2009
Mwen gen yon Papa nan syèl la, ki renmen mwen
Janvye 2009


Peryòd echanj

Mwen gen yon Papa nan syèl la, ki renmen mwen

“Nou tout se pitit Moun Anlè a” Sòm 82:6).

Kijan ou ka konnen vrèman ke ou se pitit Bondye? Anpil timoun pa konnen ke yo gen yon Papa nan syèl la, ki renmen yo epi ki ka ede yo. Anpil timoun pa konnen yo te viv avèk Papa nou ki nan syèl la anvan yo te vini sou tè a. Yo pa konnen yo ka priye Li. Menmjan avèk ou, yo bliye kijan viv nan syèl la te ye.

Ou gen ekriti yo, pwofèt yo, Sentespri a, ak yon fanmi pou anseye ou epi raple ou kijan viv avèk Papa nou ki nan syèl la kòm pitit Li te ye. Ekriti yo anseye ke nan syèl la ou te resevwa premye leson w yo epi yo te prepare ou pou vini sou tè a (gade D&A 138:56). Yo anseye tou ke Sentespri a “rann temwayaj nan espri nou, ke nou se pitit Bondye” Women 8:16)). Kantik “M se pitit Bondye” a ak “M te viv nan syèl la” (Children’s Songbook, 2–3, 4), ka raple ou kimoun ou ye ak ki kote ou sòti.

Papa nou ki nan syèl la vle ou sonje ke Li se Papa espri ou; Li te kreye ou. Lè w ap priye, mande Papa nou ki nan syèl la pou ede ou sonje ke ou se pitit Li. Sentespri a ka ede ou reflechi epi aji antanke yon pitit Bondye.

Aktivite

Dekoupe endikatè paj liv la nan paj Z4 la, epi kole l sou yon papye pi pwès. Pliye l an de. Kole do yo ansanm, epi pèse yon twou anlè l. Mare yon fil oubyen yon kòd nan twou a. Itilize endikatè paj liv sa a nan ekriti ou yo pou raple ou ke ou gen yon Papa ki nan syèl la, ki konnen ou, ki renmen ou, epi k ap toujou tande ak reponn priyè w yo.

Ide pou peryòd echanj

  1. Itilize Primè 6, paj 2, prepare desen ak bandlèt ak mo sou etap plan Sali a epi ekspoze yo nan lòd. Kòmanse pa rakonte timoun yo ke Papa nou ki nan syèl la renmen nou epi li te ba nou yon plan pafè. Jezikri se figi santral nan plan an, epi si nou suiv li, nou ka retounen viv avèk Papa nou ki nan syèl la. Divize Primè a an kat gwoup, epi asiyen yo chak yon faz diferan nan egzistans lan. Distribye papye, plim oubyen kreyon, referans ekriti yo, ak yon kantik oubyen aksyon (ki nan lis pi ba a). Fè chak gwoup li ekriti yo a, apresa demontre yon bagay ki rive nan faz sa a nan plan an. Lè gwoup yo pare, anseye plan sali a nan lòd, itilize gwoup yo pou ede ou anseye chak pati. Lavi premòtèl: D&A 138:56; Moyiz 4:2; Abraram 3:22–23 (aksyon: leve men epi chichote, “Ole!”). Lavi terès: Abraram 3:24–25; Atik Lafwa 1:3 (Kantik: “Kenbe kòmandman yo,” Children’s Songbook, 146–47). Mond espri a: Alma 40:11–14; D&A 138:30–32. Wayòm laglwa yo: telès—D&A 76:81; terès—D&A 76:71; selès —D&A 76:92–96 (kantik: :Fanmi ka ansanm pou tout tan,” Children’s Songbook, 188).

  2. Montre foto yon tanp. Mande: “Ak kisa nou panse lè nou wè yon tanp oubyen foto yonn? Poukisa nou panse moun travay rèd konsa pou kenbe tanp lan bèl ak pwòp?” Eksplike ke tanp lan se yon andwa ki sen epi sakre.

    Ede timoun yo memorize 1 Korentyen 3:16. Eksplike ke menmjan ak tanp lan, kò nou sakre epi sen. Nou bezwen byen pran swen yo. Montre Pake Pòtre nan levanjil la 114 (Danyèl refize vyann ak diven Wa a). Rakonte sa ki te rive Danyèl ak zanmi li yo lè yo te trete kò yo tankou tanp (gadee Danyèl 1:5–20). Ekspoze objè ki reprezante somèy, bon manje, egzèsis, pwòpte, ak modesti (egzanp: zòrye, fwi, balon, peny, kravat). Fè timoun yo pase alantou objè yo pandan y ap chante yon kantik konsènan tanp. Rete mizik la tanzantan, epi envite timoun ki gen yon objè nan men yo pou yo di yon bagay yo ka fè pou trete kò yo tankou tanp. Temwaye ke tankou yon tanp, kò nou sakre epi sen.

M gen yon Papa nan syèl la, ki renmen mwen.

“Nou tout se pitit Moun Anlè a”(Sòm 82:6).

Ilistrasyon pa Dileen Marsh