2009
Grandi vin pi pre Senyè a
Janvye 2009


Grandi vin pi pre Senyè a

Ngozichi Okwandu, Abia, Nigerya

Depi lè m te kòmanse al nan enstiti regilyèman, anpil benediksyon espirityèl ekstraòdinè te antre nan lavi mwen. Mwen devlope lanmou kretyen pou zanmi etidyan enstiti m yo, lafwa mwen nan Senyè a ap grandi vin pi solid, epi m vin pi pre Jezikri atravè etid ekriti yo.

Leson yo ban m direksyon nan pi byen ede m konprann kijan pou m itilize libatib mwen. Yo ede m fè fas ak pwoblèm yo avèk yon pwendvi pozitif, epi mwen aprann ke Bondye toujou pre pou ede m simonte difikilte m yo. Lè m al nan enstiti, mwen jwenn repons pou kesyon m yo. Chak fwa m mete ansèyman yo ban m nan klas yo an pratik, lòt bagay nan lavi m yo sanble yo tonbe byen anplas yon ti kras pi fasilman.

M santi ke patisipe nan enstiti se youn nan pi fason m ka itilize tan mwen pandan m jèn.