nan tèt nou se lapè mwen vin mete sou latè.”12 Lapè inivèsèl pa t fè pati ministè Sovè a nan mòtalite a. Lapè inivèsèl pa egziste jodia nonplis.

Sepandan, nou ka gen lapè enteryè malgre kòlè, kontansyon, ak divizyon k ap detwi ak kowonp mond nou an jodia. Sa pa t janm osi enpòtan pou nou chèche lapè enteryè pase nan epòk sa a. Gen yon bèl nouvo kantik nou remnen anpil, ke Frè Nik Day ekri pou jèn yo nan epòk nou an, ki rele “Peace in Christ (Lapè nan Kris la)” ki deklare: “Lè pa gen lapè sou tè a, gen lapè nan Kris la.”13 Nou te gen benediksyon resevwa kantik sa a jis anvan pandemi COVID-19 mondyal la.

Kantik sa a, nan yon bèl fason, reflete aspirasyon a lapè a epi li mete aksan ke lapè se yon bagay ki ankre nan lavi ak misyon Jezikri a. Prezidan Joseph F. Smith te deklare: “P ap janm ka gen lespri lapè ak lanmou nan mond lan … jiskaske limanite pa resevwa verite Bondye a ak mesaj Bondye a … epi rekonèt pouvwa Li ak otorite Li ki diven.”14

Byenke nou p ap janm sispann fè efò nou pou nou atenn lapè inivèsèl sa a, nou gen asirans ke nou ka gen lapè pèsonèl jan Kris la anseye a. Prensip sa a dekri nan Doktrin ak Alyans yo: “Men, raple nou, yon moun ki fè travay lajistis, li pral resevwa rekonpans li, sa vle di lapè nan mond sa a ak lavi etènèl nan mond k ap vini an.”15

Ki kèk “travay lajistis” ki ka ede nou fè fas a konfli e bese kontansyon e jwenn lapè nan mond sa a? Tout ansèyman Kris yo pwente nan direksyon sa a. M ap mansyone kèk ladan yo mwen panse ki patikilyèman enpòtan.

Premyèman: Renmen Bondye, Respekte Kòmandman L yo, epi Padone Tout Moun

Prezidan George Albert Smith te vin Prezidan Legliz la an 1945. Yo te rekonèt li pandan ane l te Apot yo kòm yon dirijan ki te renmen lapè. Nan 15 ane anvan l te vin Prezidan Legliz la, pwoblèm ak eprèv ki te lakoz pa yon gwo depresyon mondyal, ki te suiv pa lanmò ak destriksyon Dezyèm Gè Mondyal la, te tout bagay, sof pezib.

Nan fen Dezyèm Gè Mondyal la, nan premye konferans jeneral li kòm prezidan an Oktòb 1945, Prezidan Smith te raple Sen yo envitasyon Sovè a pou yo renmen pwochen yo epi padone enmi yo a epi apresa li te anseye yo: “Sa se espri tout Sen Dènye Jou ta dwe chèche posede si yo espere kanpe nan prezans Li yon jou epi resevwa yon fwaye akèy gloriye nan men Li.”16

Dezyèmman: Chèche Fwi Lespri yo

Nan epit li te voye bay Galat yo, Apot Pòl te etabli distenksyon ant zèv lajistis ki kalifye nou pou n eritye wayòm Bondye a ak zèv ki, san repantans, ka diskalifye nou yo. Pami zèv ki kalifye nou yo genyen fwi lespri yo: “lanmou, lajwa, lapè, pasyans, bon kè, lafwa, dousè. [ak] tanperans.”17 Pòl di tou pou youn pote fado lòt epi pa sispann fè byen.18 Pami zèv ki pa jis yo, li pale de rayiman, kòlè, ak konfli.19

Youn nan pi gwo leson nan epòk Ansyen Testaman an konsène Papa nou Abraram. Abraram ak Lòt, neve li, te rich, men yo te vin wè ke yo pa t ka viv menm kote ansanm. Pou l te elimine konfli, Abraram te pèmèt Lòt chwazi peyi l te vle a. Lòt te chwazi plèn Jourdain yo, ki te byen awoze epi ki te byen bèl. Abraram te pran plèn Mamre a ki te bay mwens randman. Ekriti yo di ke Abraram te monte tant li epi li te “bati yon otèl pou Senyè a.”20 Lòt, yon lòtbò, “te monte tant li nan Sodòm.”21 Pou nou ka gen relasyon ki pezib, leson an klè: nou dwe dispoze pou nou fè konpwomi epi elimine dezakò nan sa ki gen pou wè avèk bagay ki pa enplike lajistis yo, pou nou ka gen relasyon ki pasifik. Jan Wa Benjamen te anseye a: “E nou p ap mete nan lide nou pou youn fè lòt mal, men pou nou viv nan lapè.”22 Men, pou konduit ki anrapò avèk lajistis ak enperatif doktrinal yo, nou dwe fèm e inebranlab.

Si nou vle gen lapè ki se rekonpans zèv lajistis yo, nou pa dwe monte tant nou nan direksyon mond lan. Nou dwe monte tant nou nan direksyon tanp lan.

Twazyèmman: Egzèse Libabit pou Chwazi Lajistis

Lapè ak libabit makonnen ansanm kòm eleman esansyèl nan plan sali a. Jan yo dekri nan sijè levanjil sou “Libabit ak Responsablite” a, “Libabit se kapasite ak privilèj Bondye ba nou pou nou chwazi ak aji pou tèt pa nou.”23 Konsa, libabit nan sant pwogresyon ak eksperyans pèsonèl ki beni nou lè nou suiv Sovè a.24

Libabit sete youn nan pwoblèm prensipal nan “Konsèy premòtèl nan syèl la” ak konfli ant moun ki te chwazi suiv Kris la ak sa ki te suiv Satan yo.25 Abandone lògèy ak kontwòl epi chwazi Sovè a ap pèmèt nou gen limyè Li ak lapè Li. Men lapè enteryè sa a pase anba tès lè moun egzèse libabit yo nan fason ki danjere ak blesan.

Mwen sèten ke asirans pezib nou santi nan kè nou an te ranfòse pa konesans ke nou te fè sa Sovè mond lan t ap akonpli anfavè nou an. Sa deklare byen klè nan liv Preche Levanjil Mwen an: “Si nou apiye sou Ekspyasyon Jezikri a, Li ka ede nou andire eprèv, maladi, ak lapenn nou yo. Nou ka ranpli ak lajwa, lapè, ak konsolasyon. Tout sa ki enjis konsènan lavi a kapab vin korèk atravè sakrifis Ekspyatwa Jezikri a.”26

Katriyèmman: Bati Siyon nan Kè nou ak nan Fwaye nou

Nou se Pitit Bondye epi nou fè pati fanmi Li. Nou fè pati fanmi kote nou fèt la tou. Enstitisyon fanmi an se fondasyon bonè ak lapè. Prezidan Russell M. Nelson te anseye nou, epi pandan pandemi sa a nou aprann, ke obsèvans relijye ki santre sou fwaye a e soutni pa Legliz la kapab “libere pouvwa fanmi yo… genyen pou transfòme fwaye [nou] pou fè yo vin tounen sanktyè lafwa.”27 Si nou fè obsèvans relijye sa a nan fwaye nou, n ap gen lapè Sovè a tou.28 Nou konnen ke anpil nan nou pa gen benediksyon pou yo gen yon fwaye ki jis epi yo konfwonte regilyèman avèk moun ki chwazi enjistis. Sovè a ka ba nou pwoteksyon ak lapè pou gide nou finalman nan sekirite ak abri kont tanpèt lavi yo.

Mwen asire nou ke lajwa, lanmou, ak akonplisman ki egziste nan fanmi jis plen lanmou yo pwodui bonè ak lapè. Lanmou ak jantiyès se sant pou prezans Siyon nan kè nou ak nan fwaye nou.29

Senkyèmman: Suiv Egzòtasyon Pwofèt Aktyèl nou an

Lapè nou grandman ogmante lè nou suiv pwofèt Senyè a, Prezidan Russell M. Nelson. Nou pral gen okazyon pou nou tande l talè. Li te prepare depi fondasyon mond lan pou apèl sa a. Preparasyon pèsonèl li te remakab anpil.30

Li anseye nou ke nou ka “santi lapè ak lajwa menm nan moman twouble yo,si nou eseye fè efò pou nou vin plis tankou Sovè nou an, Jezikri.31 Li konseye nou pou nou repanti chak jou, pou nou resevwa pouvwa pirifikatè, gerizon, ak fòtifyan Senyè a.32 Mwen se yon temwen pèsonèl ke pwofèt byeneme nou an te resevwa e kontinye ap resevwa revelasyon soti nan syèl la.

Pandan ke n ap onore l ak soutni li kòm pwofèt nou an, se Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè nou an, Jezikri nou adore. Sentespri a ap asiste nou.

Mwen temwaye e m rann temwayaj Apostolik pèsonèl mwen ke Jezikri, Sovè ak Redanmtè mond lan, ap dirije ak gide Legliz retabli L la. Lavi Li ak misyon ekspyatwa L la se vrè sous lapè. Li se “Prens Lapè” a. Mwen rann temwayaj asire e solanèl mwen ke Li vivan. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. “Moun nan Independence yo pa t kontan dèske Sen yo t ap preche Endyen yo levanjil la ak dezapwouve esklavaj” (Les Saints: Histoire de l Eglise de Jésus-Christ dans les derniers jours, vol. 1, L Etandard de la vérité, 1815–1846 [2018], 172).

  2. Doktrin ak Alyans 121:1.

  3. Doktrin ak Alyans 121:3.

  4. Doktrin ak Alyans 121:7–8.

  5. Gade 2 Nefi 2:11–15.

  6. Doktrin ak Alyans 121:7.

  7. Jan 13:34.

  8. Jan 14:27.

  9. Ezayi 9:6; 2 Nefi 19:6. Sovè a te anseye nan Beyatitid yo tou: “Benediksyon pou patizan lapè yo: paske yo va rele yo pitit Bondye.” (Matye 5:9).

  10. “Avèk jijman epi avèk jistis … pou tout tan” (gade Ezayi 9:6–7; 2 Nefi 19:6–7; gade tou Galat 5:22).

  11. Gade Doktrin ak Alyans 1: 35. Prezidan Wilford Woodruff deklare sa an 1894 epi ankò an 1896 (gade The Discourses of Wilford Woodruff, sel. G. Homer Durham [1946], 251–52; gade tou Marion G. Romney, nan Conference Report, Avr. 1967, 79–82; Ezra Taft Benson, “Le pouvoir de la parole,” Ensign, Me 1986, 79–80; Dallin H. Oaks, “Preparation à la Seconde Venue,” Liahona, Me 2004, 9).

  12. Matye 10:34.

  13. Nik Day, “La paix en Christ,” chan pou tèm Mytyèl 2018 , Liahona, Jan. 2018, 54–55; New Era, Jan. 2018, 24–25. Kantik “La paix en Christ” l anseye:

    Lè nou viv tankou L te viv,

    Gen lapè nan Kris la.

    Li ba nou lespwa

    Lè lespwa ale.

    Li ba nou fòs

    Lè nou pa ka kontinye.

    Li ba nou abri

    Nan tanpèt lavi yo.

    Lè pa gen lapè sou tè a,

    Gen lapè nan Kris la.

  14. Enseignements des présidents de l Eglise: Joseph F. Smith (1998), 247.

  15. Doktrin ak Alyans 59:23.

  16. George Albert Smith, nan Conference Report, Okt. 1945, 169–70.

  17. Galat 5:22–23.

  18. Gade Galat 6:2–9.

  19. Gade Galat 5:20.

  20. Jenèz 13:18.

  21. Jenèz 13:12.

  22. Mozya 4:13.

  23. Sijè Levanjil,, “Libabit ak Responsablite,” topics.ChurchofJesusChrist.org.

  24. “Se poutèt sa, lèzòm lib … pou chwazi libète ak lavi etènèl, pa mwayen gran Metyatè a ki pou tout moun nan” (2 Nefi 2:27). Libabit pèmèt ke move chwa devastan lòt moun fè, koze lapenn ak soufrans e pafwa menm lanmò tou. Ekriti yo montre klèman ke Senyè Bondye a te bay libabit pou lòm te kapab chwazi ant byen ak mal. (gade 2 Nefi 2:16).

  25. Sijè Levanjil, “Libabit ak Responsablite,” topics.ChurchofJesusChrist.org.

  26. Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Sèvis Misyonè (2019), 52, ChurchofJesusChrist.org.

  27. Russell M. Nelson, “Vin Tounen Sen Dènye Jou Egzanplè,” Liahona, Nov. 2018, 113.

  28. Gade Doktrin ak Alyans 19:23.

  29. Mwen te gen chans grandi nan yon fwaye kote lapè te egziste. Sete prensipalman gras ak enfliyans manman m, ki sete yon manm fidèl Legliz la. Papa m te remakab nan tout fason men li te inaktif. Manman m te onore papa m epi l te evite kerèl. Li te anseye nou pou nou priye epi ale Leglis. Li te anseye nou pou nou youn renmen ak sèvi lòt tou (gade Mozya 4:14–15). Grandi nan yon fwaye konsa te pote lapè epi sa te yon gwo benediksyon nan lavi m.

  30. Russell M. Nelson te diplome nan Lekòl Mesdin Initèsite Uta a, premye nan klas li nan laj 22 zan. Depi lontan li te anvi vin chirijyen epi li te resevwa pi bon fòmasyon ki te disponib la nan pi gwo enstitisyon medikal yo. Li te fidèlman ranpli angajman militè li nan Kore ak Japon. Pandan anpil ane, li sete yon pyonye nan operasyon kè ouvè epi yo te rekonèt li nan tout mond lan. Osi remakab ke preparasyon sa a te ye pou beni moun toupatou nan mond la avèk talan medikal li, preparasyon spirityèl Prezidan Nelson te menm pi enpòtan toujou. Li se papa yon gwo fanmi plen pitit, pitit pitit, ak pitit pitit pitit. Li sèvi fanmi li ak Legliz la fidèlman pandan tout lavi li.

  31. Russell M. Nelson, “Diskou Ouvèti,” Liahona, Me 2020, 6; gade tou Russell M. Nelson, “Lajwa ak Sivi Espirityèl,” Liahona, Nov. 2016, 81–84.

  32. Russell M. Nelson, “Diskou Ouvèti,” 6.