2009
Vin lakay
Janvye 2009


Vin lakay

Suzanne Goble, Utah, Etazini

M t ap viv lwen lakay mwen pou lapremyè fwa lè paran m te separe. Sete premye mwa mwen nan kolèj, epi akoz lavi familyal mwen te chanje, m te lite pou m te konprann siyifikasyon mo lakay la. Lè paran m te divòse epi fanmi m te demenaje kite kay m te viv ladan pandan dènye dizuitan yo, m te espesyalman plen konfizyon. M te konnen m pa t san kay, men se sa m te santi.

M te souvan konn tande yo dekri Legliz la kòm yon “refij kont siklòn”(D&C 115:6). Enstiti te vin refij sa a pou mwen pandan m t ap batay kont nouvo siklòn sa a nan lavi m nan. M te enskri nan enstiti, e menmsi m pa raple m pawòl egzat yo te pale nan leson yo, mwen pap janm bliye santiman lapè ak rekonfò ki te desann sou mwen pandan m t ap koute yo. M te kòmanse dekouvri amou Papa mwen ki nan Syèl la genyen pou mwen, epi m te vin pi plis fè konesans avèk pi bon konseye m te janm genyen: Jezikri.

Mwen oblije peye pou fòmasyon mwen nan kolèj, men m aprann leson ki pi valab yo nan klas enstiti yo, ki disponib pou mwen gratis la. Kounyeya mwen wè ke definisyon fwaye a pa nesesèman kay kote ou grandi a men se yon plas kote yo anseye leson lavi yo ak kote lanmou vide an abondans. Gras avèk sa m te aprann yo ak Lespri m te santi a, enstiti vin yon nouvo lakay pou mwen. Sa mèveye pou mwen pou m gen yon plas kote m santi yo renmen mwen epi m santi m byenveni.