2009
Jwenn nouvo zanmi
Janvye 2009


Jwenn nouvo zanmi

Dave J. Green, Angletè, Royaume-Uni

Kèk ane apre misyon mwen, m te demenaje ale nan yon vil kote m pa t konn okenn moun. M t ale nan enstiti avèk espwa pou m te fè nouvo zanmi e m te kòmanse rankontre lòt adilt sèl nan zòn nan, jan m te konn fè anvan.

Men, m te twouve sa difisil toudabò. Tout moun te poli, men pa t gen anyen, e m te pafwa santi m poukont mwen ak lwen moun ke youn te deja konn lòt sa yo. Sepandan, m te vin vin gen bon zanmi andeyò Legliz la.

Pafwa pa ale nan enstiti te parèt pi fasil pase ale. M pa t gen woulib, konsa m t ap oblije mache oubyen ale sou bisiklèt chak semèn pou m te ka asiste. M te jwenn bon zanmi ki te gen enterè yo lòt kote. Epitou, m te deja diplome nan enstiti.

Men, lè m t ap sonje ak tout rezon sa yo pou m pa t ale a, m te sonje kijan m te grandi nan lepase gras avèk leson m te aprann yo ak zanmi m te fè nan enstiti yo. Enstiti te nouri temwayaj mwen epi li te ede m pi byen konprann plan Senyè a pou mwen. M te deside ke m t ap kontinye ale, e mwen kontan poutèt m te fè sa. Ti kal pa ti kal pandan ane a m te fè bon zanmi nan enstiti. M te resevwa envitasyon pou aktivite sosyal epi amezi tan t ap pase m te vin pi plis entegre.

Li te twò difisil pou m t al nan enstiti nan yon nouvo zòn toudabò, men paske m te kontinye ale kanmèm, m te resevwa anpil benediksyon espirityèl ak sosyal ke m te gen dwa pa resevwa otreman.