2009
Eske m ta ka bliye pase m?
Janvye 2009


Eske m ta ka bliye pase m?

Yon atitid pozitif ak plezan endispansab pou moun k ap travay nan vann pwodui, tankou mwen menm. Men, sa gen anpil ane, m te santi m dekouraje epi m pa t anvi pale avèk pèsonn. Sa te espesyalman vrè yon apremidi.

Vizaj mwen siman te trayi sa k t ap pase nan lespri mwen paske asosye nan travay mwen yo, avèk ki m te konn pale anpil fwa, te poze m kesyon sou sitiyasyon mwen. M te eksplike ke apre m te fin marye depi sizan, madanm mwen avèk mwen te divòse. Mwa sa a sete sizyèm anivèsè divòs la, konsa kounyeya m te divòse pou menm kantite tan m te marye a. Lespri m avè kè mwen te twouble, epi nanm mwen te ranpli avèk lapenn ak tristès. M te konnen m t ap rate anpil nan eksperyans pitit mwen yo, e bagay sa a t ap tòtire m san rete. Solitid te fin devore m, epi m pa t wè okenn solisyon—ni menm espwa devan m. M te di asosye travay mwen an, sa a se pri m dwe peye pou erè m yo.

Kòlèg mwen an, ki sete manm yon lòt legliz kretyen, te reponn apresa. “Se ki pri w ap pale a?” Li te mande, “Jezikri te peye pri a, si ou vrèman repanti pou peche ou yo. Èske ou pa sonje poukisa Li te vini sou tè a?”

Mwen te etone pa repons li a, epi pawòl li yo te kite m bèbè. Yo te rezone andedan mwen tout apremidi a. Wi—menmsi m te viv avèk konsekans erè m yo, Jezikri te peye pri a. Poukisa m pa t reyalize sa? M te konnen doktrin nan, epi m te konnen sa te vrè. Rekonèt ke ekspyasyon an te gen pouvwa nan lavi m te ranpli m avèk yon santiman lapè ak rekonfò ke m toujou sonje jodia.

Anpil ane pase depi eksperyans sa a nan travay mwen an. Mwen te aprann ke kèk konsekans pou aksyon nou yo rete avèk nou tout lavi nou. Anpil nan yo afekte lavi moun ki chè pou nou. Solitid la pa t fasil, men li te ede m rekonèt feblès mwen yo epi mande Papa m ki nan syèl la padon ak tout moun ki te pi afekte yo—pitit mwen yo ak manman yo.

Kontrèman ak jan m te santi m apremidi sa a, m ka di ke kounyeya m gen lapè ak espwa. M konnen ke Jezikri te peye pri a, epi m pa gen okenn dout sou sa paske mwen repanti. Li te soutni mwen pandan ane eprèv sa yo. Malgre eprèv mwen yo kontinye, m konnen ke lè m repanti, lè m tounen kote Senyè a, epi respekte kòmandman yo, L ap kontinye soutni m.