2009
Joseph Smith: Yon apot Jezikri
Janvye 2009


Joseph Smith: Yon apot Jezikri

Adapte apati yon prezantasyon pou Swasanndis yo.

Imaj
Elder Dennis B. Neuenschwander

Nan Doktrin ak Alyans yo nou li ke Joseph Smith “te jwenn apèl li nan men Bondye, epi li te òdone kòm apot Jezikri” (D&A 20:2). Apèl yon apot se toudabò rann temwayaj konsènan Jezikri. Pwofèt Ansyen Testaman yo te temwaye sou veni li. Apot Nouvo Testaman yo te rann temwayaj pèsonèl konsènan Kris la ak konsènan reyalite absoli Rezirèksyon l lan. Temwayaj apostolik sa a sete baz ansèyman yo. “Na sèvi m temwen” (Travay 1:8) sete entwodiksyon Jezi pou premye Douz yo. Pyè te temwaye jou la Pannkot la bay Juif yo ki te rasanble “soti nan tout peyi sou latè” yo (Travay 2:5) ke “Bondye fè Jezi sa a leve soti vivan; nou tout nou temwen bagay sa a” (Travay 2:32). Menmjan tou, Pòl te ekri Korentyen yo ke Jezi “te fè m wè l tou” (1 Korentyen 15:8). Temwayaj sèten konsènan Kris la ak reyalite Rezirèksyon l lan se premye kolòn temwayaj apostolik la.

Dezyèm kolòn nan santre sou pouvwa redanmtè ak pouvwa sovè Sovè a. Pyè anseye ke Senyè a “bay tout pwofèt li yo temwayaj sou li, ke nenpòt moun ki met konfyans yo nan Jezi va resevwa padon pou tout peche yo” (Travay 10:43).

San de pilye sa yo sou temwayaj konsènan Kris la, pa t ap ka gen Apot. Kalite temwayaj sa yo soti nan eksperyans, kòmandman divin, ak enstriksyon. Pa egzanp, Lik ekri ke Kris la te parèt devan Apot yo “vivan apre lanmò li … pandan karant jou li fè yo wè l, li pale yo sou peyi kote Bondye wa a.” (Travay 1:3)

Kijan Pwofèt Joseph Smith kanpe nan kondisyon apostolik sa yo? Repons la se “Pafètman”.

Premye Vizyon an

Enstriksyon apostolik Joseph Smith te kòmanse an 1820. Pandan l t ap medite sou kesyon relijyon yo, li te byen vit wè ke pa t gen okenn rezon pou goumen oubyen diskite opinyon yon moun pou rive nan yon konklizyon konsènan verite pil kalite legliz yo oswa doktrin yo. Avèk mank yon manifestasyon divin, jèn Joseph te ka sèlman ajoute yon opinyon anplis sou “lagè pawòl anpil ak batay opinyon sa yo” ki te deja egziste yo (Joseph Smith—Istwa 1:10). Men kesyon Joseph yo sou reliyon an te jwenn repons pa manifestasyon pèsonèl ak fizik Bondye Papa a ak Pitit Gason vivan diven l lan, Jezikri, yon eksperyans yo fè referans kòm Premye Vizyon an.

Menmjan ak premye Apot yo, eksperyans Joseph la avèk Divinite a te dirèk e pèsonèl. Nou pa bezwen opinyon lòt moun ni deliberasyon yon konsèy pou defini sa l te wè oubyen sa sa te vin siyifi pou li. Vizyon Joseph la sete toudabò yon eksperyans pèsonèl entans, yon repons pou yon kesyon espesifik. Sepandan, atravè tan yo, ilimine pa eksperyans ak enstriksyon anplis, li te vin revalasyon fondatè Retablisman an.

Osi apostolik manifestasyon sa a sou Kris la, egzistans li, ak Rezirèksyon l lan te ye pou Joseph Smith, se pa t sèl bagay Jezi te vle anseye li. Premye leson Joseph kòm tigason te soti nan manifestasyon pouvwa divin, absoli ak omnipotan Kris la. Joseph te aprann dirèkteman omwen yon siyifikasyon pouvwa redanmtè ak sovè Kris la lè l te priye nan boskè a. Lè l te kòmanse priye: “Tenèb epè a te rasanble alantou m, epi pou yon ti tan, se kòmsi m te tonbe anba yon destriksyon imdeyat” (Joseph Smith—Istwa 1:15). Avèk tout ti kal enèji Joseph te genyen, li te kòmanse priye Bondye pou delivre l anba grif lenmi sa a.

“Nan menm moman an, lè m te prèske pral nwaye nan dezespwa epi abandone tèt mwen nan destriksyon … , m te wè yon kolòn limyè. …

Sa pa t pran anpil tan pou m te wè m delivre anba ènmi ki te mare m nan” (Joseph Smith—Istwa 1:16–17).

Konfwontasyon Joseph Smith avèk advèsè a raple yon eksperyans Moyiz te fè, ke Pwofèt la te vin aprann kèk ane apre. Sepandan, diferan avèk Joseph, ti gason an, Moyiz te wè grandè Bondye toudabò epi apresa li te vin konfwonte avèk pouvwa advèsè a anvan l te delivre anba enfliyans li. (Gade Moyiz 1.)

Diferans evenman yo siyifikan. Moyiz te deja gen anpil matirite epi li te gen plis konesans ak enfliyans anvan evenman sa a. Nan montre Moyiz pouvwa gloriye li anvan l te fè fas ak advèsè a, Senyè a te ede l mete lavi li an pèspektiv. Apre eksperyans glwa Bondye a, Moyiz te di: “Kounyeya, poutèt rezon sa a, m konnen lòm pa anyen, yon bagay m pa t janm sipoze.” (Moyiz 1:10). Ensidan sa a te pèmèt Moyiz reziste anba tantasyon advèsè a ki te vin apre a.

Joseph Smith, nan bò pa li, te yon jènjan san eksperyans, ki pandan tout lavi li te souvan fè fas ak pouvwa advèsè a ak pwoblèm depasan l pote yo. Nan fè fas ak advèsè a anpremye a, epi apresa sove anba atak li pa aparisyon Papa a ak Pitit Gason an, Joseph te aprann leson endestriktib sa a: osi gran pouvwa malen an ke ye, li oblije toujou retire kò li devan aparisyon lajistis.

Leson sa a te enpòtan nan fòmasyon apostolik Joseph. Li te bezwen konesans sa a non sèlman akoz eprèv pèsonèl ki t ap tann ni yo men tou akoz lopozisyon depasan li t apral fè fas yo nan fonde ak dirije Legliz la.

Joseph, jèn tigason an, te ale nan boskè a ap chèche lasajès, epi l te resevwa lasajès. Fòmasyon apostolik li te kòmanse. Pami gwo leson apostolik Premye Vizyon sa a te gen nati fizik Sovè a ak Papa nou ki nan Syèl la ak premye leson fondamantal konsènan pouvwa yo, chak yon kolòn temwayaj apostolik.

Liv Mòmon an

Fòmasyon apostolik Joseph Smith te kontinye avèk tradiksyon Liv Mòmon an. Liv Mòmon an te bay Joseph aksè a “plenitid levanjil etènèl la” (Joseph Smith—Istwa 1:34), prensip ki te nesesè pou l te konprann anvan menm li te òganize Legliz la. Yo te prezante Pwofèt la anpil temwayaj apostolik ak pwofesik “klè epi pi presye” (1 Nefi 13:26) konsènan Sovè a, tout sa ki te sèvi l kòm modèl.

Anfèt, pwofèt Liv Mòmon yo anplwaye plis pase 100 tit nan ansèyman yo konsènan Kris la, chak te ede Joseph konprann wòl divin Sovè a.1 An vèti ansèyman sa yo, Joseph Smith te vin byen byen konnen ansyen pwofèt yo, sa k te ba l apèsi sou bi divin responsablite l yo.

Liv Mòmon an ilimine inivèsalite Ekspyasyon Kris la. Sakrifis sen Sovè a pa konfine a fwontyè Tè Sent la nan epòk pa l la ni menm rezève a mond apostolik premye Douz yo. Ekspyasyon an kouvri tout kreyasyon Bondye, pase, prezan, ak fiti. Ala yon enpresyon ansèyman Jakòb la sou “Ekspyasyon enfini” an (2 Neri 9:7) dwe te fè nan lespri jèn Joseph, espesyalman an kontradiksyon avèk ansèyman Kretyen yo nan moman sa a.

Liv Mòmon an entwodui inivèsalite Rezirèksyon an tou ak lòt doktrin ki anrapò avèk li yo. Diskou sou doktrin sa yo ki te fèt pa Leyi, Jakòb, Wa Benjamen, Abinadi, Alma, Amulek, Samuel Lamanit la, ak Mowoni yo tout rich ak enstriksyon.

Pandan tradiksyon Liv Mòmon an, Pwofèt la te resevwa enstriksyon pèsonèl plen valè anplis konsènan pouvwa redanmtè ak sovè Kris la. An 1828 Martin Harris te pèsyade Joseph pou l te prete l premye 116 paj maniskri Liv Mòmon yo. Lè Martin Harris te pèdi paj sa yo, Pwofèt la te santi yon gwo dezespwa.2 Manman l, Lucy Mack Smith, te ekri ke Joseph te di: “O, Bondye mwen! … Tout bagay pèdi! tout bagay pèdi! Kisa pou m fè? Mwen peche—se mwen menm ki tante kòlè Bondye a. … Kijan m ka parèt devan Senyè a? Ki kalite repwòch mwen merite nan men zanj Tou Puisan an?”3

Pandan tout yon mwa Senyè a te kite Joseph nan kondisyon terib remò sa a.4 Epi soulajman an ak leson apostolik la te vini. Senyè a te di Joseph:

“Travay, ak entansyon ak objektif Bondye pa kapab kontrarye, ni yo pa kapab pase pou anyen. …

“Paske, malgre yon moun kapab gen anpil revelasyon, ak pouvwa pou l fè anpil gwo travay, malgre sa, si l fè lwanj pou fòs pa l, e li pa pran konsèy Bondye yo pou anyen, e si l suiv dikte ki soti nan volonte pa l ak dezi chanèl li, li dwe sipòte vanjans yon Bondye ki jis sou tèt li” (D&A 3:1, 4).

Pawòl sa yo klèman dekri sa Joseph Smith te pase. Li te aprann nati egzijan apèl apostolik la ak anvè kimoun Apot yo, a nenpòt ki pri, dwe lwayote yo. Yo te di Joseph: “Malgre lèzòm pa pran konsèy Bondye pou anyen, epi yo meprize pawòl li yo, men, ou te dwe rete fidèl” (D&A 3:7–8). Joseph Smith te pèdi aksè ak plak yo pou yon sezon epi yo te anseye l yon leson presye. Alafen, plak yo te retounen, epi li te rejwenn pozisyon li kòm tradiktè.

Ala enpòtan leson k te bay pa tradiksyon Liv Mòmon yo te enpòtan pandan Joseph Smith t ap grandi nan apèl apostolik li a! Liv Mòmon an se “fondman relijyon nou”5 paske li gen sitèlman temwayaj pwofesik konsènan Kris la epi li kanpe kòm yon temwen reyèl Retablisman an.

Revelasyon kontini ak Ekriti

Apre l te fini tradiksyon Liv Mòmon an an 1829 la epi l te òganize Legliz la an 1830 la, Joseph Smith te gen opòtinite pou l te resevwa fòmasyon apostolik san rete atravè pwosesis tradiksyon lòt ekriti yo. Sa te enkli twazan tradiksyon Bib la ak, nan kòmansman 1835 la, tradiksyon liv Abraam nan. Tradiksyon Joseph Smith sou Bib la te elaji konpreyansyon li sou wòl pwofèt Ansyen Testaman yo ak Apot Nouvo Testaman yo. Li pote revelasyon adisyonèl tou, ki se liv Moyiz la.

Liv Moyiz la te bay Pwofèt la konesans enpòtan sou ministè Sovè a, enkli wòl li nan Kreyasyon an. “Senyè a te pale avèk Moyiz, li te di: …. M se kòmansman ak lafen, Bondye Toupisan an; pa mwayen Sèl Pitit Literal mwen an, m te kreye bagay sa yo” (Moyiz 2:1). Pi lwen, li te di: “Epi m te kreye pakèt mond moun pa kapab konte; … epi m te kreye yo pa lantremiz Pitit Gason m nan” (Moyiz 1:33).

Liv Moyiz la klarifye relasyon Kris la avèk Papa a nan egzistans premòtèl la epi li ranfòse konpreyansyon Pwofèt la sou pouvwa dominan lajistis la. Youn nan pi bèl nan tout leson apostolik Joseph Smith te resevwa nan revelasyon sa a sete konfimasyon amou Bondye. Li te diferan avèk pèsonaj sevè, ki pa padone, epi ki renmen pote jijman sa a anpil moun te panse Bondye te ye a; liv Moyiz la revele yon Bondye ki gen konpasyon enfini. Enòk te wè “Bondye nan syèl la … te kriye” Moyiz 7:28 sou moun ki pa t resevwa l yo. Enòk ki te bezwen konnen kijan sa te fè posib, te resevwa yon repons ki gen yon santiman biblik familye ki di: “M te bayo kòmandman pou youn renmen lòt, epi pou yo chwazi m, Papa yo. … se sa ki fè, èske syèl la pa dwe kriye, kòm moun sa yo pral soufri?” (Moyiz 7:33, 37; gade tou Detewonòm 6:5; Levitik 19:18; Matye 22:37–39).

Atravè tradiksyon liv Moyiz la, Pwofèt la te vin byen fè konesans avèk pouvwa redanmtè ak sovè Sovè a. Jan Senyè a te di, tè sa a te kreye “pa pouvwa pawòl mwen” (Moyiz 1:32) avèk objektif pou “reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm” (Moyiz 1:39). Anpil ane anvan sa Sovè a te anseye Thomas ak Douz yo ke “Se mwen menm ki chemen an, verite a, ak lavi a. Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen” (Jan 14:6), Li te revele Moyiz ke “se plan sali a sa pou tout moun, pa mwayen san Sèl Pitit Literal mwen an, ki pral vini nan midi tan yo” (Moyiz 6:62).

Premye Vizyon an nan boskè a, tradiksyon Liv Mòmon an, revizyon Bib la, revelasyon liv Moyiz la, ak tradiksyon liv Abraham nan te tabli fondasyon debaz Legliz la, grandman atravè konesans ak temwayaj rapidman etann Pwofèt Joseph Smith konsènan Jezikri a.

Revelasyon ke yo te bali yo epi ki konpile nan Doktrin ak Alyans yo gen yon richès konesans konsènan Sovè a. Yon moun gen dwa chèche anpil sijè ak referans nan Endèks pa sijè a ak Gid ekriti yo an referans ak Jezikri epi toujou pa ka konprann etandi enfòmasyon sou Sovè a Pwofèt Joseph Smith te pote bay mond lan. Mwen rekonesan dèske m konnen ke Jezi te “nan kòmansman avèk Papa a” (D&A 93:21). Mwen rekonesan dèske m konnen ke l “te soufri bagay sa yo pou tout moun, pou yo pa soufri si yo repanti” (D&A 19:16).

Temwayaj mwen konsènan sa Pwofèt la revele

Mwen rekonesan pou yon lòt bagay ankò osijè ministè Sovè a ki frape nanm mwen pwofondeman. Nan etidye pwomès Malachi yo, premye vizit Mowoni te fè Joseph la, pawòl Sovè a te di Nefit yo, ak vizit Eli nan Tanp Kirtland nan, mwen aprann ke Bondye renmen pitit li epi li prepare yon mwayen pou yo chak retounen al jwenn ni. Mwen konnen pa gen okenn doktrin ki pi jis, okenn ansèyman ki bay plis espwa pase sa sou redanmsyon mò yo. Mwen rekonesan pou revelasyon ki anseye m ke Ekspyasyon Sovè a atenn moun ki te deja viv, renmen, sèvi, ak espere jou ki pi bon yo malgre ke yo pa t janm tande pale de Jezi ni ki pa t janm gen opòtinite pou anbrase levanjil li a. Konesans sa a poukont li t ap sifi pou konvèti mwen nan levanjil la si m pa t konn okenn lòt bagay ankò. Sa a, omwen pou mwen menm, se temwayaj final la konsènan Jezikri ak sakrifis ekspyatwa l la.

Konsa, kisa yon moun ka di sou pouvwa enkonparab pou sove a Kris la genyen an? Sa Joseph Smith te aprann nan Boskè Sakre a osijè pouvwa lajistis pou tryonfe sou mal la bay yon previzyon sou sèn final la. Konsa, Senyè a revele:

“Mwen menm, m te akonpli epi m te fin fè volonte moun mwen ye a, Papa a menm, konsènan mwen-m te fè sapou m kapab soumèt tout bagay devan m

“M te kenbe tout pouvwa, menm pouvwa pou m detwi Satan ak zèv li yo nan finisman mond lan, ak nan dènye gran jou jijman an” (D&A 19:2–3).

Pwòp temwayaj pa nou konsènan Sovè a kadre pa temwayaj ak ansèyman Pwofèt Joseph Smith yo. Konsa, se pa etonan ke Pwofèt la te anseye ke “prensip fondamantal relijyon nou yo se temwayaj konsènan Apot yo ak Pwofèt yo, konsènan Jezikri, ki te mouri, te antere, epi ki te leve ankò nan twazyèm jou a, epi ki te monte nan syèl la; epi tout lòt bagay ki apatni ak relijyon nou an se sèlman derive de sa.”6

Nou ka pi byen wè temwayaj apostolik Joseph Smith la konsènan reyalite divin nan ak Rezirèksyon Jezikri a, osibyen konesans li sou pouvwa sovè ak redanmtè Sovè a, pa pwòp temwayaj bèl, puisan, konkrè Pwofèt la:

“Epi kounyeya, apre tout kantite temwayaj ki te rann konsènan li, sa a se temwayaj la, dènye nan tout, nou fè konsènan li pou fè konnen: Li vivan!

“Paske nou te wè l, bò kote dwat Bondye menm; epi nou te tande vwa a ki t ap rann temwayaj pou fè konnen li se Sèl Pitit Literal papa a—

“Epi avèk li, epi pa mwayen li, epi nan li mond yo te egziste epi yo te kreye, epi abitan ki nan mond yo se pitit gason ak pitit fi Bondye” (D&A 76:22–24).

Ala rekonesan m rekonesan pou apèl apostolik Joseph Smith la.

Nòt

  1. Gade Book of Mormon Reference Companion, ed. Dennis L. Largey (2003), 457–58.

  2. Gade Lucy Mack Smith, History of Joseph Smith, ed. Preston Nibley (1958), 128–29.

  3. Joseph Smith, Istwa 128, 129.

  4. 116 paj ki te pèdi yo an Jen 1828 la. An Jiyè, Joseph Smith te resevwa sa nou rele kounyeya seksyon 3 Doktrin ak Alyans yo. An Septanm yo te retounen plak yo bay Pwofèt la. Gade entwodiksyon istorik D&A 3; 10.

  5. History of the Church, 4:461.

  6. History of the Church, 3:30.

Kesyon Joseph yo konsènan relijyon yo te jwenn repons pa manifestasyon pèsonèl ak fizik Bondye Papa a ak Pitit Gason divin vivan l lan, Jezikri.

Liv Mòmon an se “fondman relijyon nou” paske li gen anpil temwayaj pwofesik konsènan Kris la epi li kanpe kòm prèv reyèl Retablisman an.

Mwen rekonesan pou revelasyon ki anseye m ke Ekspyasyon Sovè a rive atenn moun ki te viv, ki te renmen, ki te sèvi, epi ki te espere yon jou pi bon yo malgre ke yo pa t janm tande pale de Jezi ni jwenn opòtinite pou anbrase levanjil li a.

Joseph Smith Jr., koutwazi Achiv Kominote Kris la; sèn soti nan fim Legliz la Le Rétablissement

Dezi kè m yo, pa Walter Rane, koutwazi Mize Atistik ak Istorik Legliz la

By the Gift and the Power of God, pa Simon Dewey

Eli k ap retabli kle pouvwa sèlman Prètriz la, pa Robert Barrett