2009
Pa janm bliye ke ou se yon mòmon
Janvye 2009


Pa janm bliye ke ou se yon mòmon

Prezidan Thomas S. Monson te deklare, nenpòt lè nou tonbe, nenpòt lè nou fè mwens pase sa nou ta dwe, nan yon sans reyèl nou bliye manman nou.” Li te ajoute, “Mesye yo vire do bay mal epi yo bay sa ki pi bon nan yo menm lè yo sonje manman yo.”1

Mesaj prezidan Monson nan sete yon fòs pou mwen, sitèlman ke lè m te li premye pawòl yo, yo te fè m sonje manman m ak konsèy saj li te ban mwen sa gen anpil ane a, yon ti tan apre m te fin rantre legliz la.

Manman m te manm yon lòt legliz kretyen, men li te janti avèk misyonè ki t ap anseye m levanjil yo. Depi lè m te deside pou m te vin yon Sen Dènye Jou , li te toujou sipòte m.

Tout bagay t ap mache byen nan lavi tounèf mwen an kòm yon manm legliz la jiskaske m te rantre nan obsève Jou Jounalis yo nan peyi m Pewou. Nan yon fèt m te asiste, diskou ak pawòl konpliman te ranpli lè a. Apresa sete gwo selebrasyon. Amezi anbyans lan t ap chofe, tantasyon pou bwè avèk zanmi m yo t ap grandi tou.

Chanjman moun ki konvèti yo nan legliz la fè lè yo aksepte levanjil la souvan vledi ke yo dwe fè nouvo zanmi. Nan kèk sikonstans, jan m te aprann sa, ansyen zanmi yo ka tounen enstriman advèsè a pou tante nou pou n kraze kòmandman yo epi retounen nan ansyen abitid yo.

Lè kòlèg travay mwen yo te ofri m yon vè byè, m te pran li,m te bwè li, epi m te kontinye bwè. Lè fèt la te fini, konsyans mwen te repwoche mwen. M te tonbe. Kisa manman m t ap di?

Lè m te rive lakay, m te antre tou dousman epi m t al dòmi toutsuit. Manman m pa t di anyen, men m te santi m wont epi m te deside sispann ale legliz. Yon semèn apre, pandan m te chita sou tab ap manje, li te gade m dwat nan je epi li te di, “Pitit gason mwen, pa janm bliye ke ou se yon Mòmon.”

Pou m ale epi retounen sot travay, m te konn kondi bisiklèt mwen pase devan chapèl legliz la. Chak fwa m te fè sa, konsyans mwen ta p repwoche m. Yon jou swa m te deside m pa t ka kontinye viv avèk kilpabilite m nan. M te kanpe bisiklèt mwen dirèkteman anfas biwo prezidan branch lan, m te rantre, epi m te mande l yon antrevi.

M te di prezidan branch lan sa m te fè a epi m te mande padon, apresa li te pale avèk mwen. Depi lè sa a, m pa janm kraze pawòl sajès la ankò.

Manman m mouri sa gen plis pase 20 tan, men m toujou eseye sonje sa li te di m pou m pa janm bliye a: Mwen se yon manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Nòt

  1. “Behold Thy Mother,” Lyawona, Avril 1998, 4; Ensign, Avril 1998, 2, 4.