2009
Konfyans nan prezans Bondye
Janvye 2009


Mesaj nan Doktrin ak Alyans yo

Konfyans nan Prezans Bondye

Pandan n ap grandi lafwa nou ak angajman nou, n ap vin pi pre Papa nou ki nan Syèl la.

Imaj
Elder Michael John U. Teh

Istwa Pwofèt Joseph Smith k ap chèche konnen nan ki legliz pou l antre a nan mitan “difikilte grav … anpil pati relijyon yo” (Joseph Smith—Istwa 1:11) se yon istwa enspirasyon ak espwa pou tout moun k ap onètman chèche laverite. Ala yon soulajman sa dwe te ye pou Joseph—yon ti gason 14 zan enkoni ki te gen yon senp kesyon ak yon dezi onèt—pou li pasaj sa a nan Bib la: “Si nenpòt nan pami nou manke lasajès, se pou l mande Bondye, ki bay tout moun liberalman, epi san repwòch; epi l ap ba li l” (Jak 1:5).

Pasaj sa a bay yon gwo ide sou kalite relasyon nou chak dwe genyen avèk Papa nou ki nan Syèl la. Anfèt, vèsè sa a eksprime bon mizèrikòd ak panchan Papa eman nou an pou yon pitit gason ki te vin jwenn ni avèk yon kesyon. Papa a pa jeneralman reponn priyè yo avèk vizyon, jan l te fè nan Boskè Sakre a, men li bay repons ki pote rekonfò ak lapè. Se sa li banou kòm pwomès—pou bay liberalman, epi san repwòch, ni chatiman.

Pandan m te jèn tigason, m te gen anpil opòtinite pou m te teste pwomès sa a. Mwen temwaye ke pwomès la sèten. Keseswa lè m te pèdi yon jwèt oubyen yon kòb oubyen nenpòt lòt bagay presye m te genyen ki te parèt san enpòtans pou grandèt yo, Papa nou ki nan Syèl la te reponn priyè m yo epi apeze lespri mwen. Mwen raple m egzakteman konfyans m te genyen ke yon repons t ap vini. Se konsa lafwa yon jèn tigason ye. Se konsa lafwa jèn Joseph Smith te ye.

Kalite lafwa sa a konsistan avèk kondisyon pou priyè yo jwenn repons yo, jan pasaj sa a souliye l la: “Se pou l mande ak lafwa, san doute” (Jak 1:6).

Pandan m t ap grandi, mwen te twouve ke lafwa san doute te vin ekstrèmman difisil pou m te egzèse. Mond lan plante semans dout ak prejije nan lespri nou ak nan kè nou. Men, konsèy Sovè a ke nou dwe “vin tankou timoun piti” a (Matthew 18:3) vin yon rechèch tout yon lavi pou mwen. Mwen twouve ke lafwa “tankou yon ti gren moutad” la (Matye 17:20) alapòte m pafwa men lwen mwen kèk lòt fwa.

Kijan nou ka toujou egzèse kalite lafwa sa a? Konsèy sa a bay ide nan rechèch fidèl sa a: “Yon bagay ki soti nan Bondye li se limyè; epi yon moun ki resevwa limyè epi ki kontinye nan Bondye, li resevwa plis limyè; epi limyè sa a vin pi klere jistan l fè jou klè” (D&A 50:24).

Sa a se pwosesis Pwofèt Joseph Smith te suiv la. Menmjan avèk lòt moun anvan li, li te fè prèv tèt li nan toujou egzèse lafwa ak byen itilize libabit li. Li te kontinye nan Bondye, li te resevwa plis limyè, epi limyè sa a te grandi vin pi klere jistan l te fè jou klè.

Gen yon ensidan nan lavi Pwofèt la ki te gen yon enfliyans puisan sou mwen pandan m te jènjan:

“Byen ta yon jou swa Joseph te kouche epi li t ap dòmi pwofon tèlman l te fatige. … Kèk moman apre yon foul brigan an kòlè te pouse pòt la antre epi … yo te kenbe li epi yo te trennen l deyò kay la pandan Emma t ap rele. …

“… Yon gwoup te rasanble … pou fè yon konsèy. … Apre yo te fini konsèy la, moun ki t ap dirije brigan yo te deklare ke yo pa t ap touye li men yo t ap trennen l toutouni epi fwete li epi dechire chè li. … Yo te foure yon bagay sal plen goudwon nan figi li epi yo t ap fòse l desann nan gòj li. …

“Apre yo te kite Joseph, li te eseye leve, men li te tonbe ankò ak doulè ak fatig. Men, li te reyisi leve, nan rale bagay la soti nan figi li pou l te ka respire. …

“Pandan l te chèche kamoufle li, Pwofèt la te antre nan kay la, epi li te pase tout nuit la ap netwaye kò li ak panse blesi l yo. …

“Nan demen maten, ki te Jou Saba, moun yo te rasanble kòm dabitid nan lè adorasyon yo. Gen kèk nan brigan yo ki te vini avèk yo. …

“Avèk po l tou blese ak dechire, Joseph t al nan reyinyon an epi li te kanpe devan asanble a, li te fè fas ak moun ki te atake l yo nan lavèy yo kalmeman epi byen vanyan. Li te preche yon diskou puisan epi nan menm jou a twa moun te batize antre nan Legliz la.”1

Mwen pa ka kòmanse imajine doulè ak lapenn Pwofèt Joseph dwe te andire. Li te gen anpil ekskiz pou l pa t al preche nan jou apre a, men, sa a ak anpil lòt eksperyans menmjan an oswa pi mal toujou pa t fè l kouri lwen responsablite li. Konsa, kijan nou ka fè santi nou nan dwa nou si nou kouri pou devwa nou akoz yon ti malèz oswa yon ti enkonvenyan?

Lè nou ogmante lafwa nou ak angajman nou, n ap vin pi pre Papa nou ki nan Syèl la.

“Lè sa a, si nou lapriyè nan pye m, ma reponn nou. Si nou rele m, ma di men mwen” (Ezayi 58:9).

“Apre sa konfyans w ap grandi anpil nan prezans Bondye; epi doktrin prètriz la ap koule nan nanm ou tankou lawouze ki soti nan syèl la.

“… Epi san presyon l ap koule vin jwenn ou pou toujou ajamè” (D&A 121:45–46).

Se yon privilèj pou mwen pou m temwaye ke Joseph Smith se yon pwofèt Bondye. Paske li te chèche lasajès nan Boskè Sakre a epi li te egzèse dilijans apresa, n ap jwi plenitid levanjil Jezikri. Omaj sa a pa Prezidan John Taylor (1808–87), li te ekri pandan l te manm Kolèj Douz Apot yo, byen dekri sa Pwofèt Joseph Smith te fè pou nou tout: “Joseph Smith, Pwofèt ak vwayan Senyè a, fè plis pou sali lèzòm nan mond sa a, pase nenpòt lòt moun ki te janm viv sou planèt sa a, eksepte Jezi sèlman. … Li te viv gran, epi li te mouri gran devan je Bondye ak pèp li a; epi tankou pifò nan pami moun Senyè a te chwazi nan ansyen tan yo, li te sele misyon l ak travay li avèk pwòp san pa li” (D&A 135:3).

Se pou nou toujou itilize libabit nou avèk sajès epi, menmjan ak Pwofèt Joseph Smith, egzèse lafwa inebranlab kèlkeswa sikonstans n ap viv pou ke konfyans nou ka “vin gran nan prezans Bondye.”

Nòt

  1. George Q. Cannon, Lavi Joseph Smith, Pwofèt la (1986), 133–35; gade tou History of the Church, 1:261–64.

Konsèy Sovè a pou nou “vin tankou timoun piti” a vin tounen yon rechèch tout yon lavi pou mwen.

Paske Joseph Smith te chèche lasajès nan Boskè Sakre a epi li te egzèse dilijans apresa, n ap jwi plenitid levanjil Jezikri a.

Anwo agoch: Joseph Smith Writing, pa Dale Kilbourn; adwat: Children of Light, pa Anne Marie Oborn, koutwazi Mize Atistik ak Istorik Legliz la; bòdi © 2007 pa Cary Henrie

M te wè yon limyè, pa Jon McNaughton