2009
Montre lafwa
Janvye 2009


Montre lafwa

Malinda Morrison, Lwès Ostrali, Ostrali

Amou mwen pou enstiti te kòmanse depi nan seminè. Mwen te antre Legliz la nan laj 14 zan, e m te gen yon swaf konesans. M te kontan aprann osijè levanjil la e m te renmen bon zanmi ak enstriktè m te rankontre yo kote sa a.

Pafwa ale nan seminè te konn difisil. Fanmi mwen, ki pa t manm Legliz la, pa t sipòte mwen nan bagay sa a. Men avèk èd lòt Sen Dènye Jou, m te kapab ale nan seminè bonè chak maten. Fanmi m te wè m te serye nan zafè manm mwen nan Legliz la. Sete fason pa mwen pou m te fè chemen an.

Menmjan seminè te anrichi lavi m nan lè m te adolesan an, enstiti te anrichi lavi mwen pandan ane jèn adilt mwen yo tou. Mwen toujou cheri pawòl Kris yo nan kè mwen ak nan lespri mwen (gade D&A 6:20; 84:85). Ansèyman sa yo te ede m sèvi Senyè a pi efikasman kòm misyonè.

Mwen rekonesan pou enstiti ak palefèt ke m konnen ke se yon pwogram enspire paske mwen wè benediksyon l yo nan lavi mwen ak nan lavi lòt moun.