2009
Yon envitasyon pou Jènfi yo
Janvye 2009


Yon envitasyon pou Jènfi yo

Imaj
Young Women general presidency

Elaine S. Dalton (nan mitan), prezidant; Mary N. Cook (agoch), premye konseyè; ak Ann M. Dibb, dezyèm konseyè.

Rete yon “egzanp pou kwayan yo” pa fasil. Sa mande efò chak jou pou sonje kiyès nou ye ak kisa kwayan yo fè. Nou ta renmen envite ou pou chaj jou ou fè twa bagay ki ka ba ou fòs epi ki ka ede w rete yon egzanp pou fanmi ou ak zanmi ou. Nou menm nan prezidans lan, nou fè bagay sa yo 100 pousan tout tan. Eske ou ta vle fè menmjan avèk nou?

Premyeman, priye chak jou.

Dezyèman, li Liv Mòmon an chak jou pandan omwen senk minit.

Twazyèman, souri chak jou.

Nou envite ou pou w souri paske ou sou tè a nan moman ekstraòdinè sa a kote levanjil Jezikri a retabli. Yon pwofèt Bondye te anseye ou ke bon moun yo nan mond lan ap atire vè ou menm si “yo wè w apa ak diferan nan bon fason.”1

Reflechi sou sa k t ap rive si dè milye jènfi tankou oumenm te fè twa bagay sa yo chak jou!

Anpil nan siksè dirab nan lavi a bati sou yon fondasyon ki se fè ti bagay piti tout tan pandan anpil tan. Twa bagay sa yo tou piti epi yo senp, men sonje, “avèk ti bagay senp, gwo bagay fèt” (Alma 37:6). Nou konnen ou pral dekouvri benediksyon ki genyen nan fè twa bagay sa yo chak jou. Epi si ou bliye yon jou, ou ka rekòmanse nan demen.

Nou temwaye ke si ou priye, si w li Liv Mòmon an, epi ou souri chak jou, w ap beni pou efò w yo epi w ap rete yon egzanp pou kwayan yo—yon jènfi ki kapab fè yon diferans nan mond lan.

Nòt

  1. Spencer W. Kimball, “The Role of Righteous Women,” Ensign, Novanm 1979, 104.