2009
Dekouvri Bondye
Janvye 2009


Dekouvri Bondye

Lè m te gen prèske dizuitan, m t al nan yon ti vil yo te rele Soldotna, nan Alaska pou m te travay pou ete a. Sete premye eksperyans mwen ap viv lwen lakay mwen. Paran m te fè aranjman pou m te travay pou bon zanmi yo, Fanmi Wright, ki te posede magazen nan zòn nan, epi pou m te viv avèk yo tou. Mwen te espere ke m t ap fè ase lajan pou al nan kolèj. Mwen te espere pou m te retounen lakay avèk yon repons tou pou yon kesyon ki te souvan vini nan lespri mwen: Èske reyèlman gen yon Bondye?

M te bezwen jwenn yon repons pa mwen menm. Konsa m te pran rezolisyon pou m te priye chak swa pou m te mande Bondye si l te reyèl. Mwen te santi ke si Bondye te egziste, li t ap reponn priyè m nan. Si m pa t janm resevwa yon repons, lè sa a m t ap konnen ke l pa egziste. M te panse sa te tou senp.

Nan kay Wright yo, m te pataje yon chanm avèk pitit fi yo, Lisa. Li te retounen lakay soti nan Inivèsite Brigham Young pou ete a epi li te travay nan magazen an avèk mwen. M te admire Lisa depi nan kòmansman. Li te bèl, entelijan, li te gen konfyans ak antouzyas pou lavi. Ete sa a, nou te pase prèske chak èdtan nan jounen yo ansanm.

M te renmen koute Lisa k t ap rankonte m lavi nan kolèj la. Lavi li te parèt amizan ak trè endepandan. Lavi Lisa te òganize epi byen balanse, avèk bon priyorite yo anplas byen fèm.

Admirasyon mwen pou Lisa te ogmante pandanm t ap obsève li k ap li ekriti yo chak jou epi priye chak maten ak chak swa. M te anvi mande Lisa kijan li te fè gen lafwa li nan Bondye men m te santi m wont pou mank lafwa mwen. M sonje m te kouche nan kabann nan, ap mande sou kisa Lisa t ap pale avèk Bondye nan priyè l yo.

Chak swa m te mete ajenou bò kabann mwen epi m te fè yon priyè byen vit, pou mande Bondye si l te la. Men, m pa t santi anyen espesyal ni espirityèl. M pa t tande yon vwa. Apre priyè m yo m te santi m menmjan an avèk anvan yo. Woutin chak swa a te kontinye pandan de mwa. Dekouraje, dout mwen yo nan Bondye te ogmante.

Yon jou swa, pandan m te santi m sonje lakay mwen anpil, dlo te koule nan je mwen. M te anvi tou pre fanmi mwen, zanmi m, ak anviwonman familye m yo. Avèk anvi pou m te pale avèk yon moun ki te konnen mwen epi renmen mwen, m te mete m ajenou pou m priye. M te kòmanse: “Bondye, mwen reyèlman bezwen w kounyeya” Pandan minit apre yo, m te di Papa m ki nan Syèl la vrè sa m te santi yo. M te di l tout bagay. M te pale avèk li kòmsi m te kwè l te la.

Yon chalè te vlope mwen. M te kòmanse santi kòmsi Papa nou ki nan Syèl la te desann epi li te pran m nan bra li. M pa t poukont mwen ankò. Lanmou ak lapè te anbrase mwen. M te konnen te gen yon Bondye.

M te mande poukisa resevwa yon repons pou priyè m nan te pran plis pase de mwa. Jeremi 29:13 te ban m repons lan: “Na chèche m, na jwenn mwen paske na chèche m ak tout kè nou.”

M te finalman resevwa yon repons pou priyè m nan apre m te fouye byen pwofon nan kè mwen. M te plase lafwa nan egzistans Bondye. M te chèche byen wo nan syèl la avèk pawòl mwen ak dlo nan je mwen.

Lavi m te chanje gras avèk jou swa sa a. M te sèvi yon misyon epi m te marye nan tanp. Lafwa mwen nan egzistans Bondye kontinye ap ogmante.

Mwen souvan panse avèk ete sa a an Alaska a. San egzanp Lisa, m te gen dwa pa t pèsevere pandan tout mwa sa yo ap priye a. M te gen dwa kite sa epi pa janm dekouvri lanmou Papa mwen ki nan Syèl la. M ap toujou rekonesan anvè Lisa ak egzanp li. Li te ede m vin konnen Bondye ak santi amou li pou mwen.

Ilistrasyon pa Julie Rogers